BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • nwt Jòb 1:1-42:17
  • Jòb

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jòb
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Jòb

JÒB

1 Te gen yon nonm nan peyi Ouz ki te rele Jòb*+. Se te yon moun ki dwat e ki fidèl*+. Li te gen lakrentif pou Bondye e li te vire do bay sa ki mal+. 2 Li te gen sèt pitit gason ak twa pitit fi. 3 Li te gen 7 000 mouton, 3 000 chamo, 1 000 bèf* ak 500 bourik* e li te gen anpil sèvitè, se sa k fè li te moun ki te pi enpòtan pami tout moun ki t ap viv nan Lès yo.

4 Chak pitit gason l yo te konn chwazi yon jou pou yo fè gwo resepsyon lakay yo. Yo te konn envite twa sè yo te genyen yo vin manje bwè avèk yo. 5 Chak fwa yo te fin fè yon seri gwo resepsyon, Jòb te konn voye chèche yo pou l pirifye yo. Konsa, li te konn leve granmmaten pou l fè sakrifis yo konn boule nèt+ pou yo chak. Paske Jòb te konn di: “Petèt pitit mwen yo te peche e yo te pale Bondye mal nan kè yo.” Se konsa Jòb te toujou fè+.

6 Twouve, jou a te rive pou pitit vrè Dye a genyen yo*+ te antre vin devan Jewova+, e Satan+ te antre nan mitan yo tou+.

7 Lè sa a, Jewova mande Satan: “Ki kote w soti?” Satan reponn Jewova: “Mwen sot fè yon vire won sou tè a e mwen sot gade sa k ap pase sou li+.” 8 Epi, Jewova di Satan: “Èske w wè* Jòb, sèvitè m nan? Pa gen pèsonn tankou l sou tè a. Li se yon moun ki dwat e ki fidèl nan tout bagay*+. Li gen lakrentif pou Bondye e li vire do bay sa ki mal.” 9 Lè sa a, Satan reponn Jewova: “Èske se pou granmesi Jòb gen lakrentif pou Bondye+? 10 Èske w pa fè yon lantouray pou pwoteje ni li menm+, ni fanmi l, ni tout sa l genyen? Ou beni travay li fè+, epi twoupo bèt li yo gaye nan peyi a. 11 Men, kounye a, fè yon chanjman, lonje men w, detwi tout sa l genyen, e san mank, l ap ret nan figi w li manke w dega.” 12 Lè sa a, Jewova di Satan: “Gade! Tout sa l genyen nan men w*. Sèl bagay, pinga w touche l!” Epi, Satan sot devan fas Jewova+.

13 Se konsa, nan jou pitit gason ak pitit fi Jòb yo t ap manje e yo t ap bwè diven lakay pi gran frè yo a+, 14 gen youn nan sèvitè Jòb yo ki te vin di l: “Pandan bèf yo t ap raboure tè e bourik yo t ap manje zèb bò kote yo, 15 moun Seba yo te atake yo, yo pran yo epi yo touye sèvitè yo ak kout epe. Se mwen menm sèl ki chape pou m vin di w sa.”

16 Li potko menm fin pale, yon lòt sèvitè vin di: “Bondye fè dife* sot nan syèl la tonbe sou mouton yo ak sèvitè yo e li kankannen yo. Se mwen menm sèl ki chape pou m vin di w sa.”

17 Li potko menm fin pale, yon lòt sèvitè vin di: “Moun Kalde yo+ fè twa gwoup, yo anvayi chamo yo, yo pran yo, e yo touye sèvitè yo ak kout epe. Se mwen menm sèl ki chape pou m vin di w sa.”

18 Li potko menm fin pale, yon lòt sèvitè ankò vin di: “Pandan pitit gason w yo ak pitit fi w yo t ap manje e yo t ap bwè diven lakay pi gran frè yo a, 19 gen yon gwo van ki sot nan dezè a bridsoukou, li frape kay la nan kat kwen, konsa kay la tonbe sou pitit ou yo e li touye yo. Se mwen menm sèl ki chape pou m vin di w sa.”

20 Menm kote a, Jòb leve, li chire rad sou li e li koupe cheve nan tèt li, apre sa li lage kò l fas atè, 21 epi li di:

“Mwen pa t sot nan vant manman m ak anyen,

E mwen pa pral ak anyen+.

Se Jewova ki bay+, se Jewova ki pran.

Se pou yo kontinye fè louwanj pou non Jewova.”

22 Malgre tout bagay sa yo, Jòb pa t peche, ni li pa t di Bondye fè anyen ki mal*.

2 Apre sa, jou a te rive pou pitit vrè Dye a genyen yo*+ te antre vin devan Jewova+, e Satan te antre nan mitan yo tou pou l vin devan Jewova+.

2 Lè sa a, Jewova mande Satan: “Ki kote w soti?” Satan reponn Jewova: “Mwen sot fè yon vire won sou tè a e mwen sot gade sa k ap pase sou li+.” 3 Epi, Jewova di Satan: “Èske w wè* Jòb, sèvitè m nan? Pa gen pèsonn tankou l sou tè a. Li se yon moun ki dwat e ki fidèl nan tout bagay*+. Li gen lakrentif pou Bondye e li vire do bay sa ki mal. Li toujou fidèl nan tout bagay+, malgre w ap eseye fè m leve kont li+ pou m ka detwi l san rezon.” 4 Lè sa a, Satan reponn Jewova: “Depi yon moun wè lanmò devan l, l ap bay tout sa l genyen pou l sove lavi l*. 5 Men, kounye a, fè yon chanjman, lonje men w, frape l jis nan zo, e san mank, l ap ret nan figi w li manke w dega+.”

6 Lè sa a, Jewova di Satan: “Gade! Li nan men w*. Sèl bagay, pinga w retire lavi l*.” 7 Epi, Satan sot devan fas Jewova, li fè yon pakèt gwo bouton+ leve sou Jòb e yo t ap fè l mal, yo te soti depi nan pla pye l rive nan tèt li. 8 Epi, Jòb te pran yon moso veso ann ajil pou l grate kò l e li te chita nan sann dife+.

9 Alafen, madanm li vin di l: “Kòmsi, ou kontinye ret fidèl toujou? Sa k fè w pa manke Bondye dega, epi w mouri mouri w!” 10 Men, li di madanm li: “W ap pale tankou yon fanm sòt. Èske nou dwe aksepte sa ki bon sèlman nan men vrè Dye a, san nou pa aksepte sa ki pa bon+?” Malgre tout bagay sa yo, Jòb pa t peche ak bouch li+.

11 Te gen twa zanmi Jòb ki te aprann tout malè ki tonbe sou li, yo chak te kite zòn yo te rete a pou yo vin wè l. Se te Elifaz+, moun Teman, Bildad+, desandan Chouwa+, ak Sofa+, desandan Naama. Yo te antann yo pou youn rankontre lòt pou y al wè Jòb pou yo ka pran lapenn pou li e pou yo konsole l. 12 Detan yo byen lwen, yo wè Jòb, men yo pa t rekonèt li. Yo te pran kriye byen fò, yo te chire rad sou yo e yo te voye pousyè anlè sou tèt yo+. 13 Epi, yo te chita atè a avèk Jòb pandan sèt jou, sèt nuit. Pa gen youn nan yo ki te di l yon mo, paske yo te wè jan l te nan yon gwo soufrans+.

3 Apre sa, Jòb te kòmanse pale e li te bay jou l te fèt la madichon+. 2 Jòb di:

 3 “Se pou jou m te fèt la disparèt+,

Ansanm ak nuit kote yon moun te vin di: ‘Gen yon tigason nan vant!’

 4 Se pou jou sa a vin fè nwa.

Se pou Bondye ki nan syèl la pa voye je gade l,

Pinga okenn limyè klere l.

 5 Se pou fènwa pwès kouvri l.

Se pou nyaj pwès vlope l.

Se pou fènwa ki bay laperèz kache limyè l.

 6 Se pou nuit sa a fè nwa kou lank+,

Se pou tristès kouvri l pami tout jou nan ane a,

Pinga yo konte l nan mwa yo.

 7 Vrèmanvre, se pou nuit sa a vin san vi.

Pinga yo tande okenn rèl kè kontan ladan l.

 8 Se pou moun k ap bay jou madichon yo ba l madichon,

Moun ki kapab reveye Levyatan* yo+.

 9 Se pou zetwal douvanjou l yo vin tou nwa,

Se pou l tann limyè solèy la pou granmesi,

Se pou l pa wè klète douvanjou.

10 Paske li pa t fèmen pòt vant manman m+,

Ni li pa t anpeche m wè malè.

11 Poukisa m pa t mouri nan pasaj?

Poukisa m pa t trepase lè m t ap sot nan vant+?

12 Poukisa mwen te jwenn jenou pou kenbe m,

Ak tete pou m tete?

13 Paske kounye a mwen t ap deja kouche san pèsonn pa deranje m+,

Mwen t ap deja dòmi, mwen t ap deja ap repoze+

14 Ak wa latè yo ansanm ak konseye yo genyen yo,

Ki te konstwi yon seri kote ki vin tounen dekonm kounye a,

15 Oswa ak prens ki te gen anpil lò,

E ki te gen kay ki plen ak ajan.

16 Oubyen poukisa manman m pa t fè foskouch lè l t ap fè m,

Pou m ta tankou timoun ki fèt tou mouri yo?

17 Menm moun ki mechan yo, lè yo nan tonm, yo sispann bat kò yo.

Lè moun ki faya yo nan tonm, y ap repoze+.

18 Lè moun ki nan prizon yo nan tonm, yo alèz ansanm,

E yo pap tande vwa moun k ap fòse yo travay.

19 Kote sa a, pa gen ni moun ki enpòtan ni moun ki pa enpòtan+,

Epi esklav la delivre anba mèt li.

20 Poukisa Bondye kite yon moun k ap soufri viv*,

E li bay moun ki nan gwo soufrans yo*+ lavi?

21 Poukisa gen moun k ap tann lanmò, men li pa vini+,

Moun ki fouye pou yo jwenn li plis pase lè y ap chèche trezò,

22 Moun ki t ap rejwi anpil

E ki t ap kontan al nan tonm?

23 Poukisa Bondye kite yon moun ki pèdi wout li viv,

Alòske se Bondye ki bare wout li+?

24 Kounye a, se plenn m ap plenn lè m ap manje+,

Epi m gwonde+ tankou dlo k ap desann.

25 Paske sa k te ban m plis kè kase a, se li ki rive m,

Sa m te pè a, se sa ki pase m.

26 Mwen pa gen ni lapè, ni kè poze, ni repo,

Men, malè kontinye ap frape m.”

4 Epi, Elifaz+, moun Teman an, reponn:

 2 “Si yon moun ta eseye pale avè w, èske w ap fache?

Bon, kiyès ki ka rete san l pa pale?

 3 Se vre, ou korije anpil moun

E w abitye bay moun ki fèb yo fòs.

 4 Nenpòt moun ki ta bite, pawòl ou t ap leve l,

Epi w t ap bay moun jenou yo ap tranble yo fòs.

 5 Men, kounye a, se ou menm sa rive, epi w pa konn sa pou w fè,

Se ou sa frape, epi w faya.

 6 Èske respè w gen pou Bondye pa fè w gen asirans?

Èske fason w mache fidèl+ pa fè w gen espwa?

 7 Tanpri, reflechi pou w wè: Ou janm konnen yon moun ki inosan peri?

Ou janm konnen yo touye yon moun k ap mache dwat?

 8 Selon sa m konnen, moun k ap manniganse move bagay

Ak moun k ap simen latwoublay ap rekòlte sa yo simen.

 9 Souf Bondye ap touye yo,

E gwo van kòlè l ap fini ak yo.

10 Lyon an gwonde, e yon ti lyon rele,

Epoutan, menm dan lyon* ki gen anpil fòs yo kraze.

11 Yon lyon mouri paske li pa jwenn bèt pou l manje,

E pitit li yo gaye.

12 Yon lè, yo te vin di m yon pawòl an kachèt,

E yo te vin soufle m li nan zòrèy.

13 Sa te boulvèse lespri m nan rèv mwen t ap fè nan nuit lan,

Lè tout moun te nan fon somèy.

14 Yon gwo latranblad te pran m,

Li te plen tout zo m ak laperèz.

15 Gen yon espri ki te pase devan m,

Tout cheve nan tèt mwen te kanpe.

16 Epi, espri a te ret kanpe san l pa bouje.

Men, mwen pa t ka wè ak ki sa l sanble.

Te gen yon fòm ki te parèt devan je m.

Pa t gen okenn bri, apre sa m te tande yon vwa ki di:

17 ‘Èske yon moun ki ka mouri ka pi dwat pase Bondye?

Èske yon moun ka pi pwòp pase Sila a ki fè l la?’

18 Gade! Li pa fè sèvitè l yo konfyans

E li chèche defo lakay zanj li yo.

19 Alewè pou moun ki abite nan kay ki fèt ak tè,

Kay ki gen fondasyon yo nan pousyè+,

Moun yo ka kraze byen fasil tankou yon mit!

20 Soti maten rive aswè, yo depafini nèt,

Yo disparèt pou toutan, e pèsonn pa wè sa.

21 Èske yo pa tankou yon tant yo rache kòd li?

Yo mouri paske yo pa gen sajès.

5 “Tanpri, ou mèt rele! Èske gen moun k ap reponn ou?

Kiyès nan sila ki sen yo w ap rele?

 2 Paske rankin ap touye moun sòt la,

E anbisyon ap touye moun ti lespri a.

 3 Mwen te wè jan moun sòt la pran rasin,

Men, bridsoukou, yo madichonnen kote l abite a.

 4 Pa gen chape pou pitit gason l yo,

Yo kraze yo nan pòtay vil la+ san pèsonn pa vin sove yo.

 5 Sa l rekòlte a, se moun ki grangou a ki manje l,

Li pran l menm nan mitan pikan,

E yo tann pèlen nan tout sa yo genyen.

 6 Paske kalamite pa leve nan pousyè,

E pwoblèm pa pouse nan tè.

 7 Paske lòm fèt pou latwoublay,

Menm jan zèklè dife fèt pou vole anlè.

 8 Men, si m te ou, mwen t ap rele Bondye

Pou m di l pwoblèm mwen,

 9 Mwen t ap rele Sila a ki fè gwo mèvèy la, bagay moun pa ka konprann,

Yon pakèt bèl bagay moun pa ka konte.

10 Li fè lapli tonbe sou tè a,

Li vide dlo nan jaden yo.

11 Li leve malere a met byen wo,

E li leve moun yo meprize a pou l ka sove l.

12 Li kraze plan moun ki mètdam yo,

Pou travay yo fè pa mache.

13 Li fè moun ki gen sajès yo pran nan pwòp pyèj yo+,

Konsa, plan moun ki gen lespri yo echwe.

14 Fènwa kouvri yo lajounen,

Y ap tatonnen gwo midi kòmsi l te lannuit.

15 Li delivre moun anba lang moun sa yo ki tankou epe,

Li sove malere a anba men moun ki gen fòs la,

16 Yon fason pou malere a ka gen espwa,

Men, bouch moun ki pa jis yo ret fèmen.

17 Gade! Byennere moun Bondye korije.

Se poutèt sa, pinga w meprize disiplin Toupisan an bay la!

18 Paske, byenke Bondye ka fè yon moun soufri, l ap bande kote k ap fè l mal la,

Byenke li ka kraze l, l ap geri l ak pwòp men l.

19 L ap sove w anba sis malè,

Menm setyèm nan pap frape w.

20 L ap sove w pou w pa mouri lè gen gwo grangou

E l ap sove w anba kout epe lè gen lagè.

21 W ap jwenn pwoteksyon anba kout lang+,

E ou pap pè lè gen malè.

22 Lè gen dezas ak grangou, se ri w ap ri,

E ou pap pè bèt bwa ki gen sou tè a.

23 Paske wòch ki nan savann yo pap ba w pwoblèm,

E bèt bwa ki nan savann yo ap anpè avè w.

24 W ap konnen gen sekirite* anba tant ou,

E pap gen youn nan bèt nan twoupo w yo k ap manke lè w al egzamine yo.

25 W ap gen anpil pitit,

E desandan w yo ap vin anpil tankou plant ki sou tè a.

26 W ap mouri ak tout fòs ou sou ou,

Tankou pake ble yo ranje nan epòk yo.

27 Gade! nou te chèche konn sa, e se konsa sa ye.

Reflechi sou sa, epi aksepte l.”

6 Epi, Jòb reponn:

 2 “Si yon moun te ka peze soufrans mwen+,

E li ta met tout malè m yo nan balans!

 3 Paske, kounye a, yo pi lou pase sab lanmè.

Se sa k fè m ap di yon bann vye pawòl*+.

 4 Paske flèch Toupisan an pèse m

E m santi pwazon yo antre fon nan tout kò m+.

Se Bondye ki atake m, mwen pè anpil.

 5 Èske yon bourik+ ap ranni lè l jwenn zèb?

Oubyen èske yon towo bèf ap gwonde lè l jwenn pay?

 6 Èske yon moun ap manje yon manje ki pa gen gou san l pa met sèl ladan l?

Oubyen èske blan ze gen gou?

 7 Mwen* refize manyen manje konsa.

Yo tankou manje gate.

 8 Mwen ta byen kontan jwenn sa m mande a,

Pou Bondye ta fè m jwenn sa m vle a,

 9 Pou Bondye ta deside kraze m

E pou l ta lonje men l li touye m+.

10 Paske, menm sa t ap soulaje m,

Malgre m kontinye ap soufri, mwen t ap vole anlè tèlman m t ap kontan,

Paske m pa t meprize pawòl Sila a ki sen an+.

11 Èske m gen fòs pou m kontinye ret tann+?

Ki sa k ap tann mwen pi devan pou m ta kontinye viv toujou?

12 Èske m gen fòs? Èske se yon wòch mwen ye?

Oubyen èske m fèt an fè*?

13 Èske gen yon fason m ka ede tèt mwen,

Lè yo pote tout sa m gen pou m viv ale lwen mwen?

14 Nenpòt moun ki pa montre lanmou ki fidèl pou moun parèy li+

Ap sispann gen lakrentif pou Toupisan an+.

15 Pwòp frè m fè trèt avè m+, tankou dlo k ap koule nan yon ravin lè gen nèj,

Tankou dlo nan yon ravin ki vin sèch.

16 Yo gen glas ki tou nwa,

Yo plen ak nèj ki fonn.

17 Men, nan sezon chalè, yo vin san dlo e yo fini,

Lè l fè cho, yo sèch nèt.

18 Yo koule toupatou,

Yo koule al nan dezè, epi yo disparèt.

19 Gwoup moun ki sot Tema yo+ ap chèche yo,

Vwayajè ki sot Seba yo+ ap tann yo.

20 Yo wont paske yo pa jwenn sa yo te vin chèche a,

Y al lòtbò a pou granmesi.

21 Ebyen, se konsa nou vin ye pou mwen+,

Nou wè jan soufrans mwen rèd, e sa fè nou pè+.

22 Èske m te di nou fè m kado kichòy?

Oubyen èske m te mande nou pou n ban m yon kado nan richès nou genyen?

23 Èske m te mande nou pou n delivre m anba men yon ènmi,

Oubyen pou n sove* m anba moun k ap toupizi m?

24 Di m sa m fè, epi m ap fèmen bouch mwen+.

Fè m wè sa m fè ki pa bon.

25 Lè moun di laverite, sa pa fè pèsonn mal+,

Men, ki sa kritik n ap fè yo ka itil+?

26 Èske n ap fè konplo pou n kritike sa m di yo,

Pawòl yon moun ki sanzespwa+, pawòl van pote ale?

27 Nou ta fè komès ak yon timoun ki san papa tou+,

E nou ta vann pwòp zanmi nou+!

28 Kounye a, vire gade m,

Paske mwen pap ban nou manti.

29 Tanpri, fè yon ti reflechi, pa pran sa m di a mal,

Wi, fè yon ti reflechi, paske m toujou ret fidèl.

30 Èske m di yon bagay ki pa sa ak bouch mwen?

Èske nou panse mwen pa konn lè yon bagay pa bon?

7 “Èske lavi yon moun sou tè a pa chaje ak tribilasyon?

Èske jou l yo pa tankou jou yon travayè+?

 2 Menm jan ak yon esklav, li ta renmen jwenn lonbray

E menm jan ak yon travayè, l ap tann pou yo peye l+.

 3 Se konsa yo fè m travay pandan yon pakèt mwa pou granmesi

E mwen pase anpil nuit ap soufri+.

 4 Lè m al kouche, mwen mande: ‘Ki lè m ap leve+?’

Men, tank nuit lan long, mwen bat kò m san rete jis li jou.

 5 Kò m chaje ak vè e l kouvri ak kras+,

Po m chaje kwout ak pi+.

 6 Jou m yo pase pi vit pase zegui ki nan men moun k ap fè twal+,

E yo fini sanzespwa+.

 7 O Bondye, pa bliye lavi m se yon van k ap pase+,

E mwen pap janm gen kè kontan* ankò.

 8 Je k ap gade m kounye a pap wè m ankò.

W ap chèche wè m, men mwen pap la+.

 9 Menm jan yon nyaj vin pal e li disparèt,

Yon moun ki desann nan Tonm* pap retounen+.

10 Li pap tounen lakay li ankò,

E moun nan zòn kote l te rete pap sonje l ankò+.

11 Se sa k fè, mwen pap fèmen bouch mwen

M ap pale akoz tristès mwen gen nan kè m,

M ap plenyen akoz soufrans mwen yo ki rèd*+.

12 Èske m se lanmè oswa yon gwo bèt nan lanmè

Ki fè w oblije met yon moun veye m?

13 Lè m di: ‘M ap jwenn soulajman sou kabann mwen,

Kabann mwen ap soulaje m nan mizè m’,

14 Lè konsa, ou fè m fè rèv ki fè m pè,

E ou fè m fè vizyon ki ban m kè kase,

15 Se sa k fè mwen* ta pito souf mwen koupe,

Wi, mwen pito mouri pase pou kò m ret jan l ye a*+.

16 Mwen rayi lavi m+, mwen pa vle kontinye viv.

Kite m trankil, paske jou m yo tankou vapè*+.

17 Ki sa lòm ye pou w ap bay tèt ou pwoblèm pou li

E pou w ap panse avèk* li konsa+?

18 Poukisa w ap veye l chak maten,

E w teste l tanzantan+?

19 Èske w pap sispann gade m,

E pou w fè yon ti kite m, jis pou yon ti moman+?

20 Si m peche, ki sa m ka fè w, ou menm, Sila a k ap siveye tout sa moun ap fè+?

Poukisa se mwen w vize?

Èske m vin tounen yon chay pou ou?

21 Poukisa w pa padone sa m fè ki mal

E w pa bliye peche m fè?

Paske, talè konsa, mwen pral mouri e m ap retounen nan pousyè+,

W ap chèche m, men m pap la.”

8 Apre sa, Bildad+, desandan Chouwa a+, reponn:

 2 “Pandan konbyen tan w ap kontinye pale konsa+?

Pawòl nan bouch ou se yon gwo van k ap soufle!

 3 Èske Bondye ap detounen sa ki jis,

Oubyen èske Toupisan an ap tòde sa ki dwat?

 4 Si pitit ou yo te peche kont li,

Li kite yo peye pou rebelyon yo te fè a*,

 5 Men, si w ta annik chèche Bondye+,

Si w ta mande Toupisan an pou l fè w favè,

 6 Si w te vrèman pwòp e w te vrèman dwat+,

Li ta veye sou ou*

E li ta fè w retounen nan plas kote w dwe ye a.

 7 Epi, menmsi w pa t gen anpil bagay okòmansman,

Ou t ap vin gen anpil bagay pi devan+.

 8 Ou mèt mande moun nan jenerasyon lontan yo,

Epi, byen gade bagay zansèt yo te jwenn yo+.

 9 Paske, se avanyè la a nou fèt, nou pa konn anyen,

E jou nou yo sou tè a tankou yon lonbray.

10 Èske yo pap reponn ou

Pou yo di w sa yo konnen*?

11 Èske yon pye papiris ap byen grandi kote ki pa gen marekaj?

Èske yon pye wozo ap grandi kote ki pa gen dlo?

12 Pandan y ap fè boujon, san yo poko rache yo,

Y ap seche anvan lòt plant yo.

13 Se sa k ap rive* tout moun ki bliye Bondye,

Paske moun ki kite Bondye yo* ap pèdi espwa,

14 Konfyans yo genyen an pa chita sou anyen,

Yo kwè nan yon seri bagay ki tankou fil* arenyen yon moun ka retire byen fasil.

15 Y ap apiye sou kay yo, men kay yo pap ret kanpe,

Y ap eseye kenbe yo, men y ap tonbe.

16 Yo se plant byen fre ki nan solèy,

E ti branch yo gaye toupatou nan jaden kote yo ye a+.

17 Rasin yo vin makònen ak yon pil wòch,

Y ap chèche yon kote pou yo rete pami wòch yo*.

18 Men, lè yo derasinen* yo kote yo te ye a,

Kote sa a pap aksepte yo ankò, l ap di yo: ‘Mwen pa konnen nou+.’

19 Wi, se konsa y ap disparèt*+,

Epi, lòt plant ap leve nan tè a.

20 Vrèmanvre, Bondye pap voye moun ki ret fidèl yo* jete,

Ni li pap ede* moun ki mechan yo,

21 Paske l ap fè w kontan anpil

E w ap tèlman kontan, w ap rele.

22 Lawont ap kouvri moun ki rayi w yo,

E tant moun ki mechan yo pap la ankò.”

9 Epi, Jòb reponn:

 2 “Wi, mwen byen konnen se sa l ye.

Men, ki jan pou lòm ka fè gen rezon nan jijman ak Bondye+?

 3 Si yon moun vle diskite avè l*+,

Moun sa a pap ka reponn menm youn nan mil kesyon li t ap poze.

 4 Li gen sajès* e li gen anpil pisans+.

Ki moun ki ka fè fòs avè l san anyen pa rive moun sa a+?

 5 Li deplase mòn yo san pèsonn pa konnen,

Lè l an kòlè, li vire yo tèt anba.

 6 Li fè tè a tranble,

Se sa k fè poto l yo tranble+.

 7 Li bay solèy la lòd pou l pa klere

E li bare limyè zetwal yo+,

 8 Li deplwaye syèl la poukont li+

E li mache sou gwo lanm lanmè+.

 9 Se li ki fè gwoup zetwal Ach yo*, gwoup zetwal Kesil yo*,

Gwoup zetwal Kima yo*+ ak gwoup zetwal ki nan zòn sid syèl la*.

10 Li fè gwo mèvèy, bagay moun pa ka konprann+,

Yon pakèt bèl bagay moun pa ka konte+.

11 Li pase toupre m, men m pa ka wè l,

Li pase devan m, men m pa rekonèt li.

12 Lè l pran yon bagay, kiyès ki ka redi avè l?

Kiyès ki ka di l: ‘Ki sa w ap fè konsa+?’

13 Bondye pap frennen kòlè l+,

Menm sila k ap ede Rahab* yo+ ap koube devan l,

14 Ki dire pou mwen lè m ap reponn li,

Èske m pa dwe byen chwazi pawòl m ap di pou m diskite avè l?

15 Menmsi m ta gen rezon, mwen pa t ap reponn li+.

Se favè sèlman m ta ka mande jij mwen an* pou l fè m.

16 Si m rele l, èske l ap reponn mwen?

Mwen pa kwè l ap koute m.

17 Paske li lage anpil malè sou mwen

E li fè soufrans mwen vin anpil san rezon+.

18 Li pa kite m pran souf.

Li kontinye lage kalamite sou mwen.

19 Si gen pou pisan, se li ki pisan+.

Si se pou konnen ki moun ki jis, li di: ‘Kiyès ki ka mande m regleman*?’

20 Si m ta gen rezon, bouch mwen t ap kondane m,

Menmsi m ta ret fidèl nan tout bagay*, li t ap deklare m koupab*.

21 Menmsi m ta ret fidèl nan tout bagay*, se pa mwen ki t ap konn sa*,

E mwen t ap rayi* lavi m.

22 Se menm bagay la. Se poutèt sa mwen di:

‘Li detwi ni moun ki inosan* ni moun ki mechan, san l pa fè diferans.’

23 Si yon gwo delij ta lakòz lanmò anpil moun sanzatann,

Li t ap ri malè moun ki inosan yo.

24 Li lage tè a anba kontwòl moun ki mechan yo+,

Li bouche je* jij ki sou tè a.

Si se pa li menm, ebyen, kiyès ki fè sa?

25 Lavi m pase pi vit pase yon moun k ap kouri al bay yon mesaj+,

E mwen pa janm gen kè kontan.

26 Li file l ale tankou bato ki fèt ak wozo,

Tankou èg k ap plonje sou lòt bèt pou yo pran yo.

27 Si m ta di: ‘M ap sispann plenyen,

M ap chanje figi m e m ap gen kè kontan’,

28 Mwen t ap toujou pè akoz tout soufrans mwen yo+,

E m konnen ou pa t ap wè m inosan.

29 Ou t ap wè m koupab*.

Bon, poukisa pou m ta fè tout efò sa yo pou granmesi+?

30 Menmsi m ta benyen ak dlo lanèj ki fonn

E m ta lave men m ak savon*+,

31 Ou t ap lage m nan yon twou,

Menm rad mwen t ap rayi m.

32 Paske Bondye pa yon moun menm jan avè m pou m ta reponn li,

E pou m ta al lajistis avè l+.

33 Pa gen pèsonn* pou di kiyès nan nou ki gen rezon,

Pa gen pèsonn ki ka sèvi nou jij*.

34 Si l ta sispann bat mwen*

E li pa ta fè m pè ankò+,

35 Mwen t ap pale avè l san m pa pè,

Paske mwen pa pè pale avè l.

10 Mwen rayi* lavi m+.

Mwen pral pale sa k fè m mal.

Mwen pral pale paske m nan gwo soufrans*!

2 M ap di Bondye: ‘Pa kondane m.

Di m pou ki rezon w ap lite avè m.

3 Ki avantaj ou jwenn lè w toupizi m,

Lè w meprize sa w fè ak men w+,

Epoutan, ou koute konsèy mechan an?

4 Èske w gen je moun,

Oubyen èske w wè menm jan ak lòm?

5 Èske lavi w menm jan ak lavi lèzòm,

Oubyen èske w viv menm kantite tan ak lèzòm+

6 Ki fè w ap chèche wè sa m fè ki mal

E w kontinye ap chèche wè peche m+?

7 Ou konnen m pa koupab+,

Men, pa gen pèsonn ki ka sove m anba men w+.

8 Se ak pwòp men w ou te ban m fòm e ou te fè m+,

Men, kounye a ou vle elimine m.

9 Tanpri, sonje se ak tè ou te fè m+,

Men, kounye a ou vle fè m tounen nan pousyè+.

10 Èske se pa ou ki te mete m nan vant manman m

E ki te ban m fòm depi nan vant?*

11 Ou met po ak chè sou mwen,

E w fè tout pati kò m ret kole ansanm grasa zo ak tandon*+.

12 Ou ban m lavi e ou demontre yon lanmou ki fidèl pou mwen,

Ou pwoteje lavi m+.

13 Epoutan, ou te gen nan tèt ou pou w fè m bagay sa yo*.

Mwen konnen se ou ki fè yo.

14 Si m te fè peche, ou t ap wè m+,

E ou pa t ap padone sa m fè ki mal.

15 Si m koupab, ala mizè pou mwen!

E menmsi m inosan, mwen pa ka leve tèt devan w+,

Paske mwen wont anpil e m ap soufri anpil+.

16 Si m leve tèt mwen, ou kouri dèyè m tankou yon lyon+,

Epi, yon lòt fwa ankò, ou sèvi ak pouvwa w kont mwen.

17 Ou rele lòt moun pou yo temwaye kont mwen,

E w ap vin pi an kòlè kont mwen,

Tank malè ap tonbe sou mwen.

18 Bon, poukisa w te fè m sot nan vant manman m+?

Mwen te dwe mouri anvan moun wè m,

19 Se t ap kòmsi m pa t janm egziste,

Mwen t ap annik sot nan vant manman m epi m al nan tonm tou dwat.’

20 Èske lavi m pa tou kout+? Se pou l kite m trankil,

Se pou l sispann gade m, pou m ka pran yon ti souf*+

21 Anvan m ale kote m pap ka soti a+,

Nan peyi ki fè nwa anpil la*+,

22 Nan peyi ki gen fènwa pwès la,

Yon peyi kote l fè nwa anpil e ki tèt anba,

Kote menm limyè tankou fènwa.”

11 Sofa+, desandan Naama a*, reponn:

 2 “Èske tout pawòl sa yo ap rete san repons,

Oubyen èske se paske yon moun pale anpil ki fè l gen rezon?*

 3 Èske pawòl san valè w ap di yo ap fè moun fèmen bouch yo?

Èske pèsonn pap korije w pou pawòl derespektan w ap di yo+?

 4 Paske ou di: ‘Sa m di yo* kòrèk+,

E mwen pwòp nan je Bondye+.’

 5 Men, si Bondye ta annik ouvri bouch li,

Epi l pale avè w+,

 6 Lè sa a, li t ap fè w konnen sekrè sajès genyen,

Paske sajès* gen anpil bagay ladan l.

Konsa, ou t ap konprann Bondye pa vle sonje kèk nan peche w fè yo.

 7 Èske w ka konnen gwo sajès Bondye genyen?

Oswa èske w ka konn tout bagay sou* Toupisan an?

 8 Sajès pi wo pase syèl la. Sa w ka fè?

Li pi fon pase Tonm*. Sa w ka konnen?

 9 Li pi gwo pase tè a,

E li pi laj pase lanmè a.

10 Si Bondye ap pase, li kenbe yon moun e li mennen l nan tribinal,

Kiyès ki ka fè fòs avè l?

11 Paske li konnen lè moun gen twou nan manch.

Lè l wè yon bagay ki mal, èske l ap pase sou sa?

12 Men, yon moun ki san sèvèl ap ka konprann,

Lè yon bourik mawon kapab rive fè yon moun*.

13 Sèl bagay, si w ta prepare kè w

E w ta ouvri men w pou w priye devan l,

14 Si w ap fè sa ki mal ak men w, sispann,

Epi, pa kite okenn aksyon ki pa jis fèt anba tant ou.

15 Paske lè sa a, ou pa t ap wont leve figi w devan l,

Ou t ap ka kanpe djanm san w pa pè.

16 Paske lè sa a, w ap bliye pwoblèm ou yo,

W ap sonje yo tankou dlo ki fin pase.

17 Lavi w ap vin pi klere pase gwo midi,

Menm fènwa nan lavi w ap tankou limyè solèy nan maten.

18 W ap gen konfyans, paske gen yon espwa,

W ap gade tout kote e w ap kouche san w pa pè anyen.

19 W ap kouche e pa gen pèsonn k ap vin fè w pè.

E anpil moun ap chèche pou w fè yo favè.

20 Men, je mechan yo pap wè byen,

E mechan yo pap jwenn okenn kote pou yo kouri ale,

Sèl espwa y ap genyen se lanmò*+.”

12 Apre sa, Jòb reponn:

 2 “Pa gen dout, se nou menm ki konnen,

Epi lè nou mouri, pap gen sajès ankò.

 3 Men, mwen menm tou, mwen gen bon konprann*.

Nou pa plis pase m.

Kiyès ki pa konnen bagay nou di yo?

 4 Mwen vin tounen yon moun zanmi ap pase nan rizib+,

Paske m ap rele Bondye e m ap tann li reponn mwen+.

Depi yon moun ap fè sa ki dwat e li san repwòch, yo pase l nan rizib.

 5 Yon moun ki san pwoblèm, malè pa di l anyen,

Li panse bagay konsa rive sèlman moun pye yo pa djanm*.

 6 Gen lapè nan tant vòlè yo+,

E moun k ap pwovoke Bondye yo ap viv trankil+,

Yo kenbe zidòl y ap adore yo nan men yo.

 7 Men, tanpri, mande bèt yo, y a fè w konnen,

Mande zwazo nan syèl la, y a di w.

 8 Oswa byen gade* tè a, l a fè w konnen,

Epi mande pwason nan lanmè yo, y a di w.

 9 Kiyès nan yo ki pa byen konnen

Se Jewova ki fè yo ak men l?

10 Se nan men l lavi tout sa k vivan* ye,

Ansanm ak lespri* tout moun+.

11 Èske zòrèy pa egzamine pawòl

Menm jan lang* pran gou manje+?

12 Èske se pa moun ki granmoun ki gen sajès+,

E èske se pa moun ki viv lontan ki gen bon konprann?

13 Bondye gen sajès ak pisans+,

Li gen objektif e li gen bon konprann+.

14 Lè l kraze yon bagay, pa gen moun ki ka refè l+,

Sa l fèmen, pèsonn pa ka ouvri l.

15 Lè l pa bay lapli, tout bagay vin sèch+,

Lè l fè lapli tonbe, dlo kouvri tè a+.

16 Li gen fòs ak sajès*+,

Ni moun ki fè erè yo, ni moun ki fè moun fè erè yo anba pouvwa l,

17 Li fè moun k ap bay konsèy yo mache pye atè*,

E li fè jij yo vin fou+.

18 Li lage chenn wa yo mare moun yo+,

E li mare yon senti nan ren wa yo.

19 Li fè prèt yo mache pye atè+,

E li retire moun ki byen chita yo sou pouvwa yo+,

20 Li retire pawòl nan bouch konseye moun fè konfyans yo

E li retire bonsans moun ki granmoun yo*.

21 Li fè yo meprize gwo potanta yo+,

E li fè moun ki gen fòs yo vin fèb*.

22 Li fè limyè klere kote ki gen gwo fènwa+,

E li fè kote ki gen gwo fènwa vin gen limyè.

23 Li fè yon pakèt nasyon vin pisan pou l ka detwi yo,

Li fè vin gen anpil moun nan yon seri nasyon pou l ka fè yo ale ann egzil.

24 Li retire bon konprann* moun k ap dirije pèp yo

E li fè yo monte desann nan dezè+.

25 Y ap tatonnen nan fènwa+, kote ki pa gen limyè,

Li fè yo mache de bò tankou moun ki sou+.

13 “Wi, je m wè tout bagay sa yo,

Zòrèy mwen tande yo e mwen konprann yo.

 2 Sa nou konnen an, mwen konnen l tou,

Nou pa plis pase m.

 3 Mwen menm, mwen ta renmen pale ak Toupisan an menm,

Mwen vle diskite kòz mwen ak Bondye+.

 4 Men, nou simaye manti pou n sal repitasyon m,

Nou tout se fo doktè+.

 5 Si nou te annik fèmen bouch nou nèt,

Yo t ap wè nou gen sajès+.

 6 Tanpri, koute pawòl m ap di pou m defann mwen,

Byen koute pawòl m ap di pou m plede kòz mwen.

 7 Èske n ap di sa k pa sa pou n defann Bondye

E èske n ap pale yon fason pou n twonpe moun pou li?

 8 Èske n ap pran pou vrè Dye a*?

Èske n ap defann li?

 9 Èske sa t ap byen fini pou nou si l ta egzamine nou+?

Èske nou ka twonpe l menm jan nou ka twonpe yon moun?

10 Se sèten l ap blame nou

Si n ap chèche pran pou li anba anba+.

11 Èske glwa li pap fè nou pè?

E èske nou pap pè l?

12 Pawòl saj nou yo* se pwovèb ki san valè,

Sa nou di pou n defann nou yo se bagay ki fèt ak tè.

13 Fè silans pou m ka pale.

Epi, kèlkeswa sa k gen pou rive m nan mèt rive m!

14 Poukisa mwen met tèt mwen an danje*

E m riske lavi m*?

15 Menmsi l ka touye m, m ap kontinye ret tann li+,

M ap defann kòz mwen* devan l.

16 Lè sa a, li t ap delivre m+,

Paske pa gen moun ki kite l* ki ka parèt devan l+.

17 Byen koute pawòl mwen yo,

Koute sa m ap di a.

18 Kounye a, gade, mwen pare pou m plede kòz mwen devan l,

Mwen konnen mwen gen rezon.

19 Kiyès ki ka diskite avè m?

Si m pa ta pale, m t ap mouri*.

20 O Bondye, se de bagay sèlman m ap mande w*,

Apre sa, mwen pap kache pou ou ankò:

21 Retire men w sou mwen, paske men w lou,

E pa fè m pè w jis mwen panike+.

22 Se swa w rele m e m ap reponn,

Oswa w kite m pale, epi w reponn mwen.

23 Ki sa m fè ki mal e ki peche m fè?

Fè m wè move aksyon m yo e di m ki peche m fè.

24 Poukisa w kache figi w pou mwen+

Epi w pran m pou ènmi w+?

25 Èske w ap eseye fè yon fèy sèch van fin pote ale pè,

Oubyen èske w ap kouri dèyè yon pay sèch?

26 Gade w toujou sonje akizasyon yo lage sou do m yo,

E ou fè m peye pou peche m te fè lè m te jèn.

27 Ou met pye m nan sèp*,

Ou byen egzamine tout wout mwen,

Ou suiv tout mak pye m.

28 Konsa, moun* ap depafini tankou yon bagay ki pouri,

Tankou yon rad mit pike.

14 “Lavi lòm kout+

E li chaje ak pwoblèm*+.

 2 Menm jan ak yon flè k ap fleri, moun parèt, apre sa yo fennen*+,

Yo pase tankou yon lonbray, epi yo ale+.

 3 Wi, ou fikse je w sou moun yo

E ou mennen yo* nan jijman avè w+.

 4 Ki moun ki gen defo ki ka fè yon moun san defo+?

Pèsonn!

 5 Ou deside pou lèzòm pa viv lontan,

Se nan men w lavi yo ye,

Ou fikse yon limit pou yo pa depase+.

 6 Sispann gade yo pou yo ka repoze,

Jiskaske yo fini jounen yo, menm jan ak yon travayè+.

 7 Paske, gen espwa menm pou yon pyebwa.

Si yo koupe l, chouk la ap boujonnen ankò,

E branch li yo ap kontinye grandi.

 8 Si rasin li yo fin granmoun nan tè a,

Si chouk li sèch nan tè a,

 9 Nenpòt ti gout dlo ap fè l boujonnen

E l ap fè branch menm jan ak yon plant ki fèk ap pouse.

10 Men, lè yon moun mouri, li pa ka fè anyen ankò,

Lè yon moun mouri, ki kote l ale+?

11 Dlo nan lanmè disparèt,

Dlo yon rivyè koule ale, e li vin sèch.

12 Se konsa tou, moun kouche e yo pa leve+.

Jiskaske syèl la pa la ankò, yo pap leve,

Ni pa gen moun k ap leve yo nan dòmi+.

13 O! Pito w ta sere m nan Tonm*+,

Pito w ta kache m jiskaske w pa fache ankò,

E pito w ta fikse yon lè pou mwen pou w sonje m+!

14 Si yon moun mouri, èske l ka tounen viv ankò+?

M ap ret tann toutotan mwen oblije ret tann,

Jiskaske delivrans mwen rive+.

15 W ap rele m, e m ap reponn ou+.

Se pa ti anvi w ap anvi wè travay ou fè ak men w!

16 Men kounye a, ou kontinye konte chak pa m fè,

Se peche m sèlman w ap veye.

17 Ou sere sa m fè ki mal yo nan yon sak ki byen fèmen,

E ou met lakòl pou w ka byen fèmen peche m yo.

18 Menm jan yon mòn tonbe e li fè miyèt moso

E menm jan yon gwo wòch kite plas li,

19 Menm jan dlo fouye wòch

E menm jan gwo dlo bwote tè pote ale,

Se konsa, ou kraze espwa yon moun.

20 Ou kontinye toupizi l jis li mouri+,

Ou defigire l, epi w voye l ale.

21 Yo te mèt bay pitit li yo anpil valè, li pap wè sa,

Pitit li yo te mèt pa gen okenn valè ankò, li pap konn sa+.

22 Se sèlman pandan l vivan an, li soufri,

Se sèlman pandan l* ap viv toujou, li nan lapenn.”

15 Elifaz+, moun Teman an, reponn:

 2 “Èske yon moun ki gen sajès ap di pawòl ki san valè* pou l reponn moun?

Èske l ap kite anpil move dezi antre nan kè l?

 3 Lè yon moun ap korije moun ak pawòl sèlman, sa pa itil anyen,

Epi, pawòl sèlman pa rezoud anyen.

 4 Akoz ou menm, moun pa gen lakrentif pou Bondye ankò,

E ou fè lòt moun pa gen respè pou Bondye.

 5 Se peche w fè ki fè w di sa w ap di yo*,

Ou chwazi pale tankou yon mètdam.

 6 Se pwòp pawòl ou ki kondane w, se pa mwen,

Se pwòp bouch ou ki deklare w koupab+.

 7 Èske se ou ki premye moun ki te fèt?

Èske w te fèt anvan ti mòn yo?

 8 Èske w tande bagay Bondye ap di an sekrè yo,

Èske se sèl ou menm ki gen sajès?

 9 Ki sa w konnen nou pa konnen+?

Ki sa w konprann nou pa konprann?

10 Nou gen moun ki gen cheve blan ak moun ki granmoun ansanm avèk nou+,

Moun ki pi gran pase papa w.

11 Èske konsolasyon Bondye bay la pa sifi pou ou?

Èske bèl ti pawòl yo di w yo pa vle di anyen pou ou?

12 Poukisa w kite lide w genyen yo pote w ale?

E poukisa w fache jiskaske je w wouj?

13 Se paske ou fache sou Bondye

Ki fè w kite pawòl sa yo soti nan bouch ou.

14 Èske lòm ka pwòp nan je Bondye?

Oubyen èske yon moun ki sot nan vant yon fi ka dwat+?

15 Gade! Bondye pa menm fè zanj li yo konfyans,

Menm syèl la pa pwòp nan je l+,

16 Alewè pou yon moun ki san valè e ki kòwonpi+,

Yon moun ki swaf fè sa ki mal menm jan ak yon moun ki swaf dlo!

17 Kite m pale avè w! Koute m.

Kite m rakonte w sa m wè,

18 Sa moun ki gen sajès yo rakonte zansèt yo te di yo+,

Bagay yo pa kache yo.

19 Se zansèt yo sèlman yo te bay peyi a,

Pa t gen okenn etranje ki te ansanm avèk yo.

20 Yon moun ki mechan ap soufri pandan tout vi l,

Pandan tout ane moun k ap toupizi l la gen pou l fè sa.

21 L ap tande bri k ap fè l pè+,

Vòlè ap atake l pandan gen lapè.

22 Li pa kwè l ap chape anba lanmò+,

Li la pou l mouri anba kout epe.

23 L ap pwonmennen dèyè manje*. Li di: ‘Ki kote ki gen manje?’

Li byen konnen jou lanmò a toupre.

24 Li toujou pè malè ak tètchaje k ap vin sou li,

Yo vin sou li tankou yon wa ki atake ènmi l.

25 Piske li leve men l pou l bay Bondye defi,

Li eseye opoze ak* Toupisan an,

26 Li pa wè l pa tande, li kouri sou li

Ak yon gwo boukliye ki solid,

27 Figi l gra*,

Vant li byen gwo,

28 Donk, vil li abite ladan l yo pral kraze,

Pèsonn pap rete nan kay li yo

K ap vin tounen pil wòch.

29 Li pap vin rich, li pap posede anpil byen,

E li pap gen byen nan tout peyi a.

30 Li pap chape anba lanmò,

L ap tankou yon pyebwa flanm dife seche branch li*

E yon gwo van ki soti nan bouch Bondye* ap touye l+.

31 Li pa dwe kite yo twonpe l pou l al met konfyans li nan bagay ki pa vo anyen,

Paske sa l ap jwenn yo pap gen okenn valè,

32 Sa ap rive l anvan l mouri,

Epi, l ap tankou yon pyebwa branch li pap janm fleri+.

33 L ap tankou yon jaden rezen k ap jete rezen l yo tou vèt,

E l ap menm jan ak yon pye oliv k ap jete flè.

34 Paske, moun ki kite Bondye yo* pap regle anyen+,

E dife ap boule tant moun ki aksepte lajan anba anba yo.

35 Yo gen move panse nan tèt yo, e yo toujou ap fè lòt moun sa ki mal,

Epi yo kontinye ap fè plan nan kè yo pou yo twonpe moun.

16 Jòb reponn:

 2 “Mwen tande yon pakèt pawòl konsa deja.

Olye pou n konsole m, se soufri nou fè m soufri plis+!

 3 Ki lè moun ap sispann di pawòl ki san valè*?

Ki sa k pouse nou reponn konsa?

 4 Mwen menm tou, mwen te ka pale menm jan avèk nou.

Si nou te nan plas mwen*,

Mwen te ka di anpil bagay kont nou,

E m te ka souke tèt mwen pou m pase nou nan rizib+.

 5 Men, olye m fè sa, mwen t ap konsole nou pito ak pawòl ki sot nan bouch mwen,

E pawòl mwen t ap di pou m konsole nou yo t ap soulaje nou+.

 6 Menmsi m pale, soufrans mwen pap sispann+,

Menmsi m sispann pale, m ap toujou soufri.

 7 Men, kounye a, Bondye fè m faya+,

Li elimine tout moun lakay mwen*.

 8 Epitou, li met men sou mwen, tout moun ka wè sa,

Mwen tèlman mèg, sa fè moun panse se antò m antò.

 9 Akoz li an kòlè, li dechire m fè miyèt moso e li pa vle wè m+.

Li tèlman fache sou mwen, li manje dan.

Advèsè m nan ap gade m ak mechanste+.

10 Yo ouvri bouch yo byen laj pou yo vale m+

E yo ban m kalòt pandan y ap pase m nan rizib.

Yo vin an foul kont mwen+.

11 Bondye lage m nan men jèn gason yo,

E li lage m nan men mechan yo+.

12 Mwen pa t gen okenn pwoblèm, men li kraze m+,

Li pran m pa dèyè kou, li demantibile m,

Epi se mwen sèlman li vize.

13 Moun k ap tire flèch pou li yo antoure m+,

Li pèse ren m e li san pitye pou mwen,

Li fè m rann fyèl mwen+.

14 Li kontinye frape m menm jan yo t ap kraze yon mi,

Li kouri sou mwen tankou yon sòlda.

15 Mwen koud twal sak met sou mwen+,

Epi mwen tèlman vin pa gen fòs, mwen chita nan pousyè*+.

16 Figi m vin wouj tèlman m kriye+,

E fènwa* kouvri pòpyè je m,

17 Byenke mwen pa fè okenn move aksyon,

E priyè m fè yo pwòp.

18 O latè, pa kouvri san m+!

E pa toufe rèl mwen yo!

19 Jiska prezan, moun ki temwen m nan nan syèl la,

Moun ki ka pale pou mwen an anwo a.

20 Zanmi m yo pase m nan rizib+,

Toutpandan dlo ap koule nan je m* devan Bondye+.

21 Se pou yo jije yon moun ak Bondye,

Menm jan yo t ap jije yon moun ak yon lòt moun+.

22 Paske, mwen pa ret anpil tan ankò pou m viv,

E mwen prale nan chemen moun ki ale pa retounen an+.

17 “Mwen santi m faya, lavi m fini,

Se simityè k ap tann mwen+.

 2 Moun k ap pase m nan rizib yo toutotou m+,

E mwen oblije ret ap gade* konduit yo genyen ki montre jan yo rebèl.

 3 Tanpri, pwomèt mwen w ap soutni m.

Èske gen yon lòt moun ki ka ede m+?

 4 Piske ou pa kite yo gen bon jijman nan kè yo+,

Se sa k fè ou pa fè lwanj pou yo.

 5 Yon moun ka vle pataje sa l genyen ak zanmi l,

Alòske pitit li yo tèlman grangou, yo pa wè.

 6 Bondye fè m tounen yon moun y ap pase nan rizib* nan mitan pèp yo+.

E yo krache nan figi m+.

 7 Soufrans fè m pa ka wè byen+,

E tout manm mwen yo vin fèb.

 8 Moun ki dwat yo sezi lè yo wè sa,

Moun ki san repwòch yo santi yo boulvèse lè y ap gade moun ki vire do bay Bondye yo*.

 9 Moun ki dwat yo kontinye mache nan chemen yo+,

Moun ki inosan yo vin gen plis fòs+.

10 Men, nou tout mèt kontinye kritike m,

paske mwen pa wè youn nan nou ki gen sajès+.

11 Lavi m fini+,

plan m yo echwe, tout anvi m te gen nan kè m ale+.

12 Zanmi m yo ap bay manti, yo pa di laverite,

Y ap di: ‘Limyè a toupre’, men tout sa m ka wè se fènwa.

13 Si m tann, se Tonm* k ap vin tounen kay mwen+,

Mwen pral ranje kabann mwen nan fènwa+.

14 M ap di twou a*+: ‘Se ou ki papa m!’

M ap di vè yo: ‘Nou se manman m e nou se sè m!’

15 Bon, ki kote espwa m ye+?

Kiyès ki ka wè espwa pou mwen?

16 Espwa m ap desann nan Tonm* nan,

Ni mwen menm ni espwa m ap desann nan pousyè+.”

18 Bildad+, desandan Chouwa a, reponn:

 2 “Jis ki lè w ap sispann di pawòl sa yo?

Montre w gen yon tikras bon konprann pou nou ka pale.

 3 Poukisa ou pran nou pou bèt+

E ou pran nou pou moun sòt*?

 4 Menmsi w ta fè tèt* ou soufri paske w an kòlè,

Èske moun ap kite tè a pou ou?

Oubyen èske yon mas wòch ap kite plas li pou ou?

 5 Vrèman, limyè moun ki mechan an ap etenn,

E dife l ap sispann klere+.

 6 Limyè nan tant li ap etenn kanmenm,

Lanp ki sou tèt li ap mouri.

 7 Li pap gen fòs pou l lonje pye l byen long ankò lè l ap mache,

E konsèy li bay ap lakòz li tonbe+.

 8 Paske l ap mache al nan yon filè

E pye l ap pran nan filè a.

 9 Y ap pran li nan yon pyèj nan talon pye l,

E l ap pran nan pèlen+.

10 Yo kache yon kòd anba tè pou li

E yo met pèlen sou tout wout li.

11 Tout kote l ye, l ap jwenn bagay ki pou fè l pè+,

E bagay yo ap dèyè l pye pou pye.

12 Li pap gen fòs ankò

E l ap balanse de bò* akoz malè+ ki tonbe sou li.

13 Pi gwo maladi ki ka touye moun nan* fin manje tout po l,

E li fin manje tout bra l ak tout janm li.

14 Yo retire l anba tant li kote l t ap viv byen trankil+

E li t al jwenn wa ki bay laperèz la*.

15 Etranje* ap vin rete nan tant li,

Y ap gaye souf sou kay li+.

16 Rasin li yo ap sèch

E branch li yo ap fennen.

17 Moun pap sonje l ankò sou tè a,

Nan lari, moun pap konn non l*.

18 Y ap retire l nan limyè pou yo mete l nan fènwa,

E y ap fè l kouri kite tè ki bay rannman an.

19 Li pap gen ni pitit ni desandan nan pèp li a,

Epi, pa gen yon moun k ap chape kote l rete a*.

20 Lè jou malè l la rive, pèp ki nan lès yo ap sezi pou li,

E moun ki nan lwès yo ap gen yon sèl laperèz ki pran yo.

21 Se sa k ap rive kay yon moun k ap fè sa ki mal,

E se sa k ap rive kote moun ki pa konn Bondye a ye a.”

19 Jòb reponn:

 2 “Pandan konbyen tan n ap kontinye fè m* fache+

E n ap kontinye dekouraje m ak pawòl nou yo+?

 3 Pandan dis fwa, nou manke m dega,

Nou pa wont mal boule avè m+.

 4 Menmsi m te fè yon erè vre,

Se pwoblèm pa m.

 5 Si nou kontinye monte tèt nou sou mwen,

E n ap di nou gen tout rezon pou n kritike m,

 6 M ap fè nou konnen se Bondye ki twonpe m,

Se li ki pran m nan pyèj li.

 7 Mwen kontinye rele akoz malè ki tonbe sou mwen. Men, pèsonn pa reponn mwen+,

Mwen kontinye mande sekou, men m pa jwenn jistis+.

 8 Li bare wout mwen ak yon miray an wòch, e mwen pa ka pase,

Li mete fènwa sou wout mwen+.

 9 Li retire tout onè m te genyen,

Li retire kouwòn ki te sou tèt mwen an.

10 Li kraze m toupatou jiskaske m fini,

Li derasinen espwa m menm jan yo derasinen yon pyebwa.

11 Li fache anpil sou mwen

E li pran m pou ènmi l+.

12 Gwoup sòlda l yo met ansanm, yo ansèkle m

E yo mete kan yo toutotou tant mwen.

13 Li fè pwòp frè m kite m y ale

E moun ki konnen m vire do ban mwen+.

14 Bon zanmi m yo* ale

E moun mwen te gen bon relasyon avèk yo bliye m+.

15 Etranje ki ret lakay mwen+ ak sèvant lakay mwen trete m tankou moun yo pa konnen,

Mwen se yon etranje pou yo.

16 Mwen rele sèvitè m, li pa reponn,

Se ak bouch mwen mwen mande l pran pitye pou mwen.

17 Bouch mwen gen move sant pou madanm mwen+,

Mwen gen move sant pou pwòp frè m yo*.

18 Menm timoun ki toupiti rabese m,

Lè m leve kanpe, yo pran pase m nan rizib.

19 Tout bon zanmi m rayi m+,

E moun mwen te renmen yo vire kont mwen+.

20 Mwen fin tounen zo ak po+,

E mwen pase toupre lanmò*.

21 Gen pitye pou mwen, zanmi m yo, gen pitye pou mwen,

Paske se Bondye menm ki frape m ak men l+.

22 Poukisa nou kontinye ap pèsekite m menm jan Bondye ap pèsekite m nan+?

E poukisa nou kontinye ap atake m san rete*+?

23 Si yo te ka ekri pawòl mwen yo,

Si yo te ka mete yo nan yon liv!

24 Mwen ta renmen yo grave yo sou yon wòch pou toutan

Ak yon plim ki fèt an fè e ak plon!

25 Paske, mwen byen konnen moun k ap sove m nan*+ vivan,

L ap vini apre m fin ale e l ap kanpe sou tè a*.

26 Apre maladi fin manje tout po m,

E aktout po m fin depafini, m ap wè Bondye.

27 Se li m ap wè ak pwòp je m,

Se li menm je m ap wè, se pa yon lòt moun+.

Men, mwen santi m about jis nan zantray mwen*!

28 Nou menm nou di: ‘Ki jan nou pèsekite l la+?’,

Piske se mwen ki lakòz pwoblèm nan.

29 Se nou ki pou pè kout epe+,

Paske, pinisyon yon moun jwenn pou peche l fè se kout epe,

Se pou nou konnen gen yon jij+.”

20 Sofa+, desandan Naama a*, reponn:

 2 “Se sa w sot di a ki toumante m ki fè m reponn,

Paske m santi m boulvèse.

 3 Mwen tande w di yon pawòl pou w manke m dega,

Epi, bon konprann mwen* genyen pouse m reponn.

 4 Ou pa ka pa konn sa m pral di w la,

Paske se konsa sa ye depi lè yo te met lòm* sou tè a+:

 5 Se pou yon ti tan moun ki mechan an ap rele ak kè kontan,

E se pou yon ti moman moun ki kite Bondye a* kontan+.

 6 Byenke ògèy li rive jis nan syèl

E tèt li rive nan nyaj yo,

 7 L ap disparèt pou toutan menm jan ak poupou l,

Moun ki te abitye wè l yo ap mande: ‘Kote li?’

 8 L ap pase byen vit tankou yon rèv, e yo pap jwenn li,

Y ap bliye l tankou yon vizyon yo fè nan nuit.

 9 Je ki te konn wè l yo pap wè l ankò,

E moun kote l te ye a pap wè l ankò+.

10 Pwòp pitit li pral mande pòv fè yo favè,

E se li menm menm k ap bay lòt moun richès li yo+.

11 Li* te chaje ak fòs tankou yon moun ki jèn,

Men, l ap mouri ak tout fòs li.

12 Si sa ki pa bon gen bon gou nan bouch li,

Si li kache l anba lang li,

13 Si l pran san l pou l pran gou l san li pa jete l,

E li kontinye kenbe l nan bouch li,

14 Sa l ap manje a ap gate nan vant li,

L ap vin tankou pwazon kobra* anndan l.

15 Li te vale anpil richès, men l ap vomi tout,

Bondye ap retire yo nan vant li nèt.

16 L ap souse pwazon ki nan kobra yo,

Yon vipè ap pike l e l ap touye l.

17 Li pap janm wè rivyè ankò,

Gwo rivyè siwo myèl ak bè k ap koule.

18 L ap bay byen l san li pa itilize yo*.

Li pap jwi richès li fè nan fè komès+.

19 Paske, li te kraze moun ki pòv la, li te abandone l.

Li te pran yon kay li pa t bati,

20 Li pap santi l anpè,

Richès li yo pap ka delivre l.

21 Pa ret anyen pou l kouri pran,

Se poutèt sa richès li yo ap fini.

22 Gen yon sèl kè kase k ap anvayi l lè l fin rich nèt,

Tout malè ap rive l.

23 Pandan moun ki mechan an ap plen vant li,

Bondye* ap lage gwo kòlè l sou li.

Kòlè l ap tonbe sou li e l ap antre anndan trip li.

24 Pandan mechan an ap kouri pou zam ki fèt an fè,

Flèch ki soti nan yon banza* an kuiv ap pèse kò l.

25 Li retire yon flèch nan do l,

Li retire yon flèch byen klere nan fyèl li,

Epi, li vin pè anpil+.

26 Y ap voye trezò l genyen yo nan fènwa nèt,

Yon dife pèsonn pa t ni limen ni vante ap boule l nèt,

Malè ap rive tout moun ki chape ki anba tant li an.

27 Syèl la ap fè konnen peche l fè,

Latè ap leve kont li.

28 Yon gwo dlo ap pote kay li ale,

Yon gwo dlo k ap rive nan jou kòlè Bondye* a.

29 Se sa Bondye bay moun ki mechan an,

Se sa Bondye kite pou li.”

21 Jòb reponn:

 2 “Koute byen sa m ap di a,

Konsa, n ap konsole m.

 3 Pran pasyans avè m pandan m ap pale,

Lè m fin pale, n a pase m nan rizib+.

 4 Èske se devan moun m ap plenyen?

Si se te sa, èske m* pa t ap pèdi pasyans?

 5 Gade m epi se pou n sezi.

Met men sou bouch nou.

 6 Lè m ap reflechi sou sa k rive m yo, mwen santi m boulvèse,

E tout kò m pran tranble.

 7 Poukisa mechan yo kontinye viv+,

Yo vin granmoun e yo vin rich*+?

 8 Pitit yo toujou la devan yo

E yo rive wè pitit pitit yo.

 9 Kay yo solid, yo pa pè anyen+,

Epi, Bondye pa pini yo ak baton l.

10 Towo bèf yo vin gen anpil pitit

Paske manman bèf yo met ba san yo pa fè foskouch.

11 Ti pitit gason yo genyen yo ap kouri nan lari tankou yon bann ti mouton,

E pitit yo genyen yo ap kouri adwat agoch.

12 Yo chante pandan y ap bat tanbouren e y ap jwe hap,

Yo kontan lè yo tande son flit+.

13 Kè yo kontan pandan tout vi yo,

E y al nan Tonm* anpè*.

14 Men, yo di vrè Dye a: ‘Kite n an repo!

Nou pa bezwen konnen wout ou yo+.

15 Kiyès Toupisan an ye, pou n ta sèvi l+?

Sa sa ap rapòte nou lè nou chèche konnen l+?’

16 Men, mwen konnen yo pa gen pouvwa pou yo fè anyen mache byen pou yo+.

Mwen pa reflechi* menm jan ak moun ki mechan yo ditou+.

17 Konbyen fwa lanp moun ki mechan yo etenn+?

Konbyen fwa malè tonbe sou yo?

Konbyen fwa Bondye detwi yo paske l fache?

18 Èske yo janm vin tankou pay van pote ale,

Tankou pay gwo van tanpèt pote ale?

19 Bondye ap fè pitit yon moun peye sa moun nan fè.

Men, se pou Bondye ba l sa l merite yon fason pou l konnen se sa l fè l ap peye+.

20 Se pou l wè ak pwòp je l jan l ap depafini,

E se li menm ki pou bwè nan gode kòlè Toupisan an+.

21 Poukisa l ap bay tèt li pwoblèm pou sa k pral rive pitit li apre l fin mouri,

Alòske li pap menm fin fè kantite tan li ta dwe viv*+?

22 Èske gen yon moun ki ka anseye Bondye*+,

Piske se li k ap jije menm moun ki nan pi gwo pozisyon yo+?

23 Gen moun ki mouri pandan yo ak tout fòs yo+,

Pandan yo anpè e yo pa gen okenn tètchaje+,

24 Pandan kuis yo byen gra

E zo yo byen solid*.

25 Tandiske gen lòt moun ki mouri pandan yo nan gwo lapenn*,

San yo pa janm goute anyen ki bon.

26 Yo tout pral anba tè+,

E vè ap kouvri yo+.

27 Gade! Mwen byen konnen sa nou gen nan lide nou

E mwen konnen plan nou fè pou n fè m mechanste*+.

28 Paske nou di: ‘Kote kay gwo potanta a

E kote tant mechan an te abite ladan l lan+?’

29 Èske nou pa mande moun k ap vwayaje yo?

Èske nou pa byen egzamine sa yo di*

30 Ki fè konnen yon moun mechan ap delivre nan jou malè a

E l ap chape nan jou kòlè Bondye a?

31 Kiyès k ap blame l pou sa l fè yo?

E kiyès k ap fè l peye pou sa l fè yo?

32 Lè yo mennen l nan simityè,

Y ap met veye tonm li.

33 Tè nan simityè a ap lejè sou li+,

Epi, tout moun pral jwenn li*+,

Menm jan gen yon pakèt moun ki pran devan l.

34 Donk, poukisa n ap ban m fo konsolasyon+?

Pa gen anyen serye nan repons nou bay yo!”

22 Elifaz+, moun Teman an, reponn:

 2 “Èske yon moun ka itil Bondye yon bagay?

Èske yon moun ki gen bon konprann ka fè yon bagay pou Bondye+?

 3 Ki enpòtans sa gen pou Toupisan an* lefètke w jis?

Ki sa sa fè pou li lè w mache fidèl+?

 4 Èske l ap pini w

E li t ap jije w poutèt ou gen respè pou li?

 5 Èske se pa paske w fè anpil mechanste,

E w pa sispann fè peche+?

 6 Paske, ou pran afè frè w kòm garanti san rezon

E w pran rad moun sou yo, ou kite yo toutouni*+.

 7 Ou pa bay moun ki fatige dlo pou yo bwè,

E w retire manje nan men moun ki grangou+.

 8 Peyi a se pou moun ki gen pouvwa+,

E se moun ki nan gwo pozisyon ki ret ladan l.

 9 Epitou, ou voye moun ki vèv yo ale de men vid,

E w kase ponyèt timoun ki san papa yo.

10 Se sa k fè gen pyèj* toutotou w+,

Epi, laperèz tonbe sou ou bridsoukou.

11 Se sa k fè li tèlman fè nwa ou pa ka wè,

E gwo dlo kouvri w.

12 Èske se pa kote ki pi wo nan syèl la Bondye ye?

Epi, gade jan tout zetwal yo byen wo.

13 Men, ou di: ‘Ki sa Bondye konnen atò?

Èske l ka wè nan fènwa pwès pou l jije?

14 Nyaj yo bare l, se sa k fè l pa wè,

Pandan l ap pwonmennen nan pati ki pi wo nan syèl la.’

15 Èske w suiv chemen ki la depi lontan an,

Chemen mechan yo ap mache ladan l lan,

16 Moun lanmò pran anvan lè yo*,

Moun gwo dlo* k ap desann pote ale tankou yon kay+?

17 Yo te di vrè Dye a: ‘Kite n an repo!’

E yo te di: ‘Ki sa Toupisan an ka fè pou nou?’

18 Epoutan, se li menm ki te plen kay yo ak bon bagay.

(Mwen pa reflechi menm jan ak moun ki mechan yo ditou.)

19 Moun ki jis yo ap wè sa e y ap kontan,

Moun ki inosan yo ap pase yo nan rizib e y ap di:

20 ‘Yo detwi ènmi nou yo,

E gen yon dife k ap kankannen sa ki rete yo.’

21 Aprann konnen Bondye e w ap anpè,

Epi, bon bagay ap vin jwenn ou.

22 Obeyi lwa ki sot nan bouch li,

E konsève pawòl li yo nan kè w+.

23 Si w retounen vin jwenn Toupisan an, w ap refè+,

Si w retire bagay mal nan tant ou,

24 Si w ta jete lò* w genyen yo atè

E w ta voye lò ki sot Ofi yo+ nan galèt ki nan ravin yo,

25 Lè sa a, Toupisan an ap tankou lò* ki gen anpil valè pou ou,

E l ap tounen ajan ki gen plis valè pou ou a.

26 Paske, lè sa a, se nan Toupisan an tout plezi w ap ye,

E w ap leve tèt ou devan Bondye.

27 W ap sipliye l, l ap koute w,

E w ap respekte ve w fè yo.

28 Tout sa w deside fè ap byen pase,

E limyè ap klere chemen w.

29 Paske y ap rabese w lè w pale avèk awogans,

Men, l ap sove moun ki met tèt yo byen ba*.

30 L ap delivre moun ki inosan yo.

Konsa, si men w pa tranpe nan anyen ki sal, se sèten l ap delivre w.”

23 Jòb reponn:

 2 “Jodi a ankò, m ap plenyen e m ap fè tèt di*+,

Mwen pa gen fòs ankò tèlman m plenn.

 3 Si m te annik konn ki kote m ap jwenn Bondye+,

Mwen t apral kote l rete a+.

 4 Mwen t apral plede kòz mwen devan l,

E mwen t ap konn tout sa pou m di l.

 5 Mwen t ap chèche konnen ki jan l ap reponn mwen

E mwen t ap note tout sa l di m.

 6 Èske li t ap sèvi ak gwo pouvwa li genyen an pou l konbat mwen?

Non. Mwen gen konfyans li t ap koute m+.

 7 Lè sa a, moun ki dwat la t ap regle kòz li avè l,

E Jij mwen an t ap fè konnen mwen inosan, e li pa t ap bezwen di sa ankò.

 8 Men, si m al nan direksyon lès, li pa la.

Epi, si m retounen, mwen pa ka jwenn li.

 9 Lè l ap travay sou bò goch, mwen pa ka wè l,

Lè l vire sou bò dwat, mwen toujou pa wè l.

10 Men, li menm li konn ki wout mwen fè+.

Apre li fin pase m anba eprèv, m ap soti pwòp tankou lò ki pa gen okenn salte+.

11 Mwen suiv tras li pye pou pye,

Mwen rete nan chemen l san m pa devye+.

12 Mwen pa dezobeyi kòmandman ki soti nan bouch li.

Mwen bay sa l di anpil valè+, mwen menm fè plis pase sa l mande m fè*.

13 Lè l deside fè yon bagay, kiyès ki ka anpeche l fè l+?

Lè l* vle fè yon bagay, li annik fè l+.

14 L ap fè tout sa li te deside* fè m yo,

E li gen yon pakèt bagay konsa ankò pou l fè.

15 Se sa k fè m boulvèse akoz li menm,

Lè m panse avè l, mwen vin gen plis lakrentif.

16 Bondye fè m vin kapon,

Toupisan an fè m pè.

17 Men, gwo fènwa a poko fè m fèmen bouch mwen,

Byenke li kouvri figi m.

24 “Poukisa Toupisan an pa fikse yon lè pou jijman an+?

Poukisa moun ki konnen l yo pa wè jou l la*?

 2 Gen moun ki deplase bòn tè yo met pi lwen+,

Yo vòlè mouton pou yo mete nan patiraj pa yo.

 3 Yo pran bourik timoun ki san papa yo,

E yo sezi towo bèf vèv la kòm garanti pou dèt li fè+.

 4 Yo fòse pòv yo kite wout la,

Moun sou tè a ki pa gen sekou yo dwe kache pou yo+.

 5 Moun ki pòv yo ap chèche manje tankou bourik+ mawon ki nan dezè.

Y ap chèche manje nan dezè a pou pitit yo.

 6 Yo oblije rekòlte nan lòt jaden*,

E yo oblije ranmase sa moun ki mechan yo kite nan jaden rezen yo.

 7 Yo pase nuit yo toutouni, san rad sou yo+.

Yo pa gen anyen pou yo kouvri kò yo lè l fè frèt.

 8 Lapli ki tonbe sou mòn yo mouye yo nèt.

Yo kole kò yo sou gwo wòch paske yo pa gen kote pou yo rete.

 9 Yo retire timoun ki san papa nan tete+.

Yo pran rad moun ki pòv yo sou yo kòm garanti pou dèt yo fè+,

10 Yo fòse yo mache toutouni, san rad sou yo,

Tou grangou, pandan y ap pote pake manje angren.

11 Y ap redi travay ant miray yo anba solèy cho,

Yo kraze rezen ak pye yo, epoutan y al lakay yo tou swaf+.

12 Moun ki prèt pou mouri yo kontinye ap plenn nan vil la.

Moun ki blese grav yo* ap rele mande sekou+,

Men, Bondye pa wè sa mal*.

13 Gen moun ki leve kont limyè a+,

Yo pa aksepte chemen l yo,

Epi yo pa suiv tras li yo.

14 Moun k ap mache touye moun yo leve granmmaten.

Yo touye moun ki pa gen sekou yo ak moun ki pòv yo+,

Epi y al vòlè lannuit.

15 Je moun ki nan adiltè a ap tann solèy kouche+,

Li di: ‘Pèsonn pap wè m+!’

Epi li bare figi l.

16 Yo antre sanzatann* kay moun lè l fè nwa,

Lajounen yo fèmen tèt yo anndan.

Yo pa wè limyè ditou+.

17 Pou yo menm, lajounen menm jan ak lè gen fènwa pwès.

Yo abitye ak bagay ki bay laperèz nan fènwa pwès.

18 Men, dlo pote yo ale byen rapid*.

Yo lage malediksyon sou pòsyon tè pa yo+.

Yo pap retounen nan jaden rezen yo.

19 Menm jan sechrès ak chalè fè dlo nèj ki fonn yo disparèt,

Se konsa Tonm* nan fè moun ki peche yo disparèt+.

20 Manman* yo ap bliye yo, vè ap manje yo.

Pèsonn pap sonje yo ankò+.

Epi, y ap koupe moun ki mechan yo menm jan yo koupe pyebwa.

21 Y ap chèche fè fi ki pa ka fè pitit mechanste,

Y ap maltrete fi ki pa gen mari.

22 Bondye* ap sèvi ak pisans li pou l touye moun ki gen fòs yo,

Menmsi yo nan gwo pozisyon, pa gen espwa pou yo viv.

23 Bondye kite yo gen konfyans nan tèt yo+,

Men, l ap gade tout sa y ap fè*+.

24 Yo fè lwanj pou yo pou yon ti moman, apre sa, yo pa egziste ankò+,

Yo rabese yo+ e yo mete yo ansanm ak tout lòt moun.

Yo koupe yo menm jan yo koupe grap manje angren.

25 Kounye a, ki moun ki ka di se manti m ap bay

Oubyen ki ka demanti m?”

25 Bildad+, desandan Chouwa a, reponn:

 2 “Bondye gen pouvwa, e pisans li bay laperèz.

Li mete lapè nan syèl la*.

 3 Èske yo ka konte lame l yo?

Sou ki moun limyè l la pa rive?

 4 Bon, ki jan lòm ka dwat devan Bondye+,

Oubyen ki jan yon moun ki sot nan vant yon fi ka inosan+?

 5 Pou li, menm lalin nan pa klere,

Epi, zetwal yo pa pwòp nan je l,

 6 Alewè pou lòm ki tankou vè,

Pou yon moun ki tankou yon vètè!”

26 Jòb reponn:

 2 “Se konsa w ede moun ki pa gen fòs la!

Se konsa w sove moun ki pa gen fòs ankò a+!

 3 Ala bon konsèy ou bay moun ki pa gen sajès la+!

Ou pa manke pa alèz pou w montre ou gen sajès*!

 4 Ak kiyès w ap eseye pale la a?

E ki moun ki pouse w di bagay sa yo*?

 5 Moun ki mouri yo ap tranble.

Kote yo ye a pi fon menm pase lanmè a ak bèt ki ladan l yo.

 6 Tonm* nan ret ouvè byen laj devan Bondye*+,

Pa gen anyen ki kouvri kote kadav yo ap dekonpoze a.

 7 Li blayi pati nò syèl la* nan yon espas ki vid*+,

Li fè tè a ret pandye san pa gen anyen ki kenbe l,

 8 Li vlope dlo yo nan nyaj li yo+,

Yon fason pou fòs dlo yo pa fè nyaj yo eklate,

 9 Li bare twòn li an pou moun pa wè l,

Li ouvri nyaj li yo sou li+.

10 Li trase yon liy pou l separe syèl la ak lanmè a+.

Li met yon fwontyè ant limyè ak fènwa.

11 Poto ki kenbe syèl la pran tranble.

Lè l leve vwa l, yo pran souke.

12 Li sèvi ak pisans li pou l fè lanmè a move+,

Li sèvi ak bon konprann li pou l kraze gwo bèt nan lanmè a* miyèt moso+.

13 Li sèvi ak souf li* pou l fè syèl la vin byen klè.

Li touye koulèv k ap chape* a ak men l.

14 Ebyen, sa yo se sèlman yon ti bagay nan sa l fè yo+.

Se sèlman yon ti chwichwichwichwi nou tande nan vwa l!

Bon, ki moun ki ka konprann fason l fè gwo loray yo+?”

27 Jòb kontinye ak pawòl* li t ap di yo, li di:

 2 “Menm jan li klè Bondye vivan, li menm ki refize fè m jwenn jistis, mwen fè sèman devan l+,

Menm jan li klè Toupisan an vivan, li menm ki fè lavi m* anmè, mwen fè sèman devan l+,

 3 Toutotan mwen toujou ap respire,

E souf Bondye bay la nan mwen+,

 4 Mwen pap pale bagay ki pa dwat ak bouch mwen,

Ni m pap di sa k pa sa ak lang mwen!

 5 Sa pa t ap janm vin nan lide m pou m di nou se moun ki dwat!

Jiskaske m mouri, mwen pap sispann* ret fidèl ak Bondye+!

 6 M ap kontinye fè sa ki dwat e mwen pap janm sispann fè sa+.

Toutotan m ap viv*, konsyans* mwen pap kale m*.

 7 Se pou ènmi m yo vin menm jan ak mechan yo!

Se pou moun k ap atake m yo vin menm jan ak moun ki pa jis yo!

 8 Paske, ki espwa moun ki vire do bay Bondye yo* genyen lè yo mouri+,

Lè Bondye retire lavi* yo?

 9 Èske Bondye ap tande rèl yo fè

Lè malè tonbe sou yo+?

10 Oubyen èske y ap jwenn plezi nan Toupisan an?

Èske y ap priye Bondye toutan?

11 M ap montre nou ki sa pisans Bondye ye*,

Mwen pap kache nou anyen sou Toupisan an.

12 Gade! Nou tout se moun ki fè vizyon,

Poukisa pawòl nou yo san valè konsa?

13 Men sa Bondye bay moun mechan an+,

Men sa moun k ap toupizi moun nan resevwa nan men Toupisan an.

14 Si l vin gen anpil pitit gason, y ap mouri anba kout epe+,

E desandan l yo pap gen ase manje pou yo manje.

15 Moun li kite apre l fin mouri yo, maladi ap touye yo,

E madanm yo te genyen yo pap kriye pou yo.

16 Menmsi li anpile ajan tankou pousyè tè,

E li anpile rad bon kalite menm jan ak pil tè,

17 Menmsi l ta ranmase yo met yon kote,

Se moun ki dwat la k ap mete yo+,

E se moun ki inosan an k ap separe ajan l yo.

18 Kay li bati a pap dire lontan,

Menm jan ak yon tonèl+ yon gadyen fè.

19 L al dòmi tou rich, men li pap posede anyen,

Lè l ouvri je l, li pap ret anyen.

20 Laperèz anvayi l tankou gwo dlo,

Yon van tanpèt pote l ale lannuit+.

21 Yon van ki sot nan lès ap pote l ale e li pap la ankò,

L ap bwote l ale byen lwen kote l te ye a+.

22 L ap plonje sou li san pitye+,

E li menm l ap bat pou l chape anba l+.

23 Li bat men pou l pase l nan rizib

E li ret kote l ye a li soufle+ pou l bat plezi sou li*.

28 “Gen yon kote yo fouye pou yo jwenn ajan

E gen yon kote yo jwenn lò yo netwaye a+.

 2 Yo pran fè nan tè

E yo fè kuiv fonn* pou fè l sot nan wòch+.

 3 Lòm pot laviktwa sou fènwa,

Li fouye rive jis nan dènye bout zòn ki sonm ak zòn ki fènwa

Pou l al chèche lò*.

 4 Li fouye yon pasaj anba tè byen lwen kote moun rete,

Kote moun pa ale, lwen kote moun konn pase.

Gen moun ki desann ladan l e yo ret ap balanse anlè.

 5 Se sou tè a manje donnen,

Men, anba tè a, gen gwo boulvès, w a di se kote dife pase*.

 6 Kote sa a, gen pyè safi nan wòch yo,

E tè kote sa a gen ti grenn lò.

 7 Pa gen okenn zwazo ki konn chase ki konnen chemen sa a.

Je malfini pa wè kote sa a.

 8 Pye okenn bèt fewòs pa pase la,

Lyon pa al chase kote sa a.

 9 Moun frape mas wòch ki di ak men yo,

Yo vire mòn yo tèt anba.

10 Yo fouye kanal dlo+ nan mas wòch,

Je yo wè tout sa ki gen valè.

11 Yo fè baraj pou bloke sous dlo yo,

Yo met sa k kache deyò.

12 Men, ki kote yo ka jwenn sajès+?

E ki kote sous bon konprann nan ye+?

13 Pèsonn moun pa konn valè l+,

E yo pa ka jwenn li okenn kote sou tè a.

14 Gwo dlo di: ‘Li pa nan mwen!’

E lanmè a di: ‘Li pa avè m+!’

15 Yo pa ka achte l ak bon lò,

Ni yo pa ka peze ajan pou yo bay nan plas li+.

16 Yo pa ka achte l ak lò ki sot Ofi+,

Ni ak pyè ki pa fasil pou jwenn yo rele oniks la ni ak pyè safi.

17 Ni lò ni kristal pa ka parèt devan l,

Ni yo pap bay li pou yon veso ki fèt ak bon lò*+.

18 Koray ak kristal pa ka rive nan nivo l+,

Paske sajès gen plis valè pase yon sak ki plen grenn pèl.

19 Topaz+ ki sot nan peyi Etyopi* pa ka parèt devan l,

Menm ak bon lò, yo pa ka achte l.

20 Men, ki kote sajès soti?

E ki kote sous bon konprann nan ye+?

21 Yo sere l pou tout sa k vivan pa wè l+,

E yo kache l pou zwazo nan syèl la.

22 Tonm* ak lanmò di:

‘Se sèlman nouvèl li zòrèy nou tande.’

23 Bondye konn ki kote pou l jwenn li,

Se sèl li menm ki konn kote l ye+,

24 Paske li wè dènye bout tè a

E li wè tout sa k gen anba syèl la+.

25 Lè l te bay van an fòs* li genyen an+

E li te mezire lanmè a+,

26 Lè l te fè lwa pou lapli+

Ak yon chemen pou nyaj ki lakòz tanpèt ak loray yo+,

27 Se lè sa a li te wè sajès, li te esplike sa l ye,

Li te mete l nan plas li e li te byen egzamine l.

28 Epi, li di lèzòm:

‘Gade! Lakrentif pou Jewova, se sa ki sajès+,

E vire do bay sa ki mal, se sa ki bon konprann+.’”

29 Jòb te kontinye pale*, li di:

 2 “Si m te ka retounen viv nan tan lontan,

Nan epòk Bondye t ap voye je sou mwen,

 3 Lè li te fè lanp li klere m,

Lè limyè l te konn ede m mache nan fènwa+,

 4 Lè* mwen te gen tout fòs mwen sou mwen,

Lè Bondye te bon zanmi m e li te nan tant mwen+,

 5 Lè Toupisan an te avè m toujou,

Lè pitit* mwen yo te antoure m,

 6 Lè pye m t ap tranpe nan bè,

E luil t ap koule sot nan mas wòch pou mwen+,

 7 Lè m te konn soti al nan pòtay vil la+,

E lè m te konn chita sou plas piblik la+.

 8 Lè jèn gason yo te wè m, yo te konn met kò yo sou kote,

E menm granmoun yo te konn leve e yo te konn ret kanpe+,

 9 Prens yo te konn sispann pale.

Yo te konn met men sou bouch yo,

10 Moun pa t tande vwa gwo potanta yo,

Lang yo te konn vin lou nan bouch yo.

11 Kèlkeswa moun ki te tande m ap pale te fè elòj pou mwen,

E moun ki te wè m te konn pale an byen de mwen.

12 Paske m te konn delivre malere k ap mande sekou yo+,

Ansanm ak timoun ki san papa yo, ak moun ki pa gen pèsonn pou ede yo+.

13 Moun ki sou wout pou yo peri yo te konn mande benediksyon pou mwen+,

E mwen te fè kè vèv yo kontan+.

14 Mwen te abiye ak ladwati tankou yon rad,

Jistis mwen te tankou yon rad long* ak yon gwo mouchwa tèt.

15 Mwen te tounen je pou moun ki avèg yo,

E mwen te tounen pye pou moun ki enfim yo.

16 Mwen te yon papa pou moun ki malere yo+,

Mwen te konn chèche konnen si yo fè moun mwen pa konnen yo jwenn jistis+.

17 Mwen te konn kraze machwè moun k ap fè mechanste yo+,

E mwen te konn retire moun y ap devore yo anba dan yo.

18 Mwen te konn di: ‘M ap mouri lakay mwen+.

E kantite jou m ap viv ap anpil tankou grenn sab bò lanmè.

19 Rasin mwen yo ap gaye nan dlo,

Lawouze ap ret sou branch mwen tout lannuit.

20 Moun toujou onore m,

E m ap kontinye tire flèch ki nan men m yo.’

21 Moun te konn anvi koute sa m ap di,

Yo te ret an silans pou yo koute konsèy mwen+.

22 Lè m te fin pale, yo pa t gen anyen pou yo di ankò,

Pawòl mwen yo te antre dous* nan zòrèy yo.

23 Yo te konn tann mwen tankou lè y ap tann lapli,

Yo te ouvè bouch yo byen laj pou yo bwè sa m di tankou tè k ap bwè dlo lapli nan sezon prentan+.

24 Lè m te konn souri ba yo, yo pa t ka kwè sa,

Lajwa ki te parèt sou figi m te fè yo santi yo alèz*.

25 Antanke moun ki alatèt yo, mwen te konn gide yo,

E mwen te viv tankou yon wa ki nan mitan gwoup sòlda l+,

Tankou moun k ap konsole moun ki nan gwo lapenn+.

30 “Kounye a, men y ap ri m+.

Moun ki pi jèn pase m ap ri m,

Yon seri moun mwen pa t ap dakò bay papa yo

Responsab chen k ap veye mouton m.

 2 Ki sa fòs yo te gen nan ponyèt yo te itil mwen?

Yo te pèdi fòs yo.

 3 Mizè ak grangou fini avèk yo.

Y ap manje tè sèch

Ki te deja fin depafini e ki pa gen moun sou yo.

 4 Yo ranmase zèb sale nan touf bwa.

Manje yo se rasin ti pyebwa.

 5 Yo mete yo deyò nan zòn nan+,

Moun rele dèyè yo tankou lè y ap rele dèyè vòlè.

 6 Y ap viv arebò ravin,

Nan twou anba tè ak nan twou wòch.

 7 Yo rele pandan yo nan touf bwa yo,

Yo makònen kò yo ansanm nan raje ki plen pikan.

 8 Menm jan ak pitit moun ki pa gen bon konprann e ki pa vo anyen yo,

Yo mete yo deyò* nan peyi a.

 9 Men kounye a, menm nan chante yo fè y ap pase m nan jwèt+.

Pou yo, mwen vin tounen yon moun y ap pase nan rizib*+.

10 Yo rayi m e yo pran distans yo avè m+,

Yo pa pè krache nan figi m+.

11 Piske Bondye lage m san defans* e li fè m vin fèb,

Yo fè tout sa yo vle* devan m.

12 Adwat mwen, yo leve kanpe kont mwen tankou yon foul moun ki vin atake m,

Yo lage m pou m ale,

Men, yo met barikad nan wout mwen pou yo fini avè m.

13 Yo kraze wout mwen,

Yo fè m soufri plis+,

E pa gen pèsonn pou fè yo sispann*.

14 Yo vini kòmsi se nan yon gwo twou nan miray la yo pase,

Yo kontinye avanse sou mwen nan mitan van tanpèt la.

15 Yon gwo laperèz anvayi m,

Mwen pèdi respè m kòmsi se van ki pote l ale,

Delivrans mwen disparèt tankou yon nyaj.

16 Kounye a, lavi m* prale tikras pa tikras+.

Chak jou, m ap soufri+.

17 Doulè fin manje zo m lannuit*+,

Doulè k ap manje m yo pa janm sispann+.

18 Rad mwen sere m ak anpil fòs*,

Kòl rad mwen byen sere, l ap toufe m.

19 Bondye voye m jete nan labou.

Mwen vin tounen pousyè ak sann.

20 Mwen rele nan pye w pou m mande w sekou, men ou pa reponn+,

Mwen kanpe, men se gade w annik gade m.

21 Ou vire kont mwen san pitye+,

Ou atake m ak tout fòs ponyèt ou.

22 Ou pran m, ou fè van pote m ale,

Apre sa, ou fè van tanpèt voye m pasipala*.

23 Paske mwen konnen w ap fè m desann nan tonm nan,

Pou m al kote tout moun ki vivan gen pou y ale a.

24 Kote pèsonn pap frape yon moun ki fin depafini*+,

Lè l ap mande sekou nan moman l nan kalamite.

25 Èske mwen pa t kriye pou moun ki tonbe nan pwoblèm*?

Èske m* pa t pran lapenn pou malere yo+?

26 Byenke m t ap tann sa ki bon, se move bagay ki te vini,

Byenke mwen t ap tann limyè, se fènwa ki te parèt.

27 Mwen te santi m boulvèse anpil,

Mwen t ap soufri chak jou.

28 M ap mache tou tris+. Solèy la pa klere.

Mwen leve kanpe pami foul moun ki rasanble yo e mwen mande sekou.

29 Mwen te vin tounen yon frè pou chen sovaj

E yon zanmi pou ti femèl otrich yo+.

30 Po m vin nwa e l ap dekale+,

Maladi m nan* fè zo m vin cho.

31 Se sèlman nan moman lapenn hap* mwen an itil,

E se son kriye sèlman flit mwen an bay.

31 “Mwen fè yon alyans ak je m+.

Bon, ki jan pou m ta fè gade yon fi ak move lide+?

 2 Si m ta fè sa, sa m t ap jwenn nan men Bondye ki nan syèl la?

Ki sa Toupisan an ki anwo a t ap ban mwen?

 3 Èske se pa malè k ap tann moun k ap fè sa ki mal?

E èske se pa kalamite k ap tann moun k ap fè move aksyon+?

 4 Èske li pa wè tout wout mwen+?

E èske li pa konte chak pa m fè?

 5 Èske m janm nan bay manti*?

Èske m janm twonpe moun+?

 6 Se pou Bondye peze m nan yon bon balans+!

Lè sa a, l ap wè m fidèl+.

 7 Si pye m kite wout la+,

Oswa kè m suiv sa je m wè+,

Oubyen men m tranpe nan salte,

 8 Se pou lòt moun manje sa m simen+

E se pou yo derasinen sa m plante*!

 9 Si m ta kite kè m bat pou yon fi+

E m ta kache kò m+ bò pòt kay vwazen m,

10 Ebyen, se pou madanm mwen prepare farin pou yon lòt gason,

E se pou lòt gason kouche avè l*+!

11 Paske yon konduit konsa t ap lage lawont sou mwen,

Se t ap yon peche ki t ap merite pou jij yo pini m pou sa+.

12 Se t ap yon dife ki t ap ravaje tout sa m genyen, ki t ap detwi* yo+

E ki t ap menm kankannen rasin* yo.

13 Si m te refize fè sèvitè m yo oswa sèvant mwen yo jwenn jistis

Lè yo gen yon kont* avè m,

14 Ki sa m ap ka fè lè Bondye kanpe anfas mwen*?

Ki sa m ap ka reponn lè l mande m regleman+?

15 Èske Sila a ki te mete m nan vant manman m nan se pa li ki te fè yo tou+?

Èske se pa li menm ki te ban nou fòm depi anvan nou fèt*+?

16 Si m te refize bay moun ki pòv yo sa yo bezwen+,

Oswa mwen te fè dlo koule nan je vèv yo*+,

17 Si m te konn manje poukont mwen,

San m pa bay timoun ki san papa yo+,

18 (Paske depi m jèn, mwen te tankou yon papa pou timoun ki san papa a*,

E depi m toupiti*, mwen te yon gid pou vèv la.)

19 Si m te wè yon moun ap mouri anba fredi paske l pa gen rad,

Oswa yon pòv ki pa gen anyen pou l kouvri+,

20 Si l* pa t mande benediksyon pou mwen+,

Pandan l ap chofe kò l ak twal ki fèt ak lenn mouton m yo,

21 Si m te mare pwen m sou timoun ki san papa yo+,

Lè yo te bezwen m ede yo nan pòtay vil la*+,

22 Ebyen, se pou ponyèt* mwen dekole sot nan zepòl mwen,

E se pou bra m kase depi nan koud*!

23 Paske mwen te pè pou Bondye pa lage malè sou mwen,

E mwen pa t ap kapab kanpe devan grandè li.

24 Si m te met konfyans mwen nan lò,

Oubyen si m te di bonjan lò: ‘Se sou ou m konte+!’

25 Si se pil richès mwen te genyen yo ki te fè kè m kontan+,

Paske m te vin gen anpil byen+,

26 Si m te wè solèy la* klere,

Oswa lalin nan k ap deplase byen klere+,

27 Epi kè m ta kòmanse twonpe m an kachèt,

E m te voye bo ba yo ak men m pou m adore yo+,

28 Ebyen, se t ap yon peche ki merite pou jij yo pini m,

Paske mwen t ap vire do bay vrè Dye a ki nan syèl la.

29 Èske m te janm kontan poutèt yo touye yon ènmi m+?

Oubyen èske m te fete paske malè rive l?

30 Mwen pa janm kite bouch mwen fè m peche,

Pou m ta fè sèman pou l* mouri+.

31 Èske mesye ki anba tant mwen yo pa di:

‘Kiyès ki ka jwenn yon moun ki poko plen vant li ak manje* Jòb yo+?’

32 Pa gen yon etranje* ki te oblije pase nuit nan lari+,

Mwen te ouvri pòt kay mwen pou nenpòt moun.

33 Èske mwen te janm eseye kache peche m, menm jan ak lòt moun+,

Pou m ta sere peche m nan pòch rad mwen?

34 Èske mwen te pè fason foul moun yo t ap reyaji?

Oubyen èske mwen te vin kraponnen paske moun nan lòt fanmi ap meprize m,

Sa ki ta fè m pa di anyen e ki ta fè m pè sot deyò?

35 Si yon moun ta annik koute m+!

Mwen t ap siyen non m anba sa m di a*.

Se pou Toupisan an reponn mwen+!

Si moun ki akize m nan ta annik ekri akizasyon l yo nan yon dosye!

36 Mwen t ap pote l sou zepòl mwen,

Mwen t ap mete l sou tèt mwen tankou yon kouwòn.

37 Mwen t ap bay Bondye yon rapò pou chak pa mwen fè,

Mwen t ap pwoche kote l ak tèt mwen byen dwat, tankou yon prens.

38 Si pwòp tè mwen genyen ta rele anmwe pou mwen,

E tout siyon ki trase ladan l yo ta pran kriye ansanm,

39 Si m te manje sa l bay san m pa peye travayè yo+,

Oubyen si m fè moun* ap plenyen paske m pran tè yo+,

40 Ebyen, olye ble pouse ladan yo, se pou pikan pouse ladan yo,

E se pou zèb ki gen move sant pouse nan plas lòj*!”

Se la pawòl Jòb yo fini.

32 Se konsa, twa mesye sa yo pa t eseye reponn Jòb ankò, paske Jòb te gen konviksyon li se yon moun ki dwat*+. 2 Men, Eliyou, pitit gason Barakèl, desandan Bouz+, ki sot nan fanmi Ram, te vin fache anpil. Li te fache anpil kont Jòb paske Jòb t ap eseye montre li* pi jis pase Bondye+. 3 Li te fache anpil tou kont twa zanmi Jòb yo paske yo pa t ka jwenn bon repons pou yo bay Jòb e yo te fè konnen Bondye mechan+. 4 Eliyou t ap tann pou l reponn Jòb, paske mesye yo te pi gran pase l+. 5 Lè Eliyou wè twa mesye yo pa gen anyen ankò pou yo di, li te vin fache pi rèd toujou. 6 Konsa, Eliyou, pitit gason Barakèl, desandan Bouz la, te kòmanse pale, li te di:

“Mwen jèn*,

Men, nou menm, nou gen anpil laj+,

Se sa k fè, avèk respè, mwen te ret nan wòl mwen+,

E mwen pa t pran chans pale pou m di nou sa m konnen.

 7 Mwen te panse: ‘Se moun ki gen anpil laj* yo ki pou pale

E se moun ki gen yon pakèt ane yo ki pou fè konnen sa sajès ye.’

 8 Men, se lespri sen Bondye bay moun,

Wi, se souf Toupisan an ki fè moun gen bon konprann+.

 9 Se pa laj sèlman* ki fè yon moun gen sajès,

Ni se pa moun ki granmoun yo sèlman ki konprann sa ki dwat+.

10 Se sa k fè m di: ‘Koute m,

E m pral di nou sa m konnen.’

11 Gade! Mwen t ap tann nou fin pale.

Mwen te ret ap koute lè nou t ap di sa n panse+,

Pandan nou t ap chèche sa pou n di+.

12 Mwen te pran san m pou m koute nou,

Men, pa gen youn nan nou ki te ka montre Jòb gen tò*,

Oswa demanti sa l t ap di yo.

13 Se sa k fè, pinga nou di: ‘Nou gen sajès.

Se Bondye ki kont li, se pa yon moun.’

14 Se pa kont mwen Jòb t ap pale,

Se sa k fè mwen pap reponn menm jan avèk nou.

15 Ou pa wè mesye sa yo sezi, yo pa konn sa pou yo reponn ankò,

Yo pa gen anyen pou yo di!

16 Mwen te ret tann, men yo pa t kontinye pale,

Yo te annik ret kanpe la san yo pa reponn anyen ankò.

17 Se poutèt sa, mwen menm, mwen pral reponn,

Mwen menm tou, mwen pral di sa m konnen,

18 Paske m gen anpil pawòl pou m di,

Lespri a pouse m pale.

19 Mwen santi anndan m boulvèse,

Se tankou yon bidon tounèf ki fèt ak po bèt, ki plen ak diven e ki prèt pou eklate+.

20 Kite m pale pou m ka jwenn soulajman!

M ap ouvri bouch mwen pou m reponn.

21 Mwen pap nan paspouki ak pèsonn+,

Ni m pap flate okenn moun*,

22 Paske mwen pa konn flate moun.

Si m te konn fè sa, Sila a ki fè m nan t ap touye m lapoula.

33 “Men kounye a, Jòb, koute pawòl mwen yo souple.

Koute tout sa m ap di.

 2 Tanpri, koute m! Mwen dwe pale.

Bouch mwen* fèt pou l pale.

 3 Pawòl m ap di yo montre mwen gen senserite nan kè m+,

E se ak tout kè m m ap di sa m konnen.

 4 Se lespri Bondye ki fè m+,

E se souf Toupisan an ki ban m lavi+.

 5 Reponn mwen, si w kapab.

Defann tèt ou devan m. Pare w pou w defann ou.

 6 Gade! Mwen menm jan avè w devan vrè Dye a,

Se ak tè mwen fèt tou+.

 7 Se sa k fè, ou pa gen okenn rezon pou w pè m,

Mwen pap di okenn pawòl pou m kraze w.

 8 Men, mwen te tande w ap pale,

Wi, mwen te kontinye tande w ap di:

 9 ‘Mwen pa gen okenn defo, mwen pa fè anyen mal+,

Mwen pwòp, mwen pa fè okenn peche+.

10 Epoutan, Bondye jwenn rezon pou l kont mwen.

Li pran m pou ènmi l+.

11 Li mete pye m nan sèp*.

Li byen egzamine tout wout mwen+.’

12 Men, ou pa gen okenn rezon pou w di sa, se sa k fè mwen pral reponn ou:

Bondye nan pi gwo pozisyon lontan pase moun+.

13 Poukisa w ap plenyen kont li+?

Èske se paske li pa ba w repons pou tout sa w di yo+?

14 Paske, Bondye pale yon premye fwa, li pale yon dezyèm fwa,

Men, pèsonn pa koute sa l di.

15 Li fè sa nan yon rèv, nan yon vizyon lannuit+,

Lè moun nan fon somèy,

Pandan y ap dòmi nan kabann yo.

16 Lè sa a, li ouvri zòrèy yo+,

Li mete enstriksyon l sou yo menm jan ak yon so,

17 Pou l fè moun sispann fè sa ki mal+

E pou l retire ògèy lakay moun+.

18 Bondye sove lavi* yo pou yo pa al nan twou a*+,

Pou yo pa pèdi lavi yo anba kout epe*.

19 Epitou, yon moun ka jwenn koreksyon lè l ap soufri nan kabann li

E lè zo l ap fè l mal san rete,

20 Sa ki fè l* vin pa renmen manje,

E li* menm refize bon manje+.

21 Vyann sou kò l fin depafini,

E moun vin ka wè tout zo l.

22 Li* prèske al nan twou a*,

Lavi l vin nan men moun k ap touye moun yo.

23 Si yo voye yon mesaje* kote l,

Yon mesaje sou mil k ap defann kòz li,

Pou al di l sa ki dwat,

24 Konnen Bondye fè l favè e li di:

‘Pa kite l desann nan twou a*+!

Mwen jwenn yon ranson+!

25 Se pou kò l* vin pi fre* pase lè l te jèn+!

Se pou l retounen gen menm fòs li te genyen lè l te jèn nan+.’

26 L ap sipliye Bondye+, e Bondye ap aksepte priyè l,

L ap parèt devan Bondye ak gwo rèl kè kontan,

E Bondye ap fè lòm vin dwat ankò devan l.

27 Moun sa a ap di* lòt moun:

‘Mwen te peche+ e mwen te tòde sa ki dwat,

Men, mwen pa t jwenn sa m te merite*.

28 Li sove lavi m* pou m pa al nan twou a*+,

E m ap kontinye viv.’

29 Vrèmanvre, Bondye fè tout bagay sa yo,

Li fè yo de fwa, menm twa fwa, pou yon moun,

30 Pou l fè l* soti nan twou a*,

Pou limyè lavi a ka klere l+.

31 Koute m byen, Jòb! Tande sa m ap di!

Pa pale, pou m ka kontinye pale.

32 Si w gen yon bagay pou w di, ou mèt pale avè m.

Pale non, paske m vle montre se ou ki gen rezon.

33 Si w pa gen anyen pou w di, koute sa m ap di.

Pa pale, epi m ap fè w konn sa sajès ye.”

34 Epi, Eliyou te kontinye reponn, li di:

 2 “Koute pawòl mwen yo, nou menm ki gen sajès.

Tande sa m ap di, nou menm ki tèlman konn anpil bagay.

 3 Paske zòrèy egzamine pawòl

Menm jan lang* pran gou manje.

 4 Annou chèche konnen sa ki dwat poukont nou,

Ann deside nou menm sa ki bon.

 5 Paske Jòb te di: ‘Mwen gen rezon+,

Men, se Bondye ki pa fè m jwenn jistis+.

 6 Èske m ap bay manti pou yo pa jije m jan yo dwe fè sa?

Maleng mwen yo pa ka geri, byenke m pa fè anyen ki mal+.’

 7 Kiyès moun ki tankou Jòb,

Yon moun ki swaf pou yo pase l nan rizib tankou se te dlo li t ap bwè?

 8 Li fè zanmi ak moun k ap fè sa ki mal,

E li nan tèt ansanm ak moun ki mechan+.

 9 Paske li di: ‘Yon moun pap jwenn anyen

Lè l chèche fè Bondye plezi+.’

10 Se sa k fè, koute m, nou menm ki gen bon konprann*,

Li enposib pou vrè Dye a aji ak mechanste+,

Pou Toupisan an fè sa ki mal+!

11 Paske se li k ap rekonpanse yon moun pou sa moun nan fè+,

E l ap fè l peye tou pou fason l aji.

12 Pa gen dout nan sa, Bondye pa aji ak mechanste+.

Toupisan an pa detounen sa ki jis+.

13 Kiyès ki ba l responsab tè a

E ki mete l pou l gouvène tout monn nan nèt*?

14 Si li fikse je* l sou yo,

Si l retire lespri yo ak souf yo+,

15 Tout moun* ap mouri yon sèl kou,

E lòm ap retounen nan pousyè+.

16 Se sa k fè, si nou gen bon konprann, tande sa,

Epi, koute byen sa m ap di:

17 Èske yon moun ki rayi sa ki dwat ta dwe ap dirije?

Oubyen èske w t ap kondane yon moun ki gen pouvwa k ap fè sa ki dwat?

18 Èske w t ap di yon wa: ‘Ou pa vo anyen’?

Oubyen èske w t ap di gwo potanta yo: ‘Nou mechan+’?

19 Gen yon Moun ki pa nan paspouki ak chèf yo

E ki pa bay moun rich yo plis valè pase malere yo*+,

Paske yo tout se travay li fè ak men l+.

20 Yo ka mouri bridsoukou+ nan mitan nuit lan+.

Apre yo fin tranble anpil, yo mouri.

Menm moun ki gen pouvwa yo ale san moun pa manyen yo+.

21 Paske, Bondye ap gade chemen chak moun+,

E li wè tout kote yo met pye yo,

22 Pa gen okenn fènwa ni okenn fènwa pwès

Pou moun k ap fè sa ki mal yo kache+.

23 Paske Bondye pa fikse yon lè pou pèsonn

Parèt devan l pou l jije yo.

24 Li kraze moun ki gen pouvwa yo san l pa bezwen fè ankèt,

E li met lòt moun nan plas yo+.

25 Paske li konnen sa y ap fè+,

Li lage yo atè lannuit, epi yo kraze+.

26 Li frape yo akoz mechanste yo fè,

Li fè sa yon kote tout moun ka wè+,

27 Paske yo sispann suiv li+,

E yo pa gen okenn respè pou chemen l yo+.

28 Yo lakòz moun ki malere yo rele nan pye l,

Konsa, li tande rèl moun ki san sekou yo+.

29 Lè Bondye ret san l pa di anyen, ki moun ki ka kondane l?

Lè l kache, ki moun ki ka wè l?

Kit se pou yon nasyon li kache, kit se pou yon moun, se menm bagay la,

30 Yon fason pou yon moun ki kite Bondye* pa gen pouvwa pou l dirije+,

Ni pou l pa tann pèlen pou moun.

31 W ap di Bondye:

‘M ap soufri san m pa fè anyen ki mal+.

32 Montre m sa m pa wè a.

Si m te fè yon bagay ki pa bon, mwen pap fè sa ankò.’

33 Dapre ou menm, èske Bondye ta dwe rekonpanse w, alòske ou pa t dakò ak desizyon l pran?

Se ou menm ki dwe deside, se pa mwen menm.

Ebyen, sa w byen konnen an, se pou w di m li.

34 Moun ki gen bon konprann*

E nenpòt moun ki gen sajès k ap koute m ap di m:

35 ‘Jòb pale san l pa gen konesans+,

E pawòl li yo montre li pa gen bon konprann.’

36 Se pou Jòb pase anba eprèv* nèt!

Paske li reponn tankou moun ki mechan.

37 Nonsèlman li peche, li rebèl tou+.

L ap bat men devan nou pou l pase n nan jwèt,

E li di anpil move bagay sou vrè Dye a+.”

35 Eliyou kontinye reponn, li di:

 2 “Èske se paske w tèlman kwè ou gen rezon ki fè w di:

‘Mwen pi dwat pase Bondye+’?

 3 Paske ou di: ‘Ki te mele w*?

Èske sa pa t ap pi bon pou mwen si m te peche+?’

 4 M ap reponn ni ou menm

Ni zanmi w+ ki avè w yo.

 5 Leve je w gad syèl la,

Gade nyaj+ ki sou tèt ou yo.

 6 Si w peche, ki mal ou fè Bondye+?

Si w ap benyen nan peche, ki sa w fè l+?

 7 Si w ap fè sa ki dwat, ki sa w ba li?

Ki sa l jwenn nan men w+?

 8 Se sèlman moun parèy ou ki soufri pou sa w fè ki mal,

E sa w fè ki dwat aji sou lòt moun.

 9 Moun pran rele lè y ap fè yo pase anpil tray,

Yo rele pou yo mande sekou anba men gwo zotobre yo+.

10 Men, pa gen pèsonn ki di: ‘Kot Bondye, Gran Kreyatè m nan+,

Sila a ki fè yo chante chan louwanj pou li lannuit lan+?’

11 Li montre nou+ plis bagay pase bèt ki sou tè a+,

E li fè nou gen plis sajès pase zwazo ki nan syèl la.

12 Moun ap rele, men li pa reponn+,

Akoz ògèy moun ki mechan yo+.

13 Vrèmanvre, Bondye pa tande rèl moun ki sou blòf yo*+.

Toupisan an pa tande yo.

14 Alewè pou l ta tande w lè w ap plenyen di ou pa wè l+!

Apa ka pa w la devan l, se pou w ret tann li+!

15 Paske li pa t mande w regleman pandan l tou fache,

Ni li pa t okipe w lè w t ap plede di yon pakèt vye pawòl+.

16 Jòb pale anpil pou granmesi.

Li di yon pakèt pawòl san l pa gen konesans+.”

36 Eliyou kontinye pale, li di:

 2 “Pran yon ti pasyans avè m toujou pandan m ap bay esplikasyon an,

Paske mwen gen pawòl pou m di toujou pou Bondye.

 3 M ap pale byen klè sou sa m konnen

E m ap fè konnen Sila a ki kreye m nan dwat+.

 4 Vrèmanvre, pawòl mwen yo se pa manti,

Sila a ki gen konesans san fay la+ devan w la a.

 5 An reyalite, Bondye pisan+, li pa voye pèsonn jete.

Se pa ti bon konprann* li genyen!

 6 Li pap pwoteje lavi mechan yo+,

Men, l ap fè moun k ap soufri yo jwenn jistis+.

 7 Li kontinye gade moun ki dwat yo+,

Li mete yo chita sou twòn ansanm ak wa*+, li mete yo dirije pou toutan e yo gen anpil pouvwa.

 8 Men, si yo mare yo nan chenn

E yo pran nan kòd malè,

 9 Li fè yo konnen sa yo te fè,

Peche yo te fè akoz ògèy yo gen lakay yo.

10 Li ouvri zòrèy yo pou yo koute disiplin,

E li di yo sispann fè sa ki mal+.

11 Si yo obeyi l e yo sèvi l,

Y ap gen anpil bon bagay pandan tout lavi yo,

E lavi yo ap bèl+.

12 Men, si yo pa obeyi l, y ap mouri anba kout epe*+,

E y ap mouri san yo pa konprann anyen.

13 Moun ki vire do bay Bondye* ap lakòz kòlè tonbe sou yo.

Yo pa mande sekou menm lè se Bondye ki mare yo.

14 Yo mouri* pandan yo jèn+,

Yo pase* vi yo ansanm ak gason k ap kouche ak gason ki nan tanp yo genyen yo*+.

15 Men, Bondye* delivre moun k ap soufri yo lè yo nan malè.

Li ouvri zòrèy yo pou l anseye yo lè y ap toupizi yo.

16 Li retire w nan malè+

Pou l mete w yon kote ki gwo anpil, kote w pap anba kontwòl pèsonn+.

Li met bon manje sou tab ou pou l konsole w+.

17 Epi, w ap kontan lè yo fin jije mechan yo+,

Lè jijman an fèt e gen jistis.

18 Men, veye kò w pou w pa kite kòlè fè w gen degoutans pou yo e pou w pa manke yo dega*+.

Epi, pa kite gwo kado yo ba w anba anba fè w pèdi wout ou.

19 Èske sekou w ap mande a

Oubyen kèlkeswa gwo efò w ap fè yo ap fè malè pa tonbe sou ou+?

20 Pinga w chofe pou lannuit rive,

Lè moun deplase kite kote yo te ye.

21 Veye zo w pou w pa fè sa ki mal,

Pinga w chwazi fè sa ki mal olye w soufri+!

22 Gade! Bondye gen anpil pisans.

Ki pwofesè ki tankou l?

23 Kiyès ki di l sa pou l fè*+,

Oubyen ki di l: ‘Sa w fè a pa bon+’?

24 Pa bliye fè lwanj pou travay Bondye fè+,

Travay ki fè moun chante pou li+.

25 Tout moun wè travay li yo.

Moun ret byen lwen ap gade yo.

26 Wi, Bondye gen plis enpòtans pase tout sa nou ka konnen+.

Pèsonn pa ka konte* kantite ane li genyen+.

27 Li fè gout dlo yo monte anlè+,

Yo vin tounen lapli ak bwouya.

28 Epi, nyaj yo fè lapli tonbe+.

Dlo benyen tout moun.

29 Èske gen moun ki ka konprann kouch nyaj yo

Ak bri loray k ap sot nan tant li an*+?

30 Gad ki jan li voye zèklè l*+ sou nyaj yo

E li kouvri fon* lanmè a!

31 Grasa bagay sa yo, li ede* pèp yo,

Li ba yo manje agogo+.

32 Li kenbe zèklè yo nan men l,

Epi, li voye yo sou sa l vize+.

33 Loray li fè konnen ki moun li ye,

Menm bèt yo fè konnen kiyès* k ap vini an.

37 “Lè konsa, kè m sote,

E mwen santi se rache l ap rache.

 2 Byen koute vwa Bondye k ap gwonde

Ansanm ak kout loray k ap sot nan bouch li.

 3 Li fè l gaye anba tout syèl la

E li voye zèklè li+ jis nan dènye bout tè a.

 4 Apre sa, gen yon gwo bri ki fèt.

Bondye gwonde ak yon gwo vwa ki tankou loray+,

Li pa bloke zèklè a lè yo tande vwa l.

 5 Bondye fè yon gwo bri loray ak vwa l+.

Li fè gwo bagay pèsonn pa ka konprann+.

 6 Paske li di nèj yo: ‘Tonbe atè+,’

E li di gwo lapli yo: ‘Tonbe fò+.’

 7 Bondye fè lèzòm sispann tout aktivite*,

Konsa, tout moun ap konnen travay li.

 8 Bèt bwa yo antre nan twou yo,

Epi yo ret nan kachèt yo.

 9 Van tanpèt yo sot kote yo ye a pou yo soufle+,

E van ki soti nan nò yo vin ak gwo fredi+.

10 Se souf Bondye ki fè gen glas+

E ki fè gwo mas dlo yo tounen glas+.

11 Wi, li fè nyaj yo vin lou ak gout dlo.

Li voye zèklè l+ nan nyaj yo.

12 Yo fè toubiyon kote l voye yo a.

Yo fè nenpòt sa l ba yo lòd fè+ sou tout kò tè a*.

13 Li aji konsa, swa pou l bay pinisyon*+, swa pou byen tè a,

Swa pou l montre lanmou ki fidèl+.

14 Jòb, koute sa.

Fè yon ti poze pou w byen reflechi sou bèl travay Bondye fè yo+.

15 Èske w konn ki jan Bondye dirije* nyaj yo

Ak fason li fè zèklè sot nan nyaj li?

16 Èske w konn ki jan nyaj yo fè ret pandye nan syèl la+?

Bagay sa yo se bèl travay Sila a ki gen konesans san fay la fè+.

17 Sa k fè rad ou vin cho

Lè van ki sot nan sid la fè tè a trankil+?

18 Èske w ka ede Bondye blayi* syèl la tankou yon dra+

Pou l solid tankou yon glas ki fèt ak metal?

19 Di nou sa pou n di l.

Nou pa ka reponn piske nou nan fènwa.

20 Èske yo dwe di Bondye mwen gen yon bagay pou m di?

Oubyen èske gen yon moun ki te di yon bagay yon moun ta dwe al fè Bondye konnen+?

21 Yo pa menm ka wè limyè a*,

Byenke li klere nan syèl la,

Toutotan yon van pa pase pou l fè nyaj yo ale.

22 Limyè koulè lò sot nan direksyon nò.

Glwa Bondye+ fè moun gen lakrentif.

23 Nou pa ka rive konprann Toupisan an+.

Li gen anpil pisans+,

Li toujou aji avèk jistis+ e li toujou fè sa ki dwat+.

24 Se sa k fè moun dwe gen lakrentif pou li+.

Paske li pa nan paspouki ak okenn moun ki panse yo gen sajès*+.”

38 Apre sa, Jewova reponn Jòb nan mitan yon van tanpèt+. Li di l:

 2 “Kiyès sa a k ap vin lage dout sou sa m fin deside

E k ap pale san l pa gen konesans lan+?

 3 Tanpri, mare senti w tankou yon gason vanyan,

Mwen pral poze w kesyon, e ou menm, di m sa w konnen.

 4 Kote w te ye lè m te fè fondasyon tè a+?

Di m, si w panse w entèlijan.

 5 Si w konnen, di m kiyès ki te deside ki gwosè l ap ye

Oubyen ki te mezire l ak fisèl li?

 6 Nan ki sa yo te plante poto l yo,

Oubyen kiyès ki te poze wòch li genyen ki nan kwen an+

 7 Lè zetwal ki klere maten yo+ te met ansanm pou yo rele tèlman yo te kontan,

E lè tout pitit Bondye yo*+ te pran rele tèlman yo te gen lajwa?

 8 Epi, kiyès ki te met pòtay pou bare lanmè a+

Lè l t ap vòltije sot nan vant manman l,

 9 Lè m te abiye l ak nyaj,

Lè m te vlope* l nan fènwa pwès,

10 Lè m te ba l limit li,

E lè m te met bwa travès ak pòtay pou fèmen l+,

11 Epi m te di: ‘Ou ka rive jis la a, ou pa dwe al pi lwen,

Se la a gwo lanm ou yo ap kanpe+’?

12 Èske w te janm bay maten lòd,

Oubyen èske se ou ki te fè douvanjou konn plas li+

13 Pou l al jis nan dènye bout tè a

Pou l souke mechan yo pou yo sot sou li+?

14 Latè vin chanje tankou yon ajil yo poze so sou li

E li kenbe eskanp li yo tankou eskanp yon rad.

15 Men, yo retire limyè mechan yo

E bra yo leve anlè yo kase.

16 Èske w desann al nan sous kote lanmè a soti,

Oubyen èske w te ale nan dlo ki fon yo+?

17 Èske yo te montre w ki kote pòtay lanmò ye+?

Oubyen èske w te wè pòtay fènwa pwès yo*+?

18 Èske w konn byen reflechi sou gwosè tè a+?

Di m, si w konn non tout bagay sa yo.

19 Nan ki zòn limyè rete+?

E ki kote fènwa rete

20 Pou w ta mennen l nan zòn li

E pou w ta konn wout lakay li?

21 Èske w konn bagay sa yo paske w te gentan fèt

E paske w gen anpil laj*?

22 Èske w deja antre nan depo nèj yo+,

Oubyen èske w deja wè depo lagrèl+

23 Mwen sere pou jou malè a,

Pou jou konba a ak jou lagè a+?

24 Ki kote limyè* soti pou l gaye kò l,

E ki kote van lès k ap vante sou tè a soti+?

25 Ki moun ki te fè yon kanal pou gwo dlo yo

E ki te fè yon wout pou gwo nyaj ki lakòz tanpèt ak loray yo+,

26 Pou fè lapli tonbe kote moun pa abite,

Nan dezè kote ki pa gen okenn moun+,

27 Pou savann ki dezole yo jwenn sa yo bezwen,

E pou fè zèb pouse ladan yo+?

28 Èske lapli gen yon papa+,

Oubyen kiyès ki papa gout lawouze yo+?

29 Nan vant ki manman glas soti

E kiyès ki fè nèj ki sot nan syèl la+,

30 Lè dlo yo kouvri ak glas kòmsi se anba wòch yo ye,

E lè pati ki anlè dlo ki fon yo vin di paske yo fè glas+?

31 Èske w ka mare kòd gwoup zetwal ki rele Kima a*,

Oubyen èske w ka demare kòd gwoup zetwal ki rele Kesil la*+?

32 Èske w ka mennen yon gwoup zetwal* deyò lè lè l rive?

Oubyen èske w ka dirije gwoup zetwal ki rele Ach la* ansanm ak pitit li yo?

33 Èske w konn ki lwa k ap gouvène syèl la+?

Oubyen èske w ka fòse tè a obeyi lwa sa yo*?

34 Èske w ka fè vwa w rive nan nyaj yo

Pou w fè yon pakèt dlo kouvri w+?

35 Èske w ka voye zèklè yo pou ou?

E èske y ap tounen vin di w: ‘Men nou wi!’?

36 Kiyès ki te met sajès nan nyaj yo*+?

Oubyen kiyès ki te bay syèl la* bon konprann+?

37 Kiyès ki ka konte nyaj yo, tèlman l fò*?

Oubyen kiyès ki ka chavire veso dlo ki nan syèl la+,

38 Lè pousyè tè pran koule tankou labou

E lè mas labou yo kole ansanm?

39 Èske w ka chase bèt pou lyon manje

Oubyen èske w ka pase grangou jenn lyon yo+

40 Lè yo akoupi nan kachèt yo

Oubyen lè yo maske kò yo nan twou yo pou yo atake?

41 Kiyès ki prepare manje pou kaw yo+

Lè pitit yo ap rele pou yo mande Bondye sekou

E lè y ap fè ale vini paske yo pa gen anyen pou yo manje?

39 “Èske w konn ki lè kabrit mawon fè pitit+?

Èske w konn ret ap gade sèf* k ap fè pitit+?

 2 Èske w konn konte konbyen mwa yo fè plenn?

Èske w konn ki lè yo fè pitit?

 3 Yo akoupi pou yo fè pitit,

Epi, doulè tranche yo fini.

 4 Pitit yo vin byen djanm e yo grandi nan savann nan.

Y ale e yo pa retounen vin jwenn yo ankò.

 5 Kiyès ki lage bourik mawon an+

E kiyès ki demare kòd li?

 6 Mwen fè dezè a vin tounen kay li

E mwen fè zòn ki gen sèl la vin tounen kote l rete.

 7 Se ri l ri lè l tande bri nan vil la,

Li pa tande bri moun k ap rele l pou fè l travay.

 8 Li monte desann sou tout ti mòn yo dèyè zèb pou l manje.

L ap chèche tout kalite fèy vèt.

 9 Èske towo bèf nan bwa a ap vle travay pou ou+?

Èske l ap pase nuit kote w bay bèt ou manje?

10 Èske w ap pran yon towo bèf sovaj pou w mare l ak yon kòd pou w fè l fè siyon nan yon jaden?

Oubyen èske l ap mache dèyè w pou l raboure tè nan plèn nan?

11 Èske w ap met konfyans ou nan li paske l gen yon pakèt fòs,

E èske w ap kite l fè gwo travay ou yo?

12 Èske w ap konte sou li pou l pote sa w rekòlte* yo pou ou

E pou l fè manje angren w yo fè pil kote w bat yo a?

13 Otrich la kontan bat zèl li,

Men, èske plim zèl li yo ka parèt devan pa sigòy yo+?

14 Paske, li kite ze l yo atè

E li mete yo nan tè pou yo ka ret cho.

15 Li bliye si pye ka kraze yo

Oubyen si yon bèt bwa ka mache sou yo.

16 Li maltrete pitit li kòmsi se pa pou li yo ye+.

Li pa bay tèt li pwoblèm pou yo.

17 Paske, Bondye pa t fè l gen* sajès

E li pa t ba l bon konprann.

18 Men, lè l leve kanpe, li bat zèl li e li pran kouri,

Li ri cheval la ansanm ak moun ki sou li a.

19 Èske se ou ki te bay cheval fòs yo genyen an+?

Èske se ou ki te abiye kou l ak yon pakèt plim k ap souke?

20 Èske w ka fè l vòltije tankou yon krikèt?

Gwo bri li fè ak souf li fè moun pè+.

21 Li pilonnen tè ki nan vale a e li ponpe ak tout fòs li+.

Li kouri antre nan batay*+.

22 Lè gen bagay ki soti pou fè l pè, se ri li ri. Li pa pè anyen+.

Epe pa fè l fè bak.

23 Sak ki gen flèch yo ap frape sou li,

Lans yo ap klere kou zèklè.

24 Li tranble tèlman san l cho, li kouri dwat devan*,

Li pa ka ret trankil lè l tande* son kòn.

25 Lè yo sonnen kòn, li di: “Han! Han!”

Li pran sant batay la depi byen lwen,

E li tande rèl chèf yo ap fè ak bri lagè a+.

26 Èske se grasa bon konprann ou grigri a vole rapid konsa

Lè l ap ouvè zèl li pou l al nan direksyon sid?

27 Oubyen èske se ou ki bay èg lòd pou l vole byen wo+

Pou l al fè nich li yon kote ki wo+,

28 Pou l pase nuit li sou tèt yon falèz

E pou l ret nan fòtrès li sou tèt yon mas wòch*?

29 Pandan l anlè a l ap chèche manje+.

Je l wè jis byen lwen.

30 Se san pitit li yo bwè,

Epi, kèlkeswa kote kadav la ye, li la+.”

40 Jewova kontinye reponn Jòb, li di l:

 2 “Èske yon moun ka di Toupisan an fè erè, epi pou l ap diskite avè l+?

Se pou moun ki vle korije Bondye a reponn+!”

 3 Jòb reponn Jewova, li di l:

 4 “O! Sa m ye+?

Sa m ka di w?

Mwen bouche bouch mwen ak men m+.

 5 Mwen te pale yon fwa, e mwen pap reponn ankò.

Mwen te pale yon dezyèm fwa, men m pap di anyen ankò.”

 6 Epi, Jewova reponn Jòb nan van tanpèt la+, li di l:

 7 “Tanpri, mare senti w tankou yon gason vanyan.

Mwen pral poze w kesyon, e ou menm, di m sa w konnen+.

 8 Èske w vle fè konprann mwen pa fè sa ki dwat*?

Èske w ap kondane m pou w ka gen rezon+?

 9 Èske ponyèt ou gen fòs menm jan ak ponyèt vrè Dye a+?

Oubyen èske vwa w ka gwonde menm jan ak vwa l+?

10 Tanpri, fè wè glwa w e fè wè jan w gen anpil pouvwa.

Montre diyite w e fè wè jan w gen glwa.

11 Montre jan w an kòlè.

Gade tout moun ki gen ògèy yo, epi rabese yo.

12 Gade tout moun ki gen ògèy yo, epi imilye yo.

Pilonnen mechan yo kote yo kanpe a.

13 Kache yo tout nan pousyè,

Vlope yo* kote ki fè nwa a.

14 Lè sa a, menm mwen menm ap dakò avè w*

Ou ka sove tèt ou.

15 Kounye a, gade Beyemòt* mwen te fè menm jan m te fè w la.

Li manje zèb tankou towo bèf.

16 Gade fòs li gen nan ren l

Ak fòs li gen nan mis ki nan vant li!

17 Li fè ke l rèd tankou yon pye sèd.

Tandon* ki nan kuis li yo trese youn ak lòt.

18 Zo l yo se tiyo ki fèt ak kuiv,

Pye l yo tankou poto fè.

19 Se li ki nan premye pozisyon* pami travay Bondye fè,

Se sèl Sila a ki fè l la ki ka pwoche kote l ak epe l.

20 Paske manje pouse pou li nan mòn yo,

Kote tout bèt bwa yo ap jwe.

21 Li kouche anba touf pikan yo,

Anba wozo nan marekaj yo.

22 Pye pikan yo ba l lonbray,

Epi pye pepliye ki nan vale yo fè wonn li.

23 Menmsi larivyè desann, li pa pè.

Kè l pa sote menmsi dlo Rivyè Jouden an+ ap frape bouch li.

24 Èske yon moun ka pran l pandan je l tou kale?

Oubyen èske l ka pèse nen l ak yon kwòk*?

41 “Èske w ka kenbe Levyatan*+ ak zen yo konn kenbe pwason?

Oubyen èske w ka mare lang li ak yon kòd?

 2 Èske w ka pase yon kòd* nan twou nen l

Oubyen èske w ka pèse machwè l ak yon kwòk*?

 3 Èske l ap sipliye w pou w gen pitye pou li?

Oubyen èske l ap pale dous avè w?

 4 Èske l ap fè alyans avè w

Pou w ka fè l vin esklav ou nètale?

 5 Èske w ap jwe avè l kòmsi l te yon zwazo?

Oubyen èske w ap mare l nan yon kòd pou pitit fi w jwe avè l?

 6 Èske moun k ap fè lapèch yo ap jwenn moun ba yo yon bagay pou li?

Èske y ap koupe l fè plizyè moso pou machann yo?

 7 Èske w ka pèse po l ak kout frenn+

Oubyen èske w ka pèse tèt li ak frenn yo konn frennen pwason yo?

 8 Al met men w sou li.

Ou pap bliye konba a e w pap janm fè sa ankò!

 9 Ou pa menm bezwen gen espwa w ap kenbe l.

W ap annik wè l, kè w ap rete*.

10 Pa gen pèsonn k ap pran chans vin nui l.

Si se konsa, ki moun ki kapab kanpe devan m+?

11 Ki moun ki te ban m yon bagay anvan pou m ta oblije remèt li sa+?

Tout sa ki anba syèl la se pou mwen yo ye+.

12 Mwen pa ka pa di anyen sou pat li yo,

Sou fòs li ak fason kò l byen fèt.

13 Kiyès ki te retire rad sou li?

Ki moun k ap vin toupre bouch li ki tou louvri?

14 Ki moun ki te ouvri bouch* li?

Tout dan l yo nèt bay laperèz.

15 Do l gen plizyè ranje kal*

Ki byen kole ansanm.

16 Yo tèlman kole youn ak lòt,

Lè pa ka pase nan mitan yo.

17 Yo kole youn ak lòt.

Yo soude youn ak lòt, e anyen pa ka separe yo.

18 Bri souf li fè limyè sot nan nen l,

E je l tankou reyon solèy douvanjou.

19 Zèklè t ap sot nan bouch li,

Gen yon pakèt ti dife k ap vole sot nan bouch li.

20 Lafimen sot nan twou nen l

Tankou yon fou ki gen dife ki fèt ak pay.

21 Souf li fè chabon limen,

E flanm dife sot nan bouch li.

22 Kou l gen anpil fòs,

E devan l se laperèz ki blayi.

23 Pli ki nan po l kole byen di youn ak lòt,

Yo tankou fè yo pa ka retire.

24 Kè l di kou wòch.

Wi, kè l di tankou yon gwo wòch moulen.

25 Lè l leve, menm kè moun ki vanyan yo kase,

Depi l fè yon mouvman, moun pa konn sa pou yo fè.

26 Pa gen epe ki frape l k ap fè l ret trankil,

Ni okenn lans, ni frenn, ni flèch+.

27 Li wè fè tankou pay,

E kuiv tankou bwa pouri pou li.

28 Flèch pa ka fè l kouri,

Wòch flonn tounen pay sou li.

29 Pou li, bout baton se pay.

E lè l tande bri lans, se ri l ri.

30 Anba vant li tankou yon pakèt moso veso ann ajil ki byen file,

Li layite kò l nan labou tankou planch yo konn bat manje angren+.

31 Li fè dlo ki fon yo bouyi kòmsi yo te nan chodyè.

Li fè lanmè monte tankou yon chodyè grès.

32 Li kite yon tras klere kote l pase.

Moun ta ka panse gen cheve blan nan fon dlo a.

33 Pa gen anyen ki tankou l sou tè a.

Se yon bèt ki fèt pou l pa pè anyen.

34 Li gad tout bèt fewòs nan je.

Se li ki wa tout gwo bèt sovaj yo.”

42 Apre sa, Jòb reponn Jewova, li di l:

 2 “Kounye a, mwen konnen ou kapab fè tout bagay,

E pa gen anyen ou panse fè ki enposib pou ou+.

 3 Ou te di: ‘Kiyès sa a k ap vin lage dout sou sa m fin deside san l pa gen konesans lan+?’

Se konsa, mwen te pale san m pa t konprann

Bagay ki twòp pou mwen, bagay mwen pa konnen+.

 4 Ou te di: ‘Tanpri, koute, mwen pral pale.

Mwen pral poze w kesyon, e ou menm, w a di m sa w konnen+.’

 5 Mwen te konn tande pale de ou,

Men kounye a, mwen wè w ak je m.

 6 Se sa k fè, mwen retire sa m te di a*+

E mwen chita nan pousyè ak nan sann pou m montre m repanti+.”

7 Lè Jewova fin pale ak Jòb, Jewova di Elifaz, moun Teman an:

“Mwen fache anpil kont ou menm ak de zanmi w yo+, paske nou pa t di laverite sou mwen+, jan Jòb, sèvitè m nan, te fè sa. 8 Kounye a, pran sèt towo bèf ak sèt mal mouton, epi, al kot Jòb, sèvitè m nan, pou nou ofri yon sakrifis n ap boule nèt pou tèt nou. Epi, Jòb, sèvitè m nan, ap priye pou nou+. M ap dakò avè l kanmenm si l mande m* pou m pa regle avèk nou pou bagay sòt nou di yo, paske nou pa t di laverite sou mwen, jan Jòb, sèvitè m nan, te fè a.”

9 Se konsa, Elifaz, moun Teman an, Bildad, desandan Chouwa a, ak Sofa, desandan Naama a*, t al fè sa Jewova te di yo fè a. Epi, Jewova te koute priyè Jòb la.

10 Apre Jòb fin priye pou zanmi l yo+, Jewova te retire Jòb nan soufrans li te ye a+ e li te fè l vin rich ankò*. Jewova te ba l de fwa lavalè sa l te gen deja yo+. 11 Tout frè l ak sè l yo ak tout ansyen zanmi l yo+ te vin wè l e yo te manje avè l lakay li. Yo te gen pitye pou li e yo te konsole l pou tout malè Jewova te kite rive l yo. Yo chak te ba l yon pyès monnen ak yon bag lò.

12 Konsa, Jewova te beni dènye pati nan lavi Jòb plis pase kòmansman lavi l+. Jòb te vin gen 14 000 mouton, 6 000 chamo, 1 000 pè bèf ak 1 000 femèl bourik+. 13 Epi, li te vin gen sèt lòt pitit gason ak twa lòt pitit fi+. 14 Li te rele premye pitit fi l la Jemima, li te rele dezyèm nan Kezya e li te rele twazyèm nan Kerènapouk. 15 Nan tout peyi a, pa t gen fi ki te bèl menm jan ak pitit fi Jòb yo e papa yo te ba yo yon eritaj ansanm ak frè yo.

16 Apre sa, Jòb te viv 140 an. Li te wè pitit li yo ak pitit pitit li yo rive jis sou kat jenerasyon. 17 Alafen, Jòb mouri, apre l fin pase yon pakèt tan ap byen viv*.

Petèt, sa vle di: “Yon moun yo pa vle wè”.

Oswa: “yon moun ki san repwòch e ki jis”.

Lit.: “500 pè bèf”.

Lit.: “femèl bourik”.

Ann ebre, se yon ekspresyon yo te itilize pou yo pale de zanj yo antanke pitit Bondye.

Lit.: “Èske w fikse kè w sou”.

Oswa: “yon moun ki san repwòch e ki jis”.

Oswa: “anba pouvwa w”.

Se kapab tou: “zèklè”.

Oswa: “li pa t bay Bondye responsab anyen ki mal”.

Ann ebre, se yon ekspresyon yo te itilize pou yo pale de zanj yo antanke pitit Bondye.

Lit.: “Èske w fikse kè w sou”.

Oswa: “yon moun ki san repwòch e ki jis”.

Oswa: “sove nanm li”.

Oswa: “anba pouvwa w”.

Oswa: “retire nanm li”.

Yo konprann y ap pale la a de kayiman oswa yon lòt gwo bèt ki gen anpil fòs ki viv nan dlo.

Lit.: “bay limyè”.

Oswa: “moun nanm yo anmè yo”.

Oswa: “jenn lyon”.

Lit.: “gen lapè”.

Oswa: “bann pawòl san valè; bann pawòl kwochi”.

Oswa: “Nanm mwen”.

Lit.: “kuiv”.

Lit.: “rachte”.

Lit.: “pap janm wè sa ki bon”.

Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “akoz nanm mwen ki anmè”.

Oswa: “nanm mwen”.

Lit.: “pase pou zo m ret jan yo ye a”.

Lit.: “souf moun”.

Lit.: “pou w ap fikse kè w sou”.

Lit.: “Li lage yo nan men rebelyon yo fè a”.

Oswa: “Li ta reveye pou ou”.

Lit.: “Pou yo met pawòl ki nan kè yo deyò”.

Lit.: “Se menm bagay la pou wout”.

Oswa: “Paske aposta yo”.

Lit.: “kay”.

Oswa: “Y ap gade yon kay ki fèt ak wòch”.

Oswa: “vale”.

Oswa: “se konsa wout yo ap fonn”.

Oswa: “moun ki san repwòch yo”.

Lit.: “pran men”.

Oswa: “vle mennen l nan tribinal”.

Lit.: “sajès nan kè l”.

Petèt se gwoup zetwal yo rele Gwo Lous la.

Petèt se gwoup zetwal yo rele Oryon an.

Petèt se zetwal yo rele Pleyad yo ki nan gwoup zetwal yo rele Towo a.

Lit.: “ak chanm ki nan direksyon sid yo”.

Petèt se yon gwo bèt nan lanmè.

Se kapab tou: “mande moun ki advèsè m nan tribinal la”.

Lit.: “ki ka rele m”.

Oswa: “Menmsi m inosan”.

Lit.: “kwochi”.

Oswa: “Menmsi m inosan”.

Oswa: “mwen pa konn nanm mwen”.

Oswa: “meprize; nye”.

Oswa: “moun ki ret fidèl nan tout bagay”.

Lit.: “figi”.

Lit.: “mechan”.

Oswa: “potas”.

Oswa: “Pa gen yon abit”.

Lit.: “ki ka mete men l sou nou de a”.

Lit.: “ta retire baton l sou mwen”.

Oswa: “Nanm mwen rayi”.

Oswa: “paske nanm mwen anmè”.

Lit.: “Èske w pa t vide m tankou lèt epi w fè m vin tankou lèt kaye?”

Yo tankou kòd ki blan, se yo menm ki fè mis yo ret kole ak zo yo.

Lit.: “E ou te kache bagay sa yo nan kè w”.

Oswa: “pou m ka fè yon ti kontan”.

Oswa: “ki fè nwa e ki gen lonbray lanmò”.

Oswa: “moun Naama a”.

Lit.: “èske yon moun k ap fè grandizè ap gen rezon?”

Oswa: “Ansèyman m nan”.

Oswa: “sajès ki bay bon rezilta”.

Oswa: “ka jwenn limit”.

Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “Lè yon bourik sovaj fèt tou moun”.

Oswa: “se fini nanm nan ap fini ”.

Lit.: “gen yon kè”.

Oswa: “moun pye yo ap glise”.

Se kapab tou: “Oswa pale ak”.

Oswa: “Se nan men l nanm tout moun ki vivan”.

Oswa: “souf”.

Lit.: “palèt”.

Oswa: “sajès ki bay bon rezilta”.

Oswa: “mache toutouni”.

Oswa : “bonsans ansyen yo”.

Lit.: “li lache sentiwon moun ki gen fòs yo”.

Lit.: “retire kè”.

Oswa: “n ap montre nou nan patipri pou vrè Dye a”.

Oswa: “Pawòl nou di moun ap sonje yo”.

Lit.: “Poukisa mwen mete chè m nan dan m?”

Oswa: “riske nanm mwen”.

Oswa: “defann wout mwen yo”.

Oswa: “pa gen aposta”.

Se kapab tou: “Si yon moun ka diskite avè m, m ap rete an silans e m ap mouri”.

Lit.: “se sèlman de bagay pou w pa fè m”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Lit.: “li”. Petèt se Jòb.

Oswa: “li plen tètchaje”.

Se kapab tou: “yo mouri”.

Lit.: “mwen”.

Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “pandan nanm li”.

Oswa: “ap bay konesans ki pa chita sou anyen”.

Oswa: “Se peche w k ap fòme bouch ou”.

Lit.: “pen”.

Oswa: “Li chèche genyen”.

La a, lè yo di li figi l gra a, sa vle di li gen anpil richès, li kè pòpòz e li awogan.

Sa vle di pa gen okenn espwa pou l geri.

Lit.: “li”.

Oswa: “Paske, aposta yo”.

Oswa: “ki pa chita sou anyen”.

Oswa: “Si nanm nou te nan plas nanm mwen”.

Oswa: “moun ki rasanble avè m yo”.

Lit.: “mwen voye kòn mwen jete nan pousyè”.

Oswa: “lonbray lanmò”.

Se kapab tou: “Toutpandan je m ret ouvè san m pa ka dòmi”.

Oswa: “ap panse sou”.

Lit.: “yon pwovèb; yon pawòl”.

Oswa: “lè y ap gade aposta yo”.

Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “tonm nan”.

Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.

Se kapab tou: “moun ki pa pwòp”.

Oswa: “nanm”.

Oswa: “l ap bwete”.

Lit.: “Premye pitit lanmò”.

Oswa: “jwenn yon lanmò terib”.

Lit.: “Yon bagay ki pa pou li”.

Lit.: “Li pap gen non nan lari”.

Oswa: “kote l rete pou yon ti tan an”.

Oswa: “fè nanm mwen”. Gade “Nanm” nan Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “Fanmi m yo”.

Lit.: “pou pitit gason vant mwen yo”, anpalan de vant mwen sot ladan l lan (vant manman m).

Lit.: “mwen chape ak po dan m”.

Lit.: “E nou pa satisfè ak chè m”.

Oswa: “moun k ap rachte m nan”.

Lit.: “sou pousyè a”.

Oswa: “Ren m yo fin depafini anndan m”.

Oswa: “moun Naama a”.

Lit.: “yon lespri ki sot nan bon konprann mwen”.

Oswa: “lèzòm; Adan”.

Oswa: “se pou yon ti moman aposta a”.

Lit.: “Zo l yo”.

Yon koulèv ki gen yon pwazon vyolan yo jwenn ann Azi ak ann Afrik.

Lit.: “e li pap vale yo”.

Lit.: “Li”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Lit.: “li”.

Lit.: “èske lespri m”.

Oswa: “yo vin gen fòs”.

Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “nan yon moman”, sa vle di yo mouri byen vit, san yo pa soufri.

Oswa: “pa bay konsèy; pa fè plan”.

Oswa: “Si kantite tan l ta dwe viv la koupe an de”.

Oswa: “ki ka anseye Bondye konesans”.

Lit.: “E mwèl zo yo byen fre”.

Oswa: “ki mouri ak nanm yo anmè”.

Se kapab tou: “pou n fè vyolans sou mwen”.

Lit.: “egzamine siy yo”.

Lit.: “Epi, l ap trennen tout moun dèyè l”.

Oswa: “Èske sa fè Toupisan an plezi”.

Lit.: “E w retire rad moun ki toutouni sou yo”.

Lit.: “pyèj zwazo”.

Oswa: “Moun lavi yo vin pi kout”.

Lit.: “rivyè”.

Oswa: “jete ti moso lò”.

Oswa: “tankou ti moso lò”.

Oswa: “moun ki met je yo atè”.

Oswa: “Jodi a ankò, plenyen m ap plenyen an se rebèl m ap fè”.

Oswa: “sa l di pou m fè”.

Oswa: “Lè nanm li”.

Oswa: “te di l ap”.

Anpalan de jou l ap fè jijman l lan.

Se kapab tou: “oblije pran manje pou bèt yo nan jaden”.

Oswa: “Nanm moun ki blese yo”.

Se kapab tou: “Bondye pa bay pèsonn tò”.

Lit.: “Yo fè twou nan”.

Lit.: “Li rapid sou dlo”.

Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.

Lit.: “Vant manman”.

Lit.: “Li”.

Lit.: “tout wout yo”.

Lit.: “nan wotè l yo”.

Oswa: “bonsans”.

Lit.: “E souf (lespri) kiyès ki sot nan ou”.

Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.

Lit.: “li”.

Lit.: “Li blayi nò”.

Lit.: “nan vid”.

Lit.: “Rahab”.

Oswa: “ak van”.

Oswa: “file”.

Oswa: “pwovèb”.

Oswa: “ki fè nanm mwen”.

Oswa: “m ap kontinye”.

Oswa: “Pou okenn nan jou m yo”.

Lit.: “kè”.

Oswa: “nui m”.

Oswa: “ki espwa aposta yo”.

Oswa: “nanm”.

Se kapab tou: “M ap sèvi ak men Bondye pou m anseye nou”.

Se kapab tou: “Yo bat men pou yo pase l nan rizib e yo ret kote yo ye a yo soufle pou yo bat plezi sou li”.

Lit.: “koule”.

Lit.: “wòch”.

Sanble y ap pale de travay yo konn fè lè y ap fouye nan min.

Oswa: “lò ki rafine”.

Oswa: “peyi Kouch”.

Lit.: “Destriksyon”.

Lit.: “pwa”.

Lit.: “pwovèb li a”.

Lit.: “Nan epòk”.

Oswa: “sèvitè”.

Oswa: “yon rad san manch”.

Lit.: “te degoute”.

Se kapab tou: “Yo pa t etenn limyè ki nan figi m nan”.

Lit.: “Yo maltrete yo”.

Lit.: “yon pwovèb; yon pawòl”.

Lit.: “demare banza m”.

Oswa: “Yo voye brid yo jete”.

Se kapab tou: “pa gen pèsonn k ap ede yo”.

Oswa: “nanm mwen”.

Lit.: “Zo m plen twou”.

Se kapab tou: “Mwen tèlman ap soufri, mwen fin defigire”.

Se kapab tou: “ou fè m fonn, tèlman w voye m al kraze avèk fòs”.

Lit.: “yon pil dekonm”.

Oswa: “pou moun k ap pase yon move jounen”.

Oswa: “nanm mwen”.

Se kapab tou: “Lafyèv”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Se kapab tou: “janm nan mache ak moun k ap viv nan manti”.

Oswa: “se pou yo derasinen desandan m yo”.

Lit.: “se pou lòt gason koube jenou sou li”.

Lit.: “t ap manje jiskaske l fini ak”.

Oswa: “ki t ap derasinen”.

Oswa: “jijman”.

Lit.: “lè Bondye leve”.

Lit.: “Èske se pa li ki ban nou fòm nan vant”.

Lit.: “te fè vèv yo pa wè nan je”.

Lit.: “pou li”.

Lit.: “depi nan vant manman m”.

Lit.: “ren l”.

Se kapab tou: “Lè m te wè yo te pran pou mwen nan pòtay vil la”.

Oswa: “zo zepòl”.

Oswa: “bra m sot nan jwenti l; bra m sot nan zo ki anlè l la”.

Lit.: “wè limyè”.

Oswa: “pou nanm li”.

Lit.: “vyann”.

Oswa: “yon moun k ap viv kòm etranje nan peyi a”.

Oswa: “Men paraf mwen”.

Oswa: “fè nanm moun”.

Se yon kalite manje angren.

Oswa: “paske Jòb te dwat nan je pa l”.

Oswa: “montre nanm li”.

Lit.: “piti nan jou”.

Lit.: “jou”.

Oswa: “Se pa anpil jou sèlman”.

Oswa: “ki te ka blame Jòb”.

Oswa: “pap bay okenn moun tit”.

Lit.: “Lang mwen ak palèt mwen”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “nanm”.

Oswa: “tonm nan”.

Oswa: “ak yon zam”.

Lit.: “fè lavi l”.

Oswa: “nanm li”.

Oswa: “Nanm li; Lavi l”.

Oswa: “tonm nan”.

Oswa: “yon zanj”.

Oswa: “tonm nan”.

Lit.: “pou chè l”.

Oswa: “pi an sante”.

Oswa: “ap chante pou”.

Se kapab tou: “Sa pa t regle anyen pou mwen”.

Oswa: “sove nanm mwen”.

Oswa: “tonm nan”.

Oswa: “fè nanm li”.

Oswa: “tonm nan”.

Lit.: “palèt”.

Lit.: “kè”.

Oswa: “gouvène tè a”.

Oswa: “kè”.

Lit.: “chè”.

Oswa: “moun ki nan gwo pozisyon yo plis valè pase moun ki ba yo”.

Oswa: “yon aposta”.

Lit.: “kè”.

Se kapab tou: “Papa mwen, se pou Jòb pase anba eprèv”.

Sanble se de Bondye y ap pale.

Oswa: “ki sou manti yo”.

Lit.: “Se pa ti kè”.

Se kapab tou: “Li mete wa sou twòn”.

Oswa: “ak yon zam”.

Oswa: “Aposta yo”.

Oswa: “Nanm yo mouri”.

Se kapab tou: “fini”.

Lit.: “gason yo konn itilize pou fè imoralite seksyèl nan tanp yo”.

Lit.: “li”.

Oswa: “fè w bat men pou w manke yo dega”.

Se kapab tou: “ki kritike sa l fè; ki mande l regleman pou sa l fè”.

Oswa: “konnen”.

Lit.: “nan tonèl li a”.

Lit.: “limyè l”.

Lit.: “rasin”.

Se kapab tou: “defann kòz”.

Se kapab tou: “ki sa”.

Lit.: “Bondye poze sele sou men tout moun”.

Oswa: “tout kote ki bay rannman sou tè a”.

Lit.: “baton”.

Oswa: “kòmande”.

Oswa: “plati”.

Anpalan de limyè solèy la.

Lit.: “ki gen sajès nan kè yo”.

Ann ebre, se yon ekspresyon yo te itilize pou yo pale de zanj yo antanke pitit Bondye.

Oswa: “woule”.

Oswa: “pòtay lonbray lanmò”.

Lit.: “jou”.

Se kapab tou: “zèklè”.

Petèt se zetwal yo rele Pleyad yo ki nan gwoup zetwal yo rele Towo a.

Petèt se gwoup zetwal yo rele Oryon an.

Lit.: “Mazawòt”. Nan 2Wa 23:5, se mo sa a yo itilize nan fòm pliryèl nan lang ebre pou yo pale de gwoup zetwal ki fòme siy zodyak yo.

Petèt se gwoup zetwal yo rele Gwo Lous la.

Se kapab tou: “obeyi li”.

Se kapab tou: “nan lòm”.

Oswa: “bay lespri moun”.

Oswa: “tèlman l gen sajès”.

Se yon bèt ki sanble ak kabrit.

Lit.: “pote semans”.

Lit.: “Bondye te fè l bliye”.

Lit.: “Li soti al kontre ak lame a”.

Lit.: “li vale teren (tè)”.

Se kapab tou: “Li pa kwè nan”.

Lit.: “sou dan yon mas wòch”.

Oswa: “Èske w ap fè jistis mwen vin san valè”.

Lit.: “Vlope figi yo”.

Oswa: “ap fè w konpliman”.

Petèt se ipopotam.

Yo tankou kòd ki blan, se yo menm ki fè mis yo ret kole ak zo yo.

Lit.: “Se li ki kòmansman”.

Lit.: “pèlen”.

Petèt se kayiman.

Lit.: “jon”. Se yon plant ki pouse nan dlo.

Lit.: “pikan”.

Oswa: “W ap annik wè l, w ap tonbe atè”.

Lit.: “figi”.

Se kapab tou: “Li fyè poutèt li gen plizyè ranje kal”.

Oswa: “mwen fè bak”.

Lit.: “Kanmenm m ap leve figi l”.

Oswa: “moun Naama a”.

Lit.: “Jewova te fè Jòb sot nan esklavaj li te ye a”.

Lit.: “apre l fin granmoun anpil e li chaje ak jou”.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje