Ezayi
18 Malè pou peyi ki chaje ak bri zèl ti bèt k ap vole,
Peyi ki nan zòn ki toupre rivyè Etyopi+ yo!
2 Peyi sa a voye mesaje sou lanmè,
Li voye yo travèse dlo sou bato ki fèt ak papiris, li di yo:
“Ale, nou menm, mesaje ki rapid,
Al kot yon nasyon ki gen moun ki wo e ki gen po swa*,
Kot yon pèp moun tout kote pè+,
Kot yon nasyon ki gen fòs e ki pot laviktwa sou lòt nasyon,
Yon nasyon dlo rivyè fin pote tè peyi l la ale.”
3 Nou tout ki moun peyi a, e nou menm ki abite sou tè a,
Sa n ap wè a ap tankou yon siy* yo met kanpe sou tèt mòn yo,
E n ap tande yon bri ki tankou son yon kòn.
4 Paske men sa Jewova di m:
“M ap ret byen trankil e m ap ret nan plas mwen an pou m gade,
Menm jan ak reyon solèy la ki fè gen gwo chalè,
E menm jan ak lawouze ki tonbe lè gen chalè nan sezon rekòt.
5 Paske anvan rekòt la,
Lè pye rezen yo fin fleri e flè yo tounen grap rezen ki vin byen mi,
Y ap koupe branch yo ak sèpèt,
Y ap koupe ti lyann ki nan branch yo e y ap retire yo.
6 Y ap kite yo tout pou zwazo ki konn chase ki nan mòn yo
Ak bèt ki sou tè a.
Zwazo ki konn manje vyann yo ap pase sezon chalè a ap manje yo,
E bèt yo sou tè a ap pase sezon rekòt la ap manje yo.
7 Lè sa a, Jewova, Chèf lame yo, ap resevwa yon kado
Nan men yon nasyon ki gen moun ki wo e ki gen po swa,
Nan men yon pèp moun tout kote pè,
Nan men yon nasyon ki gen fòs e ki pot laviktwa sou lòt nasyon,
Yon nasyon dlo rivyè fin pote tè peyi l la ale
Nan Mòn Siyon, kote ki pote non Jewova, Chèf lame yo+.”