Sòm
2 Kiyès ki ka fè konnen tout gwo aksyon Jewova fè yo?
Kiyès ki ka fè konnen tout aksyon l fè ki fè l merite louwanj yo+?
3 Byennere moun ki aji yon fason ki jis,
Ki toujou fè sa ki dwat+.
4 O Jewova, sonje m lè w ap fè pèp ou a favè*+.
Pran swen m epi sove m
5 Pou m ka benefisye bonte ou demontre pou moun ou chwazi yo+,
Pou m ka rejwi ansanm ak nasyon w lan,
Pou m ka fè louwanj pou ou avèk fyète* ansanm ak eritaj ou a.
7 Zansèt nou yo ki te ann Ejip pa t apresye* gwo aksyon w te fè yo.
Yo pa t sonje jan w te montre w gen yon lanmou ki fidèl pou yo,
Men, yo te fè rebèl bò lanmè a, bò Lanmè Wouj+.
9 Lè l te bay Lanmè Wouj la lòd, lanmè a te seche.
Li te fè yo mache nan fon lanmè a tankou se te nan yon dezè+.
13 Men, yo te bliye sa l te fè yo byen vit+
E yo pa t ret tann konsèy li.
14 Pandan yo te nan dezè a, yo te vin anvi yon seri bagay ki te montre yo te egoyis+.
Yo te teste Bondye nan dezè a+.
16 Anndan kan an, yo te vin jalou Moyiz
E yo te vin jalou Arawon+, yon moun Jewova te mete apa pou li+.
17 Lè sa a, tè a te ouvri, li te vale Datan
E li te kouvri moun ki te ansanm ak Abiram yo+.
18 Yon flanm dife te limen nan mitan yo,
Li te devore mechan yo+.
20 Olye yo ban m glwa,
Yo te pito adore estati yon towo bèf, yon bèt ki manje zèb+.
21 Yo te bliye Bondye+, Sovè yo a,
Ki te fè yon seri gwo aksyon ann Ejip+,
22 Ki te fè yon seri bagay estrawòdinè nan peyi Kam nan+
E ki te fè yon seri aksyon estrawòdinè nan Lanmè Wouj+.
23 Li t apral bay lòd pou yo detwi yo,
Men Moyiz, moun li te chwazi a, te pale avè l
Pou l pa t vide kòlè l sou yo pou l detwi yo+.
26 Se sa k fè, li te leve men l, li te fè sèman
L ap fè yo mouri nan dezè a+,
27 L ap fè desandan yo mouri nan mitan nasyon yo
E l ap gaye yo nan peyi yo+.
30 Men, Fineyas te leve kanpe e li te aji.
Konsa, flewo a te sispann+.
31 Bondye te konsidere l kòm yon moun ki jis
E jenerasyon apre jenerasyon, wi, pou toutan, se konsa y ap konsidere l+.
37 Yo te ofri pitit gason yo
Ak pitit fi yo kòm sakrifis bay demon+.
38 Yo t ap plede fè san moun ki inosan koule+,
San pwòp pitit gason ak pitit fi yo
Yo te konn ofri kòm sakrifis bay zidòl moun peyi Kanaran yo t ap sèvi yo+.
Peyi a te vin kontamine nan je Bondye akoz san moun inosan ki t ap koule yo.
39 Yo te vin sal nan je Bondye akoz aksyon yo te fè yo.
40 Se sa k fè Jewova te vin an kòlè anpil kont pèp li a
E li te vin gen degoutans pou eritaj li a.
42 Ènmi yo te toupizi yo,
E yo te vin anba pouvwa* ènmi sa yo.
43 Bondye te delivre yo anpil fwa+,
Men, yo te kontinye fè rebèl ak li, yo te kontinye dezobeyi l+.
Yo te jwenn imilyasyon poutèt peche yo t ap fè yo+.
44 Men, lè Bondye te wè jan yo t ap soufri+,
Lè l te tande rèl yo t ap fè nan pye l pou yo mande l sekou+,
45 Li te sonje alyans li te fè avèk yo a.
Kè l te vin fè l mal pou yo* akoz gwo* lanmou fidèl li genyen an+.
46 Li te fè moun gen pitye pou yo,
Tout moun ki te mennen yo ann egzil yo+.