BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Jòb 34:11
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 11 Paske se li k ap rekonpanse yon moun pou sa moun nan fè+,

      E l ap fè l peye tou pou fason l aji.

  • Pwovèb 24:12
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 12 Si w di: “Mwen pa t konn sa”,

      Èske Sila a ki egzamine sa k nan kè moun nan* pap wè sa+?

      Wi, Sila a k ap gade w la* ap konnen,

      E l ap fè chak moun peye pou sa yo fè+.

  • Women 2:6
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 6 L ap bay chak moun sa yo merite selon aksyon yo+:

  • 2 Korentyen 5:10
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 10 Paske, nou tout dwe parèt devan tribinal Kris la, pou chak moun ka resevwa sa l merite pou bagay li te pratike pandan li nan kò lachè a, kit se sa k bon kit se sa k pa bon+.

  • Galat 6:7
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 7 Pa twonpe tèt nou: moun pa ka pase Bondye nan jwèt. Paske, kèlkeswa sa yon moun simen, se sa l ap rekòlte tou+.

  • 2 Timote 4:14
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 14 Aleksann, bòs ki konn travay kuiv la, fè m anpil tò. Jewova* ap fè l peye pou aksyon l yo+.

  • Revelasyon 20:12, 13
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 12 Epi, mwen wè mò yo, gran kou piti, ki kanpe devan twòn nan, e gen woulo ki te ouvè. Men, gen yon lòt woulo ki te ouvè, se te woulo lavi a+. Yo jije mò yo selon aksyon yo, dapre bagay ki ekri nan woulo yo+. 13 E lanmè a rann mò li te gen ladan l, lanmò ak Tonm nan* rann mò yo te gen nan yo, epi, yo jije yo chak apa selon aksyon yo+.

  • Revelasyon 22:12
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 12 “‘Gade! M ap vini byen vit, e rekonpans m ap bay la ansanm avè m, pou m ka bay chak moun sa yo merite, selon aksyon yo+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje