-
Jeremi 44:12-14Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
12 Rès moun Jida ki deside al abite ann Ejip yo ap peri nan peyi Ejip+. Yo tout ap mouri anba kout epe e anba grangou, ni moun ki enpòtan, ni moun òdinè. Wi, y ap mouri anba kout epe e anba grangou. Moun ap pè lè yo wè sa k rive yo, yo pap gen respè pou yo, y ap lage malediksyon sou yo e y ap pale yo mal+. 13 M ap sèvi ak epe, grangou ak maladi pou m pini moun ki abite nan peyi Ejip yo, menm jan mwen te pini moun Jerizalèm yo+. 14 Rès moun Jida ki al abite nan peyi Ejip yo pap chape, ni yo pap rete vivan pou yo retounen nan tèritwa tribi Jida a. Y ap anvi* retounen al abite Jida, men yo pap kapab. Se sèlman kèk nan yo k ap kapab retounen.’”
-
-
Jeremi 44:27, 28Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
27 Kounye a, m ap veye yo pou m fè malè tonbe sou yo. Mwen pap fè anyen ki bon pou yo+. Tout moun Jida ki nan peyi Ejip yo ap mouri anba kout epe e anba grangou jiskaske yo fin disparèt nèt+. 28 Se sèlman kèk nan yo k ap chape anba kout epe e k ap kite peyi Ejip pou yo tounen Jida+. Lè sa a, tout moun Jida ki te vin abite ann Ejip ki rete yo ap konnen toutbonvre si se pawòl pa m oswa si se pawòl pa yo ki reyalize!”’”
-