BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Detewonòm 3:19, 20
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 19 Se sèlman madanm nou, pitit nou ak bèt nou yo (mwen konnen nou gen anpil bèt) k ap rete nan vil mwen ban nou yo 20 jiskaske Jewova fè frè nou yo jwenn yon kote pou yo repoze, jan l te fè sa pou nou, e jiskaske yo menm tou yo resevwa peyi Jewova, Bondye nou an, ap ba yo pa lòtbò Rivyè Jouden an. Se apre sa nou chak ap kapab retounen pou nou pran byen pa nou, byen mwen ban nou an+.’

  • Jozye 1:14, 15
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 14 Madanm nou, pitit nou ak twoupo bèt nou yo ap abite nan peyi Moyiz te ban nou nan lès Rivyè Jouden an+. Men, nou tout sòlda vanyan yo+, nou dwe prepare nou pou n al fè lagè e nou dwe travèse rivyè a anvan frè nou yo+. Nou dwe ede yo 15 jiskaske Jewova fè frè nou yo jwenn lapè, jan l te fè sa pou nou an, e jiskaske yo pran peyi Jewova, Bondye nou an, ap ba yo a. Apre sa, n ap retounen nan peyi yo te ban nou pou n abite a e n ap rete ladan l, peyi Moyiz, sèvitè Jewova a, te ban nou nan lès Rivyè Jouden an+.’”

  • Jozye 13:8
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 8 Lòt mwatye tribi Manase a ak desandan Ribenn yo ansanm ak desandan Gad yo te deja pran tè Moyiz te ba yo nan direksyon lès Rivyè Jouden an, selon eritaj Moyiz, sèvitè Jewova a, te ba yo a+:

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje