1 Wa
16 Men sa Jewova te di Jeyi+, pitit gason Anani+, konsènan Baacha: 2 “Ou te nan yon kondisyon ki ba e mwen fè w fin wa sou Izrayèl, pèp mwen an+, men ou kontinye ap fè menm jan ak Jewobowam. Ou fè Izrayèl, pèp mwen an, fè m fache akoz peche ou fè yo fè yo+. 3 Se sa k fè m ap elimine Baacha ansanm ak fanmi l, m ap fè fanmi l menm sa m te fè fanmi Jewobowam+, pitit gason Nebat la. 4 Nenpòt moun nan fanmi Baacha ki mouri nan vil la, chen ap manje l e nenpòt moun nan fanmi l ki mouri nan savann nan, zwazo nan syèl la ap manje l.”
5 Kanta pou rès bagay ki gen rapò ak Baacha yo, sa l te fè yo ak tout gwo aksyon li te fè yo, èske yo pa t ekri bagay sa yo nan liv yo te konn ekri evènman ki te pase nan epòk wa Izrayèl yo? 6 Apre sa, Baacha al repoze bò kot zansèt li yo e yo antere l Titsa+. Epi, Ela, pitit gason l, vin wa nan plas li. 7 Jewova te sèvi ak pwofèt Jeyi, pitit gason Anani an, pou l pale kont Baacha ansanm ak fanmi l. Li te fè sa akoz tout move bagay Baacha te fè nan je Jewova yo ki te fè l fache. Bagay sa yo te fè fanmi Baacha vin menm jan ak fanmi Jewobowam. Bondye te pale kont Baacha tou akoz Baacha te touye Nadab+.
8 Nan 26yèm ane rèy Aza, wa Jida a, Ela, pitit gason Baacha a, te vin wa sou Izrayèl e li te dirije pandan dezan detan l Titsa. 9 Zimri, sèvitè Ela a, ki te responsab mwatye nan charyo yo, te fè yon konplo sou do Ela pandan Ela te Titsa e li t ap bwè lakay Atsa jis li vin sou. Se Atsa ki te responsab kay Ela a nan Titsa. 10 Zimri antre kote l ye a, li frape l+ e li touye l. Se te nan 27yèm ane rèy Aza, wa Jida a. Apre sa, Zimri vin wa nan plas Ela. 11 Kou l chita sou twòn nan antanke wa, li fè detwi tout moun ki te nan fanmi Baacha. Li pa t kite okenn gason* chape, kit yo te fanmi* Baacha, kit yo te zanmi l. 12 Konsa, Zimri te elimine tout fanmi Baacha, jan Jewova te di sa pa mwayen pwofèt Jeyi+. 13 Sa te pase konsa akoz tout peche Baacha ak Ela, pitit gason l lan, te fè yo, e akoz peche yo te fè Izrayèl fè yo. Yo te fè Jewova, Bondye Izrayèl la, fache akoz zidòl ki san valè yo te fè yo+. 14 Kanta pou rès bagay ki gen rapò ak Ela yo, tout sa l te fè yo, èske yo pa t ekri bagay sa yo nan liv yo te konn ekri evènman ki te pase nan epòk wa Izrayèl yo?
15 Nan 27yèm ane rèy Aza, wa Jida a, Zimri te vin wa nan Titsa pou sèt jou, nan moman sòlda te tabli kan yo toupre Gibeton+, ki nan tèritwa moun Filisti yo, pou yo te ka atake l. 16 Yon jou, sòlda ki te nan kan an tande moun ap di: “Zimri fè konplo kont wa a e li touye l.” Se sa k fè jou sa a, moun Izrayèl yo te mete Omri+, chèf lame a, wa sou Izrayèl pandan yo nan kan an. 17 Omri ak tout Izrayèl te monte sot Gibeton e yo tabli kan yo pou yo atake Titsa. 18 Lè Zimri wè yo pran vil la, li antre nan pati nan kay* wa a ki te tankou yon fò a epi li met dife nan kay la pandan l anndan an. Se konsa li te mouri+. 19 Sa te fèt akoz li te peche kont Jewova, li te fè sa ki mal nan je l, li te fè menm peche Jewobowam te fè a e akoz peche li te fè Izrayèl fè a+. 20 Kanta pou rès bagay ki gen rapò ak Zimri yo, ak konplo li te fè a, èske yo pa t ekri bagay sa yo nan liv yo te konn ekri evènman ki te pase nan epòk wa Izrayèl yo?
21 Se nan epòk sa a moun Izrayèl yo te fè de kan. Yon kan te vin patizan Tibni, pitit gason Ginat, e yo te vle fè l vin wa. Lòt kan an te patizan Omri. 22 Moun ki te pou Omri yo te pote laviktwa sou moun ki te pou Tibni, pitit gason Ginat la. Se konsa Tibni te mouri e Omri te vin wa.
23 Nan 31yèm ane rèy Aza, wa Jida a, Omri te vin wa sou Izrayèl e li te dirije pandan 12 an. Li te dirije pandan sizan detan l Titsa. 24 Li te achte mòn Samari nan men Chemè pou de talan* ajan e li te bati yon vil sou mòn nan. Li te rele vil li te bati a Samari*+, dapre non Chemè, ansyen mèt* mòn nan. 25 Omri te kontinye fè sa ki mal nan je Jewova. Li te fè pi mal pase tout wa ki te anvan l yo+. 26 Li te fè menm jan ak Jewobowam, pitit gason Nebat la, e li te fè Izrayèl peche. Yo te fè Jewova, Bondye Izrayèl la, fache anpil akoz zidòl ki san valè yo t ap adore yo+. 27 Kanta pou rès bagay ki gen rapò ak Omri yo, sa l te fè yo, gwo bagay li te reyalize yo, èske yo pa t ekri bagay sa yo nan liv yo te konn ekri evènman ki te pase nan epòk wa Izrayèl yo? 28 Epi, Omri t al repoze bò kot zansèt li yo. Yo te antere l Samari. Ahab, pitit gason l lan+, te vin wa nan plas li.
29 Ahab, pitit gason Omri a, te vin wa sou Izrayèl nan 38yèm ane rèy Aza, wa Jida a. Li te dirije Izrayèl detan l Samari+ pandan 22 an. 30 Nan je Jewova, Ahab, pitit gason Omri a, te pi mal pase tout wa ki te anvan l yo+. 31 Li te fè menm peche ak Jewobowam+, pitit gason Nebat la, men sa pa t di l anyen. Mete sou sa, li te pran Jezabèl+, pitit fi Etbaal, wa moun Sidon yo+, kòm madanm. Li te kòmanse sèvi Baal+, li te konn pwostène devan l. 32 Epitou, li te fè yon lotèl pou Baal anndan kay* li+ te bati pou Baal nan Samari a. 33 Ahab te fè yon poto sakre an bwa* tou+. Li te fè Jewova, Bondye Izrayèl la, fache anpil, pi mal pase tout wa Izrayèl ki te vin anvan l yo.
34 Nan epòk Ahab t ap dirije a, Yèl, moun Betèl, te rebati Jeriko. Men, pawòl Jewova te di pa mwayen Jozye, pitit gason Noun nan, te reyalize sou li+. Lè l t ap fè fondasyon vil la, li pèdi Abiram, premye pitit li a, e lè l t ap monte pòt vil la, li pèdi Segoub, dènye pitit li a.