Levitik
8 Jewova kontinye pale ak Moyiz, li di l: 2 “Pran Arawon ansanm ak pitit gason l yo+, rad yo+, luil onksyon*+ an, towo bèf pou sakrifis pou peche a, de mal mouton yo, pànye ki gen pen san ledven yo+, 3 epi rasanble pèp la devan antre tant reyinyon an.”
4 Apre sa, Moyiz fè egzakteman sa Jewova te ba l lòd fè a e pèp la te rasanble devan antre tant reyinyon an. 5 Apre sa, Moyiz di pèp la: “Se Jewova ki ban nou lòd pou nou fè sa.” 6 Epi, Moyiz pran Arawon ak pitit gason l yo, li fè yo pwoche e li benyen yo nan dlo+. 7 Apre sa, li mete wòb la+ sou Arawon, li mare senti a+ nan ren l, li mete gwo rad san manch lan+ sou li, li mete efòd la*+ sou li e li mare l byen mare sou li ak senti ki byen tise a+. 8 Apre sa, li mete pòch la*+ sou li e li mete Ourim nan ak Toumim nan+ anndan pòch la. 9 Apre sa, li mare tèt Arawon ak gwo mouchwa espesyal la+, epi sou devan mouchwa a, li mete plak annò byen klere ki sakre a*+, plak ki montre Bondye mete Arawon apa a. Li te fè sa jan Jewova te ba l lòd la.
10 Apre sa, Moyiz pran luil onksyon an, li voye enpe nan luil la sou tabènak* la e sou tout sa ki anndan l yo+ pou l mete yo apa kòm bagay ki sakre. 11 Apre sa, li voye enpe nan luil sa a sèt fwa sou lotèl la e sou tout sa ki mache avè l yo, sou basen an ak pye l pou l mete yo apa kòm bagay ki sakre. 12 Finalman, li vide enpe nan luil onksyon an sou tèt Arawon pou l ka mete l apa pou Bondye+.
13 Apre sa, Moyiz fè pitit gason Arawon yo pwoche, li met wòb yo sou yo, li mare ren yo ak senti yo e li mete mouchwa yo sou tèt yo+ jan Jewova te ba l lòd la.
14 Apre sa, li pran towo bèf pou sakrifis pou peche a, epi Arawon ak pitit gason l yo met men yo sou tèt towo bèf la+. 15 Apre sa, Moyiz touye bèf la, li pran enpe nan san an+ ak dwèt li e li mete l sou chak kòn lotèl la pou l pirifye l, men li vide rès san an nan pye lotèl la pou l ka mete l apa kòm yon bagay ki sakre e pou l ka fè sakrifis sou li. 16 Epi, Moyiz pran tout grès ki te sou trip yo, sou fwa a, de ren yo ak grès ki sou yo a e li boule yo sou lotèl la+. 17 Apre sa, li pran rès towo bèf la, po l, vyann li, ak poupou l e li boule yo pa deyò kan an+, jan Jewova te ba l lòd la.
18 Apre sa, li vin ak mal mouton y ap ofri kòm sakrifis pou yo boule nèt la e Arawon ak pitit gason l yo mete men yo sou tèt mouton an+. 19 Apre sa, Moyiz touye l epi li voye san an sou chak bò lotèl la. 20 Apre sa, Moyiz fè mouton an fè plizyè moso e li mete tèt mouton an, moso yo ak suif la* nan dife ki sou lotèl la. 21 Moyiz te lave trip mouton an ak pye mouton an nan dlo, li te boule tout mouton an sou lotèl la. Se yon sakrifis li te boule nèt e ki te bay yon bon sant ki fè Bondye plezi*. Se yon sakrifis Moyiz te boule pou Jewova, jan Jewova te ba l lòd la.
22 Apre sa, li pran dezyèm mal mouton an, mouton pou mete Arawon ak pitit gason l yo nan fonksyon yo antanke prèt la+, e Arawon ak pitit gason l yo mete men yo sou tèt mouton an+. 23 Epi, Moyiz touye mouton an, li pran enpe nan san an li mete l sou pwent zòrèy dwat Arawon, sou pous men dwat li ak sou gwo zòtèy pye dwat li. 24 Apre sa, Moyiz pran pitit gason Arawon yo e li mete enpe nan san an sou pwent zòrèy dwat yo, sou pous men dwat yo ak sou gwo zòtèy pye dwat yo epi li voye rès san an sou chak bò lotèl la+.
25 Apre sa, li pran grès mouton an, ke a ak tout grès li, tout grès ki sou trip yo, ki sou fwa a, de ren yo ak grès ki sou yo a ansanm ak jigo dwat la+. 26 Apre sa, l al nan pànye ki devan Jewova ki gen pen san ledven ladan l lan, li pran yon pen san ledven ki won ki gen yon twou nan mitan l+, li pran yon pen ki won ki gen yon twou nan mitan l ki te fèt ak pat ki byen melanje ak luil+ ansanm ak yon bisuit sèk. Apre sa, li mete yo sou moso grès yo e sou jigo dwat la. 27 Apre sa, li mete yo tout nan pla men Arawon, nan pla men pitit gason l yo e li fè yo balanse yo kòm yon ofrann ki balanse devan Jewova. 28 Apre sa, Moyiz pran yo nan men yo epi li boule yo sou lotèl la pa anlè sakrifis yo boule nèt la. Se te sakrifis pou mete Arawon ansanm ak pitit gason l yo nan fonksyon yo antanke prèt. Sakrifis sa a te bay yon bon sant ki te fè Bondye plezi*. Se yon sakrifis yo te boule pou Jewova.
29 Apre sa, Moyiz pran pwatrin mouton an e li balanse l devan Jewova kòm yon ofrann ki balanse+. Se pòsyon sa a ki te pou Moyiz nan mouton yo te ofri pou mete Arawon ak pitit gason l yo nan fonksyon yo antanke prèt la, jan Jewova te bay Moyiz lòd la+.
30 Epi, Moyiz pran enpe nan luil onksyon an+ ak enpe nan san ki te sou lotèl la e li voye yo sou Arawon, sou rad li, sou pitit gason l yo ak sou rad pitit gason l yo+. Se konsa Moyiz te mete Arawon, rad li yo, pitit gason l yo ak rad yo apa pou sèvis Bondye+.
31 Apre sa, Moyiz di Arawon ak pitit gason l yo: “Bouyi+ vyann nan devan antre tant reyinyon an epi manje l la ansanm ak pen ki nan pànye pou mete nou nan fonksyon nou an. Paske, Bondye te di m: ‘Se Arawon ak pitit gason l yo k ap manje l+.’ 32 Nou dwe boule rès pen an ak rès vyann nan nan dife+. 33 Nou dwe rete devan antre tant reyinyon an pandan sèt jou, jiskaske tout jou n ap bezwen pou yo mete nou nan fonksyon nou an fin pase. Pou nou antre nan fonksyon nou antanke prèt*, sa ap pran sèt jou+. 34 Jewova te bay lòd pou sa k fèt jodi a fèt pou nou ka jwenn padon pou peche nou+. 35 N ap rete devan antre tant reyinyon an pandan sèt jou+, lajounen kou lannuit, e n ap respekte obligasyon nou devan Jewova+, pou nou pa mouri, paske se lòd sa a Bondye ban mwen.”
36 Arawon ak pitit gason l yo te fè tout sa Jewova te bay Moyiz lòd fè yo.