BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Egzòd 32:9
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 9 Epitou, Jewova di Moyiz: “Mwen wè pèp sa a se yon pèp ki gen tèt di*+.

  • 2 Wa 17:13, 14
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 13 Jewova te kontinye sèvi ak pwofèt li yo ak moun ki te konn fè vizyon yo pou l avèti Izrayèl ak Jida+. Li te konn di yo: “Sispann fè move bagay n ap fè yo+! Se pou nou suiv kòmandman m yo ak lòd mwen yo ki fè pati tout lwa mwen te bay zansèt nou yo e m te fè nou konnen grasa sèvitè m yo, pwofèt yo.” 14 Men, yo pa t koute. Yo te kontinye fè tèt di menm jan ak* zansèt yo ki pa t montre yo gen lafwa nan Jewova, Bondye yo a+.

  • 2 Kwonik 36:15, 16
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 15 Jewova, Bondye zansèt yo a, te kontinye voye moun kote yo pou ba yo avètisman. Li pa t sispann ba yo avètisman paske li te gen pitye pou pèp li a e pou kay kote li te abite a. 16 Men, yo te konn pase moun vrè Dye a te voye yo nan jwèt+, yo te meprize sa l te voye di yo a+ e yo te pase pwofèt li yo nan rizib+ jiskaske pa t gen espwa pou pèp la jwenn gerizon ankò, jiskaske Jewova te vin an kòlè anpil kont pèp li a+.

  • Sòm 78:8
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    •  8 Konsa tou, yo pap tankou zansèt yo,

      Yon jenerasyon ki te gen tèt di e ki te rebèl+,

      Yon jenerasyon kè yo pa t fèm*+,

      Yon jenerasyon ki pa t fidèl ak Bondye.

  • Ezekyèl 3:7
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 7 Men, pèp Izrayèl la li menm pap vle koute w, paske yo pa vle koute m+. Tout moun ki nan pèp Izrayèl la se yon bann moun tèt di ki pa vle chanje+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje