BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 2 Wa 22:18, 19
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 18 Men, men sa n ap di wa Jida a ki voye nou kote Jewova a: “Men sa Jewova, Bondye Izrayèl la, di: ‘Kanta pou pawòl ou tande yo, 19 kòm ou te byen reyaji nan kè w e w te imilye tèt ou+ devan Jewova lè w te tande sa m te di m ap fè vil sa a ak moun k ap viv ladan l yo, lè w te tande jan sa m ap fè yo a ap fè kè moun kase e jan y ap konsidere yo kòm moun malediksyon tonbe sou yo, kòm ou te chire rad sou ou+ e w te kriye devan m, mwen menm tou, mwen tande w. Se sa Jewova di.

  • 2 Kwonik 33:13
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 13 Li te kontinye priye Bondye. Li te mande l pou l fè l favè. Priyè l la te touche Bondye, se sa k fè li te koute l e li te fè l vin wa ankò nan Jerizalèm+. Lè sa a, Manase te vin konnen se Jewova ki vrè Dye a+.

  • Sòm 22:24
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 24 Paske, li pa t fèmen je l sou soufrans moun ki t ap soufri a, li pa t meprize l+.

      Li pa t kache figi l pou l pa wè l+.

      Lè moun k ap soufri a te rele l pou l mande l èd li, li te tande l+.

  • Sòm 34:18
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 18 Jewova toupre moun kè yo ap fann+,

      Li sove moun ki gen lespri yo kraze*+.

  • Pwovèb 28:13
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 13 Moun ki kache peche l pap reyisi+,

      Men, moun ki konfese yo e ki pa fè yo ankò, y ap fè l mizèrikòd+.

  • Ezayi 57:15
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 15 Paske, men sa Sila a ki gran e ki nan pozisyon ki pi wo a,

      Sila a k ap viv* pou toutan an+ e ki gen yon non ki sen an+, di:

      “Mwen rete kote ki wo e ki sakre a+,

      Men, mwen rete tou ak moun ki montre yo gen imilite, moun ki tris,

      Pou m fè moun ki piti yo sispann tris

      E pou m bay moun ki kraze yo fòs ankò+.

  • Lik 15:22-24
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 22 Men, papa a di esklav li yo: ‘Fè vit! Pran yon wòb long, sa ki pi bèl la, mete l sou li. Met yon bag nan dwèt li e met sandal nan pye l. 23 Epi, vin ak jenn towo bèf nou t ap angrese a, touye l, epi annou manje, annou fete. 24 Paske, pitit gason m nan te mouri, li retounen ap viv ankò+. Li te pèdi, nou jwenn li.’ Epi, yo kòmanse fete.

  • Lik 18:13, 14
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 13 Men, pèseptè a te kanpe nan yon distans, li pa t menm vle leve je l gade syèl la, li pa t sispann frape men l sou lestomak li, li t ap di: ‘O Bondye, gen pitye pou mwen. Mwen se yon pechè+.’ 14 M ap di nou sa: Lè mesye sa a desann lakay li, li te pi jis nan je Bondye pase Farizyen sa a+. Paske, nenpòt moun ki mete tèt li byen wo, y ap rabese l, e nenpòt moun ki rabese tèt li, y ap leve l met byen wo+.”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje