-
Mak 7:32-35Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
32 Lè l rive la, yo mennen yon mesye ki soud e ki gen lang lou ba li+, e yo sipliye l pou l poze men sou li. 33 Li deplase ak mesye a sot nan foul la. Lèfini, li mete dwèt li nan zòrèy mesye a, li krache, epi li touche lang mesye a+. 34 Epi, li gade syèl la, li pouse yon gwo soupi, e li di l: “Efata”, ki vle di: “Ouvri.” 35 Lè sa a, zòrèy mesye a vin ouvri+ e li vin pa gen pwoblèm pou l pale, epi li te kòmanse pale nòmal.
-