BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 2 Samyèl 1
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

2 Samyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • David aprann Sayil mouri (1-16)

      • David fè yon chante pou lanmò Sayil ak Jonatan (17-27)

2 Samyèl 1:1

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “sot touye”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 27:5, 6

2 Samyèl 1:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 31:1, 6; 1Kw 10:4, 6

2 Samyèl 1:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 28:4; 1Kw 10:1
  • +1Sa 31:3; 1Kw 10:3

2 Samyèl 1:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 17:16; Dt 25:19; 1Sa 15:20; 30:1

2 Samyèl 1:9

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “paske tout nanm mwen nan mwen toujou”.

2 Samyèl 1:10

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 31:4

2 Samyèl 1:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 31:1
  • +1Sa 31:11, 13

2 Samyèl 1:14

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 12:8; 1Sa 24:6; 26:9; 31:4

2 Samyèl 1:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 4:10

2 Samyèl 1:16

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 1:6, 10

2 Samyèl 1:17

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 31:6

2 Samyèl 1:18

Nòt anba paj

  • *

    Gade Lis mo yo esplike yo.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Joz 10:13

2 Samyèl 1:19

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 31:8

2 Samyèl 1:20

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 31:9

2 Samyèl 1:21

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 31:1; 1Kw 10:1
  • +Le 27:16

2 Samyèl 1:22

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 18:4; 20:20
  • +1Sa 14:47

2 Samyèl 1:23

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “yo te pran plezi nan yo”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 18:1
  • +1Sa 31:6; 1Kw 10:6
  • +Jb 9:26
  • +Pw 30:30

2 Samyèl 1:25

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 31:8

2 Samyèl 1:26

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 18:1, 3
  • +1Sa 19:2; 20:17, 41; 23:16-18; Pw 17:17; 18:24

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Referans pou Pwogram reyinyon, 5/2022, p. 3

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

2 Sam. 1:11Sa 27:5, 6
2 Sam. 1:41Sa 31:1, 6; 1Kw 10:4, 6
2 Sam. 1:61Sa 28:4; 1Kw 10:1
2 Sam. 1:61Sa 31:3; 1Kw 10:3
2 Sam. 1:8Eg 17:16; Dt 25:19; 1Sa 15:20; 30:1
2 Sam. 1:101Sa 31:4
2 Sam. 1:121Sa 31:1
2 Sam. 1:121Sa 31:11, 13
2 Sam. 1:14Nb 12:8; 1Sa 24:6; 26:9; 31:4
2 Sam. 1:152Sa 4:10
2 Sam. 1:162Sa 1:6, 10
2 Sam. 1:171Sa 31:6
2 Sam. 1:18Joz 10:13
2 Sam. 1:191Sa 31:8
2 Sam. 1:201Sa 31:9
2 Sam. 1:211Sa 31:1; 1Kw 10:1
2 Sam. 1:21Le 27:16
2 Sam. 1:221Sa 18:4; 20:20
2 Sam. 1:221Sa 14:47
2 Sam. 1:231Sa 18:1
2 Sam. 1:231Sa 31:6; 1Kw 10:6
2 Sam. 1:23Jb 9:26
2 Sam. 1:23Pw 30:30
2 Sam. 1:251Sa 31:8
2 Sam. 1:261Sa 18:1, 3
2 Sam. 1:261Sa 19:2; 20:17, 41; 23:16-18; Pw 17:17; 18:24
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
  • 27
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
2 Samyèl 1:1-27

2 Samyèl

1 Apre lanmò Sayil, lè David te sot pot laviktwa sou* moun Amalèk yo, li te rete Ziklag+ pandan de jou. 2 Sou twazyèm jou a, gen yon mesye ki te soti nan kan kot Sayil te ye a, rad li te chire de bò e te gen pousyè sou tèt li. Lè l rive kot David, li lage kò l atè e li bese devan David.

3 David di l: “Ki kote w soti?” Li reponn: “Mwen chape sot nan kan Izrayèl la.” 4 David mande l: “Ki jan bagay yo pase? Di m non.” Lè sa a, li di: “Pèp la kouri kite batay la. Anpil ladan yo tonbe e yo mouri. Menm Sayil ak Jonatan, pitit gason l lan, mouri+.” 5 Epi, David mande jèn gason ki te vin ba l nouvèl la: “Ki jan w fè konnen Sayil ak Jonatan, pitit gason l lan, mouri?” 6 Jèn gason an reponn: “Pandan m te sou Mòn Gilbowa+, se konsa mwen te wè Sayil ki lage kò l sou lans li a. Te gen charyo ki gen sòlda sou yo e te gen kavalye ki t ap kouri vin sou li+. 7 Lè l vire gade, li wè m, li rele m, epi mwen di l: ‘Men mwen.’ 8 Li mande m: ‘Kiyès ou ye?’ Mwen reponn: ‘Mwen se moun Amalèk+.’ 9 Epi, li di m: ‘Tanpri, panche kò w sou mwen pou w touye m, paske m ap soufri anpil e mwen ak tout konesans mwen*.’ 10 Vrèmanvre, mwen panche kò m sou li e mwen touye l+ paske mwen te konnen li pa t ap ka viv apre l te fin tonbe e li blese grav konsa. Apre sa, mwen pran kouwòn ki te sou tèt li a ak braslè ki te nan bra l la mwen pote yo isit la ba ou, mèt mwen.”

11 Lè sa a, David kenbe rad sou li, li chire yo de bò, e tout mesye ki te avè l yo te fè menm bagay la. 12 Yo te pran rele, yo te kriye pou Sayil, pou Jonatan, pitit gason l lan, pou pèp Jewova a, pou tout moun ann Izrayèl+ ki te mouri anba kout epe e yo pa t manje anyen+ rive jis aswè.

13 David mande jèn gason ki te vin ba l nouvèl la: “Moun ki kote w ye?” Li reponn: “Mwen se pitit yon etranje, yon moun Amalèk, ki abite nan peyi a.” 14 Epi, David di l: “Poukisa w pa t pè leve men w pou w touye moun Jewova chwazi a+?” 15 Lè sa a, David rele youn nan jèn mesye yo, li di l: “Avanse, epi touye l.” Vrèmanvre, li frape misye e li touye l+. 16 David di jèn gason ki te vin ba l nouvèl la: “Se ou ki responsab san w, paske se ou ki di ak bouch ou: ‘Se mwen menm ki touye moun Jewova chwazi a+.’”

17 Apre sa, David chante yon chan pou lanmò Sayil ak Jonatan, pitit gason l lan+, 18 epi li di yo ta dwe aprann pèp Jida a chan sa a ki gen tit: “Banza* a”. Se yon chan ki ekri nan liv Jacha a+. Men sa l di:

19 “O Izrayèl, yo touye moun ki gen glwa yo sou tèt mòn ou yo+.

Gade ki jan gason vanyan yo tonbe!

20 Pa rakonte sa nan Gat+,

Pa anonse sa nan lari Achkelon,

Pou medam peyi Filisti yo pa rejwi,

Pou pitit fi moun ki pa sikonsi yo pa fè fèt.

21 Nou menm mòn ki nan Gilbowa yo+,

Pinga ni lawouze ni lapli tonbe sou nou,

Pinga jaden nou yo donnen manje pou n bay Bondye kòm ofrann+,

Paske se la a yo pa t montre respè pou boukliye gason vanyan yo.

Boukliye Sayil la pa grese ak luil ankò.

22 Banza Jonatan an pa t sispann fè san moun yo touye yo koule,

Li pa t sispann pèse grès moun ki vanyan yo+,

E Sayil pa t konn tounen ak epe l la san l pa pot laviktwa+.

23 Moun te renmen Sayil ak Jonatan+ e yo te gen afeksyon pou yo* pandan tout vi yo,

Menm lanmò pa separe yo+.

Yo te pi rapid pase èg+,

Yo te gen plis fòs pase lyon+.

24 O medam ann Izrayèl yo, kriye pou Sayil,

Li menm ki te abiye nou ak bèl rad wouj vif,

Li menm ki te ban nou bèl bagay annò pou n met sou rad nou.

25 Gad ki jan gason vanyan yo tonbe nan lagè!

Gad ki jan Jonatan mouri sou tèt mòn ou yo+!

26 Mwen nan lapenn pou ou Jonatan, frè m nan.

Mwen te renmen w anpil+.

Lanmou w te gen pou mwen te gen plis valè pase lanmou medam yo gen pou mwen+.

27 Gad ki jan gason vanyan yo tonbe!

Gad ki jan zam yo te konn fè lagè yo peri!”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje