-
Mak 14:66-72Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
66 Twouve, pandan Pyè te anba a nan lakou a, youn nan sèvant gran prèt la parèt+. 67 Lè l wè Pyè k ap chofe dife, li gade l fiks, epi li di: “Ou menm tou, ou te avèk Jezi, moun Nazarèt la.” 68 Men, li nye sa, li di: “Mwen pa konnen l, ni m pa konprann sa w ap di a.” Epi, li soti deyò toupre pòtay la*. 69 Pandan l la, sèvant lan wè l, li rekòmanse di moun ki te kanpe la yo: “Li se youn nan yo.” 70 Pyè nye sa ankò. E apre yon ti tan, moun ki te kanpe la yo di Pyè yon lòt fwa ankò: “Se sèten, ou se youn nan yo. Dayè, ou se moun Galile.” 71 Men, li kòmanse sèmante, li mande pou malè rive l si sa l di a pa laverite, epi li di: “Mwen pa konn mesye sa a n ap pale a.” 72 Menm kote a, yon kòk chante yon dezyèm fwa+, e Pyè sonje pawòl Jezi te di l la: “Anvan yon kòk chante de fwa, w ap nye m twa fwa+.” Epi, li vin dekontwole e li tonbe kriye.
-
-
Lik 22:54-62Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
54 Epi, yo arete l, yo ale avè l+ e yo mennen l kay gran prèt la. Men, Pyè t ap suiv yo nan yon distans+. 55 Yo limen yon dife nan mitan lakou a, yo chita ansanm, e Pyè vin chita nan mitan yo+. 56 Men, gen yon sèvant ki wè Pyè chita bò dife a ki te byen klere, li gade l byen gade, epi li di: “Mesye sa a te avè l tou.” 57 Men, Pyè nye sa, li di: “Mwen pa konnen l, madanm.” 58 Apre yon ti tan, gen yon lòt moun ki wè l e ki di: “Ou menm tou, ou se youn nan yo.” Men, Pyè di: “Mesye, mwen pa youn nan yo+.” 59 Apre anviwon inèdtan, gen yon lòt mesye ki parèt e ki pèsiste ap di: “Se sèten mesye sa a te avè l tou. Dayè, se moun Galile li ye!” 60 Men, Pyè di: “Mesye, mwen pa konn sa w ap di a.” Epi, menm kote a, li potko menm fin pale, yon kòk chante. 61 Lè sa a, Seyè a vire, li gade Pyè fiks, e Pyè sonje pawòl Seyè a te di a: “Anvan yon kòk chante jodi a, w ap nye m twa fwa+.” 62 Epi, li sot deyò a, li kriye anpil.
-
-
Jan 18:15-17Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
15 Twouve, Simon Pyè ansanm ak yon lòt disip t ap suiv Jezi+. Gran prèt la te konn disip sa a, e disip la antre nan lakou gran prèt la ansanm ak Jezi. 16 Men, Pyè te kanpe deyò a, bò pòtay la*. Epi, lòt disip la, li menm gran prèt la te konnen an, soti al pale ak sèvant ki t ap veye pòtay la, e li fè Pyè antre. 17 Lè sa a, sèvant lan di Pyè: “Ou se youn nan disip mesye sa a tou, pa vre?” Li di: “Non+.”
-