BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lff leson 37.1-6
  • Ki sa Bib la di sou travay ak lajan?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa Bib la di sou travay ak lajan?
  • Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • FOUYE PLIS
  • SA W TE APRANN
  • APRANN PLIS
  • Èske lajan se rasin tout bagay ki mal?
    Repons Bib la bay
  • Ki jan Bib la ka ede w?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Ki jan Bib la ka ede w?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Premye leson pou w etidye Labib
  • Fason pou n byen jere lajan
    Fanmi w ka gen kè kontan
Gade plis
Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
lff leson 37.1-6
Leson 37. Yon bòs chapant k ap kloure yon klou nan yon bwa.

LESON 37

Ki sa Bib la di sou travay ak lajan?

Édition imprimée
Édition imprimée
Édition imprimée

Èske sa rive w deja ou gen pwoblèm pou w jwenn travay oswa pwoblèm lajan? Li kapab difisil pou n pran swen tèt nou e anmenmtan pou n bay Jewova adorasyon li merite a. Men, Bib la bay bonjan konsèy ki kapab ede nou.

1. Ki sa Bib la di sou travay?

Bondye vle nou pran plezi nan travay n ap fè. Bib la di: “Pa gen anyen ki pi bon pase sa, pou yon moun [...] jwenn kè kontan nan travay di li fè.” (Eklezyas 2:24). Jewova travay di. Lè n imite l nan sans sa a, nou fè kè l kontan e nou santi nou byen.

Travay enpòtan, men nou pa dwe janm ba l plis enpòtans pase adorasyon n ap bay Jewova a (Jan 6:27). Jewova pwomèt nou l ap fè nou jwenn sa nou bezwen pou n viv, depi nou bay adorasyon l lan premye plas nan lavi nou.

2. Ki bon fason nou dwe konsidere lajan?

Byenke Bib la fè konnen lajan se yon pwoteksyon, li fè konnen lajan pa bay kè kontan (Eklezyas 7:12). Se sa k fè, li ankouraje nou pou n pa renmen lajan, men pou n “kontante nou ak sa nou genyen”. (Li Ebre 13:5.) Lè n kontante nou ak sa nou genyen, sa anpeche nou bay tèt nou pwoblèm pou n ap chèche plis. Sa anpeche nou fè dèt ki pa nesesè (Pwovèb 22:7). Mete sou sa, sa anpeche nou pran nan pyèj pou n ap jwe aza oubyen pou n ap chèche mwayen pou nou fè lajan vit.

3. Ki jan nou ka byen sèvi ak lajan nou?

Jewova se yon Bondye ki donan, e nou imite l lè nou donan e nou “dispoze pataje ak lòt moun”. (1 Timote 6:18.) Nou ka byen sèvi ak lajan nou lè n fè ofrann nan kongregasyon an e lè n ede lòt moun ki nan bezwen, sitou moun k ap adore Jewova menm jan avè n yo. Se pa kantite nou bay la ki plis enterese Jewova, men se rezon ki pouse nou bay la. Lè n bay ak tout kè nou, n ap kontan e n ap fè kè Jewova kontan tou. — Li Travay 20:35.

FOUYE PLIS

Gade ki byenfè n ap jwenn lè n kenbe travay nan plas li e lè n kontante nou ak sa nou genyen.

4. Onore Jewova nan fason w travay

Amitye nou gen ak Jewova a ta dwe gen efè sou fason nou konsidere travay. Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre yo:

VIDEYO: Travay ak tout nanm ou tankou se pou Jewova (4:39)

  • Ki sa k te touche w nan videyo a lè w te wè fason Pyewo te konsidere travay li ak konpòtman li te genyen lè l te nan travay li?

  • Ki sa l te fè pou l kite travay nan plas li?

Li Kolosyen 3:23, 24, epi reponn kesyon sa a:

  • Poukisa fason nou konsidere travay nou enpòtan?

Foto ki ansanm: Yon mesye ki bay travay li premye plas. 1. Li travay nan biwo l pandan jounen an. 2. Li ret travay nan aswè. 3. Li kontinye travay menm lè kòlèg li yo al lakay yo. 4. L ap soupe poukont li lakay li.

Travay enpòtan, men nou pa dwe janm ba l plis enpòtans pase adorasyon n ap bay Jewova a.

Foto ki ansanm: Menm mesye a ki kite tan pou bagay ki pi enpòtan yo. 1. Li travay nan biwo l pandan jounen an. 2. Li kite biwo a nan fen jounen an. 3. Li leve men l pou l fè kòmantè nan reyinyon kongregasyon an. 4. L ap soupe ak madanm li ansanm ak de pitit li yo.

5. Lè n kontante nou ak sa nou genyen, sa ap bon pou nou

Anpil moun toujou ap chèche gen plis lajan, men se pa sa Bib la ankouraje n fè. Li 1 Timote 6:6-8, epi reponn kesyon sa a:

  • Ki sa Bib la ankouraje nou fè?

Menm lè nou pa gen anpil lajan, nou ka gen kè kontan. Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre a:

VIDEYO: Se pou n “kontante nou ak sa nou genyen” (3:20)

  • Ki sa k fè fanmi sa yo gen kè kontan menm lè yo pa gen anpil lajan?

Men, gen moun ki gen anpil lajan epi ki toujou vle gen plis. Jezi te bay yon egzanp ki montre danje ki gen nan sa. Li Lik 12:15-21, epi reponn kesyon sa a:

  • Ki sa w te aprann nan egzanp Jezi te bay la? (Gade vèsè 15)

Li Pwovèb 10:22 ak 1 Timote 6:10 epi konpare yo. Apre sa, reponn kesyon sa yo:

  • Ki sa w panse ki pi enpòtan, èske se vin zanmi Jewova oubyen gen yon pakèt lajan? Poukisa?

  • Ki pwoblèm moun konn jwenn lè y ap kouri dèyè lajan?

6. Jewova ap pran swen nou

Lè n gen pwoblèm travay ak pwoblèm lajan, sa kapab ede nou wè si n fè Jewova konfyans. Gade VIDEYO a pou w wè sa n kapab fè lè nou gen pwoblèm sa yo, epi reponn kesyon ki vin apre yo:

VIDEYO: Jewova ap ban nou sa nou bezwen (6:21)

  • Ki pwoblèm konsa ou wè frè sa a te genyen nan videyo a?

  • Ki sa l te fè pou l fè fas ak pwoblèm sa yo?

Li Matye 6:25-34, epi reponn kesyon sa a:

  • Ki sa Jewova pwomèt l ap fè pou moun ki bay adorasyon y ap ba li a premye plas nan lavi yo?

GEN MOUN KI DI: “Fòk mwen travay di pou m pran swen fanmi m, m pa ka al nan reyinyon chak semèn.”

  • Ki vèsè ki fè w sèten li pi bon pou w bay adorasyon w ap bay Jewova a premye plas nan lavi w?

SA W TE APRANN

Travay ak lajan enpòtan, men nou pa dwe janm kite yo anpeche nou sèvi Jewova jan nou dwe sèvi l la.

Revizyon

  • Ki sa k ka ede w gen yon bon pwennvi sou travay?

  • Sa k fè lè nou kontante nou ak sa n genyen, sa bon pou nou?

  • Ki jan w ka montre w kwè nan pwomès Jewova fè pou l pran swen moun k ap sèvi l yo?

Objektif

APRANN PLIS

Gade pou w wè si Bib la di lajan pa bon ditou.

“Èske lajan se rasin tout bagay ki mal?” (Atik sou Entènèt)

Gade ki jan nou ka sèvi ak lajan nou pou n fè Bondye plezi.

“Ki sa Bib la di sou bay?” (Atik sou Entènèt)

Èske se yon bagay ki mal pou moun jwe aza?

“Sa Bib la di sou jwèt aza” (Reveye n! mas 2015)

Gade ki sa k te ede yon mesye ki te renmen jwe aza e ki te konn vòlè chanje fason l t ap viv.

“Mwen te renmen kous cheval anpil” (Toudegad 1ye novanm 2011)

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje