Sòm
Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Yon chante, yon melodi.
66 Nou tout ki sou tè a, se pou nou rele ak kè kontan devan Bondye+.
3 Se pou nou di Bondye: “Sa w fè yo fè moun gen anpil lakrentif pou ou+.
Akoz kokennchenn fòs ou genyen an,
Ènmi w yo ap fè bak devan w+.
4 Tout tè a gen pou l pwostène devan w+,
Li gen pou l chante louwanj pou ou,
Li gen pou l chante louwanj pou non w+.” (Sela)
5 Vin wè travay Bondye fè yo.
Sa li fè pou lèzòm yo se bagay ki estrawòdinè+.
6 Li fè lanmè a vin tankou tè sèk+.
Yo te travèse rivyè a apye+.
Pandan nou te la, nou te kontan poutèt sa li te fè pou nou+.
7 L ap dirije pou toutan+ grasa pisans li.
Je l kontinye ap veye nasyon yo+.
Moun ki gen tèt di yo pa dwe pran tèt yo pou yon pakèt afè+. (Sela)
8 Nou menm pèp yo, se pou nou louwe Bondye nou an+
E se pou moun tande vwa nou k ap louwe l.
10 Paske, ou egzamine nou, o Bondye+,
E w pwòpte nou menm jan yo pwòpte ajan.
11 Ou te fè nou tonbe nan yon filè,
Ou te mete yon chay ki lou sou do* nou.
12 Ou te kite moun pilonnen nou.
Nou travèse dife, nou travèse dlo.
Apre sa, ou te mennen nou yon kote nou te jwenn soulajman.
13 M ap antre lakay ou ak sakrifis pou m boule nèt pou ou+,
M ap respekte pwomès mwen fè w yo+,
14 Pwomès ki te sot nan bouch mwen+,
Pwomès mwen te fè ak bouch mwen lè m t ap soufri a.
15 M ap ofri w bèt angrese kòm sakrifis pou m boule nèt pou ou,
M ap boule mal mouton pou ou.
M ap ofri w towo bèf ak bouk kabrit. (Sela)
16 Nou tout ki gen lakrentif pou Bondye, vin koute sa m ap di
17 Mwen te rele l ak bouch mwen
E mwen te ba l glwa ak lang mwen.
18 Si m te gen move bagay nan kè m,
Jewova pa t ap tande m+.
20 Louwanj pou Bondye, paske, li pa t fèmen zòrèy li lè m t ap priye l,
Ni li pa t refize demontre yon lanmou ki fidèl pou mwen.