-
Egzòd 37:25-28Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
25 Apre sa, li fè lotèl pou yo boule lansan an+ ak bwa akasya. Li te fè l kare, li te mezire yon koude longè, yon koude lajè ak de koude wotè. Kòn lotèl la te fè yon sèl ak lotèl la+. 26 Apre sa, li kouvri lotèl la ak bon lò, ni tèt lotèl la, ni arebò l yo, ni kòn li yo. Epi, li fè yon bòdi annò toutotou l. 27 Li te fè bag annò tou e li te mete yo anba bòdi lotèl la, de sou yon bò, de sou lòt bò a. Se ladan yo yo te mete baton pou yo pote lotèl la. 28 Apre sa, li fè baton ak bwa akasya e l kouvri yo ak lò.
-