BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Dànyèl 2
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Dànyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Wa Nebikadneza fè yon rèv ki boulvèse l (1-4)

      • Pa gen moun ki gen sajès ki ka rakonte wa a rèv la (5-13)

      • Dànyèl priye Bondye pou l mande l èd (14-18)

      • Louwanj pou Bondye paske li fè Dànyèl konn sekrè a (19-23)

      • Dànyèl rakonte wa a rèv la (24-35)

      • Li esplike rèv la (36-45)

        • Wayòm nan se wòch ki pral kraze estati a (44, 45)

      • Wa a onore Dànyèl (46-49)

Dànyèl 2:1

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “Lespri l”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 4:4, 5

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    1/9/2007, p. 19

Dànyèl 2:2

Nòt anba paj

  • *

    Se yon gwoup moun ki fò nan fè divinò ak nan astwoloji.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 4:6, 7; 5:7, 8

Dànyèl 2:3

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “e lespri m”.

Dànyèl 2:4

Nòt anba paj

  • *

    Okòmansman, se nan lang arameyen yo te ekri Dn 2:4b rive nan Dn 7:28.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 18:26; Esd 4:7; Eza 36:11

Dànyèl 2:5

Nòt anba paj

  • *

    Se kapab tou: “tounen kote yo jete fatra; tounen pil poupou bèt”.

Dànyèl 2:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 2:48; 5:16, 29

Dànyèl 2:11

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “pa abite ansanm ak chè”.

Dànyèl 2:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 2:24

Dànyèl 2:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 2:9

Dànyèl 2:19

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 2:28

Dànyèl 2:20

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Kw 29:11; Jb 12:13; Sm 147:5; Jr 32:17-19

Dànyèl 2:21

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Tr 1:7
  • +1Sa 2:7, 8; Sm 75:7; Jr 27:5; Dn 4:17
  • +Pw 2:6; Ekl 2:26; Jk 1:5

Dànyèl 2:22

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 33:3; 1Ko 2:10
  • +Sm 139:12; Eb 4:13
  • +Sm 36:9; 112:4

Dànyèl 2:23

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 1:17; 2:28

Dànyèl 2:24

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 2:12, 14

Dànyèl 2:25

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 1:3, 6

Dànyèl 2:26

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 1:7
  • +Jen 41:15

Dànyèl 2:27

Nòt anba paj

  • *

    Se moun ki egzamine zetwal pou yo prevwa oubyen pou yo anonse evènman ki gen pou rive.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 2:10, 11

Dànyèl 2:28

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 40:8; Dn 1:17

Dànyèl 2:30

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 2:47

Dànyèl 2:32

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 2:37, 38; 7:4
  • +Dn 5:28; 7:5; 8:3, 20
  • +Dn 2:39; 7:6; 8:5, 21

Dànyèl 2:33

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “ajil yo kuit (yo bay fòm)”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 7:7, 19
  • +Dn 2:40-42

Dànyèl 2:34

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 2:44, 45

Dànyèl 2:37

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 28:14; Dn 5:18

Dànyèl 2:38

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 27:5-7
  • +Dn 2:32; 4:20-22

Dànyèl 2:39

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 45:1; Jr 51:28, 29; Dn 5:28
  • +Dn 7:6; 8:5, 21; 11:3

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    1/9/2007, p. 19

Dànyèl 2:40

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 2:33; 7:19, 23
  • +Dn 7:7

Dànyèl 2:41

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    15/6/2012, p. 15-16

Dànyèl 2:42

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    15/6/2012, p. 16, 19

Dànyèl 2:43

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “ak desandan lèzòm yo”, sa vle di moun nan pèp la.

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    15/6/2012, p. 16, 19

Dànyèl 2:44

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 49:10; Sm 2:6; Mt 6:10; Lk 22:29; Jan 18:36; Re 11:15; 20:6
  • +2Sa 7:13; Eza 9:7; Dn 7:13, 14
  • +Dn 4:17; 7:27
  • +Sm 2:7-9; 110:5, 6; Re 19:15
  • +Dn 4:34; Lk 1:31-33

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Viv ak kè kontan!—Liv, leson 31

    Anseye nou, p. 87-88

    Sa Labib anseye, p. 81

    Toudegad,

    15/9/2012, p. 7

    15/8/2012, p. 30

    15/6/2012, p. 17

    9/2017, p. 2

    Adore Dye, p. 91

Dànyèl 2:45

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 2:34, 35
  • +Jen 41:28; Dn 2:28

Dànyèl 2:47

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 41:39; Dn 1:17; 2:28; 4:9

Dànyèl 2:48

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 2:6; 5:16, 29

Dànyèl 2:49

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 1:7

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Dàn. 2:1Dn 4:4, 5
Dàn. 2:2Dn 4:6, 7; 5:7, 8
Dàn. 2:42Wa 18:26; Esd 4:7; Eza 36:11
Dàn. 2:6Dn 2:48; 5:16, 29
Dàn. 2:12Dn 2:24
Dàn. 2:15Dn 2:9
Dàn. 2:19Dn 2:28
Dàn. 2:201Kw 29:11; Jb 12:13; Sm 147:5; Jr 32:17-19
Dàn. 2:21Tr 1:7
Dàn. 2:211Sa 2:7, 8; Sm 75:7; Jr 27:5; Dn 4:17
Dàn. 2:21Pw 2:6; Ekl 2:26; Jk 1:5
Dàn. 2:22Jr 33:3; 1Ko 2:10
Dàn. 2:22Sm 139:12; Eb 4:13
Dàn. 2:22Sm 36:9; 112:4
Dàn. 2:23Dn 1:17; 2:28
Dàn. 2:24Dn 2:12, 14
Dàn. 2:25Dn 1:3, 6
Dàn. 2:26Dn 1:7
Dàn. 2:26Jen 41:15
Dàn. 2:27Dn 2:10, 11
Dàn. 2:28Jen 40:8; Dn 1:17
Dàn. 2:30Dn 2:47
Dàn. 2:32Dn 2:37, 38; 7:4
Dàn. 2:32Dn 5:28; 7:5; 8:3, 20
Dàn. 2:32Dn 2:39; 7:6; 8:5, 21
Dàn. 2:33Dn 7:7, 19
Dàn. 2:33Dn 2:40-42
Dàn. 2:34Dn 2:44, 45
Dàn. 2:37Jr 28:14; Dn 5:18
Dàn. 2:38Jr 27:5-7
Dàn. 2:38Dn 2:32; 4:20-22
Dàn. 2:39Eza 45:1; Jr 51:28, 29; Dn 5:28
Dàn. 2:39Dn 7:6; 8:5, 21; 11:3
Dàn. 2:40Dn 2:33; 7:19, 23
Dàn. 2:40Dn 7:7
Dàn. 2:44Jen 49:10; Sm 2:6; Mt 6:10; Lk 22:29; Jan 18:36; Re 11:15; 20:6
Dàn. 2:442Sa 7:13; Eza 9:7; Dn 7:13, 14
Dàn. 2:44Dn 4:17; 7:27
Dàn. 2:44Sm 2:7-9; 110:5, 6; Re 19:15
Dàn. 2:44Dn 4:34; Lk 1:31-33
Dàn. 2:45Dn 2:34, 35
Dàn. 2:45Jen 41:28; Dn 2:28
Dàn. 2:47Jen 41:39; Dn 1:17; 2:28; 4:9
Dàn. 2:48Dn 2:6; 5:16, 29
Dàn. 2:49Dn 1:7
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
  • 27
  • 28
  • 29
  • 30
  • 31
  • 32
  • 33
  • 34
  • 35
  • 36
  • 37
  • 38
  • 39
  • 40
  • 41
  • 42
  • 43
  • 44
  • 45
  • 46
  • 47
  • 48
  • 49
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Dànyèl 2:1-49

Dànyèl

2 Nan dezyèm ane rèy Nebikadneza a, Nebikadneza te fè plizyè rèv. Li* te tèlman boulvèse+, li pa t ka dòmi. 2 Se sa k fè wa a te bay lòd pou yo rele prèt ki majisyen yo, divinò yo, moun k ap fè maji yo ak Kaldeyen yo* pou yo vin rakonte l rèv li te fè yo. Se konsa, yo te antre vin kanpe devan wa a+. 3 Epi, wa a di yo: “Mwen fè yon rèv, e mwen* boulvèse paske m vle konnen rèv mwen fè a.” 4 Kaldeyen yo reponn wa a nan lang arameyen*+, yo di l: “O monwa, se pou w viv pou toutan. Rakonte sèvitè w yo rèv la, e n ap esplike w sa l vle di.”

5 Wa a reponn Kaldeyen yo: “Men sa m deside: Si nou pa di m rèv mwen fè a ansanm ak sa l vle di, m ap fè yo rache nou miyèt moso e m ap fè yo fè kay nou tounen latrin piblik*. 6 Men, si nou rakonte m rèv la e nou esplike m sa l vle di, m ap ban nou anpil kado, m ap rekonpanse nou e m ap onore nou anpil+. Ebyen, se pou nou rakonte m rèv la e se pou n esplike m sa l vle di.”

7 Yo di wa a yon dezyèm fwa: “Monwa, ou mèt rakonte sèvitè w yo rèv la, e n ap esplike w sa l vle di.”

8 Wa a reponn: “Mwen konnen byen se tan n ap eseye fè pase, paske nou byen konnen sa m deside. 9 Si nou pa fè m konnen ki rèv mwen fè, se yon sèl pinisyon nou tout ap jwenn nan men m. Men, nou antann nou pou n ban m manti, pou n twonpe m, e nou espere m ap chanje lide. Ebyen, se pou nou rakonte m rèv la, konsa m ap konnen nou ka esplike m sa l vle di.”

10 Kaldeyen yo reponn wa a: “Pa gen yon moun sou tè a ki ka fè sa wa a mande a, paske pa t gen okenn gran wa oswa gouvènè ki janm mande yon prèt ki majisyen oswa yon divinò bagay konsa. 11 Sa wa a mande a difisil, e pa gen pèsonn ki ka rakonte wa a yon bagay konsa, eksepte dye yo ki pa abite pami moun*.”

12 Kou wa a tande sa, li fè yon sèl kòlè e li bay lòd pou yo touye tout moun ki gen sajès nan Babilòn+. 13 Lè l fin bay lòd la, yo t apral touye moun ki gen sajès yo, konsa, yo t al chèche Dànyèl ak konpayon l yo pou yo touye yo tou.

14 Lè sa a, Dànyèl te montre l pridan e li te veye sa l t ap di lè l t ap pale ak Aryòk, mesye ki te alatèt moun k ap bay wa a sekirite yo e ki t apral touye tout moun ki gen sajès nan Babilòn yo. 15 Li te mande Aryòk, yon moun wa a te met nan gwo pozisyon: “Poukisa wa a bay yon lòd rèd konsa?” Aryòk te rakonte Dànyèl sa k te pase a+. 16 Se konsa, Dànyèl antre kot wa a e li mande l pou l ba l tan pou l esplike l rèv li te fè a.

17 Apre sa, Dànyèl al lakay li, li rakonte konpayon l yo, anpalan de Anànya, Michayèl ak Azarya, sa k te pase a. 18 Li mande yo pou yo priye Bondye nan syèl la pou l fè yo mizèrikòd pou l ka devwale sekrè sa a, yon fason pou yo pa touye Dànyèl ak konpayon l yo ansanm ak lòt mesye ki gen sajès nan Babilòn yo.

19 Epi, Bondye te fè Dànyèl konn sekrè a nan yon vizyon li te fè lannuit+. Se sa k fè Dànyèl te fè louwanj pou Bondye nan syèl la. 20 Dànyèl di:

“Se pou yo louwe non Bondye pou tout tan gen tan,

Paske se li sèl ki gen sajès ak pisans+!

21 Li chanje tan ak sezon+,

Li retire wa e li met wa+,

Li bay moun ki gen sajès yo sajès e li bay moun ki gen bon jijman yo konesans+.

22 Li fè yo konn gwo sekrè ak bagay ki kache+.

Li konnen sa ki nan fènwa+

E li antoure ak limyè+.

23 O Bondye zansèt mwen yo, se ou m ap di mèsi e se pou ou m ap fè louwanj,

Paske w ban m sajès ak pouvwa.

E kounye a, ou fè m konnen sa nou te mande w la.

Ou fè nou konnen sa k ap toumante lespri wa a+.”

24 Apre sa, Dànyèl antre kot Aryòk, moun wa a te bay responsablite pou l touye moun ki gen sajès nan Babilòn yo+, epi li di l: “Pa touye okenn moun ki gen sajès nan Babilòn. Mennen m devan wa a e m ap esplike l sa rèv la vle di.”

25 Aryòk kouri mennen Dànyèl devan wa a e li di wa a: “Mwen jwenn yon moun pami moun ki ann egzil yo, li sot nan peyi Jida+, e li kapab esplike wa a sa rèv la vle di.” 26 Men sa wa a te di Dànyèl, li menm yo te rele Bèltechaza a+: “Èske se vre ou kapab di m rèv mwen te fè a e w kapab esplike m sa l vle di+?” 27 Dànyèl reponn wa a: “Pa gen youn pami mesye ki gen sajès yo, divinò yo, prèt ki majisyen yo oswa astwològ* yo ki ka fè wa a konn sekrè li vle konnen an+. 28 Men, gen yon Bondye nan syèl la, se Sila a ki konn devwale sekrè a+, se li ki fè wa Nebikadneza konnen sa k pral rive nan dènye jou yo. Men rèv ou te fè a e men vizyon w te fè lè w te kouche nan kabann ou an:

29 “Ou menm, monwa, pandan w te sou kabann ou e ou t ap reflechi sou sa k gen pou rive alavni, Sila a ki konn devwale sekrè a fè w konnen sa k gen pou rive. 30 E mwen menm, se pa paske mwen gen plis sajès pase tout moun ki fè li fè m konn sekrè sa a. Okontrè, monwa, se pou m ka fè w konnen sa rèv la vle di, yon fason pou w ka konnen sa ki nan panse w la+.

31 “O monwa, pandan w t ap gade, ou te wè yon kokennchenn estati. Estati sa a, ki te gwo anpil e ki te klere anpil anpil, te kanpe devan w, e jan l te ye a bay laperèz. 32 Tèt estati a te fèt ak bon kalite lò+, lestomak li ak bra l te ann ajan+, vant li ak kuis li te an kuiv+. 33 Janm li te fèt an fè+, e te gen pati nan pye l ki te an fè ak pati ki te ann ajil*+. 34 Ou te ret ap gade jiskaske yon wòch te detache, san se pa men moun ki te fè l detache, epi li te frape estati a nan pye l ki te fèt ak fè ak ajil, e li te kraze yo+. 35 Lè sa a, ni fè a, ni ajil la, ni kuiv la, ni ajan an, ni lò a, yo tout ansanm te kraze e yo te vin tankou pay ki sou glasi yo konn bat manje angren nan sezon sèch. Epi, van te pote yo ale jiskaske moun pa t ka wè tras yo. Men, wòch ki te frape estati a te vin tounen yon gwo mòn, epi li ouvè kò l sou tout tè a.

36 “Se rèv la sa, e kounye a monwa, n ap esplike w sa rèv la vle di. 37 O monwa, ou menm ki wa tout wa, ou menm Bondye nan syèl la bay wayòm+, pisans, fòs ak glwa, 38 ou menm li lage tout moun ki ret tout kote nan men w ansanm ak bèt ki nan savann yo ak zwazo k ap vole nan syèl la e ou menm li met dirije yo tout+, se ou menm ki tèt annò a+.

39 “Men, apre w, pral gen yon lòt wayòm k ap parèt+, l ap pi ba pase pa w la. Epi, ap gen yon twazyèm wayòm, se li ki pati an kuiv la. Li pral dirije tout tè a+.

40 “Kanta pou katriyèm wayòm nan, l ap di tankou fè+. Paske, menm jan fè kraze tout lòt bagay e li fè yo tounen poud, wi, menm jan ak fè, wayòm sa a pral kraze tout wayòm sa yo e l ap fè yo fè miyèt moso+.

41 “Menm jan w te wè gen pati nan pye estati a ak zòtèy li yo ki fèt ak ajil atizan yo konn travay la e gen pati ki fèt an fè, se konsa tou, wayòm nan ap divize, men, l ap yon ti jan di tankou fè, piske w te wè fè a mele ak ajil ki mou. 42 E menm jan zòtèy ki nan pye l yo gen pati an fè e gen pati ann ajil, se konsa tou, yon pati nan wayòm nan ap djanm e yon pati ap fèb. 43 Menm jan w te wè fè mele ak ajil ki mou, yo pral mele ak pèp yo*. Men, youn pap kole ak lòt, menm jan fè pa mele ak ajil.

44 “Nan jou wa sa yo, Bondye nan syèl la pral tabli yon wayòm+ ki pap janm kraze+. E wayòm sa a pap vin anba men okenn lòt pèp+. L ap kraze tout wayòm sa yo+, l ap elimine yo, e se li menm sèl k ap rete pou toutan+, 45 menm jan w te wè gen yon wòch ki detache sot nan mòn nan, san se pa men moun ki te fè l detache, e li te kraze fè a, kuiv la, ajil la, ajan an ansanm ak lò a+. Se Gran Dye a ki fè wa a konnen sa k pral rive nan tan k ap vini yo+. Rèv la se laverite, e ou ka fè esplikasyon ou jwenn sou rèv la konfyans.”

46 Epi, wa Nebikadneza te bese byen ba, fas atè devan Dànyèl pou l onore l. Li bay lòd pou yo bay Dànyèl yon kado e pou yo boule lansan pou li. 47 Wa a di Dànyèl: “Vrèmanvre, Bondye w la se Dye ki anlè tout lòt dye yo, li se Seyè tout wa yo e li se Sila a ki konn devwale sekrè a, piske w te kapab devwale sekrè sa a+.” 48 Apre sa, wa a te met Dànyèl nan gwo pozisyon, li te ba l anpil bèl kado, li te mete l dirije tout tèritwa Babilòn+, li te mete l chèf sou tout moun ki nan gwo pozisyon nan wayòm nan pou l sipèvize tout moun ki gen sajès nan Babilòn. 49 Epi, wa a te met Chadrak, Mechak ak Abèdnego+ sipèvize travay k ap fèt nan tèritwa Babilòn nan, jan Dànyèl te mande l sa. Men, Dànyèl li menm te travay nan palè wa a.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje