-
Levitik 8:26Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
26 Apre sa, l al nan pànye ki devan Jewova ki gen pen san ledven ladan l lan, li pran yon pen san ledven ki won ki gen yon twou nan mitan l+, li pran yon pen ki won ki gen yon twou nan mitan l ki te fèt ak pat ki byen melanje ak luil+ ansanm ak yon bisuit sèk. Apre sa, li mete yo sou moso grès yo e sou jigo dwat la.
-
-
Levitik 8:28Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
28 Apre sa, Moyiz pran yo nan men yo epi li boule yo sou lotèl la pa anlè sakrifis yo boule nèt la. Se te sakrifis pou mete Arawon ansanm ak pitit gason l yo nan fonksyon yo antanke prèt. Sakrifis sa a te bay yon bon sant ki te fè Bondye plezi*. Se yon sakrifis yo te boule pou Jewova.
-
-
Nonb 6:13Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
13 “‘Kounye a, men lwa konsènan yon moun ki Nazireyen: Lè l fin fè tan li te gen pou l fè antanke Nazireyen an+, y ap mennen l nan antre tant reyinyon an.
-
-
Nonb 6:19Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
19 Apre prèt la fin koupe cheve Nazireyen an, anpalan de siy ki montre li se yon Nazireyen, li dwe pran youn nan palèt mouton an ki fin kuit+, yon pen san ledven ki won e ki gen yon twou nan mitan l ak yon bisuit sèk yo pase luil sou li nan pànye a e li dwe mete yo nan men Nazireyen an.
-