Sòm
Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Pou yo jwe sou ton “Pa fini avè m”. Yon chante David te ekri. Miktam*. Li gen rapò ak lè Sayil te voye moun veye kay David* pou yo te ka touye l la+.
2 Delivre m anba moun k ap fè mechanste yo,
Sove m anba moun ki vyolan* yo.
3 Gade, yo kache kò yo yon kote pou yo atake m*+.
Yon seri gason ki gen fòs ap atake m,
Men se pa paske m te mal aji oswa paske m te peche+, o Jewova.
4 Malgre m pa fè anyen ki mal, yo kouri prepare yo pou yo atake m.
Leve kanpe lè m rele w e w a wè.
5 Paske, se ou menm, o Jewova Dye, Chèf lame yo, ki Bondye Izrayèl+.
Leve pou w ka egzamine tout nasyon yo.
Pa fè moun trèt k ap fè mechanste yo mizèrikòd+. (Sela)
9 O Bondye, ou se fòs mwen, m ap kontinye ret tann ou+
10 Bondye ki demontre yon lanmou fidèl pou mwen an ap vin ede m+,
L ap fè m pot laviktwa sou ènmi m yo+.
11 Pa kouri touye yo pou pèp mwen an pa bliye,
Sèvi ak pouvwa w pou w fè yo mache tankou moun ki pa konn kote yo prale.
Fè malè tonbe sou yo, o Jewova, ou menm ki se boukliye nou+,
12 Paske, yo peche ak pawòl k ap sot nan bouch yo.
Se pou ògèy yo fè yo pran nan pyèj+.
Paske, y ap joure moun e y ap bay manti.
13 Pandan w an kòlè a, fini ak yo+.
Fini ak yo, disparèt yo.
Bondye, fè yo konnen se ou menm k ap dirije Jakòb e k ap dirije tout tè a+. (Sela)
15 Kite yo mache pou yo chèche manje pou yo manje+.
Men, pa kite vant yo plen ni pa kite yo jwenn kote pou yo rete.