DÀNYÈL
1 Nan twazyèm ane rèy Jewoyakim+, wa peyi Jida a, Nebikadneza, wa Babilòn nan, te vin Jerizalèm e li te ansèkle l+. 2 Epi, Jewova te lage Jewoyakim, wa Jida a, nan men wa Babilòn nan+ ansanm ak kèk nan veso ki te nan kay* vrè Dye a. Wa a te pote yo ale nan peyi Babilòn*+, nan kay* dye pa l la. Li te mete veso yo nan trezò dye l la+.
3 Annapre, wa a te bay Achpenaz, ki te alatèt moun ki te nan gwo pozisyon nan palè a, lòd pou l mennen kèk nan Izrayelit yo* ba li. Pami yo, li t ap mennen Izrayelit ki sot nan fanmi wa ak nan gran fanmi+. 4 Se te dwe jèn* ki pa gen okenn domaj, ki gen bèl aparans, ki gen sajès, konesans ak bon jijman+ e ki kapab sèvi nan palè wa a. Achpenaz te gen pou l montre yo jan pou yo ekri ak jan pou yo li lang moun peyi Kalde yo. 5 Mete sou sa, wa a te di ki manje pou yo ba yo chak jou nan bon manje li konn manje ak nan diven li konn bwè. Yo te dwe ba yo fòmasyon* pandan twazan. Epi, apre twazan an, yo t ap gen pou yo kòmanse travay pou wa a.
6 Twouve, te gen kèk nan jèn sa yo ki te soti nan tribi* Jida. Te gen Dànyèl*+, Anànya*, Michayèl* ak Azarya*+. 7 Mesye ki te alatèt moun ki te nan gwo pozisyon nan palè a te ba yo lòt non*. Li te rele Dànyèl Bèltechaza+, li te rele Anànya Chadrak, li te rele Michayèl Mechak e li te rele Azarya Abèdnego+.
8 Men, Dànyèl te byen deside nan kè l pou l pa kontamine tèt li ak bon manje wa a te konn manje ansanm ak diven li te konn bwè. Se sa k fè li te mande mesye ki te alatèt moun ki nan gwo pozisyon nan palè a pèmisyon pou l pa kontamine tèt li ak bagay sa yo. 9 Epi, vrè Dye a te fè mesye ki te alatèt moun ki nan gwo pozisyon nan palè a fè Dànyèl favè* e li te fè l gen pitye pou li+. 10 Men, mesye ki te alatèt moun ki nan gwo pozisyon nan palè a te di Dànyèl: “Mwen pè wa a, mèt mwen an, ki di ki manje ak ki bwason pou nou ban nou. Bon, e si l ta wè nou parèt pi mal pase lòt jèn* ki gen menm laj avè n yo? Nou t ap fè wa a lage chay la sou mwen*.” 11 Men, mesye ki te alatèt moun ki nan gwo pozisyon nan palè a te met yon moun veye sou Dànyèl, Anànya, Michayèl ak Azarya, e Dànyèl te di moun ki t ap veye sou yo a: 12 “Tanpri, fè yon tès sou nou menm, sèvitè w yo, pandan dis jou. Fè yo ban nou legim* pou nou manje ak dlo pou nou bwè. 13 Apre sa, konpare nou ak lòt jèn* k ap manje nan bon manje wa a, epi w a aji ak sèvitè w yo selon sa w wè.”
14 Vrèmanvre, li te aksepte sa yo di l la e li te fè yon tès sou yo pandan dis jou. 15 Lè dis jou yo fini, yo te parèt pi anfòm e yo te pi an sante* pase tout lòt jèn* ki t ap manje nan bon manje wa a. 16 Se sa k fè mesye ki t ap veye sou yo a te kontinye ba yo legim olye l ba yo bon manje wa a te konn manje ak diven l te konn bwè. 17 Epi, vrè Dye a te bay kat jèn* sa yo konesans ak kapasite pou yo konprann tout kalite liv e li te ba yo sajès tou. Anplis, li te bay Dànyèl entèlijans pou l konprann tout kalite vizyon ak rèv+.
18 Lè moman wa Nebikadneza te mande pou yo mennen jèn yo ba li a te rive+, mesye ki te alatèt moun ki nan gwo pozisyon nan palè a te mennen yo devan wa a. 19 Lè wa a pale avèk yo, li pa t wè pèsonn nan tout gwoup la ki te tankou Dànyèl, Anànya, Michayèl ak Azarya+. Se konsa, yo te kontinye ret ap travay pou wa a. 20 Tout bagay wa a te mande yo, bagay ki te mande pou moun gen sajès ak entèlijans, wa a te wè jèn sa yo dis fwa pi fò pase tout prèt ki konn fè maji yo ansanm ak divinò+ ki te nan tout wayòm li an. 21 E Dànyèl te ret nan peyi a jis nan premye ane rèy wa Siris* la+.
2 Nan dezyèm ane rèy Nebikadneza a, Nebikadneza te fè plizyè rèv. Li* te tèlman boulvèse+, li pa t ka dòmi. 2 Se sa k fè wa a te bay lòd pou yo rele prèt ki majisyen yo, divinò yo, moun k ap fè maji yo ak Kaldeyen yo* pou yo vin rakonte l rèv li te fè yo. Se konsa, yo te antre vin kanpe devan wa a+. 3 Epi, wa a di yo: “Mwen fè yon rèv, e mwen* boulvèse paske m vle konnen rèv mwen fè a.” 4 Kaldeyen yo reponn wa a nan lang arameyen*+, yo di l: “O monwa, se pou w viv pou toutan. Rakonte sèvitè w yo rèv la, e n ap esplike w sa l vle di.”
5 Wa a reponn Kaldeyen yo: “Men sa m deside: Si nou pa di m rèv mwen fè a ansanm ak sa l vle di, m ap fè yo rache nou miyèt moso e m ap fè yo fè kay nou tounen latrin piblik*. 6 Men, si nou rakonte m rèv la e nou esplike m sa l vle di, m ap ban nou anpil kado, m ap rekonpanse nou e m ap onore nou anpil+. Ebyen, se pou nou rakonte m rèv la e se pou n esplike m sa l vle di.”
7 Yo di wa a yon dezyèm fwa: “Monwa, ou mèt rakonte sèvitè w yo rèv la, e n ap esplike w sa l vle di.”
8 Wa a reponn: “Mwen konnen byen se tan n ap eseye fè pase, paske nou byen konnen sa m deside. 9 Si nou pa fè m konnen ki rèv mwen fè, se yon sèl pinisyon nou tout ap jwenn nan men m. Men, nou antann nou pou n ban m manti, pou n twonpe m, e nou espere m ap chanje lide. Ebyen, se pou nou rakonte m rèv la, konsa m ap konnen nou ka esplike m sa l vle di.”
10 Kaldeyen yo reponn wa a: “Pa gen yon moun sou tè a ki ka fè sa wa a mande a, paske pa t gen okenn gran wa oswa gouvènè ki janm mande yon prèt ki majisyen oswa yon divinò bagay konsa. 11 Sa wa a mande a difisil, e pa gen pèsonn ki ka rakonte wa a yon bagay konsa, eksepte dye yo ki pa abite pami moun*.”
12 Kou wa a tande sa, li fè yon sèl kòlè e li bay lòd pou yo touye tout moun ki gen sajès nan Babilòn+. 13 Lè l fin bay lòd la, yo t apral touye moun ki gen sajès yo, konsa, yo t al chèche Dànyèl ak konpayon l yo pou yo touye yo tou.
14 Lè sa a, Dànyèl te montre l pridan e li te veye sa l t ap di lè l t ap pale ak Aryòk, mesye ki te alatèt moun k ap bay wa a sekirite yo e ki t apral touye tout moun ki gen sajès nan Babilòn yo. 15 Li te mande Aryòk, yon moun wa a te met nan gwo pozisyon: “Poukisa wa a bay yon lòd rèd konsa?” Aryòk te rakonte Dànyèl sa k te pase a+. 16 Se konsa, Dànyèl antre kot wa a e li mande l pou l ba l tan pou l esplike l rèv li te fè a.
17 Apre sa, Dànyèl al lakay li, li rakonte konpayon l yo, anpalan de Anànya, Michayèl ak Azarya, sa k te pase a. 18 Li mande yo pou yo priye Bondye nan syèl la pou l fè yo mizèrikòd pou l ka devwale sekrè sa a, yon fason pou yo pa touye Dànyèl ak konpayon l yo ansanm ak lòt mesye ki gen sajès nan Babilòn yo.
19 Epi, Bondye te fè Dànyèl konn sekrè a nan yon vizyon li te fè lannuit+. Se sa k fè Dànyèl te fè louwanj pou Bondye nan syèl la. 20 Dànyèl di:
“Se pou yo louwe non Bondye pou tout tan gen tan,
Paske se li sèl ki gen sajès ak pisans+!
21 Li chanje tan ak sezon+,
Li retire wa e li met wa+,
Li bay moun ki gen sajès yo sajès e li bay moun ki gen bon jijman yo konesans+.
23 O Bondye zansèt mwen yo, se ou m ap di mèsi e se pou ou m ap fè louwanj,
Paske w ban m sajès ak pouvwa.
E kounye a, ou fè m konnen sa nou te mande w la.
Ou fè nou konnen sa k ap toumante lespri wa a+.”
24 Apre sa, Dànyèl antre kot Aryòk, moun wa a te bay responsablite pou l touye moun ki gen sajès nan Babilòn yo+, epi li di l: “Pa touye okenn moun ki gen sajès nan Babilòn. Mennen m devan wa a e m ap esplike l sa rèv la vle di.”
25 Aryòk kouri mennen Dànyèl devan wa a e li di wa a: “Mwen jwenn yon moun pami moun ki ann egzil yo, li sot nan peyi Jida+, e li kapab esplike wa a sa rèv la vle di.” 26 Men sa wa a te di Dànyèl, li menm yo te rele Bèltechaza a+: “Èske se vre ou kapab di m rèv mwen te fè a e w kapab esplike m sa l vle di+?” 27 Dànyèl reponn wa a: “Pa gen youn pami mesye ki gen sajès yo, divinò yo, prèt ki majisyen yo oswa astwològ* yo ki ka fè wa a konn sekrè li vle konnen an+. 28 Men, gen yon Bondye nan syèl la, se Sila a ki konn devwale sekrè a+, se li ki fè wa Nebikadneza konnen sa k pral rive nan dènye jou yo. Men rèv ou te fè a e men vizyon w te fè lè w te kouche nan kabann ou an:
29 “Ou menm, monwa, pandan w te sou kabann ou e ou t ap reflechi sou sa k gen pou rive alavni, Sila a ki konn devwale sekrè a fè w konnen sa k gen pou rive. 30 E mwen menm, se pa paske mwen gen plis sajès pase tout moun ki fè li fè m konn sekrè sa a. Okontrè, monwa, se pou m ka fè w konnen sa rèv la vle di, yon fason pou w ka konnen sa ki nan panse w la+.
31 “O monwa, pandan w t ap gade, ou te wè yon kokennchenn estati. Estati sa a, ki te gwo anpil e ki te klere anpil anpil, te kanpe devan w, e jan l te ye a bay laperèz. 32 Tèt estati a te fèt ak bon kalite lò+, lestomak li ak bra l te ann ajan+, vant li ak kuis li te an kuiv+. 33 Janm li te fèt an fè+, e te gen pati nan pye l ki te an fè ak pati ki te ann ajil*+. 34 Ou te ret ap gade jiskaske yon wòch te detache, san se pa men moun ki te fè l detache, epi li te frape estati a nan pye l ki te fèt ak fè ak ajil, e li te kraze yo+. 35 Lè sa a, ni fè a, ni ajil la, ni kuiv la, ni ajan an, ni lò a, yo tout ansanm te kraze e yo te vin tankou pay ki sou glasi yo konn bat manje angren nan sezon sèch. Epi, van te pote yo ale jiskaske moun pa t ka wè tras yo. Men, wòch ki te frape estati a te vin tounen yon gwo mòn, epi li ouvè kò l sou tout tè a.
36 “Se rèv la sa, e kounye a monwa, n ap esplike w sa rèv la vle di. 37 O monwa, ou menm ki wa tout wa, ou menm Bondye nan syèl la bay wayòm+, pisans, fòs ak glwa, 38 ou menm li lage tout moun ki ret tout kote nan men w ansanm ak bèt ki nan savann yo ak zwazo k ap vole nan syèl la e ou menm li met dirije yo tout+, se ou menm ki tèt annò a+.
39 “Men, apre w, pral gen yon lòt wayòm k ap parèt+, l ap pi ba pase pa w la. Epi, ap gen yon twazyèm wayòm, se li ki pati an kuiv la. Li pral dirije tout tè a+.
40 “Kanta pou katriyèm wayòm nan, l ap di tankou fè+. Paske, menm jan fè kraze tout lòt bagay e li fè yo tounen poud, wi, menm jan ak fè, wayòm sa a pral kraze tout wayòm sa yo e l ap fè yo fè miyèt moso+.
41 “Menm jan w te wè gen pati nan pye estati a ak zòtèy li yo ki fèt ak ajil atizan yo konn travay la e gen pati ki fèt an fè, se konsa tou, wayòm nan ap divize, men, l ap yon ti jan di tankou fè, piske w te wè fè a mele ak ajil ki mou. 42 E menm jan zòtèy ki nan pye l yo gen pati an fè e gen pati ann ajil, se konsa tou, yon pati nan wayòm nan ap djanm e yon pati ap fèb. 43 Menm jan w te wè fè mele ak ajil ki mou, yo pral mele ak pèp yo*. Men, youn pap kole ak lòt, menm jan fè pa mele ak ajil.
44 “Nan jou wa sa yo, Bondye nan syèl la pral tabli yon wayòm+ ki pap janm kraze+. E wayòm sa a pap vin anba men okenn lòt pèp+. L ap kraze tout wayòm sa yo+, l ap elimine yo, e se li menm sèl k ap rete pou toutan+, 45 menm jan w te wè gen yon wòch ki detache sot nan mòn nan, san se pa men moun ki te fè l detache, e li te kraze fè a, kuiv la, ajil la, ajan an ansanm ak lò a+. Se Gran Dye a ki fè wa a konnen sa k pral rive nan tan k ap vini yo+. Rèv la se laverite, e ou ka fè esplikasyon ou jwenn sou rèv la konfyans.”
46 Epi, wa Nebikadneza te bese byen ba, fas atè devan Dànyèl pou l onore l. Li bay lòd pou yo bay Dànyèl yon kado e pou yo boule lansan pou li. 47 Wa a di Dànyèl: “Vrèmanvre, Bondye w la se Dye ki anlè tout lòt dye yo, li se Seyè tout wa yo e li se Sila a ki konn devwale sekrè a, piske w te kapab devwale sekrè sa a+.” 48 Apre sa, wa a te met Dànyèl nan gwo pozisyon, li te ba l anpil bèl kado, li te mete l dirije tout tèritwa Babilòn+, li te mete l chèf sou tout moun ki nan gwo pozisyon nan wayòm nan pou l sipèvize tout moun ki gen sajès nan Babilòn. 49 Epi, wa a te met Chadrak, Mechak ak Abèdnego+ sipèvize travay k ap fèt nan tèritwa Babilòn nan, jan Dànyèl te mande l sa. Men, Dànyèl li menm te travay nan palè wa a.
3 Wa Nebikadneza te fè yon estati annò ki te mezire anviwon 60 koude* wotè ak 6 koude* lajè. Li te mete l nan Plèn Doura ki nan tèritwa Babilòn. 2 Apre sa, wa Nebikadneza te voye di pou yo rasanble satrap yo*, delege yo*, gouvènè yo, konseye yo, trezorye yo, jij yo ak majistra yo ak tout administratè ki nan tèritwa yo pou yo vin nan inogirasyon estati wa Nebikadneza te fè met kanpe a.
3 Se konsa, satrap yo, delege yo, gouvènè yo, konseye yo, trezorye yo, jij yo ak majistra yo ak tout administratè ki nan tèritwa yo te reyini pou inogirasyon estati wa Nebikadneza te fè met kanpe a. Yo te kanpe devan estati wa Nebikadneza te fè met kanpe a. 4 Pòtpawòl la te di byen fò: “O nou menm pèp, nasyon ak gwoup moun ki pale lòt lang yo, men lòd nou ban nou: 5 Lè nou tande son kòn, son tout kalite flit, son hap* ak son tout kalite enstriman mizik, nou dwe lage kò nou fas atè pou n adore estati annò wa Nebikadneza fè met kanpe a. 6 Nenpòt moun ki pa lage kò l fas atè pou l adore estati a, nan menm moman an, y ap lage l nan founèz dife ki byen limen an+.” 7 Se sa k fè, lè tout pèp yo te tande son kòn, son tout kalite flit, hap ak tout kalite enstriman mizik, tout pèp yo, nasyon yo ak gwoup moun ki pale lòt lang yo te lage kò yo fas atè e yo te adore estati annò wa Nebikadneza te fè met kanpe a.
8 Twouve, nan moman sa a, gen kèk Kaldeyen ki te pwoche kot wa a e ki te akize Juif yo*. 9 Men sa yo te di wa Nebikadneza: “O monwa, se pou w viv pou toutan. 10 O monwa, ou te bay lòd pou tout moun ki tande son kòn, son tout kalite flit, hap ak tout kalite enstriman mizik lage kò yo fas atè pou yo adore estati annò a, 11 e ou te di nenpòt moun ki pa lage kò l fas atè pou l adore estati annò a, se pou yo lage l nan founèz dife ki byen limen an+. 12 Men, gen kèk Juif ou te mete sipèvize travay k ap fèt nan tèritwa Babilòn nan, anpalan de Chadrak, Mechak ak Abèdnego+, ki pa gen okenn respè pou ou, o monwa. Mesye sa yo pa sèvi dye w yo e yo derefize adore estati annò ou fè met kanpe a.”
13 Lè sa a, Nebikadneza fè yon sèl kòlè e li bay lòd pou yo mennen Chadrak, Mechak ak Abèdnego ba li. Vrèmanvre, yo te mennen mesye yo devan wa a. 14 Nebikadneza di yo: “Chadrak, Mechak ak Abèdnego, èske se vre nou pa sèvi dye m yo+ e nou derefize adore estati annò mwen fè met kanpe a? 15 Bon, kounye a, kou nou tande son kòn, son tout kalite flit, hap ak tout kalite enstriman mizik, si nou pare pou nou lage kò nou fas atè e pou nou adore estati mwen te fè a, se byen. Men, si nou refize adore l, m ap fè lage nou tousuit nan founèz dife ki byen limen an. Epi, ki dye ki ka delivre nou anba men m+?”
16 Chadrak, Mechak ak Abèdnego te reponn wa a: “O Nebikadneza, nou pa bezwen reponn ou sou bagay sa a. 17 O monwa, si sa dwe fèt konsa, Bondye nou an n ap sèvi a kapab delivre nou ni nan founèz dife ki byen limen an, ni anba men w+. 18 Men, menmsi l pa ta fè sa, n ap fè w konnen, o monwa, nou pap sèvi dye w yo, e nou pap adore estati annò ou fè met kanpe a+.”
19 Lè sa a, Nebikadneza tèlman vin fache sou Chadrak, Mechak ak Abèdnego, figi l vin chanje* sou yo, e li bay lòd pou yo fè founèz la vin sèt fwa pi cho pase jan l konn ye. 20 Li bay kèk nan gason vanyan ki nan lame l la lòd pou yo mare Chadrak, Mechak ak Abèdnego e pou yo lage yo nan founèz dife ki byen limen an.
21 Se konsa, yo te mare mesye yo ak tout manto yo, rad yo, bone yo ak lòt rad ki te sou yo e yo te lage yo nan founèz dife a ki te byen limen. 22 Piske lòd wa a te bay la te rèd anpil e yo te chofe founèz dife a pi plis pase tout lè, se mesye ki t ap mennen Chadrak, Mechak ak Abèdnego yo flanm dife a te touye. 23 Men, twa mesye yo, Chadrak, Mechak ak Abèdnego, te tonbe tou mare nan founèz dife a ki te byen limen.
24 Lè sa a, wa Nebikadneza vin pè, li leve kanpe byen vit, epi li di mesye li te met nan gwo pozisyon yo: “Èske nou pa t mare twa mesye yo lage nan dife a?” Yo reponn wa a: “Wi, monwa.” 25 Li di: “Apa m wè kat mesye ap mache san pa gen anyen ki mare yo nan mitan dife a. Anyen mal pa rive yo, epi katriyèm nan sanble ak youn nan pitit dye yo!”
26 Nebikadneza pwoche bò kot pòt founèz dife ki byen limen an, epi li di: “Chadrak, Mechak ak Abèdnego, nou menm sèvitè Sila a ki nan pi gwo pozisyon an+, soti vin isit!” Chadrak, Mechak ak Abèdnego te sot nan mitan dife a. 27 Epi, satrap yo, delege yo, gouvènè yo ak moun ki nan gwo pozisyon nan palè wa a ki te rasanble+ te wè dife a pa t fè kò mesye yo anyen*+, pa t gen yon branch cheve nan tèt yo ki te boule, rad yo te ret menm jan an e pa t menm gen sant dife sou yo.
28 Lè sa a, Nebikadneza di: “Louwanj pou Bondye Chadrak, Mechak ak Abèdnego a+ ki te voye zanj li vin delivre sèvitè l yo. Yo te met konfyans yo nan li, yo te refize obeyi lòd wa a e yo te pito mouri* pase pou yo sèvi lòt dye oubyen pase pou yo adore lòt dye, sof Bondye yo a+. 29 Se sa k fè, men lòd mwen bay: Nenpòt moun nan yon nasyon oswa nan yon gwoup ki pale lòt lang ki di yon bagay kont Bondye Chadrak, Mechak ak Abèdnego a, se pou yo rache l fè miyèt moso e se pou yo fè kay li tounen latrin piblik*. Paske, pa gen okenn lòt dye ki kapab delivre moun tankou Bondye sa a+.”
30 Epi, wa a te met Chadrak, Mechak ak Abèdnego nan gwo pozisyon nan tèritwa Babilòn nan+.
4 “Mwen menm, wa Nebikadneza, men mesaj mwen voye bay tout pèp yo, tout nasyon yo ak tout gwoup moun ki pale lòt lang ki abite sou tout tè a: Mwen swete pou nou gen anpil lapè! 2 Mwen kontan fè nou konnen mirak ak mèvèy Bondye fè pou mwen, li menm ki nan pi gwo pozisyon an. 3 Se pa ti gwo mirak li fè yo gwo! Se pa ti pisans ki gen nan mèvèy li fè yo! Wayòm li an se yon wayòm ki la pou toutan e l ap dirije jenerasyon apre jenerasyon+.
4 “Mwen menm, Nebikadneza, mwen te byen alèz lakay mwen e zafè m t ap byen mache nan palè m nan. 5 Mwen te fè yon rèv ki te fè m pè. Pandan m te kouche sou kabann mwen, sa m te wè nan vizyon m te fè a te fè m pè anpil+. 6 Se sa k fè mwen te bay lòd pou yo mennen tout moun ki gen sajès nan Babilòn devan m pou yo te ka esplike m sa rèv la vle di+.
7 “Lè sa a, prèt ki majisyen yo, divinò yo, Kaldeyen yo* ak astwològ yo+ te antre kote m. Lè m te rakonte yo rèv la, yo pa t ka esplike m sa l vle di+. 8 Alafen, Dànyèl, yo te rele Bèltechaza a+, dapre non dye m ap sèvi a+, te antre kote m. Li te gen lespri dye ki sen yo sou li+. Mwen te rakonte l rèv la, mwen te di l:
9 “‘O Bèltechaza, ou menm ki chèf prèt ki majisyen yo+, mwen konnen byen ou gen lespri dye ki sen yo sou ou+ e pa gen sekrè ou pa ka devwale+. Se poutèt sa, esplike m sa m te wè nan rèv mwen an, epi di m sa yo vle di.
10 “‘Nan vizyon mwen te fè pandan m te sou kabann mwen, mwen te wè yon pyebwa+ nan mitan tè a. Li te wo anpil+. 11 Pyebwa a te grandi e li te vin djanm, tèt li te rive nan syèl la e moun te ka wè l nenpòt kote yo ye sou tè a. 12 Fèy li yo te bèl, li te bay anpil fwi, e te gen fwi ladan l pou tout moun ak tout bèt manje. Se anba l bèt ki nan savann yo t al chèche lonbray, se sou branch li zwazo k ap vole nan syèl la te rete, e tout moun ak tout bèt* t ap manje fwi li bay.
13 “‘Pandan m t ap fè vizyon sou kabann mwen, mwen te wè yon mesaje*, yon moun ki sen, ki desann sot nan syèl la+. 14 Li di byen fò: “Koupe pyebwa a+, koupe branch li yo, retire fèy li yo e gaye fwi l yo. Se pou bèt yo kouri sot anba l e se pou zwazo yo vole kite branch li yo. 15 Men, kite chouk la ak rasin li yo* nan tè a pami zèb ki nan savann nan, epi mete yon sèk ki fèt ak fè ak kuiv toutotou l. Se pou lawouze ki sot nan syèl la mouye l e se bò kot bèt ki nan savann pou l rete+. 16 Se pou yo chanje kè moun li genyen an pou yo ba l yon kè bèt e se pou sèt tan*+ pase sou li+. 17 Se dekrè mesaje* yo bay+, se mesaje ki sen yo ki anonse desizyon sa a pou moun k ap viv yo ka konnen se Sila a ki nan pi gwo pozisyon an ki Chèf nan wayòm lèzòm nan+ e li bay moun li vle l. Se moun ki pi ba nèt pami lèzòm nan li met dirije l.”
18 “‘Se rèv sa a, mwen menm, wa Nebikadneza, mwen te fè. Kounye a, ou menm Bèltechaza, esplike m sa l vle di, paske tout lòt moun ki gen sajès nan wayòm mwen an pa kapab esplike m sa l vle di+. Men, ou menm, ou kapab fè sa paske lespri dye ki sen yo sou ou.’
19 “Lè sa a, Dànyèl, yo rele Bèltechaza a+, te santi l boulvèse pandan yon moman, e sa l t ap panse yo te kòmanse fè l pè.
“Wa a te di l: ‘O Bèltechaza, pinga rèv la ak sa l vle di a fè w pè.’
“Bèltechaza reponn li: ‘O mèt mwen, se pou rèv sa a reyalize sou moun ki rayi w yo e se pou sa l vle di a rive ènmi w yo.
20 “‘Pyebwa ou te wè ki te grandi anpil la, ki te vin djanm nan, tèt li te rive jis nan syèl la e moun te ka wè l nenpòt kote yo ye sou tè a+, 21 pyebwa ki te gen bèl fèy ak anpil fwi, ki te gen manje pou tout moun ak tout bèt manje, bèt ki nan savann te konn ret anba l e zwazo k ap vole nan syèl la te konn rete sou branch li yo+, 22 se ou menm, o monwa. Paske, ou te vin gen anpil valè e ou te vin djanm, epi grandè w rive jis nan syèl la+ e w ap dirije jis nan dènye bout tè a+.
23 “‘Epi, wa a te wè yon mesaje*, yon moun ki sen+, ki desann sot nan syèl la, ki t ap di: “Koupe pyebwa a, epi detwi l. Men, kite chouk la ak rasin li yo* nan tè a, pami zèb ki nan savann nan, e met yon sèk ki fèt ak fè ak kuiv toutotou l. Se pou lawouze ki sot nan syèl la mouye l e se bò kot bèt ki nan savann pou l rete jiskaske sèt tan* pase sou li+.” 24 Monwa, se sa rèv la vle di, se yon dekrè Sila a ki nan pi gwo pozisyon an bay ki dwe reyalize sou ou, o monwa, mèt mwen. 25 Y ap retire w nan mitan moun, ou pral rete ansanm ak bèt bwa yo e y ap ba w zèb pou w manje tankou towo bèf. Lawouze ki sot nan syèl la ap mouye w+, sèt tan*+ ap pase sou ou+, jiskaske w rekonèt se Sila a ki nan pi gwo pozisyon an ki Chèf nan wayòm lèzòm nan e li bay moun li vle l+.
26 “‘Men, piske yo te di y ap kite chouk pyebwa a ak rasin li yo*+, w ap rejwenn wayòm ou an ankò lè w fin rekonèt se Bondye k ap dirije. 27 Se sa k fè, o monwa, aksepte konsèy m ap ba w la. Kite peche w ap fè yo, epi fè sa ki dwat. Pa fè mechanste e se pou w fè moun ki pòv yo mizèrikòd. Konsa, w ap ka kontinye gen anpil bagay e w ap ka viv anpè+.’”
28 Tout bagay sa yo te rive wa Nebikadneza.
29 Douz mwa apre, wa a t ap mache sou do palè Babilòn nan. 30 Wa a t ap di: “Èske sa a se pa gran Babilòn mwen fè a, yon kote pou wa rete, yon vil mwen bati ak fòs mwen ak pouvwa m, pou m ka fè wè glwa mwen genyen ak grandè m?”
31 Wa a potko menm fin pale, gen yon vwa ki sot nan syèl la ki di: “Koute, o wa Nebikadneza: ‘Ou pa gen wayòm nan ankò+ 32 e yo retire w nan mitan moun. Se ak bèt ki nan savann ou pral rete e y ap ba w zèb pou w manje tankou towo bèf, epi sèt tan* ap pase sou ou jiskaske w rekonèt se Sila a ki nan pi gwo pozisyon an ki Chèf nan wayòm lèzòm nan e li bay moun li vle l+.’”
33 Menm moman an, pawòl la reyalize sou Nebikadneza. Yo te retire l nan mitan moun e li te kòmanse manje zèb tankou towo bèf. Kò l te mouye ak lawouze ki sot nan syèl la, jiskaske cheve l te vin long tankou plim èg e zong li te vin tankou grif zwazo+.
34 “Lè tan sa yo fin pase+, mwen menm, Nebikadneza, mwen te leve je m gad syèl la e mwen te retounen nan bonsans mwen. Mwen te fè louwanj pou Sila a ki nan pi gwo pozisyon an, mwen te bay Sila a k ap viv pou toutan an glwa ak louwanj, paske l ap dirije pou tout tan gen tan, e wayòm li an ap la jenerasyon apre jenerasyon+. 35 Tout moun ki sou tè a pa anyen devan l, li fè sa l vle ak zanj yo ki nan syèl la ansanm ak moun ki sou tè a. Epi, pèsonn pa ka ni bloke l*+, ni mande l: ‘Ki sa w fè la a+?’
36 “Lè sa a, mwen te retounen nan bonsans mwen, mwen te rejwenn glwa m te genyen nan wayòm mwen an e mwen te rejwenn grandè m ak frechè m ankò+. Moun ki nan gwo pozisyon nan wayòm mwen an ak moun ki enpòtan yo te fè gwo efò pou yo chèche pale avè m e mwen te vin retounen nan wayòm mwen an. Mwen te menm resevwa plis pouvwa toujou.
37 “Kounye a, mwen menm, Nebikadneza, m ap fè louwanj pou Wa syèl la+, m ap louwe l e m ap ba l glwa, paske tout sa l fè kòrèk, chemen l yo dwat+, e paske li kapab rabese moun ki gen ògèy+.”
5 Twouve, wa Bèlchaza+ t ap fè yon gwo resepsyon pou 1 000 nan gwo potanta l yo. Li te devan yo e li t ap bwè diven ak yo+. 2 Pandan Bèlchaza te anba diven l, li te bay lòd pou yo pote veso annò ak veso ann ajan Nebikadneza, papa* l, te pran nan tanp Jerizalèm nan+ pou li menm, wa a, ak gwo potanta l yo, madanm sou kote ak lòt madanm li te genyen yo te ka bwè ladan yo. 3 Lè sa a, yo te vin avèk veso annò yo te pran anndan tanp lan, nan kay Bondye a, nan Jerizalèm, e wa a ak gwo potanta l yo, madanm sou kote ak lòt madanm li te genyen yo te bwè ladan yo. 4 Yo te bwè diven e yo te fè lwanj pou dye ki fèt ak lò, ak ajan, ak kuiv, ak fè, ak bwa e ak wòch.
5 Menm kote a, gen men yon moun ki parèt e ki kòmanse ekri sou mi palè wa a, toupre pòtlanp lan, e wa a te wè do men ki t ap ekri a. 6 Lè sa a, figi wa a te vin blèm*, e sa l t ap panse yo te fè l pè. Janm li te vin fèb+ e jenou l te pran tranble.
7 Wa a te rele byen fò pou l mande pou yo rele divinò yo, Kaldeyen yo* ak astwològ yo pou li+. Wa a te di mesye ki gen sajès nan Babilòn yo: “Nenpòt moun ki li sa ki ekri la a e ki esplike m sa l vle di, m ap fè yo abiye l ak rad vyolèt, m ap fè yo met yon chèn lò nan kou l+, e l ap vin twazyèm moun k ap dirije nan wayòm nan+.”
8 Lè sa a, tout moun wa a te genyen ki te gen sajès yo te antre kote l, men yo pa t ka ni li sa ki ekri a ni esplike wa a sa l vle di+. 9 Se sa k fè wa Bèlchaza te vin pè anpil, figi l te vin chanje, e gwo potanta l yo pa t konn sa pou yo fè+.
10 Lè rèn nan* te tande pawòl wa a ak gwo potanta l yo te di yo, li te antre nan sal yo t ap fè resepsyon an. Epi, rèn nan di: “O monwa, se pou w viv pou toutan! Pa kite sa w ap panse yo fè w pè e pinga w kite figi w chanje. 11 Gen yon gason ki gen sajès nan wayòm ou an e ki gen lespri dye ki sen yo sou li. Nan epòk papa w la, se yon nonm yo te wè ki gen konesans, ki gen bon konprann e ki gen sajès menm jan ak dye yo+. Wa Nebikadneza, papa* w, te mete l chèf prèt ki majisyen yo, divinò yo, Kaldeyen yo* ak astwològ yo+. Se papa w menm ki te mete l nan pozisyon sa a, o monwa. 12 Paske, Dànyèl, li menm wa a te rele Bèltechaza a+, te gen lespri anpil, li te gen konesans ak bon konprann pou l esplike rèv ak bagay ki difisil pou moun konprann e pou l rezoud pwoblèm lè bagay yo mare*+. Kounye a, voye rele Dànyèl e l ap esplike w ki sa sa ki ekri a vle di.”
13 Se konsa, yo te mennen Dànyèl devan wa a. Wa a te mande Dànyèl: “Èske se ou menm ki Dànyèl la+, moun ki ann egzil papa m te pran nan Jida lè l te wa a+? 14 Mwen tande yo di ou gen lespri dye yo sou ou+ e ou se yon moun ki gen konesans, bon konprann ak anpil sajès+. 15 Twouve, yo te mennen mesye ki gen sajès yo ak divinò yo devan m pou yo te ka li sa ki ekri a e pou yo te ka esplike m sa l vle di, men yo pa t kapab esplike m sa ki ekri a+. 16 Sepandan, mwen aprann ou kapab esplike yon bagay+ e ou kapab rezoud pwoblèm lè bagay yo mare*. Kounye a, si w kapab li sa ki ekri a e ou kapab esplike m sa l vle di, m ap fè yo abiye w ak rad vyolèt, m ap fè yo met yon chèn lò nan kou w, e w ap vin twazyèm moun k ap dirije nan wayòm nan+.”
17 Lè sa a, Dànyèl reponn wa a: “Ou mèt kenbe kado w yo e ou mèt bay lòt moun kado w yo. Men, m ap li sa ki ekri a pou ou, monwa, e m ap esplike w sa l vle di. 18 O monwa, m ap fè w sonje Bondye, Sila a ki nan pi gwo pozisyon an, te bay Nebikadneza, papa w, wayòm nan e li te ba l glwa, onè ak pouvwa+. 19 Piske Bondye te ba l anpil pouvwa, tout pèp, tout nasyon ak tout gwoup moun ki pale lòt lang te pè l+. Li te touye moun li vle, li te bay moun li vle lavi, li te onore moun li vle e li te rabese moun li vle+. 20 Men, lè l te vin gen ògèy nan kè l e li te vin gen tèt di, sa ki te fè l te pran dwa ki pa t pou li+, yo te retire l sou twòn nan nan wayòm li an e yo te retire glwa li te genyen an. 21 Yo te retire l nan mitan moun, kè l te vin tankou yon kè bèt e li t al ret menm kote ak bourik mawon yo. Yo te ba l zèb pou l manje tankou towo bèf, kò l te mouye ak lawouze ki sot nan syèl la, jiskaske l te vin rekonèt se Bondye, Sila a ki nan pi gwo pozisyon an, ki Chèf nan wayòm lèzòm nan e li bay moun li vle dirije l+.
22 “Men, ou menm, Bèlchaza, pitit gason l*, ou pa t rabese w, byenke w te konn tout bagay sa yo. 23 Okontrè, ou te fè rebèl ak Seyè k ap dirije nan syèl la+ e ou te fè yo pote veso ki te nan kay li a ba ou+. Epi, ou menm ansanm ak gwo potanta w yo, madanm sou kote ak lòt madanm ou te genyen yo te bwè diven ladan yo e ou te fè louwanj pou dye ki fèt ak ajan, ak lò, ak kuiv, ak fè, ak bwa e ak wòch, yon seri dye ki pa ka wè anyen, ki pa ka tande anyen e ki pa konn anyen+. Men, ou pa t bay Bondye glwa, li menm ki gen pouvwa sou lavi w+ e sou tout sa w ap fè. 24 Se sa k fè Bondye te voye men an vin ekri pawòl sa yo+. 25 E men sa ki ekri a: MENE, MENE, TEKÈL ak PASIN.
26 “Men sa pawòl sa yo vle di: MENE vle di Bondye konte jou wayòm ou an e li met yon fen ladan l+.
27 “TEKÈL vle di li peze w nan balans e li wè ou pa peze ase.
28 “PERÈS vle di yo separe wayòm ou an e yo bay moun peyi Medi ak peyi Pès yo l+.”
29 Lè sa a, Bèlchaza te bay lòd, e yo te abiye Dànyèl ak rad vyolèt, yo te met yon chèn lò nan kou l e yo te fè tout moun konnen se li ki dwe vin twazyèm chèf nan wayòm nan+.
30 Nan menm nuit lan, yo te touye Bèlchaza, wa peyi Kalde a+. 31 Epi, Dariyis+, moun peyi Medi a, te resevwa wayòm nan. Li te gen anviwon 62 an.
6 Dariyis te wè se yon bon bagay pou l chwazi 120 satrap* met nan tout wayòm nan+. 2 Te gen twa moun ki nan gwo pozisyon alatèt yo. Dànyèl se te youn ladan yo+. Satrap yo+ te gen pou ba yo rapò sou tout bagay nèt pou yo te ka pwoteje byen wa a te genyen. 3 Twouve, Dànyèl te pi fò pase lòt mesye ki te nan gwo pozisyon yo ak satrap yo paske li te gen yon entèlijans estrawòdinè+, e wa a te vle ba l otorite sou tout bagay nan wayòm nan.
4 Lè sa a, moun ki nan gwo pozisyon yo ak satrap yo t ap chèche jwenn kèk fay nan fason Dànyèl fè travay li nan wayòm nan pou yo ka akize l. Men, yo pa t ka jwenn okenn fay ak anyen mal nan li, paske li te onèt, li pa t fè okenn neglijans e li pa t nan magouy. 5 Se sa k fè mesye yo di: “Nou pap jwenn okenn fay nan Dànyèl pou nou akize l, sof si nou jwenn yon bagay ki gen rapò ak lwa Bondye l la+ kont li.”
6 Konsa, mesye sa yo ki te nan gwo pozisyon ansanm ak satrap yo te fè yon gwoup, epi yo t al kot wa a, yo di l: “O wa Dariyis, se pou w viv pou toutan! 7 Tout moun ki nan gwo pozisyon yo, delege yo*, satrap yo, konseye wa a genyen yo ak gouvènè yo te met tèt yo ansanm pou yo fè yon dekrè e pou yo bay yon entèdiksyon ki fè konnen nenpòt moun ki priye yon dye oswa yon lòt moun apa ou menm, pandan 30 jou, o monwa, yo dwe lage l nan twou lyon an+. 8 Kounye a, monwa, se pou w bay dekrè a e se pou w siyen l+ pou yo pa ka chanje l, paske pa gen moun ki ka anile lwa peyi Medi ak peyi Pès yo+.”
9 Se konsa, wa Dariyis te siyen dekrè a ak entèdiksyon an.
10 Men, kou Dànyèl aprann wa a siyen dekrè a, li t al lakay li, e fenèt chanm li ki te anlè te ouvri nan direksyon Jerizalèm+. Epi, twa fwa pa jou, li te konn met ajenou pou l priye Bondye l la e pou l ba l louwanj, jan l te konn fè sa anvan. 11 Lè sa a, mesye yo kouri antre kay Dànyèl e yo jwenn li k ap priye Bondye l la pou l mande l favè l.
12 Se sa k fè yo t al kot wa a pou yo fè l sonje entèdiksyon li te bay la, yo di l: “Monwa, èske w pa t siyen yon entèdiksyon kote w te mande pou pèsonn pa priye yon dye oswa yon lòt moun apa ou menm, pandan 30 jou, e si yon moun ta fè sa, yo ta dwe lage l nan twou lyon an?” Wa a reponn: “Se yon lòd klè yo bay dapre lwa peyi Medi ak peyi Pès e pèsonn pa ka chanje l+.” 13 Menm kote a, yo di wa a: “O monwa, Dànyèl, youn nan moun ki ann egzil ki sot Jida yo+, pa gen okenn respè pou ou, e li pa respekte entèdiksyon ou te siyen an. Okontrè, li priye Bondye l la twa fwa pa jou+.” 14 Kou wa a tande sa, li vin boulvèse anpil, e li te eseye reflechi pou l wè ki jan li te ka delivre Dànyèl. Li te fè tout sa l kapab pou l sove l, rive jis solèy kouche. 15 Alafen, mesye yo fè yon gwoup, yo antre kot wa a, epi yo di l: “O monwa, sonje sa, dapre lwa peyi Medi ak peyi Pès yo, pèsonn pa ka chanje entèdiksyon oswa dekrè wa a bay+.”
16 Se konsa, wa a te bay lòd pou y al pran Dànyèl pou yo lage l nan twou ki gen lyon yo+. Wa a te di Dànyèl: “Bondye w la w ap sèvi san rete a ap delivre w.” 17 Lè sa a, yo vin ak yon wòch, yo mete l sou bouch twou a, e wa a te met so sou wòch la ak bag li konn poze so a ansanm ak bag gwo potanta l yo, yon fason pou yo pa ka chanje desizyon yo te pran kont Dànyèl la.
18 Apre sa, wa a retounen nan palè a. Li pase nuit lan san manje, li pa t aksepte yo fè anyen pou amize l* e li pa t ka dòmi. 19 Alafen, kou l jou, wa a leve, li kouri al bò twou lyon an. 20 Lè wa a rive bò twou a, li rele Dànyèl ak yon vwa tris. Li mande Dànyèl: “O Dànyèl, sèvitè Bondye vivan an, èske Bondye w la w ap sèvi san rete a te rive delivre w anba lyon yo?” 21 Menm kote a, Dànyèl di wa a: “O monwa, se pou w kontinye viv pou toutan! 22 Bondye m nan te voye yon zanj li vin fèmen bouch lyon yo+, lyon yo pa t fè m anyen+, paske mwen inosan devan l, epi mwen pa t fè w anyen ki mal, monwa.”
23 Wa a te vin kontan anpil e li te bay lòd pou yo rale Dànyèl sot nan twou a. Lè yo fin rale Dànyèl sot nan twou a, yo wè anyen mal pa t rive l, paske li te met konfyans li nan Bondye l la+.
24 Lè sa a, wa a bay lòd pou yo mennen mesye ki te akize* Dànyèl yo vini, epi pou yo lage yo nan twou lyon an ansanm ak pitit yo ak madanm yo. Yo potko menm rive nan fon twou a, lyon yo te atrap yo e yo te kraze tout zo yo+.
25 Apre sa, Dariyis te ekri tout pèp yo, nasyon yo ak tout gwoup moun ki pale lòt lang ki abite toupatou sou tè a+, li di: “Mwen swete pou nou gen anpil lapè! 26 Mwen bay lòd pou moun toupatou nan wayòm mwen an gen lakrentif pou Bondye Dànyèl la+. Paske, se li ki Bondye vivan an e li la pou toutan. Yo pap janm detwi wayòm li an e l ap dirije* pou toutan+. 27 Li delivre pèp li+, li sove l, epi li fè mirak ak mèvèy ni nan syèl la, ni sou tè a+, paske li te delivre Dànyèl anba pat lyon yo.”
28 Konsa, afè Dànyèl te mache byen nan wayòm Dariyis la+ ak wayòm Siris, wa peyi Pès la+.
7 Nan premye ane rèy Bèlchaza+, wa Babilòn nan, Dànyèl te fè yon rèv ak yon seri vizyon pandan l te kouche sou kabann li+. Apre sa, li ekri sa l te wè nan rèv la+. Li rakonte tout sa l te wè nèt. 2 Dànyèl di:
“Nan yon seri vizyon m te fè nan nuit, mwen t ap gade, mwen te wè van k ap soufle nan kat kwen tè a*, van yo te sakaje lanmè a ki gwo anpil+. 3 Epi, te gen kat gwo bèt+ ki monte sot nan lanmè a, youn pa t sanble ak lòt.
4 “Premye bèt la te sanble ak yon lyon+ e li te gen zèl yon èg+. Mwen te ret ap gade jiskaske zèl li yo rache, yo te leve l sou tè a, yo te fè l kanpe sou de pye tankou yon moun e yo te met yon kè moun nan li.
5 “Epi, gade! Gen yon lòt bèt, yon dezyèm bèt, ki te parèt. Li te sanble ak yon lous+. Li te leve kanpe sou yon bò e li te gen twa kòt anba dan l. Yo te di l: ‘Leve kanpe, manje anpil vyann+.’
6 “Apre sa, mwen te kontinye gade, mwen wè yon lòt bèt ki sanble ak yon leyopa+, men, li te gen kat zèl nan do l ki te sanble ak zèl zwazo. Bèt la te gen kat tèt+ e yo te ba l pouvwa pou l dirije.
7 “Apre sa, mwen te kontinye gade nan vizyon mwen t ap fè nan nuit lan, mwen te wè yon katriyèm bèt ki te malouk e ki te efreyan. Li te gen yon fòs ki depase limit e li te gen gwo dan fè. Li t ap devore sa l jwenn, li t ap kraze brize, e sa k te rete yo, li te pilonnen yo anba pye l+. Li pa t menm ak tout lòt bèt ki te anvan l yo e li te gen dis kòn. 8 Pandan m t ap byen gade kòn yo, mwen te wè yon lòt kòn, yon ti kòn+, ki te parèt nan mitan yo, e yo te rache twa nan premye kòn yo devan l. Epi, mwen te wè te gen je tankou je moun nan kòn sa a, e te gen yon bouch ki t ap pale yon fason ki awogan+.
9 “Mwen te kontinye gade jiskaske yo te mete yon seri twòn nan plas yo e Sila a ki la depi pi lontan an+ te chita sou twòn li+. Rad li te blan kou nèj+, cheve nan tèt li te tankou lenn mouton ki pwòp. Twòn li an se te flanm dife, wou twòn nan se te yon dife ki byen limen+. 10 Te gen yon rivyè dife ki t ap koule sot nan twòn li an+. Te gen 1 000 000 zanj ki t ap travay pou li, e te gen 100 000 000 zanj ki te kanpe devan l+. Tribinal la+ te reyini, e yo te ouvè yon seri liv.
11 “Lè sa a, mwen te kontinye gade akoz pawòl awogan mwen te tande kòn nan t ap di yo+. Mwen te ret ap gade jiskaske yo touye bèt la, yo lage kò a nan dife pou yo detwi l. 12 Men, kanta pou rès bèt yo+, yo te retire pouvwa nan men yo e yo te kite yo kontinye viv pou yon tan.
13 “Mwen te kontinye gade nan vizyon mwen te fè nan nuit lan, epi mwen wè yon moun ki sanble ak yon pitit lòm+ ki t ap vini nan nyaj nan syèl la. Li te jwenn pèmisyon pou l parèt devan Sila a ki la depi pi lontan an+ e yo te fè l pwoche devan l. 14 Yo te ba l pouvwa+, onè+ ak yon wayòm, yon fason pou tout pèp, tout nasyon ak tout gwoup moun ki pale tout kalite lang sèvi l+. Pouvwa l genyen pou l dirije a la pou toutan, pouvwa sa a pap disparèt, e yo pap detwi wayòm li an+.
15 “Mwen menm Dànyèl, lespri m te boulvèse akoz vizyon mwen te fè yo ki te fè m pè+. 16 Mwen te pwoche toupre youn nan zanj yo ki te kanpe la pou m mande l esplike m sa sa vle di toutbonvre. Li te reponn mwen e li te esplike m sa bagay sa yo vle di. Li di m:
17 “‘Kat gwo bèt ou wè yo+ se kat wa ki pral leve sou tè a+. 18 Men, se moun ki sen yo k ap sèvi Sila a ki nan pi gwo pozisyon an+ k ap resevwa wayòm nan+, e wayòm nan ap pou yo+ pou toutan, wi, pou tout tan gen tan.’
19 “Epi, mwen te vle konnen plis bagay sou katriyèm bèt la ki pa t menm ak tout lòt yo. Li te efreyan anpil. Li te gen dan fè e grif li te fèt an kuiv. Li t ap devore sa l jwenn, li t ap kraze brize e li t ap pilonnen sa k te rete yo anba pye l+. 20 Epitou, mwen te vle konnen plis bagay sou dis kòn+ ki te nan tèt li yo ak lòt kòn ki te parèt e ki te lakòz twa kòn tonbe a+, kòn ki te gen je e ki te gen yon bouch ki t ap pale yon fason ki awogan e ki te parèt pi gwo pase lòt yo.
21 “Mwen te kontinye gade pandan kòn sa a t al fè lagè ak moun ki sen yo e li te pot laviktwa sou yo+, 22 jiskaske Sila a ki la depi pi lontan an+ vini e li fè jijman an favè moun ki sen yo k ap sèvi l+, epi moman ki te fikse a te rive pou moun ki sen yo resevwa wayòm nan+.
23 “Men sa zanj lan te esplike m: ‘Katriyèm bèt la se yon katriyèm wayòm k ap vin gen sou tè a. Li pap menm ak tout lòt wayòm yo, l ap fè ravaj sou tout tè a, l ap pilonnen l e l ap kraze l+. 24 Dis kòn yo menm se dis wa ki pral parèt nan wayòm sa a, e gen yon lòt ankò ki pral parèt apre yo. Li pap menm ak premye yo e l ap rabese twa wa+. 25 L ap di yon seri pawòl kont Sila a ki nan pi gwo pozisyon an+ e l ap kontinye toumante moun ki sen yo k ap sèvi Sila a ki nan pi gwo pozisyon an. L ap vle chanje tan ak lwa, epi y ap lage moun ki sen yo anba men l pandan yon tan, de tan* ak mwatye yon tan*+. 26 Men, Tribinal la reyini e yo retire pouvwa l genyen pou l dirije a nan men l pou yo ka fini avè l e pou yo detwi l nèt+.
27 “‘Epi, y ap bay moun ki sen k ap sèvi Sila a ki nan pi gwo pozisyon an wayòm nan, y ap ba yo pouvwa pou yo dirije ansanm ak onè wayòm yo ki sou tout tè a genyen+. Wayòm yo a se yon wayòm k ap la pou toutan+, e tout gouvènman pral sèvi yo e yo pral obeyi yo.’
28 “Se konsa bagay yo fini. Mwen menm, Dànyèl, sa m t ap panse yo te boulvèse m anpil, e sa te fè figi m vin blèm*, men, mwen te konsève sa m te wè ak sa m te tande yo nan kè m.”
8 Nan twazyèm ane rèy wa Bèlchaza a+, mwen menm, Dànyèl, mwen te fè yon lòt vizyon apre vizyon mwen te deja fè a+. 2 Pandan m t ap fè vizyon an, mwen te nan sitadèl* Souz la+, nan tèritwa Elam+. Nan vizyon an, mwen te wè m toupre kanal dlo ki nan Oulayi a. 3 Pandan m leve je m, mwen wè yon mal mouton+ ki kanpe devan kanal dlo a. Li te gen de kòn+. De kòn yo te wo, men youn te pi wo pase lòt, e sa k te pi wo a te parèt apre+. 4 Mwen te wè mal mouton an k ap voye kout kòn nan direksyon lwès, nan direksyon nò ak nan direksyon sid. Pa t gen bèt nan bwa ki te ka kanpe devan l e pa t gen moun ki te ka delivre pèsonn anba l*+. Li te fè sa l vle e li t ap met tèt li byen wo.
5 Pandan m te kontinye ap gade, mwen te wè yon bouk kabrit+ k ap sot nan direksyon lwès*. Li te travèse tout tè a tèlman vit, pye l pa t touche tè. Li te gen yon kòn ki te parèt byen klè ant de je l+. 6 Li t ap vin sou mal mouton ki gen de kòn mwen te wè ki kanpe devan kanal dlo a. Li t ap kouri sou li byen move.
7 Mwen te wè l pwoche toupre mal mouton an, e li te move sou li anpil. Li te lage mal mouton an atè, li kase de kòn li yo, e mal mouton an pa t gen fòs pou l kanpe devan l. Li te frape mal mouton an atè, epi li pilonnen l anba pye l. Pa t gen pèsonn ki te ka delivre mal mouton an anba l*.
8 Apre sa, bouk kabrit la met tèt li wo depase limit. Men, lè l te vin gen anpil fòs, gwo kòn nan te kase. Epi, kat kòn te parèt byen klè nan plas li, yo te bay nan direksyon kat kwen tè a*+.
9 Te gen yon kòn ki te pouse sot nan youn nan kòn yo, se te yon ti kòn. Li te kontinye grandi anpil, li te bay nan direksyon sid, nan direksyon lès* e nan direksyon Bèl Peyi a+. 10 Li te tèlman grandi, li te rive jis nan lame ki nan syèl la* e li te fè yon pati nan lame a ak kèk nan zetwal yo tonbe atè, epi li pilonnen yo anba pye l. 11 Li te leve tèt li byen wo, li te menm rive atake Chèf ki alatèt lame a, e li te retire sakrifis yo fè chak jou a* nan men Chèf ki alatèt lame a, epi li kraze kote li te genyen ki sakre a+. 12 Akoz peche moun yo, yo te livre yon lame ansanm ak sakrifis yo konn fè chak jou yo* ba li. Li te kontinye voye laverite jete atè. Epi, li te rive fè sa l vle.
13 Apre sa, mwen te tande yon zanj k ap pale, e gen yon lòt zanj ki te di sa k ap pale a: “Pandan konbyen tan sa ki te nan vizyon ki gen rapò ak sakrifis yo konn fè chak jou yo* ansanm ak peche ki lakòz ravaj la ap kontinye fèt+, pou fè kote ki sakre a ak lame a tounen bagay y ap pilonnen anba pye?” 14 Li di m: “Pandan 2 300 jou*, e san mank, kote ki sakre a ap retounen vin jan l dwe ye a.”
15 Mwen menm, Dànyèl, pandan m t ap fè vizyon an e mwen t ap chèche konprann sa l vle di, bridsoukou mwen te wè yon moun ki sanble ak yon gason vin kanpe devan m. 16 Epi, mwen tande vwa yon moun nan mitan kanal dlo Oulayi a ki di byen fò+: “Gabriyèl+, esplike misye sa l te wè a+.” 17 Se konsa, li te pwoche kote m te kanpe a, men lè l rive kote m, mwen te tèlman pè, mwen te lage kò m fas atè. Li di m: “Ou menm, pitit lòm, se pou w konprann sa, vizyon an ap reyalize nan tan lafen an+.” 18 Men, pandan l t ap pale avè m, e m te fas atè, gen yon gwo dòmi ki te pran m. Se konsa, li touche m, li fè m kanpe kote m te kanpe a+. 19 Epi, li di: “M ap fè w konn sa k pral rive nan dènye moman kòlè Bondye a, paske vizyon an ap reyalize nan tan lafen an, nan tan ki fikse pou sa a+.
20 “Mal mouton ki gen de kòn ou te wè a reprezante wa peyi Medi a ak wa peyi Pès la+. 21 Bouk kabrit ki chaje plim sou li a reprezante wa peyi Lagrès la*+. Epi, gwo kòn ki te ant je l yo reprezante premye wa a+. 22 Kanta pou kòn ki te kase a, e kat kòn te pouse nan plas li a+, gen kat wayòm k ap soti nan nasyon l lan, men yo pap gen menm pisans avè l.
23 “Epi, nan dènye moman rèy yo a, lè moun k ap fè peche yo fin fè règ peche yo*, gen yon wa ki move anpil k ap parèt. L ap konprann pawòl ki difisil pou moun konprann*. 24 L ap vin gen anpil pouvwa, men se pa ak pwòp fòs pa l. L ap fè ravaj yon fason ki terib, e san mank, l ap reyisi nan tout sa l ap fè. L ap detwi ni moun ki vanyan, ni moun nan pèp ki sen an+. 25 L ap aji avèk riz e l ap reyisi twonpe anpil moun. Nan kè l, l ap met tèt li byen wo. Epi, pandan moun yo santi yo an sekirite*, l ap detwi anpil moun. L ap menm leve kont Chèf tout chèf yo, men y ap kraze l san se pa men yon moun ki fè sa.
26 “Sa yo te di sou jou* yo nan vizyon an se laverite. Men, ou dwe kenbe vizyon an sekrè, paske li poko prèt pou l reyalize+.”
27 Mwen menm, Dànyèl, mwen te vin faya e mwen te fè kèk jou malad+. Apre sa, mwen te leve e mwen t al fè travay wa a+. Men, sa m te wè a te fè m pa t ka di anyen, e pèsonn pa t ka konprann li+.
9 Nan premye ane yo te met Dariyis+, pitit gason Asyeris, yon desandan moun peyi Medi yo, wa nan wayòm moun Kalde yo+, 2 wi, nan premye ane rèy li a, mwen menm, Dànyèl, mwen te li nan liv yo* e mwen te vin konprann kantite ane Jewova te di pwofèt Jeremi Jerizalèm t ap ret kraze yo+ se te 70 an+. 3 Se sa k fè m te vire fas mwen bay Jewova, vrè Dye a, mwen te sipliye l, mwen te fè jèn*+, mwen te met rad sak sou mwen e mwen te met sann sou tèt mwen. 4 Mwen te priye Jewova, Bondye m nan, e mwen te konfese peche pèp mwen an fè yo. Mwen te di:
“O Jewova, vrè Dye a, Bondye ki gran an e ki merite pou moun gen lakrentif pou li a, Bondye ki respekte alyans li fè e ki montre lanmou fidèl+ pou moun ki renmen l e ki obeyi kòmandman l yo+, 5 nou peche, nou fè sa ki mal, nou aji ak mechanste e nou vin rebèl+. Nou vire do bay kòmandman w yo ak lwa w yo. 6 Nou pa t koute sèvitè w yo, anpalan de pwofèt yo+, ki te vini nan non w e ki t ap pale ak wa nou yo, chèf nou yo, zansèt nou yo e ak tout moun nan peyi a. 7 Se ou menm, o Jewova, ki fè sa ki dwat, men jodi a, lawont kouvri figi nou, figi moun Jida yo, moun Jerizalèm yo ak tout moun nan pèp Izrayèl la, ni moun ki toupre ni moun ki byen lwen, nan tout peyi kote ou te gaye yo, paske nou pa t fidèl avè w+.
8 “O Jewova, lawont kouvri figi nou ak figi wa nou yo, chèf nou yo ak zansèt nou yo, paske nou peche kont ou. 9 Ou menm Jewova, Bondye nou an, ou gen mizèrikòd e ou konn padone+, men nou te fè rebèl avè w+. 10 Jewova, Bondye nou an, nou pa t obeyi pawòl ou, nou pa t suiv lwa w yo, lwa ou te voye sèvitè w yo, anpalan de pwofèt yo, vin ban nou+. 11 Tout pèp Izrayèl la pa t respekte Lwa ou te bay la, yo te fè wout pa yo, yo pa t obeyi sa w di. Se sa k fè, ou menm vrè Dye a, ou te lage malediksyon sou nou pou w te respekte sèman ou te fè ki ekri nan Lwa Moyiz, sèvitè w la+, paske nou te peche kont ou. 12 Ou te fè sa w te di w ap fè nou+ menm ak chèf k ap dirije nou yo*, lè w te lage gwo malè sou nou. Pa t janm gen yon bagay ki te pase anba syèl la tankou sa k te fèt nan Jerizalèm nan+. 13 Tout malè sa yo te rive nou, jan sa te ekri nan Lwa Moyiz la+. Malgre sa, nou pa t sipliye w, o Jewova, Bondye nou an, pou nou jwenn favè w*, epi pou n vire do bay peche nou yo+ e pou n montre nou konprann ou toujou kenbe pawòl ou*.
14 “Se sa k fè, Jewova, ou te ret veyatif e ou te lage malè sou nou, paske ou menm, Jewova, Bondye nou an, ou dwat nan tout sa w fè. Epoutan, nou pa obeyi w lè w pale+.
15 “Kounye a, o Jewova, Bondye nou an, ou menm ki te fè pèp ou a sot nan peyi Ejip ak fòs ponyèt ou+ e ki kontinye fè anpil moun pale de ou jis jounen jodi a+, nou peche e nou aji ak mechanste. 16 O Jewova, ou menm ki toujou fè sa ki dwat+, tanpri, pa lage kòlè w sou Jerizalèm, vil ou a, mòn ou an ki sakre a. Paske, akoz peche nou yo ak peche zansèt nou yo, tout moun ki ozalantou nou pase Jerizalèm ak pèp ou a nan rizib+. 17 Kounye a, o Bondye nou an, koute priyè sèvitè w la, koute jan m ap sipliye w, e fè sa ki bon pou tanp ou an+ ki fin depafini+ poutèt non w, o Jewova. 18 Panche zòrèy ou pou w koute, o Bondye mwen. Ouvri je w pou w wè eta nou ak eta vil ki pote non w lan. Se pa paske nou fè sa ki dwat ki fè n ap sipliye w, men se paske ou gen anpil mizèrikòd+. 19 O Jewova, tande nou non. O Jewova, padone nou+. O Jewova, pran tan pou w koute nou, epi aji. Pa pran anpil tan, akoz non w, o Bondye m nan, paske vil ou a ak pèp ou a pote non w+.”
20 Pandan m t ap pale, mwen t ap priye, mwen t ap konfese peche m ak peche pèp Izrayèl la, e mwen t ap mande Jewova, Bondye m nan, pou l fè mòn li an ki sakre+ favè, 21 wi, pandan m t ap priye, mwen te wè Gabriyèl+, gason mwen te wè nan vizyon an+, ki vin kote m lè m te fin faya nèt, lè moman yo te konn fè ofrann nan aswè a te prèske rive. 22 Li ede m konprann tout bagay, li di m:
“O Dànyèl, kounye a, mwen vin ba w entèlijans ak bon konprann. 23 Lè w te kòmanse priye a, mwen te resevwa yon mesaj, e mwen vin ba ou l, paske w se yon moun ki gen anpil valè*+. Se sa k fè, se pou w byen koute sa m pral di w la, e se pou w chèche konprann vizyon an.
24 “Gen 70 semèn* yo chwazi pou pèp ou a ak vil ki sakre a+, pou efase sa ki mal, pou fini nèt ak peche+, pou padone peche+, pou fè sa ki dwat kontinye fèt nètale+, pou poze so sou vizyon ak pwofesi*+ e pou mete Kote ki pi sen an apa. 25 Ou dwe konnen e ou dwe konprann sa, depi lè pawòl la pale pou yo repare Jerizalèm+ e pou yo rebati l rive jis lè Mesi a*+, Gid la+, vini, ap gen 7 semèn ak 62 semèn+. Y ap repare l e y ap rebati l avèk plas piblik ak gwo kanal, men nan tan ki difisil.
26 “Apre 62 semèn yo, y ap retire* Mesi a+, e pap ret anyen pou li+.
“Epi, gen yon chèf k ap vini ak tout lame l, l ap detwi vil la ansanm ak kote ki sakre a+. Gwo dlo ap detwi kote ki sakre a. Ap gen lagè san rete jiska lafen. Bondye deside pou ravaj fèt+.
27 “E l ap kenbe alyans lan la pou anpil moun, pandan yon semèn. Nan mitan semèn nan, l ap fè sakrifis bèt ak ofrann pa fèt ankò+.
“Epi, moun k ap vin fè ravaj la ap chita sou zèl bagay ki bay repiyans lan+. Y ap fè vil ki fin depafini an sa yo te deside a jiskaske l fin detwi nèt.”
10 Nan twazyèm ane rèy Siris+, wa peyi Pès la, Dànyèl, li menm yo te rele Bèltechaza a+, te resevwa yon mesaj. Mesaj sa a se te laverite e li te gen rapò ak yon gwo chirepit. Dànyèl te konprann mesaj la e Bondye te ba l entèlijans pou l konprann sa l te wè a.
2 Nan jou sa yo, mwen menm, Dànyèl, mwen te nan lapenn+ pandan twa semèn. 3 Mwen pa t manje bon manje, mwen pa t mete ni vyann ni diven nan bouch mwen e mwen pa t pase okenn luil sou mwen pandan twa semèn. 4 Sou 24yèm jou nan premye mwa a, pandan m te bò gwo rivyè ki rele Tig* la+, 5 mwen te gade, mwen te wè yon gason ki abiye ak rad len+. Li te gen yon senti ki fèt ak lò ki sot Oufaz nan ren l. 6 Kò l te tankou yon pyè ki rele krizolit+ e figi l te klere kou zèklè, je l te tankou flanm dife, men l ak pye l te sanble ak kuiv ki byen klere+. Epi, pawòl li t ap di yo te sonnen tankou se yon foul moun ki t ap pale. 7 Se sèl mwen menm, Dànyèl, ki te wè sa k nan vizyon an+. Mesye ki te avè m yo pa t wè sa m te wè a. Men, yo t ap tranble anpil e yo te kouri al kache.
8 Yo te kite m poukont mwen. Lè m te fè gwo vizyon sa a, mwen pa t gen fòs ankò, e mwen te vin pa sanble anyen, mwen te pèdi tout fòs mwen+. 9 Lè sa a, mwen te tande vwa moun ki t ap pale a. Lè m te tande l ap pale, mwen te tonbe fas atè, e yon gwo dòmi te pran m+. 10 Men, lè sa a, gen yon men ki te touche m+, li te souke m pou l fè m leve e mwen te pran apui sou men m ak jenou m. 11 Epi, li di m:
“O Dànyèl, ou menm ki gen anpil valè*+, byen koute sa m pral di w la. Kounye a, kanpe kote w ye a, paske Bondye voye m kote w.”
Lè l di m pawòl sa yo, mwen kanpe tou ap tranble.
12 Apre sa, li di m: “Ou pa bezwen pè+, Dànyèl. Bondye w ap sèvi a tande pawòl ou yo depi premye jou ou t ap chèche konprann bagay yo e ou t ap chèche rabese w devan l, e se pawòl ou yo ki fè m vini+. 13 Men, chèf+ wayòm peyi Pès la te lite avè m pandan 21 jou. Lè sa a, Mikayèl*+, youn nan prens ki nan pi gwo pozisyon yo, te vin ede m. Mwen te ret la bò kot wa peyi Pès yo. 14 Mwen vini pou m fè w konprann sa k pral rive pèp ou a nan dènye jou yo+, paske se yon vizyon ki la pou jou k ap vini yo+.”
15 Twouve, lè l t ap di m pawòl sa yo, mwen te bese tèt mwen atè e mwen pa t ka di anyen. 16 Epi, gen yon moun ki sanble ak yon gason ki te kanpe devan m. Li te touche bouch mwen+ e mwen te pale avè l. Mwen te di l: “Mèt mwen, vizyon an fè m tranble e mwen pa gen fòs+. 17 Bon, mèt mwen, ki sa mwen menm, sèvitè w la, ka di w+? Paske kounye a, mwen pa gen fòs, e souf mwen prèske koupe+.”
18 Moun ki te sanble ak yon gason an te touche m ankò e li te ban m fòs+. 19 Epi, li te di: “Ou pa bezwen pè+, ou menm ki gen anpil valè*+. Lapè avè w+. Met kran sou ou! Wi, se pou w met kran sou ou.” Pandan l t ap pale avè m, mwen te vin santi m gen fòs e mwen te di l: “Ou mèt pale, mèt mwen, paske w ban m fòs.”
20 Lè sa a, li di m: “Èske w konn poukisa m vin kote w? Kounye a, m ap retounen al batay ak chèf peyi Pès la+. Lè m ale, chèf peyi Lagrès la ap vini. 21 Men, m ap di w bagay ki ekri nan liv verite a. Pa gen pèsonn ki ede m nan bagay sa yo, sof Mikayèl+, prens ou a+.
11 “Kanta pou mwen, mwen te leve pou m ba l fòs e pou m ede l* nan premye ane rèy Dariyis+, moun peyi Medi a. 2 Sa m pral di w la a se laverite:
“Gade! Gen twa lòt wa ki pral parèt* nan peyi Pès e gen yon katriyèm ki pral ranmase plis richès pase tout lòt yo. Epi, lè li vin gen plis pouvwa grasa richès li yo, l ap fè tout moun leve kont wayòm peyi Lagrès la+.
3 “Gen yon wa ki pisan ki pral parèt, l ap gen anpil pouvwa+ e l ap fè sa l vle. 4 Men, lè l fin gen anpil pouvwa, wayòm li an ap kraze e l ap gaye nan kat kwen tè a*+. Men, se pa desandan l yo* k ap resevwa wayòm li an e pèsonn pap gen pouvwa li te genyen an. Paske, y ap derasinen wayòm li an e y ap bay lòt moun li.
5 “Wa sid la, sa vle di youn nan chèf li genyen yo, ap vin gen anpil fòs. Men, gen yon lòt* k ap gen plis pouvwa pase l e l ap gen anpil pouvwa. L ap gen plis pouvwa pase l.
6 “Apre kèk ane, yo pral fè yon alyans, e pitit fi wa sid la pral vin jwenn wa nò a pou yo fè yon kontra*. Men, pitit fi a pap kenbe pouvwa li gen nan men l lan. Epi, wa a ap pèdi pouvwa l. Y ap fè ni pitit fi a, ni moun ki te leve l yo, ni papa l ansanm ak moun ki te fè l gen pouvwa nan epòk sa yo vin anba pouvwa lòt moun. 7 Gen yon moun ki soti nan rasin li k ap vin pran plas wa sid la. L ap vin nan direksyon lame a e li pral vin atake fòtrès wa nò a. L ap frape yo e l ap pot laviktwa sou yo. 8 Epi, li pral ann Ejip ak dye yo genyen yo, estati yo fè ak metal* yo, ak tout bagay ki gen valè yo genyen ki fèt ak ajan, ak lò ansanm ak moun li pran kòm prizonye yo. Pandan kèk ane, l ap ret lwen wa nò a 9 ki pral atake wayòm wa sid la. Apre sa, l ap retounen nan peyi l.
10 “Kanta pou pitit wa nò a genyen yo, y ap prepare yo pou y al nan lagè, y ap rasanble yon gwo lame. Youn nan yo ap* avanse san mank e l ap pote tout sa l jwenn ale tankou gwo dlo k ap desann. Men, l ap retounen kote l soti a e l ap fè lagè sou tout wout li jiskaske li rive nan fòtrès li.
11 “Epi, wa sid la ap vin fache anpil, l ap soti e li pral goumen avè l, sa vle di ak wa nò a. L ap rasanble yon gwo foul moun, men y ap lage foul moun nan nan men wa sa a. 12 Epi, y ap mennen foul moun nan ale. L ap vin gen ògèy nan kè l e l ap fè plizyè dizèn milye moun tonbe. Men, li pap jwi pouvwa l genyen an.
13 “Wa nò a ap retounen e l ap rasanble yon pi gwo foul moun pase premye a. Epi, apre kèk tan, apre kèk ane, san mank, l ap vini ak yon gwo lame ki gen tout sa l bezwen. 14 Nan tan sa yo, anpil moun pral leve kont wa sid la.
“Y ap vini ak moun ki renmen vyolans* pami pèp ou a pou yo ka eseye fè yon vizyon reyalize. Men, yo pap reyisi.
15 “Epi, wa nò a ap vini, l ap ansèkle yon vil ki byen pwoteje e l ap pran vil la. Lame ki soti nan direksyon sid yo pap kanpe ankò, ni sòlda li genyen ki pi bon yo, e yo pap gen fòs pou yo goumen ankò. 16 Moun k ap vin atake l la ap fè sa l vle e pèsonn pap kenbe tèt avè l. L ap kanpe nan Bèl Peyi a+ e l ap gen pouvwa pou l kraze brize. 17 L ap deside* vini ak tout fòs wayòm li an e l ap fè yon akò ak wa sa a. L ap reyisi nan sa l ap fè. Y ap ba l pouvwa pou l detwi pitit fi medam yo. Epi, pitit fi sa a pap kanpe e li pap pou li ankò. 18 L ap vire dèyè pou l gade peyi ki bò dlo yo e l ap pran anpil ladan yo. Gen yon kòmandan ki pral fè l sispann fè radiyès. Konsa, radiyès li ap fini. L ap fè radiyès li a tounen kont li. 19 Apre sa, l* ap vire gad fòtrès peyi l la, l ap kilbite, l ap tonbe e yo pap jwenn li ankò.
20 “Men, gen yon moun ki pral vin nan plas li a k ap met yon moun pou fè moun peye taks* nan bèl wayòm nan, men y ap detwi l nan kèk jou, e se pa ni ak kòlè ni ak lagè y ap fè sa.
21 “Gen yon moun yo meprize k ap vin kanpe nan plas li a e yo pap ba l onè wa yo konn genyen an. L ap vin nan yon moman kote tout moun santi yo an sekirite* e l ap twonpe moun* pou l pran wayòm nan. 22 Epi, grasa li, y ap pot laviktwa sou lame ki tankou gwo dlo k ap desann nan e y ap kraze l. E y ap kraze Gid+ alyans lan tou+. 23 Piske yo fè yon alyans avè l, l ap chèche twonpe moun, l ap atake lòt moun e yon ti nasyon ap fè l vin gen anpil pouvwa. 24 Pandan yon moman kote tout moun santi yo an sekirite*, l ap vin nan zòn ki pi rich* nan tèritwa a pou l fè sa ni zansèt li yo ni zansèt papa l yo pa t fè. L ap pataje bagay li pran nan lagè yo avèk yo, ansanm ak yon pakèt lòt bagay li genyen. L ap fè konplo kont vil ki byen pwoteje yo, men se pou yon ti tan sèlman.
25 “L ap ranmase kouraj li pou l rasanble yon lame ki gwo anpil pou l al atake wa sid la, e wa sid la pral prepare yon lame ki gen yon pakèt sòlda vanyan pou l fè lagè avè l. Li pap kanpe, paske y ap fè konplo kont li. 26 Epi, se moun k ap manje bon manje l yo k ap lage l atè.
“Y ap kraze* lame l la e y ap touye anpil nan sòlda l yo.
27 “De wa sa yo menm ap gen tandans fè sa ki mal nan kè yo, e youn ap bay lòt manti pandan yo chita sou menm tab. Men, anyen pap mache, paske lafen an ap rive nan lè ki fikse a+.
28 “Epi, wa nò a ap retounen nan peyi l ak yon pakèt machandiz e l ap kont alyans ki sakre a nan kè l. L ap reyisi nan sa l ap fè e l ap retounen nan peyi l.
29 “Nan tan ki fikse a, l ap retounen pou l vin atake tèritwa sid la. Men, lè sa a, bagay yo pap pase jan yo te pase anvan an, 30 paske bato ki sot Kitim yo+ ap vin atake l e y ap imilye l.
“L ap retounen, l ap lage kondanasyon sou* alyans ki sakre a+ e l ap reyisi nan sa l ap fè. L ap retounen pou l gade moun k ap vire do bay alyans ki sakre a. 31 E lame l voye yo pral leve kanpe. Yo pap respekte kote ki sakre a+, sa vle di fòtrès la, e y ap fè yo sispann fè sakrifis yo konn fè chak jou* yo+.
“E y ap mete bagay ki bay repiyans ki lakòz dezolasyon an nan plas li+.
32 “Wa nò a ap fè moun k ap fè sa ki mal ki pa respekte alyans lan vire do bay Bondye e l ap di pawòl dous pou l twonpe yo*. Men, pèp ki byen konnen Bondye l ap sèvi a ap vin pi djanm e l ap fè bon aksyon. 33 Epi, moun pami pèp la ki gen bon konprann yo+ ap ede anpil moun vin gen bon konprann. Pandan kèk jou, lòt moun ap fè yo kilbite anba kout epe, ak flanm dife, y ap fè yo vin prizonye e y ap dechèpiye yo. 34 Men, lè yo fin fè yo kilbite, gen moun k ap ede yo. Anpil moun ap vin jwenn yo ak pawòl pou twonpe yo*. 35 Y ap fè kèk nan moun ki gen bon konprann yo kilbite, pou yo ka netwaye yo e pou yo ka pirifye pèp la, pou fè l vin pwòp+ jiskaske lafen an rive. Paske, lafen an ap rive nan lè ki fikse a.
36 “Wa a pral fè sa l vle, l ap fè lwanj pou tèt li e l ap met tèt li pi wo pase tout dye. Epi, l ap di yon pakèt move pawòl kont Dye ki anlè tout lòt dye yo+. L ap reyisi nan sa l ap fè a jiskaske jijman Bondye a rive. Paske, sa Bondye deside a dwe fèt. 37 Li pap gen okenn respè pou Bondye zansèt li yo e li pap gen okenn respè pou sa medam yo renmen oubyen pou nenpòt lòt dye, e l ap mete tèt li pi wo pase tout moun. 38 Okontrè*, se dye fòtrès yo li pral bay glwa. L ap sèvi ak lò, ajan, pyè ki gen anpil valè ansanm ak bagay ki bèl anpil* pou l bay yon dye zansèt li yo pa t menm konnen glwa. 39 L ap met ansanm ak* yon fo dye pou l frape kote ki pi byen pwoteje yo. L ap fè moun ki gen respè pou li yo* jwenn anpil glwa e l ap mete yo dirije pami yon pakèt lòt moun. L ap separe* tèritwa bay moun ki peye l.
40 “Nan tan lafen an, wa sid la pral nan lit* ak wa nò a, e wa nò a ap fè anpil charyo, anpil moun ki sou cheval ak anpil bato vin sou wa sid la tankou yon tanpèt. L ap antre nan peyi yo e l ap pote tout sa l jwenn ale tankou gwo dlo k ap desann. 41 Mete sou sa, l ap antre nan Bèl Peyi a+ e l ap pot laviktwa sou anpil peyi. Men peyi k ap chape anba men l: Edòm, Mowab ak pati ki pi enpòtan nan peyi desandan Amon yo. 42 Epi, l ap kontinye lonje men l pou l atake peyi yo. Men, peyi Ejip pap chape. 43 L ap gen pouvwa sou trezò ki kache nan peyi Ejip yo, sou lò yo, ajan yo ak tout bon bagay* ki nan peyi a. Moun Libi yo ak moun Etyopi yo ap fè sa l di yo fè*.
44 “Men, gen yon seri mesaj k ap soti nan lès* ak nan nò k ap boulvèse l. L ap an kòlè anpil, l ap soti pou l elimine anpil moun e pou l detwi yo. 45 L ap monte tant li yo ki tankou tant wa* ant gwo lanmè a ak bèl mòn sakre a+. L ap avanse jis li peri, e pap gen pèsonn pou ede l.
12 “Pandan tan sa a, Mikayèl*+ ap leve kanpe*. Li se gran prens+ k ap aji pou byen pèp ou a*. Epi, pral gen yon tan kote ap gen anpil malè, yon tan ki pa t janm egziste anvan sa, depi lè te vin gen yon nasyon rive jis nan tan sa a. Pandan tan sa a, pèp ou a, sa vle di tout moun non yo ekri nan liv la+, ap chape+. 2 Anpil nan moun k ap dòmi anba tè ap leve, gen moun ki pral gen lavi ki pap janm fini an e gen lòt ki pral jwenn lawont ak dezonè pou toutan.
3 “Epi, moun ki gen bon konprann yo pral klere tankou syèl la, e moun k ap ede anpil moun vin fè sa ki dwat yo pral klere tankou zetwal pou tout tan gen tan.
4 “Men, ou menm, Dànyèl, se pou w sele liv la, e se pou pawòl ki ladan l yo rete sekrè jiskaske tan lafen an rive+. Anpil moun pral byen fouye nan liv la*, epi vrè konesans lan ap vin anpil*+.”
5 Lè sa a, mwen menm, Dànyèl, mwen te gade, mwen te wè de lòt zanj ki kanpe, youn te kanpe sou yon bò rivyè a e lòt la te kanpe sou lòt bò a+. 6 Apre sa, youn nan yo di mesye ki te abiye ak rad len an+ ki te kanpe sou dlo rivyè a: “Konbyen tan k ap pase anvan bagay estrawòdinè sa yo rive?” 7 Epi, mwen te tande mesye ki abiye ak rad len ki te kanpe sou dlo rivyè a ki te leve men dwat li ak men goch li nan syèl la pou l fè sèman devan Sila a ki vivan pou toutan an+. Li di: “Sa ap pran yon tan, de tan* ak mwatye yon tan*. Kou yo fin kraze fòs pèp ki sen an genyen an+, tout bagay sa yo ap fini.”
8 Twouve, mwen te tande, men mwen pa t ka konprann+, se sa k fè m te di: “O mèt mwen, ki jan tout bagay sa yo ap fini?”
9 Apre sa, li di m: “Ale, Dànyèl, paske pawòl ki nan liv la dwe rete sekrè e yo dwe sele liv la jiskaske tan lafen an rive+. 10 Anpil moun pral pirifye tèt yo, yo pral fè sa ki dwat e yo pral mennen yon vi ki pwòp nèt+. Men, moun ki mechan yo pral kontinye fè sa ki mal, e yo youn pap konprann. Se moun ki gen bon konprann yo k ap konprann+.
11 “Epi, depi lè yo retire sakrifis yo konn fè chak jou yo*+ e yo mete bagay ki bay repiyans ki lakòz dezolasyon an nan plas li+, ap gen 1 290 jou.
12 “Byennere moun ki kontinye ret tann* e ki rive jis nan fen 1 335 jou yo!
13 “Men, ou menm, se pou w ret fèm jiska lafen. Ou pral repoze, men ou pral leve kanpe pou w jwenn pòsyon pa w la* nan fen jou yo+.”
Oswa: “tanp”.
Lit.: “Chineya”.
Oswa: “tanp”.
Lit.: “nan pitit gason Izrayèl yo”.
Lit.: “timoun”.
Se kapab tou: “Yo te dwe nouri yo”.
Lit.: “nan pitit gason”.
Sa vle di: “Bondye se Jij mwen”.
Sa vle di: “Jewova fè moun favè”.
Petèt, sa vle di: “Kiyès ki tankou Bondye?”
Sa vle di: “Jewova ede moun”.
Anpalan de non moun Babilòn yo konn genyen.
Oswa: “aji byen ak Dànyèl”.
Lit.: “lòt timoun”.
Lit.: “sou tèt mwen”.
Mo ebre a ka vle di manje angren ak lòt kalite manje ki sot nan jaden.
Lit.: “lòt timoun”.
Lit.: “e chè yo te gra”.
Lit.: “lòt timoun”.
Lit.: “timoun”.
Siris II, oswa Siris Legran.
Lit.: “Lespri l”.
Se yon gwoup moun ki fò nan fè divinò ak nan astwoloji.
Lit.: “e lespri m”.
Se kapab tou: “tounen kote yo jete fatra; tounen pil poupou bèt”.
Lit.: “pa abite ansanm ak chè”.
Se moun ki egzamine zetwal pou yo prevwa oubyen pou yo anonse evènman ki gen pou rive.
Oswa: “ajil yo kuit (yo bay fòm)”.
Oswa: “ak desandan lèzòm yo”, sa vle di moun nan pèp la.
Anviwon 27 m (88 pye). Gade Apendis B14.
Anviwon 2,7 m (8,8 pye). Gade Apendis B14.
Tit sa a vle di “moun k ap pwoteje wayòm nan”. Y ap pale la a de gouvènè tèritwa ki nan wayòm Pès yo.
Responsab gouvènman sa yo te nan yon pozisyon ki pi ba pase satrap yo nan gouvènman Babilòn nan.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “ki te pale Juif yo mal”.
Oswa: “min li chanje nèt”.
Oswa: “pa t gen pouvwa sou kò mesye yo”.
Oswa: “yo te pito abandone kò yo”.
Se kapab tou: “tounen kote yo jete fatra; tounen pil poupou bèt”.
Se yon gwoup moun ki fò nan fè divinò ak nan astwoloji.
Lit.: “e tout chè”.
Lit.: “yon moun k ap veye”.
Oswa: “kite pakèt rasin yo”.
Oswa: “sèt ane”.
Lit.: “moun k ap veye”.
Lit.: “yon moun k ap veye”.
Oswa: “kite pakèt rasin yo”.
Oswa: “sèt ane”.
Oswa: “sèt ane”.
Oswa: “kite pakèt rasin pyebwa a”.
Oswa: “sèt ane”.
Oswa: “ni rete men l”.
Oswa: “granpapa”.
Oswa: “figi wa a te chanje”.
Se yon gwoup moun ki fò nan fè divinò ak nan astwoloji.
Sanble y ap pale de manman wa a.
Oswa: “granpapa”.
Se yon gwoup moun ki fò nan fè divinò ak nan astwoloji.
Lit.: “pou l demare ne kòd”.
Lit.: “kapab demare ne kòd”.
Oswa: “pitit pitit li”.
Tit sa a vle di “moun k ap pwoteje wayòm nan”. Y ap pale la a de gouvènè tèritwa ki nan wayòm Pès yo.
Se moun ki reprezante yon gouvènman nan tèritwa kote yo ye.
Se kapab tou: “li pa t aksepte yo mennen mizisyen vin jwe pou li”.
Oswa: “ki te pale sou do”.
Oswa: “e li se Souvren”.
Lit.: “wè kat van ki sot nan syèl la”.
Lit.: “tan yo”.
Selon sa yo konprann, li vle di: “pandan ennan, dezan ak mwatye yon ane”, sa fè twazan edmi.
Oswa: “te fè figi m chanje”.
Oswa: “palè; fòtrès”.
Lit.: “anba men l”.
Oswa: “nan direksyon solèy kouche”.
Lit.: “anba men l”.
Lit.: “kat van ki sot nan syèl la”.
Oswa: “nan direksyon solèy leve”.
“Lame ki nan syèl la” ka gen rapò ak bagay ki nan syèl la oswa ak zanj yo.
Oswa: “sakrifis yo kontinye fè a”.
Oswa: “sakrifis yo kontinye fè a”.
Oswa: “sakrifis yo kontinye fè a”.
Lit.: “2 300 aswè ak maten”.
Nan lang ebre a, yo di: “wa Javan an”.
Oswa: “moun k ap fè peche yo rive nan limit yo”.
Oswa: “L ap maton nan fè mannigans”.
Se kapab tou: “Epi, san avèti”.
Lit.: “sou aswè ak maten”.
Sa vle di woulo ki sakre yo.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Lit.: “ak jij nou yo k ap jije nou”.
Oswa: “pou n adousi fas ou”.
Oswa: “ou toujou fidèl”.
Oswa: “yon moun Bondye renmen anpil; yon moun Bondye konsidere anpil”.
Sa vle di semèn ki gen sèt ane.
Lit.: “pwofèt”.
Oswa: “Moun Bondye chwazi a”.
Oswa: “touye”.
Lit.: “Idekèl”.
Oswa: “ou menm Bondye renmen anpil la; ou menm Bondye konsidere anpil la”.
Sa vle di: “Kiyès ki tankou Bondye?”
Oswa: “ou menm Bondye renmen anpil la; ou menm Bondye konsidere anpil la”.
Oswa: “e pou m vin tankou yon fòtrès pou li”.
Oswa: “leve”.
Lit.: “kat van ki sot nan syèl la”.
Oswa: “pitit li yo”.
Sanble se wa nò a.
Oswa: “akò”.
Oswa: “estati ki fèt ak metal yo fonn”.
Lit.: “L ap”.
Oswa: “ak pitit dechèpiyè yo”.
Lit.: “L ap met fas li nan direksyon pou l”.
Sanble se wa nò a.
Oswa: “yon moun k ap fè moun travay”.
Se kapab tou: “L ap vini san avèti”.
Oswa: “l ap fè mannigans”.
Se kapab tou: “Pandan yon moman kote l pa avèti okenn moun”.
Lit.: “gra”.
Oswa: “inonde”.
Oswa: “l ap an kòlè kont”.
Oswa: “sakrifis yo kontinye fè”.
Oswa: “pawòl pou l flate yo; pawòl ki pa sensè”.
Oswa: “pawòl pou flate yo; pawòl ki pa sensè”.
Oswa: “Nan plas li”.
Oswa: “ki gen anpil valè”.
Oswa: “L ap jwenn èd nan men”.
Se kapab tou: “L ap fè nenpòt moun li rekonèt”.
Oswa: “distribye”.
Oswa: “pral toke kòn”.
Oswa: “tout bagay ki gen anpil valè”.
Oswa: “ap suiv li”.
Oswa: “nan direksyon solèy leve”.
Oswa: “ki tankou yon palè”.
Sa vle di: “Kiyès ki tankou Bondye?”
Oswa: “ap leve”.
Lit.: “pou byen pitit gason pèp ou a”.
Lit.: “pral pasipala”.
Oswa: “ap gaye”.
Lit.: “tan yo”.
Selon sa yo konprann, li vle di: “ennan, dezan ak mwatye yon ane”, sa fè twazan edmi.
Oswa: “sakrifis yo kontinye fè a”.
Oswa: “moun kè yo cho pandan y ap tann”.
Oswa: “pou w jwenn kote y ap ba ou a”.