BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Detewonòm 14
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Detewonòm — Sa ki gen nan liv sa a

      • Fason ki pa bon moun montre yo nan lapenn (1, 2)

      • Manje ki pwòp ak manje ki pa pwòp (3-21)

      • Yon dizyèm pou Jewova (22-29)

Detewonòm 14:1

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “pa fè nan mitan je nou vin chòv”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 19:28
  • +Le 21:1, 5

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    1/10/2004, p. 21

Detewonòm 14:2

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “vin yon byen ki gen anpil valè pou li”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 19:2; 20:26; Dt 28:9; 1P 1:15
  • +Eg 19:5, 6; Dt 7:6

Detewonòm 14:3

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 11:43; 20:25; Tr 10:14

Detewonòm 14:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 11:2, 3

Detewonòm 14:5

Nòt anba paj

  • *

    Se yon bèt ki sanble ak kabrit. Men, kòn li yo gen plizyè branch.

  • *

    Se yon bèt ki sanble ak kabrit.

  • *

    Se yon bèt ki sanble anpil ak sèf.

Detewonòm 14:7

Nòt anba paj

  • *

    Se yon bèt ki sanble ak lapen, men ki pi gwo e ki gen zòrèy li ak pye l ki pi long.

  • *

    Se yon bèt ki sanble ak yon gwo lapen san ke e ki viv nan zòn ki gen mas wòch.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 11:4-8

Detewonòm 14:9

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 11:9, 10

Detewonòm 14:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 11:13-20

Detewonòm 14:18

Nòt anba paj

  • *

    Se yon zwazo ki gwosè yon jenn pijon.

Detewonòm 14:19

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “tout ensèk”.

Detewonòm 14:21

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “pòtay”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 22:31; Le 17:15
  • +Eg 23:19; 34:26

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    1/10/2004, p. 20

Detewonòm 14:22

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “bay ladim”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 12:11; 26:12

Detewonòm 14:23

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 12:5, 17; 15:19, 20
  • +Sm 111:10

Detewonòm 14:24

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 12:5, 6

Detewonòm 14:26

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “nanm nou”.

  • *

    Oswa: “lòt bagay nanm nou mande nou”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 12:7; 26:11; Sm 100:2

Detewonòm 14:27

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 18:21; 2Kw 31:4; 1Ko 9:13
  • +Nb 18:20; Dt 10:9

Detewonòm 14:28

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 26:12

Detewonòm 14:29

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “òfelen”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 22:21; Dt 10:18; Jk 1:27
  • +Dt 15:10; Sm 41:1; Pw 11:24; 19:17; Mal 3:10; Lk 6:35

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Det. 14:1Le 19:28
Det. 14:1Le 21:1, 5
Det. 14:2Le 19:2; 20:26; Dt 28:9; 1P 1:15
Det. 14:2Eg 19:5, 6; Dt 7:6
Det. 14:3Le 11:43; 20:25; Tr 10:14
Det. 14:4Le 11:2, 3
Det. 14:7Le 11:4-8
Det. 14:9Le 11:9, 10
Det. 14:12Le 11:13-20
Det. 14:21Eg 22:31; Le 17:15
Det. 14:21Eg 23:19; 34:26
Det. 14:22Dt 12:11; 26:12
Det. 14:23Dt 12:5, 17; 15:19, 20
Det. 14:23Sm 111:10
Det. 14:24Dt 12:5, 6
Det. 14:26Dt 12:7; 26:11; Sm 100:2
Det. 14:27Nb 18:21; 2Kw 31:4; 1Ko 9:13
Det. 14:27Nb 18:20; Dt 10:9
Det. 14:28Dt 26:12
Det. 14:29Eg 22:21; Dt 10:18; Jk 1:27
Det. 14:29Dt 15:10; Sm 41:1; Pw 11:24; 19:17; Mal 3:10; Lk 6:35
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
  • 27
  • 28
  • 29
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Detewonòm 14:1-29

Detewonòm

14 “Nou se pitit Jewova, Bondye nou an. Pa filange kò nou+ e pa grate sousi* nou poutèt yon moun ki mouri+. 2 Paske, nou se yon pèp Jewova, Bondye nou an, mete apa+. E Jewova chwazi nou nan mitan tout pèp ki sou tè a pou nou vin pèp li, pou nou vin byen espesyal pa l*+.

3 “Nou pa dwe manje anyen ki bay degoutans+. 4 Men bèt nou ka manje+: towo bèf, mouton, kabrit, 5 sèf*, gazèl*, den*, kabrit ki viv nan bwa, antilòp, mouton k ap viv nan bwa ak mouton ki viv nan mòn. 6 Nou ka manje nenpòt bèt ki gen zago yo fann an de e ki remonte manje nan bouch yo. 7 Men bèt ki remonte manje nan bouch yo oubyen ki gen zago yo fann nou pa ka manje: chamo, lyèv*, daman*. Paske, yo remonte manje nan bouch yo, men zago yo pa fann. Nou dwe konsidere yo kòm bèt ki pa pwòp+. 8 Kochon tou pa pwòp, paske zago l fann men li pa remonte manje nan bouch li. Nou pa dwe manje vyann bèt sa yo ni nou pa dwe manyen kadav yo.

9 “Pami bèt k ap viv nan dlo yo, men ki bèt nou ka manje: Nenpòt bèt ki gen zèl ak kal+. 10 Nou pa dwe manje okenn bèt nan dlo ki pa gen zèl e ki pa gen kal sou yo. Nou dwe konsidere yo kòm bèt ki pa pwòp.

11 “Nou ka manje nenpòt zwazo ki pwòp. 12 Men ki zwazo nou pa dwe manje: èg, malfini lanmè, karanklou nwa+, 13 malfini wouj, malfini nwa ak tout lòt kalite malfini, 14 tout kalite kaw, 15 otrich, koukou, mòv, tout kalite grigri, 16 ti koukou, koukou zòrèy long, siy, 17 grangozye, karanklou, kòmoran, 18 sigòy, tout kalite krabye, hip* ak chovsouri. 19 Epitou, nou dwe konsidere tout ti bèt* ak zèl ki viv an gwoup yo kòm bèt ki pa pwòp. Nou pa dwe manje yo. 20 Men, nou ka manje nenpòt bèt ki ka vole e ki pwòp.

21 “Nou pa dwe manje kèlkeswa bèt nou jwenn ki tou mouri+. Nou kapab bay yon etranje k ap viv anndan vil* nou yo bèt sa a oswa nou kapab vann etranje a li. Li menm li kapab manje l. Nou se yon pèp ki apa pou Jewova, Bondye nou an.

“Nou pa dwe bouyi yon ti kabrit nan lèt manman l+.

22 “Chak ane, nou dwe veye pou nou bay yon dizyèm* nan tout sa grenn nou te plante nan jaden nou yo pwodui+. 23 N ap manje yon dizyèm nan manje angren nou yo, nan luil nou yo, ansanm ak premye pitit bèf nou yo ak premye pitit mouton nou yo e n ap bwè yon dizyèm nan diven nou yo devan Jewova, Bondye nou an, kote l ap chwazi pou nou bay non l glwa a+ paske nou dwe aprann pou nou toujou gen lakrentif pou Jewova, Bondye nou an+.

24 “Men, si vwayaj la ta twò long pou nou paske kote Jewova, Bondye nou an, chwazi pou nou bay non l glwa a+ twò lwen nou, e nou pa kapab pote dizyèm nan kote sa a paske Jewova, Bondye nou an, beni nou anpil, 25 n ap kapab vann li. N ap pran lajan an epi n ap vwayaje al kote Jewova, Bondye nou an, ap chwazi a. 26 Lè nou rive, n ap kapab achte sa nou* vle: bèf, mouton, kabrit, diven ak lòt bwason ki gen alkòl ak kèlkeswa lòt bagay ki fè nou plezi*. Se la n ap manje devan Jewova, Bondye nou an, e n ap rejwi devan l, ni nou menm, ni moun lakay nou+. 27 Nou pa dwe bliye Levit yo ki nan vil nou yo+, paske, yo pa gen yon eritaj menm jan ak nou+.

28 “Chak twazan, nan fen ane a, n ap depoze tout dizyèm nan danre nou rekòlte pou twazyèm ane sa a anndan vil nou yo+. 29 Epi, Levit yo ki pa gen yon eritaj menm jan avèk nou, etranje yo, timoun ki pa gen papa* yo ak vèv ki nan vil nou yo ap vini pou yo ka pran manje pou yo manje plen vant+, yon fason pou Jewova, Bondye nou an, beni nou nan tout sa nou fè+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje