BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Matye 12:1-8
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 12 Nan epòk sa a, Jezi t ap pase nan mitan kèk jaden ble yon jou saba. Disip li yo te grangou e yo kòmanse kase kèk grap ble pou yo manje+. 2 Lè Farizyen yo wè sa, yo di l: “Apa disip ou yo ap fè yon bagay yo pa gen dwa fè nan jou saba a+!” 3 Li di yo: “Èske nou pa li ki sa David te fè lè li menm ak mesye ki te ansanm avè l yo te grangou+, 4 jan li te antre nan kay Bondye a e yo te manje pen yo konn prezante devan Bondye yo+, yon bagay ni li menm ni moun ki te avè l yo pa t gen dwa manje, alòske se prèt yo sèlman ki gen dwa manje yo+? 5 Oswa, èske nou pa li nan Lalwa, nan jou saba a, prèt yo fè sèvis nan tanp lan, epoutan yo pa koupab poutèt sa+? 6 Ebyen, m ap di nou sa: Gen yon moun la a ki pi enpòtan pase tanp lan+. 7 Men, si nou te konprann sa sa vle di: ‘Se mizèrikòd mwen vle+, se pa sakrifis+’, nou pa t ap kondane moun ki inosan. 8 Paske, Pitit lòm nan se Seyè saba a+.”

  • Mak 2:23-28
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 23 Twouve, yon jou saba, pandan li t ap pase nan mitan kèk jaden ble ansanm ak disip li yo, disip yo kase kèk grap ble+. 24 Lè sa a, Farizyen yo di l: “Gade sa! Poukisa y ap fè yon bagay yo pa gen dwa fè nan jou saba a?” 25 Men, li di yo: “Nou pa janm li sa David te fè lè li menm ak mesye ki te ansanm avè l yo te vin nan nesesite e yo te grangou+? 26 Nou pa t li nan istwa sou Abyata+, prèt an chèf la, jan David te antre nan kay Bondye a, li te manje pen yo te konn prezante devan Bondye yo, epi li te bay mesye ki te avè l yo kèk ladan yo tou, alòske pèsonn pa t gen dwa manje yo, eksepte prèt yo+?” 27 Apre sa, li di yo: “Se saba ki te vin egziste pou lòm+, men se pa lòm ki te vin egziste pou saba. 28 Kidonk, Pitit lòm nan se Seyè ata saba+.”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje