BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Nonb 10:10
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 10 “Epitou, nan moman ki bay kè kontan yo+, sa vle di lè fèt nou yo+ ak nan kòmansman mwa yo, nou dwe sonnen twonpèt yo sou sakrifis nou boule nèt yo+ ak sakrifis kominyon*+ yo. Sa ap fè Bondye nou an sonje nou. Mwen se Jewova, Bondye nou an+.”

  • 1 Kwonik 23:31
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 31 Yo te konn ede prèt yo kèlkeswa lè prèt yo t ap ofri Jewova sakrifis yo boule nèt nan jou saba yo+, lè fèt nouvèl lin yo+, e nan epòk fèt yo+, dapre sa ki ekri nan Lalwa a. Yo te konn fè sa regilyèman devan Jewova.

  • 2 Kwonik 2:4
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 4 M ap bati yon kay pou bay non Jewova, Bondye m nan, glwa, yon kay k ap apa pou li, pou yo ka boule lansan ki santi bon+ devan l, pou yo ka toujou met pen yo te konn mete youn sou lòt yo*+ devan l, pou m ofri sakrifis m ap boule nèt pou li, ni maten, ni aswè+, nan jou saba yo+, lè fèt nouvèl lin yo+ e nan epòk fèt+ n ap fè pou Jewova, Bondye nou an. Se yon bagay pèp Izrayèl la dwe kontinye fè pandan lontan.

  • Neyemi 10:32, 33
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 32 Mete sou sa, nou te pran angajman pou nou chak bay yon pyès monnen ki peze yon tyè nan yon chekèl* chak ane pou yo fè travay nan kay* Bondye nou an+, 33 pou pen yo konn prezante devan Bondye kòm ofrann yo+, pou manje angren yo konn bay kòm ofrann yo+, pou sakrifis yo boule nèt yo konn fè nan jou saba yo+, pou nouvèl lin yo+, pou fèt nou fete chak epòk yo+, pou bagay sakre yo, pou sakrifis y ap fè pou pèp Izrayèl la jwenn padon pou peche l yo+ e pou tout travay y ap fè nan kay Bondye nou an.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje