BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Pwovèb 22
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Pwovèb — Sa ki gen nan liv sa a

    • PWOVÈB SALOMON YO (10:1–24:34)

Pwovèb 22:1

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “chwazi yon non”.

  • *

    Lit.: “Favè”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Ekl 7:1

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Reveye n!,

    no 4 2017, p. 9

Pwovèb 22:2

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “rankontre ansanm”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Tr 17:26

Pwovèb 22:3

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Viv ak kè kontan!—Liv, leson 38

Pwovèb 22:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 34:9; Pw 18:12

Pwovèb 22:5

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “nanm”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 4:14, 15

Pwovèb 22:6

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “yon tigason; yon jèn”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 18:19; Dt 6:6, 7; Efe 6:4
  • +2Ti 3:14, 15

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Reveye n!,

    no 1 2021 p. 4-5

    Referans pou Pwogram reyinyon,

    10/2016, p. 15

    10/2016, p. 15-16

    Kè kontan nan yon fanmi, p. 74-75, 85

Pwovèb 22:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 4:1; Mt 18:25

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Viv ak kè kontan!—Liv, leson 37

    Toudegad etid,

    7/2017, p. 10

Pwovèb 22:8

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “E baton kòlè l”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Ga 6:7, 8
  • +Sm 125:3

Pwovèb 22:9

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “Moun ki gen bon je a”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 15:7, 8; Pw 11:25; Eb 6:10

Pwovèb 22:10

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “pwosè”.

Pwovèb 22:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 45:2; Pw 16:13; Mt 5:8

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    15/3/2010, p. 30

Pwovèb 22:12

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “Je Jewova pwoteje konesans”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Tr 13:8-10

Pwovèb 22:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 26:13-15

Pwovèb 22:14

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “fi ki dwòl la”. Gade Pw 2:16.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 5:3; Ekl 7:26

Pwovèb 22:15

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “yon tigason; yon jèn”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 8:21
  • +Pw 13:24; 19:18

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Referans pou Pwogram reyinyon, 10/2016, p. 16

    Pwoche bò kote Jewova, p. 120-121

    Toudegad,

    15/6/2008, p. 10

Pwovèb 22:16

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 12:5; Pw 14:31

Pwovèb 22:17

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 13:20
  • +Pw 15:14

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    2/2022, p. 8

Pwovèb 22:18

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 2:10; 24:14
  • +Pw 15:7

Pwovèb 22:22

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 23:10
  • +Eg 23:6; Am 5:12

Pwovèb 22:23

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “l ap vòlè nanm”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 24:12; Sm 12:5

Pwovèb 22:25

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “pou nanm ou”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 13:20

Pwovèb 22:26

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 6:1-3

Pwovèb 22:28

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 19:14; Pw 23:10; Oz 5:10

Pwovèb 22:29

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 16:18, 19; 1Wa 7:13, 14

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Pwo. 22:1Ekl 7:1
Pwo. 22:2Tr 17:26
Pwo. 22:4Sm 34:9; Pw 18:12
Pwo. 22:5Pw 4:14, 15
Pwo. 22:6Jen 18:19; Dt 6:6, 7; Efe 6:4
Pwo. 22:62Ti 3:14, 15
Pwo. 22:72Wa 4:1; Mt 18:25
Pwo. 22:8Ga 6:7, 8
Pwo. 22:8Sm 125:3
Pwo. 22:9Dt 15:7, 8; Pw 11:25; Eb 6:10
Pwo. 22:11Sm 45:2; Pw 16:13; Mt 5:8
Pwo. 22:12Tr 13:8-10
Pwo. 22:13Pw 26:13-15
Pwo. 22:14Pw 5:3; Ekl 7:26
Pwo. 22:15Jen 8:21
Pwo. 22:15Pw 13:24; 19:18
Pwo. 22:16Sm 12:5; Pw 14:31
Pwo. 22:17Pw 13:20
Pwo. 22:17Pw 15:14
Pwo. 22:18Pw 2:10; 24:14
Pwo. 22:18Pw 15:7
Pwo. 22:22Pw 23:10
Pwo. 22:22Eg 23:6; Am 5:12
Pwo. 22:231Sa 24:12; Sm 12:5
Pwo. 22:25Pw 13:20
Pwo. 22:26Pw 6:1-3
Pwo. 22:28Dt 19:14; Pw 23:10; Oz 5:10
Pwo. 22:291Sa 16:18, 19; 1Wa 7:13, 14
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
  • 27
  • 28
  • 29
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Pwovèb 22:1-29

Pwovèb

22 Pito yon moun chwazi gen bon repitasyon* olye l chwazi gen anpil richès+.

Respè* pi bon pase ajan ak lò.

 2 Men sa ki fè moun rich la ak moun pòv la sanble*:

Se Jewova ki fè yo toule de+.

 3 Moun ki gen lespri a wè danje a, li kache,

Men, moun ki pa gen eksperyans lan kontinye ale tou dwat e li peye sa.

 4 Lè yon moun gen imilite e li gen lakrentif pou Jewova,

L ap jwenn richès, glwa ak lavi+.

 5 Gen pikan ak pèlen nan chemen moun ki kwochi yo,

Men, moun ki bay lavi* li valè rete byen lwen yo+.

 6 Montre yon timoun* nan ki wout li dwe mache+,

Menm lè li vin granmoun, li pap kite l+.

 7 Moun ki rich ap dirije sou moun ki pòv,

E moun ki prete nan men yon moun se esklav moun ki prete l la+.

 8 Moun ki simen sa ki pa dwat la ap rekòlte malè+.

E pouvwa l genyen pou l fè mal* la ap fini+.

 9 Moun ki renmen bay* ap jwenn benediksyon,

Paske li pataje manje l genyen ak moun ki malere+.

10 Fè moun k ap pase moun nan rizib la ale,

Tout kont ap fini,

E diskisyon* ak joure ap sispann.

11 Moun ki renmen pou kè l pwòp e ki pale bèl pawòl

Ap vin zanmi wa a+.

12 Jewova pwoteje moun ki gen konesans*,

Men, li fè pawòl moun ki trèt yo vin san valè+.

13 Parese a di: “Gen yon lyon deyò a!

L ap touye m sou plas la+!”

14 Bouch fi deregle a* se yon twou ki fon+.

Moun Jewova kondane a ap tonbe ladan l.

15 Bagay moun sòt mare byen di nan kè yon timoun*+,

Men, baton disiplin nan ap retire yo voye byen lwen l+.

16 Moun k ap dechèpiye malere pou l ka vin pi rich+

Ak moun k ap bay moun ki rich kado

Ap mouri pòv.

17 Panche zòrèy ou pou w koute pawòl moun ki gen sajès+,

Pou w ka aksepte konesans mwen bay la ak tout kè w+.

18 Paske w ap kontan si w konsève yo nan kè w+,

Yon fason pou w ka toujou pare pou w pale de yo+.

19 Se pou w ka fè Jewova konfyans

Ki fè m ap ba w konesans jodi a.

20 Èske m pa deja ekri w

Pou m ba w anpil konsèy ak konesans,

21 Pou m anseye w pawòl ki verite ak pawòl ki merite pou w fè yo konfyans,

Yon fason pou w ka pote yon bon rapò bay moun ki voye w la?

22 Pa vòlè moun ki malere a paske l malere+,

Epi, pa fè piti a abi nan pòtay vil la+,

23 Paske se Jewova k ap fè yo jwenn jistis+,

E l ap retire lavi* moun k ap dechèpiye yo.

24 Pa mache ak yon moun ki gen gwo san,

E pa annafè ak yon moun ki fè kòlè fasil,

25 Pou w pa janm vin menm jan avè l

E pou l pa vin yon pyèj pou ou*+.

26 Pinga w vin yon moun k ap bay garanti

Pou w responsab dèt yon moun+.

27 Si w pa ka peye,

Y ap pran kabann ou anba do w.

28 Pa deplase bòn tè ki la depi lontan yo,

Bòn tè zansèt ou yo te mete yo+.

29 Èske w konn wè yon moun ki fè travay li byen?

Se devan wa l ap kanpe+,

Li pap kanpe devan nenpòt moun.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje