BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Matye 19:28
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 28 Jezi di yo: “Anverite m ap di nou sa: Lè tout bagay ap vin tounèf ankò, lè Pitit lòm nan va chita sou gran twòn li an, nou menm ki te suiv mwen, n ap chita sou 12 twòn pou nou jije 12 tribi Izrayèl yo+.

  • Lik 22:29
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 29 Se poutèt sa, menm jan Papa m fè yon alyans avèk mwen pou yon wayòm, mwen fè yon alyans avèk nou tou pou yon wayòm+,

  • Revelasyon 1:6
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 6 li menm ki fè nou vin wa+ e ki fè nou vin prèt+ pou Bondye ki se Bondye li e ki se Papa li, wi, se pou l resevwa glwa ak pisans pou toutan. Amèn.

  • Revelasyon 3:21
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 21 Moun ki pote laviktwa a+, m ap pèmèt li chita avè m sou twòn mwen an+, menm jan mwen te pote laviktwa e mwen chita+ ak Papa m sou twòn li an.

  • Revelasyon 5:9, 10
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 9 Epi, y ap chante yon nouvo chante+ ki di: “Ou diy pou w pran woulo a e pou w kase sele yo, paske yo te touye w, e avèk san w, ou achte moun pou Bondye+, moun ki soti nan tout tribi, nan tout lang, nan tout pèp ak nan tout nasyon+, 10 ou fè yo vin wa+, ou fè yo vin prèt pou Bondye nou an+, e yo gen pou yo dirije tè a antanke wa+.”

  • Revelasyon 20:4
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 4 Epi, mwen wè yon seri twòn, e gen moun ki chita sou yo. Yo bay moun sa yo pouvwa pou yo jije. Wi, mwen wè san* moun yo te touye poutèt yo t ap bay temwayaj sou Jezi e poutèt yo t ap pale de Bondye. Moun sa yo pa t adore ni bèt sovaj la ni estati l la, e yo pa t resevwa mak sou fwon yo ni sou men yo+. Yo retounen vivan ankò, e yo dirije antanke wa avèk Kris+ pandan 1 000 an.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje