BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Matye 26:69, 70
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 69 Nan moman sa a, Pyè te chita deyò nan lakou a. Gen yon sèvant ki vin bò kote l, ki di l: “Ou menm tou, ou te avèk Jezi, moun Galile a+!” 70 Men, li nye sa devan yo tout, li di: “Mwen pa konn sa w ap di a.”

  • Mak 14:66-68
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 66 Twouve, pandan Pyè te anba a nan lakou a, youn nan sèvant gran prèt la parèt+. 67 Lè l wè Pyè k ap chofe dife, li gade l fiks, epi li di: “Ou menm tou, ou te avèk Jezi, moun Nazarèt la.” 68 Men, li nye sa, li di: “Mwen pa konnen l, ni m pa konprann sa w ap di a.” Epi, li soti deyò toupre pòtay la*.

  • Lik 22:55-57
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 55 Yo limen yon dife nan mitan lakou a, yo chita ansanm, e Pyè vin chita nan mitan yo+. 56 Men, gen yon sèvant ki wè Pyè chita bò dife a ki te byen klere, li gade l byen gade, epi li di: “Mesye sa a te avè l tou.” 57 Men, Pyè nye sa, li di: “Mwen pa konnen l, madanm.”

  • Jan 18:25
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 25 Twouve, Simon Pyè te kanpe la, li t ap chofe dife. Epi, yo di l: “Ou se youn nan disip li yo tou, pa vre?” Li nye sa, li di: “Non+.”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje