BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Detewonòm 13
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Detewonòm — Sa ki gen nan liv sa a

      • Sa yo dwe fè ak moun ki aposta (1-18)

Detewonòm 13:3

Nòt anba paj

  • *

    Gade Lis mo yo esplike yo.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 8:19; Jr 27:9
  • +Dt 8:2
  • +Dt 6:5; 10:12; Mt 22:37

Detewonòm 13:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 10:20

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    1/11/2002, p. 16-17

Detewonòm 13:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 18:20
  • +Dt 17:2, 3, 7; 1Ko 5:13

Detewonòm 13:6

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “oswa zanmi ki tankou pwòp nanm nou an”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 11:4; 2P 2:1

Detewonòm 13:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Ga 1:8

Detewonòm 13:9

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 22:20; 32:27; Nb 25:5
  • +Dt 17:2, 3, 7

Detewonòm 13:10

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 20:2, 27

Detewonòm 13:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 17:13; 1Ti 5:20

Detewonòm 13:14

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 19:15; 1Ti 5:19

Detewonòm 13:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 17:4, 5; 2Kw 28:6
  • +Eg 22:20

Detewonòm 13:17

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “bagay ki sakre akoz yon entèdiksyon”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Joz 6:18
  • +Jen 22:15, 17; 26:3, 4

Detewonòm 13:18

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “koute vwa”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 6:18

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Det. 13:3Eza 8:19; Jr 27:9
Det. 13:3Dt 8:2
Det. 13:3Dt 6:5; 10:12; Mt 22:37
Det. 13:4Dt 10:20
Det. 13:5Dt 18:20
Det. 13:5Dt 17:2, 3, 7; 1Ko 5:13
Det. 13:61Wa 11:4; 2P 2:1
Det. 13:8Ga 1:8
Det. 13:9Eg 22:20; 32:27; Nb 25:5
Det. 13:9Dt 17:2, 3, 7
Det. 13:10Le 20:2, 27
Det. 13:11Dt 17:13; 1Ti 5:20
Det. 13:14Dt 19:15; 1Ti 5:19
Det. 13:15Dt 17:4, 5; 2Kw 28:6
Det. 13:15Eg 22:20
Det. 13:17Joz 6:18
Det. 13:17Jen 22:15, 17; 26:3, 4
Det. 13:18Dt 6:18
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Detewonòm 13:1-18

Detewonòm

13 “Si nan mitan nou gen yon pwofèt oubyen yon moun k ap fè konnen sa k pral rive sou baz rèv, e moun sa a bay yon siy oswa li fè konnen yon bagay ki pral rive, 2 si siy li bay la oubyen sa l di a rive, epi li di nou: ‘Annou suiv lòt dye nou pa t konnen, e ann sèvi yo’, 3 nou pa dwe koute pwofèt sa a oubyen moun ki fè rèv sa a+, paske se teste Jewova, Bondye nou an, ap teste+ nou pou l ka konnen si nou renmen Jewova, Bondye nou an, ak tout kè nou e ak tout nanm*+ nou. 4 Se Jewova, Bondye nou an, nou dwe suiv, se pou li nou dwe gen lakrentif, se kòmandman l yo nou dwe suiv, se vwa l nou dwe koute, se li menm nou dwe sèvi e se avè l nou dwe ret atache+. 5 Se pou nou touye pwofèt sa a oswa moun sa a ki fè rèv la+, paske se pouse l ap pouse moun rebele kont Jewova, Bondye nou an, li menm ki te retire nou nan esklavaj nan peyi Ejip, e se chèche l ap chèche fè nou kite chemen Jewova, Bondye nou an, ban nou pou nou suiv la. Se sa k fè nou dwe elimine sa ki pa bon nan mitan nou+.

6 “Si yon frè nou, pitit manman nou, yon pitit gason nou oswa yon pitit fi nou, madanm nou nou renmen anpil oswa pi bon zanmi nou* ta chèche pran tèt nou an sekrè, e l ta di nou: ‘Ann al sèvi lòt dye+’, yon seri dye ni nou menm ni zansèt nou yo pa t konnen, 7 yon seri dye pèp ki toutotou nou yo ap sèvi, pèp ki toupre nou oswa ki lwen nou, kèlkeswa kote yo soti nan peyi a, 8 nou pa dwe dakò avè l, nou pa dwe koute l+, nou pa dwe gen pitye pou li, nou pa dwe gen konpasyon pou li, ni nou pa dwe pwoteje l. 9 Olye de sa, nou dwe touye l san mank+. Se moun l ap eseye pran tèt li a ki dwe met men sou li an premye pou l touye l. Apre sa, pèp la ap ede moun sa a touye l+. 10 Nou dwe kalonnen l ak kout wòch pou jis li mouri+, paske li te chèche fè nou vire do bay Jewova, Bondye nou an, ki te fè nou soti nan esklavaj nan peyi Ejip. 11 Apre sa, tout pèp Izrayèl la ap vin konn sa, y ap pè e yo pap janm fè yon bagay ki mal konsa nan mitan nou ankò+.

12 “Si nan youn nan vil Jewova, Bondye nou an, ap ban nou pou nou rete yo, nou ta tande y ap di: 13 ‘Gen kèk voryen nan mitan nou k ap eseye detounen moun nan vil la e k ap di: “Ann al sèvi lòt dye”, yon seri dye nou pa konnen’, 14 nou dwe mennen bonjan ankèt epi poze kesyon pou n konnen si se vre+. Si nou ta aprann se toutbonvre yon bagay grav konsa te fèt nan mitan nou, 15 san mank, nou dwe touye tout moun ki nan vil sa a ak kout epe+. Nou dwe detwi+ vil la ak tout sa ki ladan l, san wete bèt yo. 16 Nou dwe pran tout sa k nan vil la epi mete yo nan mitan plas piblik vil la. Apre sa, se pou nou boule vil la. Bagay nou mete sou plas piblik la ap tankou yon ofrann n ap boule nèt pou Jewova, Bondye nou an. Vil sa a ap tounen yon pil mazi e l ap rete konsa pou toutan. Yo pa gendwa janm rebati l. 17 Nou pa dwe pran anyen nan bagay yo met apa pou yo detwi yo*+ yon fason pou Jewova pa an kòlè kont nou ankò, pou l ka gen mizèrikòd ak pitye pou nou e pou l ka fè nou vin anpil, jan l te pwomèt zansèt nou yo sa a+. 18 Nou dwe obeyi* Jewova, Bondye nou an, lè nou suiv tout kòmandman l yo m ap ban nou jodi a. Konsa, n ap fè sa ki dwat nan je Jewova, Bondye nou an+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje