-
Egzòd 18:25, 26Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
25 Li chwazi yon seri gason ki kapab pami Izrayelit yo e li mete yo chèf sou pèp la. Genyen ki te chèf gwoup ki gen 1 000 moun ladan yo, genyen ki te chèf gwoup ki gen 100 moun ladan yo, genyen ki te chèf gwoup ki gen 50 moun ladan yo e genyen ki te chèf gwoup ki gen 10 moun ladan yo. 26 Yo te jije pèp la lè te gen pwoblèm. Lè te gen yon ka ki difisil, yo te mennen l devan Moyiz+, men, lè ka a pa t difisil, yo te fè jijman an.
-