-
Sofoni 2:9, 10Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
9 Se sa k fè, menm jan li klè mwen vivan, mwen fè sèman
Mowab ap vin tankou Sodòm+,
E desandan Amon yo ap vin tankou Gomò+,
Yon kote ki plen pikan, yon tè sale ak yon kote k ap toujou dezè+.
Rès moun ki nan pèp mwen an ap dechèpiye yo,
E moun ki rete nan nasyon m nan ap pran sa yo genyen.” Se sa Jewova, Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di.
10 “Se sa y ap jwenn poutèt yo gen ògèy+,
Paske, yo te pase pèp Jewova, Chèf lame yo, nan rizib e yo te gonfle lestomak yo sou li.
-