-
Revelasyon 13:16-18Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
16 Li egzije pou yo bay tout moun, piti kou gran, rich kou pòv, moun lib kou esklav, yon mak nan men dwat yo oswa sou fwon yo+, 17 dekwa pou pèsonn pa ka ni achte ni vann, sof moun ki gen mak la, sètadi non+ bèt sovaj la oswa nimewo ki koresponn ak non l lan+. 18 Se pou moun ki gen bon konprann* kalkile nimewo bèt sovaj la, paske se yon nimewo moun, e nimewo l se 666+. Yon moun bezwen gen sajès pou l konprann bagay sa a.
-
-
Revelasyon 20:4Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
4 Epi, mwen wè yon seri twòn, e gen moun ki chita sou yo. Yo bay moun sa yo pouvwa pou yo jije. Wi, mwen wè san* moun yo te touye poutèt yo t ap bay temwayaj sou Jezi e poutèt yo t ap pale de Bondye. Moun sa yo pa t adore ni bèt sovaj la ni estati l la, e yo pa t resevwa mak sou fwon yo ni sou men yo+. Yo retounen vivan ankò, e yo dirije antanke wa avèk Kris+ pandan 1 000 an.
-