-
Detewonòm 30:1-3Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
30 “Lè tout pawòl sa yo akonpli sou nou, anpalan de benediksyon ak malediksyon mwen mete devan nou yo+, e nou sonje yo*+ pandan nou nan nasyon kote Jewova, Bondye nou an, gaye nou yo+, 2 lè ni nou menm ni pitit gason nou yo tounen vin jwenn Jewova, Bondye nou an+, ak tout kè nou e ak tout nanm*+ nou, nou koute l lè nou obeyi tout kòmandman mwen ban nou jodi a, 3 Jewova, Bondye nou an, ap fè prizonye nou yo tounen+ e l ap fè nou mizèrikòd+. Jewova, Bondye nou an, ap pran nou nan mitan tout pèp kote li te gaye nou yo e l ap rasanble nou+.
-
-
Ezayi 66:20Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
20 Y ap pran tout frè n yo nan tout nasyon yo+ pou yo mennen yo bay Jewova kòm kado, e y ap mennen yo sou cheval, nan charyo, nan cha ki kouvri, sou milèt e sou chamo ki rapid pou yo monte nan mòn mwen an ki sakre, anpalan de Jerizalèm, tankou lè pèp Izrayèl la ap pote ofrann nan veso ki pwòp nan kay Jewova a.” Se sa Jewova di.
-
-
Ezekyèl 36:24Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
24 M ap pran nou nan mitan nasyon yo, m ap pran nou nan mitan peyi yo e m ap rasanble nou lè m fè nou tounen nan peyi pa nou an+.
-