BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Levitik 17:15
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 15 Kèlkeswa moun*, kit se yon Izrayelit kit se yon etranje, ki manje yon bèt ki te tou mouri oswa yon bèt bèt sovaj te dechire+, li dwe lave rad li, li dwe benyen e li pap pwòp rive jis nan aswè+. Apre sa l ap pwòp. 

  • Levitik 22:3
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 3 Men sa pou w di yo: ‘Jenerasyon apre jenerasyon, si youn nan desandan nou yo ta pwoche bò kot bagay ki sakre yo pandan l pa pwòp, bagay Izrayelit yo mete apa pou Jewova yo, y ap retire* moun* sa a devan m+. Mwen se Jewova.

  • Levitik 22:8
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 8 Mete sou sa, li pa dwe manje okenn bèt li jwenn ki tou mouri oubyen okenn bèt yon bèt sovaj te devore. Sa ap fè l pa pwòp+. Mwen se Jewova.

  • Detewonòm 14:21
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 21 “Nou pa dwe manje kèlkeswa bèt nou jwenn ki tou mouri+. Nou kapab bay yon etranje k ap viv anndan vil* nou yo bèt sa a oswa nou kapab vann etranje a li. Li menm li kapab manje l. Nou se yon pèp ki apa pou Jewova, Bondye nou an.

      “Nou pa dwe bouyi yon ti kabrit nan lèt manman l+.

  • Ezekyèl 4:14
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 14 Lè sa a, mwen di: “O non, Jewova, Seyè ki Souvren an! Depi lè m piti rive jis jodi a, mwen* pa janm kontamine nan manje vyann bèt yo jwenn ki tou mouri oswa vyann bèt yon lòt bèt te devore+. Mwen pa janm met okenn vyann ki pa pwòp* nan bouch mwen+.”

  • Ezekyèl 44:31
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 31 Prèt yo pa dwe manje okenn zwazo ak lòt bèt yo jwenn ki tou mouri oswa yon bèt sovaj te dechire+.’

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje