7 Benediksyon pou moun ki met espwa l nan Jewova,
Pou moun ki met konfyans li nan Jewova+.
8 Moun sa a ap vin tankou yon pyebwa ki plante bò dlo,
Tankou yon pyebwa ki voye rasin li nan direksyon dlo a.
Li pap santi lè chalè a vini,
Men, fèy li ap toujou bèl+.
Nan epòk sechrès, kè l pap sote,
Ni li pap sispann bay fwi.