-
Nonb 7:6-9Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
6 Se konsa, Moyiz te aksepte charyo yo ak bèt yo e li te bay Levit yo bagay sa yo. 7 Li te bay pitit gason Gèchon yo de charyo ak kat bèf, selon sa yo bezwen pou travay yo+, 8 e li te bay pitit gason Merari yo ki anba direksyon Itama, pitit gason Arawon, prèt la+, kat charyo ak uit bèf, selon sa yo bezwen pou travay yo. 9 Men, li pa t bay pitit gason Keyat yo anyen, paske se nan kote ki sakre a yo+ t ap gen pou yo travay e se sou zepòl yo yo t ap gen pou yo pote bagay ki pi sakre yo+.
-
-
1 Kwonik 15:2Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
2 Se lè sa a David te di: “Okenn lòt moun pa dwe pote Lach vrè Dye a, eksepte Levit yo, paske se yo menm Jewova te chwazi pou yo pote Lach Jewova a e pou yo toujou sèvi l+.”
-