Sòm
3 Li bati chanm li yo anlè a nan dlo ki nan syèl la*+,
Li fè nyaj yo tounen yon charyo pou li+
E li deplase sou zèl van an+.
4 Li sèvi ak zanj li yo antanke fòs ki pisan,
Wi, li fè sèvitè l yo tounen yon gwo flanm dife+.
5 Li mete tè a chita sou fondasyon l+,
Tè a pap janm deplase kite kote l ye a* pou tout tan gen tan+.
6 Ou te kouvri l ak gwo dlo tankou se ak yon rad+.
Dlo yo te kouvri mòn yo.
7 Ou annik bay lòd la, yo kouri+,
Yo annik tande bri loray ou a, yo panike e yo pran kouri
8 Al nan plas ou te prepare pou yo a:
Mòn yo monte+ e vale yo desann.
9 Ou bay dlo yo limit pou yo pa depase+,
Pou yo pa janm kouvri tè a ankò.
10 Li fè sous dlo koule nan vale yo,
Wi, yo koule nan mitan mòn yo.
11 Yo bay tout bèt sovaj ki nan savann yo dlo pou yo bwè,
Pou bourik mawon yo ka bwè pou yo pase swaf yo.
12 Zwazo ki nan syèl la fè nich yo nan pyebwa ki bò kot sous dlo yo
E yo chante nan mitan branch bwa yo ki chaje fèy.
14 Li fè zèb grandi pou bèf yo manje.
Li fè plant pou lèzòm itilize+,
Pou tè a ka bay manje pou yo manje.
16 Pyebwa Jewova yo jwenn dlo yo bezwen,
Wi, pye sèd li te plante Liban yo,
17 Kote zwazo yo fè nich yo.
Sigòy la fè kay li+ sou pye jenevriye yo.
19 Li fè lalin nan pou l fikse yon seri moman byen presi.
Solèy la byen konnen ki lè pou l al kouche+.
20 Ou fè fènwa vini, e konsa lannuit rive+.
Lè sa a, tout bèt nan bwa met deyò.
22 Lè solèy leve,
Yo wete kò yo, y al kouche nan twou yo.
23 Lèzòm soti al fè travay yo
E yo travay rive jis aswè.
25 Gen lanmè a ki fon e ki gwo anpil.
Li chaje ak yon pakèt kreyati vivan moun pa ka konte, gwo kou piti+.
27 Yo tout ap tann
Pou w ba yo manje nan lè yo bezwen l+.
30 Si w voye souf ou, ou kreye yo+
E w fè gen lavi sou tè a ankò.
31 Glwa Jewova ap la pou toutan.
Jewova ap rejwi nan travay li fè yo+.
32 Li gade tè a, tè a tranble,
Li touche mòn yo, yo fè lafimen+.