-
Jeremi 42:17, 18Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
17 Tout moun ki detèmine pou y al rete ann Ejip yo ap mouri anba kout epe, akoz grangou ak maladi. Pa gen youn nan yo k ap sove oswa k ap chape anba malè m ap lage sou yo a.”’
18 “Paske, men sa Jewova, Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di: ‘Menm jan mwen te vide kòlè m sou moun ki abite Jerizalèm yo+, se konsa tou m ap vide kòlè m sou nou si n al ann Ejip. Moun ap lage madichon sou nou, y ap pè lè yo wè sa ki rive nou an, yo pap gen respè pou nou, y ap pale nou mal+, e nou pap janm wè isit la ankò.’
-