BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Revelasyon 8
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Revelasyon — Sa ki gen nan liv sa a

      • Ti Mouton an kase setyèm sele a (1-6)

      • Yo sonnen kat premye twonpèt yo (7-12)

      • Yo anonse twa malè (13)

Revelasyon 8:1

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Re 6:1
  • +Re 5:1

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    15/1/2009, p. 31-32

Revelasyon 8:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Re 15:1

Revelasyon 8:3

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 30:1, 3
  • +Re 5:8
  • +Re 9:13

Revelasyon 8:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 141:2; Lk 1:10

Revelasyon 8:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 19:16; Re 4:5

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    15/1/2009, p. 31-32

Revelasyon 8:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Re 8:7, 8, 10, 12; 9:1, 13; 11:15

Revelasyon 8:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Re 16:2
  • +Eg 9:23-25; Sm 97:3, 5

Revelasyon 8:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 17:12, 13; 57:20
  • +Eg 7:20

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Referans pou Pwogram reyinyon, 6/2017, p. 1

Revelasyon 8:9

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Re 16:1, 3

Revelasyon 8:10

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “ak fontèn”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Re 16:1, 4

Revelasyon 8:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Am 5:7

Revelasyon 8:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Re 16:1, 8
  • +Eg 10:22

Revelasyon 8:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Re 9:12; 11:14
  • +Re 8:2

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Rev. 8:1Re 6:1
Rev. 8:1Re 5:1
Rev. 8:2Re 15:1
Rev. 8:3Eg 30:1, 3
Rev. 8:3Re 5:8
Rev. 8:3Re 9:13
Rev. 8:4Sm 141:2; Lk 1:10
Rev. 8:5Eg 19:16; Re 4:5
Rev. 8:6Re 8:7, 8, 10, 12; 9:1, 13; 11:15
Rev. 8:7Re 16:2
Rev. 8:7Eg 9:23-25; Sm 97:3, 5
Rev. 8:8Eza 17:12, 13; 57:20
Rev. 8:8Eg 7:20
Rev. 8:9Re 16:1, 3
Rev. 8:10Re 16:1, 4
Rev. 8:11Am 5:7
Rev. 8:12Re 16:1, 8
Rev. 8:12Eg 10:22
Rev. 8:13Re 9:12; 11:14
Rev. 8:13Re 8:2
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • Li nan Liv ki te ekri an grèk yo
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Revelasyon 8:1-13

Revelasyon

8 Lè l+ kase setyèm sele a+, gen yon silans ki fèt nan syèl la pandan demi èdtan anviwon. 2 E mwen wè sèt zanj+ ki kanpe devan Bondye, e yo ba yo sèt twonpèt.

3 Gen yon lòt zanj ki parèt e ki kanpe bò lotèl la+, li gen yon veso annò nan men l ki gen lansan ladan l+. E yo ba l yon bon kantite lansan pou l ofri sou lotèl annò+ ki devan twòn nan, pandan tout moun ki sen yo t ap lapriyè. 4 E lafimen lansan ki te nan men zanj lan t ap monte devan Bondye, ansanm ak priyè+ moun ki sen yo. 5 Men, menm kote a, zanj lan pran veso ki gen lansan an, li plen l ak enpe nan dife ki te sou lotèl la, e li voye dife a sou tè a. E vin gen loray, vwa, zèklè+ ak yon tranblemanntè. 6 E sèt zanj yo pare kò yo pou yo sonnen sèt twonpèt yo+.

7 Premye zanj lan sonnen twonpèt li a. Vin gen lagrèl ak dife ki mele ak san ki tonbe sou tè a+. Yon tyè tè a boule, yon tyè nan pyebwa yo boule, e tout plant vèt yo boule+.

8 Dezyèm zanj lan sonnen twonpèt li a. Epi, gen yon bagay ki tankou yon gwo mòn k ap boule nan dife yo voye jete nan lanmè a+. Yon tyè lanmè a vin tounen san+, 9 yon tyè nan kreyati k ap viv nan lanmè a mouri+, e yon tyè nan bato yo fè nofraj.

10 Twazyèm zanj lan sonnen twonpèt li a. Epi, yon gwo zetwal ki limen tankou yon lanp tonbe sot nan syèl la, e li tonbe sou yon tyè nan rivyè yo ak sous* dlo yo+. 11 Zetwal sa a rele Absent. Epi, yon tyè nan dlo yo vin anmè tankou absent, e anpil moun mouri akoz dlo sa yo, paske yo te vin anmè+.

12 E katriyèm zanj lan sonnen twonpèt li a. Epi, gen yon tyè nan solèy la+ ak yon tyè nan lalin nan ak yon tyè nan zetwal yo ki frape, dekwa pou yon tyè ladan yo ka vin tou nwa+, pou limyè pa klere pandan yon tyè nan jounen an, e pou menm bagay la rive nan nuit lan tou.

13 Mwen gade, e mwen tande yon èg k ap vole nan mitan syèl la, e k ap di byen fò: “Malè, malè, malè+ pou moun ki abite sou tè a akoz rès kout twonpèt twa zanj yo pral sonnen ak twonpèt pa yo+!”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje