1 Samyèl
6 Lach+ Jewova a te pase sèt mwa nan peyi Filisti. 2 Moun Filisti yo te rele prèt yo ak divinò yo+ e yo mande yo: “Ki sa nou ta dwe fè ak Lach Jewova a? Di nou ki jan nou dwe voye l tounen kote l soti a.” 3 Lè sa a, yo reponn: “Si n ap voye lach alyans Jewova, Bondye Izrayèl la, ale, pa voye l san yon ofrann. Lè n ap voye l tounen, nou dwe bay Bondye Izrayèl la yon ofrann kanmenm pou montre nou koupab+. Se sèlman lè sa a n ap geri e n ap konnen poukisa li te kontinye frape nou fò konsa.” 4 Epi, moun Filisti yo te mande yo: “Ki ofrann nou dwe voye ba li pou montre nou koupab?” Yo reponn: “Dapre kantite chèf nou gen nan peyi Filisti+, voye senk emowoyid* annò ak senk sourit annò, paske menm flewo a te tonbe sou nou chak e sou chèf nou yo. 5 Nou dwe fè kèk pòtre emowoyid ak kèk estati sourit+ ki te ravaje peyi a, epi nou dwe bay Bondye Izrayèl la glwa. Petèt l ap retire pinisyon l te bay ni nou menm, ni dye nou an, ni peyi nou an+. 6 Poukisa pou nou ta fè tèt di menm jan Ejipsyen yo ak Farawon te fè tèt di+? Lè Bondye te pini yo+, yo te oblije voye pèp Izrayèl la ale, e yo te ale+. 7 Kounye a, prepare yon charyo tounèf ak de manman bèf ki gen pitit e yo poko janm met anba jouk. Epi, mare manman bèf yo nan charyo a, men retounen ak ti bèf yo lakay, lwen manman yo. 8 Pran Lach Jewova a met sou charyo a, mete bagay annò nou voye ba li yo nan yon bwat bò kote l kòm yon ofrann ki montre nou koupab+. Lèfini, voye l ale. 9 Apre sa, suiv: Si nou wè Lach la monte nan wout Bètchemèch la+, nan tèritwa pa l, lè sa a, n ap konnen se Bondye pèp Izrayèl la ki lage gwo flewo sa a sou nou. Men, si l pa fè wout sa a, konnen se pa li menm ki pini nou. Se yon bagay ki rive nou konsa konsa.”
10 Mesye yo te suiv konsèy yo te ba yo a. Yo pran de manman bèf ki gen pitit, yo mare yo nan charyo a e yo fèmen ti bèf yo lakay. 11 Apre sa, yo mete Lach Jewova a sou charyo a ansanm ak bwat ki gen sourit annò yo ak pòtre emowoyid yo. 12 Manman bèf yo t ale tou dwat nan wout ki mennen Bètchemèch la+. Yo te rete sou gran wout la, yo t ap rele toutpandan yo prale. Yo pa t vire ni adwat ni agoch. Pandan tout tan sa a, chèf nan Filisti yo t ap mache dèyè yo, yo te rive jis nan fwontyè Bètchemèch. 13 Moun Bètchemèch yo t ap rekòlte ble nan plèn nan. Lè yo leve je yo yo wè Lach la, yo te kontan anpil. 14 Charyo a t al antre sou tè Jozye, moun Bètchemèch, e li te kanpe la, toupre yon gwo wòch. Epi, yo koupe bwa charyo a bout pa bout, yo fè sakrifis ak manman bèf yo+, yo boule yo nèt pou Jewova.
15 Levit yo+ pran Lach Jewova a ak bwat ki te ansanm avè l la ki te gen bagay annò yo, yo depoze yo sou gwo wòch la. Menm jou sa a, moun Bètchemèch yo+ te fè sakrifis yo te boule nèt pou Jewova e yo te fè lòt kalite sakrifis pou li.
16 Lè senk chèf nan Filisti yo wè sa, yo retounen Ekwon menm jou a. 17 Men kantite emowoyid annò moun Filisti yo te voye pou Jewova kòm ofrann ki montre yo koupab+: youn pou Achdòd+, youn pou Gaza, youn pou Achkelon, youn pou Gat+ ak youn pou Ekwon+. 18 E yo te voye yon kantite sourit annò ki te egal ak tout kantite vil nan peyi Filisti senk chèf yo t ap dirije yo. Yo te voye pou ni vil ki byen pwoteje yo, ni bouk ki andeyò yo.
Epi, gwo wòch yo te depoze Lach Jewova a sou li nan tè Jozye, moun Bètchemèch la, sèvi kòm temwen jis jodi a. 19 Men, Bondye te touye moun Bètchemèch yo paske yo te ret ap gade Lach Jewova a. Li te touye 50 070 moun* pami yo. Moun yo te nan gwo lapenn, paske Jewova te touye anpil ladan yo+. 20 Se sa k fè moun Bètchemèch yo te mande: “Kiyès k ap kapab kanpe devan Jewova, yon Bondye ki sen konsa+? Èske l pa ta ka retire kò l bò kote nou pou l al jwenn lòt moun+?” 21 Konsa, yo te voye kèk mesaje al di moun Kiriyatjeyarim yo+: “Moun Filisti yo voye Lach Jewova a tounen. Desann vin pran l pou nou monte avè l lakay nou+.”