Jozye
16 Tèritwa ki te vin pou+ desandan Jozèf yo+ apre tiraj osò a te soti depi nan Rivyè Jouden an, toupre Jeriko, rive nan dlo ki nan lès Jeriko a, li pase nan dezè a anfas Jeriko pou l al nan zòn ki gen mòn ki toupre Betèl la+. 2 Li soti Betèl, ki toupre Louz, e li rive nan fwontyè Akit yo nan Atawòt. 3 Apre sa, li desann nan lwès l al nan fwontyè tèritwa moun Jaflèt yo, li rive jis nan fwontyè Bètowon+ Anba a ak nan fwontyè Gezè+, epi l al bout nan lanmè a.
4 Konsa, desandan Jozèf yo+, tribi Manase a ak tribi Efrayim nan, t al rete nan tèritwa ki pou yo a+. 5 Men limit tèritwa desandan Efrayim yo, selon fanmi kote yo soti: fwontyè eritaj yo a nan lès se te Atawòtada+, li te rive jis Bètowon Anwo+. 6 Fwontyè a te rive bò lanmè a. Mikmetat+ te nan nò fwontyè a, e fwontyè a te vire nan lès pou l al Tanatchilo, epi li te pase nan lès Janowa. 7 Apre sa, li desann sot Janowa pou l al Atawòt ak Naara, li rive Jeriko+ e li kontinye l al bò Rivyè Jouden an. 8 Detan Tapwa+, fwontyè a kontinye ale nan lès Vale Kana, epi l al bout nan lanmè a+. Se sa ki eritaj tribi Efrayim nan, selon fanmi kote yo soti. 9 Desandan Efrayim yo te gen vil ki pou yo tou anndan eritaj desandan Manase yo+, tout vil yo ak ti vil ki sou kont vil sa yo.
10 Men, desandan Efrayim yo pa t met moun Kanaran ki te abite Gezè yo deyò+. Konsa, moun Kanaran yo kontinye abite pami desandan Efrayim yo jis jodi a+, e desandan Efrayim yo te fè yo travay kòm esklav+.