Oze
7 “Chak fwa m ap eseye geri Izrayèl,
Peche Efrayim nan parèt byen klè+
Ansanm ak bagay mal moun Samari yo fè yo+,
Paske y ap mache twonpe moun+.
Yo antre, yo vòlè, epi yo sot deyò al tann anbiskad+.
2 Men, yo pa di nan kè yo m ap sonje tout bagay mal yo fè yo+.
Kounye a, bagay mal yo fè yo tounen yon pyèj pou yo.
Pa gen anyen yo fè mwen pa wè.
3 Yo fè kè wa a kontan ak bagay mal yo fè yo,
E magouy yo fè fè prens yo kontan.
4 Yo tout nan adiltè.
Yo cho tankou yon fou yon bòs boulanje limen
E li sispann chofe dife a apre l fin petri pat la jiskaske pat la leve.
5 Nan jou wa nou an t ap fete a, prens yo te vin malad.
Diven te fè yo vin an kòlè anpil+.
Wa a te annafè ak moun k ap pase moun nan rizib.
6 Y ap avanse ak kè yo cho tankou yon fou*.
Pandan tout nuit lan, bòs boulanje a ap dòmi.
Nan maten, fou a limen tou wouj.
7 Yo tout cho tankou yon fou,
E yo devore moun k ap dirije yo*.
Tout wa yo tonbe+,
Pa gen youn nan yo ki rele m+.
8 Efrayim fè yon sèl ak nasyon yo+.
Efrayim tankou yon pen won yo pa vire bò.
9 Moun lòt nasyon yo fin manje fòs li+, men li pa remake sa.
Epi, cheve l fin blanchi, li pa wè sa.
10 Ògèy moun Izrayèl yo kondane yo+.
Aktout sa, yo pa retounen vin jwenn Jewova, Bondye yo a+.
E malgre tout bagay sa yo, yo pa chèche l.
11 Moun Efrayim yo tankou pijon ki egare. Yo pa gen bonsans+.
12 Kèlkeswa kote y ale, m ap voye filè m sou yo.
M ap fè yo tonbe atè tankou zwazo nan syèl.
M ap pini yo jan m te avèti yo a+.
13 Malè ap tonbe sou yo, paske yo kouri kite m.
Y ap depafini, paske yo peche kont mwen.
Mwen te pare pou m delivre yo, men yo bay manti sou mwen+.
14 Yo pa t rele m pou yo mande m sekou ak tout kè yo+,
Malgre yo te kontinye ap plenn sou kabann yo.
Yo filange kò yo pou manje angren ak diven.
Yo vin ap fè rebèl avè m.
15 Byenke mwen te ba yo disiplin e mwen te ba yo fòs pou yo travay,
Yo vin kont mwen, y ap fè plan pou yo fè sa ki mal.