BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Revelasyon 18
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Revelasyon — Sa ki gen nan liv sa a

      • “Gran Babilòn nan” tonbe (1-8)

        • “Sot ladan l, pèp mwen” (4)

      • Yo pral kriye poutèt Babilòn tonbe (9-19)

      • Gen lajwa nan syèl la poutèt Babilòn tonbe (20)

      • Y ap voye Babilòn jete nan lanmè tankou yon gwo wòch (21-24)

Revelasyon 18:2

Nòt anba paj

  • *

    Se kapab tou: “tout kalite move souf; tout kalite move pawòl enspire”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 21:9; Jr 51:8; Re 14:8
  • +Eza 13:21; Jr 50:39

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Viv ak kè kontan!—Liv, leson 58

Revelasyon 18:3

Nòt anba paj

  • *

    Mo grèk la se pòneya. Gade Lis mo yo esplike yo.

  • *

    Oswa: “komèsan k ap vwayaje”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 51:7
  • +Re 17:1, 2

Revelasyon 18:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 48:20; 52:11; Jr 50:8
  • +Jr 51:6, 45; 2Ko 6:17

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Viv ak kè kontan!—Liv, leson 13

    Wayòm Bondye a ap dirije!, p. 16-17

    Toudegad,

    1/4/2006, p. 14-15

    1/10/2005, p. 25

Revelasyon 18:5

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “sonje krim”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 51:9
  • +Re 16:19

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Viv ak kè kontan!—Liv, leson 13

Revelasyon 18:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 50:29; 2Te 1:6
  • +Sm 137:8; Jr 50:15
  • +Sm 75:8
  • +Re 16:19

Revelasyon 18:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 47:7-9

Revelasyon 18:8

Nòt anba paj

  • *

    Gade Apendis A5.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 21:9
  • +Jr 50:34

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Viv ak kè kontan!—Liv, leson 13

Revelasyon 18:9

Nòt anba paj

  • *

    Mo grèk la se pòneya. Gade Lis mo yo esplike yo.

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    15/2/2009, p. 4-5

Revelasyon 18:10

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 4:30

Revelasyon 18:13

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “nanm”.

Revelasyon 18:14

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “ale kite nanm ou”.

Revelasyon 18:16

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Re 17:4

Revelasyon 18:19

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 47:11

Revelasyon 18:20

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 51:48
  • +Re 14:12
  • +Dt 32:43; Wm 12:19; Re 6:9, 10; 19:1, 2

Revelasyon 18:21

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 51:63, 64

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Viv ak kè kontan!—Liv, leson 13

Revelasyon 18:22

Nòt anba paj

  • *

    Gade Lis mo yo esplike yo.

Revelasyon 18:23

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 47:9; Ga 5:19, 20

Revelasyon 18:24

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Re 6:9, 10; 16:5, 6
  • +Jen 9:6; Jr 51:49

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    1/4/2006, p. 14

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Rev. 18:2Eza 21:9; Jr 51:8; Re 14:8
Rev. 18:2Eza 13:21; Jr 50:39
Rev. 18:3Jr 51:7
Rev. 18:3Re 17:1, 2
Rev. 18:4Eza 48:20; 52:11; Jr 50:8
Rev. 18:4Jr 51:6, 45; 2Ko 6:17
Rev. 18:5Jr 51:9
Rev. 18:5Re 16:19
Rev. 18:6Jr 50:29; 2Te 1:6
Rev. 18:6Sm 137:8; Jr 50:15
Rev. 18:6Sm 75:8
Rev. 18:6Re 16:19
Rev. 18:7Eza 47:7-9
Rev. 18:8Le 21:9
Rev. 18:8Jr 50:34
Rev. 18:10Dn 4:30
Rev. 18:16Re 17:4
Rev. 18:19Eza 47:11
Rev. 18:20Jr 51:48
Rev. 18:20Re 14:12
Rev. 18:20Dt 32:43; Wm 12:19; Re 6:9, 10; 19:1, 2
Rev. 18:21Jr 51:63, 64
Rev. 18:23Eza 47:9; Ga 5:19, 20
Rev. 18:24Re 6:9, 10; 16:5, 6
Rev. 18:24Jen 9:6; Jr 51:49
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • Li nan Liv ki te ekri an grèk yo
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Revelasyon 18:1-24

Revelasyon

18 Apre sa, mwen wè yon lòt zanj k ap desann sot nan syèl la. Li gen anpil pouvwa, e glwa li klere tè a. 2 Li rele byen fò, li di: “Li tonbe! Gran Babilòn nan tonbe+! Li tounen yon kote demon abite, yon kachèt pou tout kalite movèzespri* e pou tout zwazo ki pa pwòp, tout zwazo moun rayi+. 3 Kòm li te bay tout nasyon yo bwè diven ki te fè yo gen gwo anvi pou yo fè imoralite seksyèl* avè l la, tout nasyon yo vin viktim+, wa latè yo fè imoralite seksyèl avè l+, e komèsan* sou tè a vin rich grasa kantite bagay ki gen anpil valè li posede, e li pa wont posede tout bagay sa yo.”

4 Epi, mwen tande yon lòt vwa ki soti nan syèl la ki di: “Sot ladan l, pèp mwen+, si nou pa vle patisipe avè l nan peche l yo, e si nou pa vle resevwa yon pati nan kalamite l yo+. 5 Paske, peche l yo monte pil sou pil rive jis nan syèl la+, e Bondye sonje zak enjistis* li yo+. 6 Aji avèk li menm jan li te aji ak lòt moun+, wi, fè l de fwa kantite bagay li te fè yo+. Nan koup+ li te fè melanj lan, mete de fwa melanj li te fè a ladan l pou li+. 7 Nan menm degre li te bay tèt li glwa a, nan menm degre li t ap viv nan liks san l pa wont lan, se nan degre sa a pou yo ba l touman ak lapenn. Paske, li pa sispann di nan kè l: ‘M ap dirije antanke rèn, mwen pa vèv, e mwen pap janm nan lapenn+.’ 8 Se poutèt sa, kalamite l yo pral vini nan yon sèl jou: se pral lanmò, lapenn ak grangou. E li pral boule nèt nan dife+, paske Jewova* Dye, ki te jije l la, gen fòs+.

9 “E wa latè yo ki te fè imoralite seksyèl* avè l e ki t ap viv nan liks avèk li san yo pa wont yo pral kriye e yo pral frape lestomak yo tèlman y ap nan lapenn pou li, lè yo wè lafimen k ap sot nan dife k ap boule l la. 10 Y ap ret kanpe nan yon distans, paske y ap pè touman li genyen an, e y ap di: ‘Domaj, domaj pou ou menm, gwo vil la+, ou menm Babilòn, vil ki pisan an, paske jijman w lan fèt nan inèdtan!’

11 “Epitou, komèsan sou tè a pral kriye e y ap nan lapenn poutèt sa k rive l la. Paske, pa gen moun ki pou achte tout estòk machandiz yo genyen yo ankò, 12 tankou tout estòk lò, ajan, pyè ki gen anpil valè, pèl, len bon kalite, twal wouj vyolèt, twal swa, twal wouj vif, ansanm ak tout bagay ki fèt ak bwa santi bon, tout kalite bagay ki fèt ann ivwa, bagay ki fèt ak bwa ki chè anpil, bagay ki fèt an kuiv, an fè ak an mab, 13 epitou, kanèl, epis, lansan, luil santi bon, lansan blan, diven, luil doliv, farin fen, ble, bèf, mouton, cheval, charyo ak esklav, wi, lavi* moun. 14 Wi, bon bagay ou te anvi genyen yo ale kite w*, e tout bagay delika yo ak bèl bagay yo disparèt lakay ou, e moun pap janm jwenn yo ankò.

15 “Komèsan k ap vann bagay sa yo, yo menm li te fè vin rich yo, pral kanpe nan yon distans, paske y ap pè touman li genyen an. Y ap kriye, y ap nan lapenn, 16 y ap di: ‘Domaj, domaj! Gade gwo vil la, li menm ki te konn abiye ak rad ki fèt ak len bon kalite, rad wouj vyolèt, rad wouj vif, li menm ki te konn met anpil bijou annò, pyè ki gen anpil valè ak pèl+! 17 Paske, nan inèdtan, yo dechèpiye pakèt richès sa yo.’

“E tout kapitèn bato, tout moun tout kote, tout maren ak tout moun k ap chèche lavi sou lanmè a kanpe nan yon distans, 18 y ap rele pandan y ap gade lafimen k ap soti nan dife k ap boule l la, y ap di: ‘Ki vil ki tankou gwo vil sa a?’ 19 Yo voye pousyè sou tèt yo, yo rele, yo kriye, yo plenn, epi yo di: ‘Domaj, domaj, paske nan inèdtan yo dechèpiye gwo vil la ki te pèmèt tout moun ki gen bato sou lanmè a vin rich grasa richès li te genyen+!’

20 “O syèl+, ou mèt kontan pou sa ki rive l la, nou menm tou moun ki sen yo+, nou menm apot yo, e nou menm pwofèt yo, nou mèt kontan, paske Bondye pini l pou nou+!”

21 Gen yon zanj pisan ki pran yon wòch ki tankou yon gwo wòch moulen, li voye l nan lanmè a, epi li di: “Se konsa, yon sèl kou, y ap voye Babilòn, gwo vil la, jete, e yo pap janm jwenn li ankò+. 22 E yo pap janm tande vwa chantè k ap jwe hap* lakay ou pou akonpaye tèt yo ankò, ni moun k ap jwe flit, ni moun k ap jwe twonpèt, ni okenn lòt mizisyen. Yo pap jwenn atizan okenn metye lakay ou ankò, ni moun pap tande bri wòch moulen lakay ou ankò, 23 e limyè lanp pap janm klere lakay ou ankò. Moun pap janm tande vwa gason k ap marye, ni vwa fi k ap marye lakay ou ankò. Tout sa ap rive w paske komèsan w yo se moun ki te nan gwo pozisyon sou tè a, e paske ou te twonpe tout nasyon yo ak sa w ap pratike ki gen rapò ak movèzespri+. 24 Wi, yo jwenn san pwofèt yo lakay li, ak san moun ki sen yo+, ak san tout moun yo touye sou tè a+.”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje