LÈT PÒL TE EKRI KRETYEN NAN VIL WÒM YO
1 Mwen menm, Pòl, yon esklav Kris Jezi, yon moun li rele pou vin apot, yon moun li mete apa pou anonse bon nouvèl Bondye a+, m ap ekri nou lèt sa a. 2 Depi byen lontan, Bondye te sèvi ak pwofèt li yo pou l pwomèt bon nouvèl sa a nan Ekriti sakre yo, 3 bon nouvèl konsènan Pitit li a. Pitit sa a se desandan* David+ selon lachè, 4 men, avèk pisans yo te deklare li se Pitit Bondye+ grasa lespri sen lè l te resisite pami mò yo+. Wi, Pitit sa a se Jezi Kris, Seyè nou an. 5 Se grasa li nou jwenn favè san parèy la ak travay nou genyen antanke apot la+, yon fason pou moun tout nasyon ka gen lafwa e pou yo obeyi l+, pou non l ka jwenn glwa. 6 E nou menm tou, yo te rele nou pami nasyon sa yo pou nou vin tounen byen pa Jezi Kris. 7 Lèt sa a se pou tout moun Bondye renmen ki nan vil Wòm, tout moun yo rele pou vin sen yo:
Mwen swete pou nou gen favè san parèy ak lapè ki soti nan Bondye, Papa nou an, ak nan Seyè a, Jezi Kris.
8 Toudabò, m ap di Bondye m nan mèsi pou nou tout pa mwayen Jezi Kris, paske se toupatou sou latè y ap pale de lafwa nou. 9 Paske, Bondye temwen jan mwen toujou sonje nou nan priyè m+, li menm m ap bay yon sèvis sakre ak tout kè m lè m pwoklame bon nouvèl konsènan Pitit li a. 10 Mwen toujou ap mande Bondye, si sa posib, pou kounye a mwen jwenn opòtinite finalman pou m vin lakay nou, si se volonte l. 11 Paske, se pa ti anvi m anvi wè nou pou m ka fè nou jwenn kèk benediksyon ki soti nan Bondye, dekwa pou nou ka vin fèm. 12 Ann di pito, pou youn ka ankouraje lòt, pou chak moun jwenn ankourajman+ nan lafwa lòt, ni nan pa nou, ni nan pa m.
13 Frè m yo, mwen vle nou konnen sa fè plizyè fwa mwen planifye pou m vin lakay nou, dekwa pou m ka fè kèk disip nan zòn nou an tou, menm jan ak nan lòt nasyon yo. Men, jiska prezan mwen jwenn anpechman. 14 Mwen gen yon dèt ni pou moun ki Grèk, ni pou moun ki pa Grèk, ni pou moun ki gen sajès, ni pou moun ki pa gen sajès. 15 Se sa k fè, se pa ti anvi m anvi anonse nou menm k ap viv Wòm bon nouvèl la tou+. 16 Paske, mwen pa wont anonse bon nouvèl la+. Anfèt, li se yon mwayen pisan Bondye sèvi pou l sove tout moun ki gen lafwa+, pou l sove Juif la dabò+, e ansuit pou l sove Grèk* la+. 17 Paske, nan bon nouvèl la, Bondye revele jistis li gen lakay li poutèt moun ki gen lafwa yo, pou yo ka vin gen plis lafwa+. Tankou sa ekri: “Moun ki jis la ap kontinye viv grasa lafwa li genyen+.”
18 E detan Bondye nan syèl la, l ap montre l an kòlè+ kont tout konduit ki dezonore l, e kont tout bagay ki mal ki lakay moun k ap sèvi ak mwayen ki enjis pou yo toufe laverite+. 19 Paske, bagay moun ka konnen sou Bondye yo parèt klè nan mitan yo, paske Bondye fè l parèt klè pou yo+. 20 Anfèt, kalite li yo ki envizib, sètadi pisans li ki etènèl+ e lefètke se li menm reyèlman ki Bondye+, parèt klè depi nan kreyasyon monn nan+, paske moun rive wè yo nan bagay li fè yo, e konsa, yo san eskiz. 21 Paske, aktout yo te konnen Bondye, yo pa t ba l glwa antanke Bondye, ni yo pa t di l mèsi. Okontrè, rezònman moun sa yo vin san valè, yo pa gen bonsans e kè yo vin nan fènwa+. 22 Byenke y ap di yo gen sajès, yo vin fou. 23 Olye yo bay Bondye ki gen yon kò ki pa ka depafini an glwa, yo bay imaj lòm ki ka depafini glwa e yo bay imaj zwazo, imaj bèt kat pat ak imaj bèt ki rale sou vant glwa+.
24 Se sa k fè, akoz dezi ki nan kè yo, Bondye kite yo lage kò yo nan konduit ki pa pwòp, dekwa pou yo ka dezonore pwòp kò yo. 25 Yo boukante laverite sou Bondye pou manti, yo adore sa li kreye yo e yo ba yo yon sèvis sakre olye yo fè sa pou Kreyatè a, li menm k ap jwenn louwanj pou toutan. Amèn. 26 Se poutèt sa, Bondye lage yo e li kite dezi seksyèl san kontwòl+ yo genyen yo domine yo, paske fi yo kite fason natirèl pou yo sèvi ak kò yo, y al fè sa ki pa natirèl+. 27 Menm jan an tou, gason yo kite sa ki natirèl la, yo sispann sèvi ak fi, yo vin cho anpil nan pasyon yo genyen youn pou lòt, gason ak gason+, yo lage kò yo nan salte, e nan yo menm, yo resevwa yon pinisyon total* pou move konduit yo genyen an+.
28 Kòm yo pa t wè li enpòtan pou yo chèche konnen Bondye*, Bondye kite yo vin gen yon mantalite li pa apwouve, pou yo fè yon seri bagay ki pa kòrèk+. 29 Yo te ranpli ak tout kalite bagay ki pa dwat+, tout kalite mechanste, tanta+, move aksyon, e kè yo ranpli ak jalouzi+, zak asasinay+, hinghang, riz+, malveyans+, tripotay 30 ak medizans+. Mete sou sa, yo pa vle wè Bondye, yo ensolan, yo ògeye, yo grandizè, yo toujou ap envante move bagay, yo dezobeyi paran yo+, 31 yo san konprann+, yo pa respekte angajman yo pran, yo pa gen afeksyon pou moun parèy yo e yo san pitye. 32 Byenke yo byen konnen sa Bondye dekrete a jis, e yo byen konnen moun k ap pratike bagay sa yo merite lanmò+, nonsèlman yo menm yo kontinye fè yo, men tou, yo dakò ak moun k ap pratike yo.
2 Konsa, kèlkeswa moun ou ye a, ou san eskiz+ si w ap jije lòt moun, paske lè w jije lòt moun, ou kondane tèt ou, piske ou menm k ap jije a, w ap pratike menm bagay yo+. 2 Nou konnen Bondye kondane moun k ap pratike bagay sa yo, e jijman l lan ann akò ak laverite.
3 Men, ou menm k ap jije moun k ap pratike bagay sa yo e anmenmtan k ap fè yo, èske w panse w ap chape anba jijman Bondye? 4 Oubyen, èske se pa meprize w meprize kokenn bonte+, kokenn andirans+ ak kokenn pasyans+ Bondye genyen paske w pa konnen se bonte Bondye gen lakay li ki fè li vle w repanti+? 5 Men, etandone w ap fè tèt di e ou pa dispoze repanti, se kòlè w ap anpile pou tèt ou nan jou kòlè Bondye a, nan jou kote jijman l ap fè avèk jistis la ap parèt aklè+. 6 L ap bay chak moun sa yo merite selon aksyon yo+: 7 Moun k ap chèche glwa ak onè e k ap chèche gen yon kò ki pa ka depafini+, grasa andirans yo genyen nan fè sa ki bon, l ap ba yo lavi ki pap janm fini an. 8 Alòske, kòlè l ak raj li pral frape moun ki nan chirepit, ki pa mache ann amoni ak laverite e k ap pratike bagay ki pa jis+. 9 Wi, tribilasyon ak touman pral tonbe sou tout moun* k ap fè sa ki mal, sou Juif la dabò, e ansuit sou Grèk* la. 10 Men, tout moun k ap fè sa ki byen pral jwenn glwa, onè ak lapè, Juif la dabò+, e ansuit Grèk la+. 11 Paske, Bondye pa gen patipri+.
12 Paske, tout moun ki peche lè pa gen lwa ap peri malgre pa gen lwa+. Men, tout moun ki peche lè gen lwa, lalwa ap jije yo+. 13 Paske, se pa moun ki tande sa lwa a di ki jis devan Bondye, men se moun ki fè sa lwa a mande Bondye ap deklare jis+. 14 Paske, lè moun ki nan nasyon yo ki pa gen lalwa+ fè sa ki nan lalwa tou natirèlman, moun sa yo, byenke yo pa gen lalwa, yo montre yo se yon lwa pou pwòp tèt yo. 15 Se moun sa yo menm ki montre sa lalwa mande yo ekri nan kè yo, tandiske konsyans yo ap rann temwayaj ansanm avèk yo e, nan* pwòp panse yo, yo santi konsyans yo akize yo oswa li dakò avèk yo. 16 Sa pral rive nan jou kote Bondye pral sèvi ak Kris Jezi pou l jije bagay moun kenbe sekrè+. Sa ap fèt selon bon nouvèl m ap anonse a.
17 Kounye a, ou menm ki pote non Juif+, ki met konfyans ou nan lalwa, ki jwenn fyète nan Bondye, 18 ki konnen volonte l, ki kapab rive konprann bagay ki gen anpil valè paske yo enstwi w* nan Lalwa+, 19 ou menm ki gen konviksyon ou se yon gid pou moun ki avèg, yon limyè pou moun ki nan fènwa, 20 yon moun k ap fòme moun ki derezonab, k ap anseye timoun piti, e ki gen chapant konesans lan ak chapant verite ki nan Lalwa a, 21 w ap anseye lòt moun, epi w pa anseye tèt ou+? Ou menm k ap preche: “Pa vòlè+”, w ap vòlè? 22 Ou menm k ap di: “Pa fè adiltè+”, w ap fè adiltè? Ou menm ki montre ou gen degoutans pou zidòl, w ap piye tanp yo? 23 Ou menm ki santi w fyè dèske w gen lalwa, w ap dezonore Bondye nan dezobeyi Lalwa? 24 Paske, jan sa ekri: “Non Bondye sal nan mitan nasyon yo akoz nou menm+.”
25 An reyalite, sikonsizyon+ an itil sèlman si w ap pratike lalwa+. Men si w ap dezobeyi lalwa, sikonsizyon w lan vin pa itil anyen. 26 Kidonk, si yon moun ki pa sikonsi+ obeyi règ ki nan Lalwa yo, yon seri règ ki jis, èske yo pap konsidere l tankou yon moun ki sikonsi, malgre l pa sikonsi+? 27 Epitou, yon moun lòt nasyon, ki pa sikonsi e k ap obeyi sa Lalwa di, ap jije w, ou menm k ap dezobeyi lalwa malgre ou gen yon lwa ki ekri e ou sikonsi. 28 Paske, se pa moun ki Juif sou deyò a ki Juif toutbon+, ni se pa sikonsizyon ki fèt sou deyò a, sa ki fèt nan chè a, ki sikonsizyon toutbon+. 29 Men, moun ki Juif toutbon an se anndan l li Juif+, e sikonsizyon l lan se nan kè l li fèt+. Se lespri a ki fè l, se pa yon lwa yo ekri ki fè l+. Lwanj moun sa a sot nan Bondye, men li pa sot nan lèzòm+.
3 Bon, ki sa Juif yo gen anplis? Wi, ki avantaj yo jwenn nan sikonsizyon an? 2 Yo gen tout kalite avantaj. Toudabò, se yo menm yo te konfye deklarasyon sakre Bondye yo+. 3 Alò, ki sa k rive? Si kèk nan yo pa t gen lafwa, èske poutèt yo pa t gen lafwa a, sa ap fè Bondye sispann fidèl pou sa? 4 Jamè! Men, se pou yon moun rekonèt Bondye toujou di laverite+, menmsi tout moun se mantè+. Tankou sa ekri: “Se pou w ka montre w jis nan pawòl ou, e se pou w ka genyen pwosè a lè y ap jije w+.” 5 Men, si lè nou fè sa ki pa jis, sa vin fè jistis Bondye parèt aklè, ki sa nou va di? Èske Bondye enjis lè l vide kòlè l sou nou? (M ap pale ak mo moun konnen.) 6 Jamè! Si se ta sa, ki jan Bondye ap fè jije monn nan+?
7 Men, si poutèt manti m bay la, sa fè verite Bondye a parèt pi klè pou glwa li, poukisa y ap jije m tou kòm yon moun ki fè peche? 8 E poukisa nou pa di: “Annou fè sa ki mal pou sa ki byen an ka vini”, jan kèk moun ki lage fo akizasyon sou do nou fè konprann nou di a? Jijman ki pwononse kont moun sa yo ann akò ak sa ki jis+.
9 Alò, ki sa nou panse? Èske nou nan yon pi bon sitiyasyon? Ditou! Paske, pi wo a nou sot demontre aklè ni Juif ni Grèk*, yo tout anba pouvwa peche+. 10 Tankou sa ekri: “Pa gen yon moun ki jis, pa menm youn+. 11 Pa gen youn ki gen bon konprann. Pa gen youn k ap chèche Bondye. 12 Tout moun kite wout la, yo tout vin pa itil. Pa gen youn ki montre yo gen bonte, pa menm gen yon sèl+.” 13 “Gòj yo tankou yon tonm ki tou ouvri, yo twonpe moun ak lang yo+.” “Se pwazon sèpan ki nan bouch yo+.” 14 “Epitou, bouch yo chaje madichon ak pawòl anmè+.” 15 “Yo prese pou y al fè san koule+.” 16 “Se destriksyon ak mizè yo kite sou wout yo, 17 yo pa konn wout lapè a+.” 18 “Yo pa gen lakrentif pou Bondye+.”
19 Kounye a, nou konnen tout sa Lalwa di se ak moun ki anba Lalwa l ap pale, dekwa pou tout moun ka fèmen bouch yo e pou tout monn nan ka merite jwenn pinisyon nan men Bondye+. 20 Kidonk, yo pap deklare okenn moun* jis devan Bondye poutèt li fè sa Lalwa mande+, paske Lalwa annik fè moun vin byen konnen sa yo rele peche+.
21 Men kounye a, li vin klè yon moun ka parèt jis nan je Bondye san se pa poutèt li fè sa Lalwa mande+. Ni Lalwa ni pawòl pwofèt yo ekri yo bay temwayaj sou sa+. 22 Wi, tout moun ki gen lafwa ka parèt jis nan je Bondye, grasa lafwa yo gen nan Jezi Kris, paske l pa gen patipri+. 23 Paske, tout moun peche, e yo pa rive reflete glwa Bondye+. 24 Men, Bondye fè yo yon kado+ lè li deklare yo jis grasa favè san parèy li a+ e grasa liberasyon ki fèt sou baz ranson Kris Jezi te peye a+. 25 Bondye te prezante Kris kòm yon ofrann pou pèmèt moun rekonsilye avèk Li+, grasa lafwa yo genyen nan san li te vèse a+. Bondye te fè sa pou l te ka montre jistis li, paske li te gen pasyans e li te padone peche moun te fè nan tan lontan yo. 26 Konsa, li montre pwòp jistis li+ nan moman nou ye la a, pou l ka toujou jis menm lè l fè konnen yon moun ki gen lafwa nan Jezi se yon moun ki jis+.
27 Èske gen yon rezon pou moun vante tèt yo? Pa genyen. Ki lwa ki fè pa gen rezon pou moun vante tèt yo a? Èske se lwa ki konsidere sa moun fè a+? Non! Depreferans, se lwa ki mande pou moun gen lafwa a. 28 Paske, nou rann nou kont yo deklare yon moun jis paske li gen lafwa, se pa paske li fè sa Lalwa mande+. 29 Oubyen, èske Bondye se Bondye Juif yo sèlman l ye+? Èske l pa Bondye moun ki nan nasyon yo tou+? Wi, li se Bondye moun ki nan nasyon yo tou+. 30 Piske Bondye se yon sèl li ye+, l ap deklare moun ki sikonsi yo jis+ paske yo gen lafwa e l ap deklare moun ki pa sikonsi yo jis+ grasa lafwa yo genyen. 31 Kidonk, èske se aboli n ap aboli Lalwa avèk lafwa nou? Jamè! Okontrè, se kore n ap kore Lalwa+.
4 Piske se konsa, ki sa n ap di Abraram te jwenn, li menm ki zansèt nou nan lachè? 2 Pa egzanp, si se poutèt sa Abraram te fè yo te deklare l jis, li t ap gen rezon pou l vante tèt li. Men, li pa ka vante tèt li devan Bondye. 3 Paske, ki sa pasaj ki nan Ekriti a di? “Abraram te mete lafwa nan Jewova*, e sa te fè Li konsidere l kòm yon moun ki jis+.” 4 Lè yo peye yon moun pou travay li fè, yo pa konsidere sa kòm yon favè yo fè l, men se sa yo dwe l yo peye l. 5 Yon lòt bò, yon moun ki pa met konfyans li nan sa l fè, men ki mete lafwa l nan Sila a ki deklare pechè a jis la, lafwa l fè yo konsidere l kòm yon moun ki jis+. 6 Tankou David te di tou konsènan kè kontan moun genyen lè Bondye konsidere yo kòm moun ki jis san se pa anrapò ak sa yo fè: 7 “Byennere moun yo padone move aksyon yo fè, moun yo kouvri* peche yo. 8 Byennere moun Jewova* pap konsidere peche yo menm+.”
9 Bon, èske se moun ki sikonsi sèlman k ap jwenn kè kontan sa a, oswa èske moun ki pa sikonsi ap jwenn li tou+? Paske, nou di: “Lafwa Abraram te fè Bondye konsidere l kòm yon moun ki jis+.” 10 Ki lè lafwa l te fè yo konsidere l konsa a? Lè l te sikonsi oubyen lè l potko sikonsi? Se pa t lè l te sikonsi, men se lè l potko sikonsi. 11 Li te resevwa yon siy+, anpalan de sikonsizyon an, tankou yon etanp* ki montre li jis grasa lafwa li te genyen pandan l potko sikonsi a. E li te resevwa siy sa a pou l te ka vin papa tout moun ki gen lafwa+ alòske yo pa sikonsi, dekwa pou yo ka konsidere yo kòm moun ki jis. 12 E Abraram te resevwa siy sa a pou l te ka vin papa desandan l yo ki sikonsi, e se pa sèlman pou sila yo ki rete kole sou sikonsizyon, men tou pou sila yo k ap suiv egzanp lafwa papa nou Abraram pazapa+, lafwa li te genyen anvan menm li te sikonsi.
13 Paske, se pa t grasa lalwa Bondye te fè Abraram oubyen desandans li* pwomès pou l eritye yon monn+, men se paske li te jis grasa lafwa li te genyen+. 14 Paske, si moun ki rete kole sou lalwa yo se yo ki eritye, lafwa vin pa itil anyen, e pwomès la kraze. 15 An reyalite, Lalwa fè moun tonbe anba kòlè Bondye+. Men, kote ki pa gen lwa, pa gen dezobeyisans nonplis+.
16 Se sa k fè, se te grasa lafwa Abraram pou sa te fèt selon favè san parèy la+, dekwa pou pwomès la te ka akonpli san mank pou tout desandan l yo*+, e se pa sèlman pou sila yo ki rete kole sou Lalwa, men tou pou sila yo ki rete kole sou lafwa Abraram te genyen an, li menm ki papa nou tout+. 17 (Sa fèt jan sa ekri a: “Mwen fè w vin papa anpil nasyon+.”) Sa te fèt devan je Bondye, Sila a li te gen lafwa nan Li a, ki konn resisite mò e ki pale de bagay ki poko reyalize kòmsi yo deja reyalize*. 18 Byenke sa te sanble sanzespwa, Abraram te gen lafwa sou baz esperans li te genyen an, sa ki t ap pèmèt li vin papa anpil nasyon, ann amoni ak sa ki te di a: “Se konsa desandan w yo* pral ye+.” 19 E byenke lafwa l pa t febli, li te reflechi sou pwòp kò li ki te fin mouri (piske l te gen apeprè 100 an+), e li te reflechi tou sou matris Sara ki te mouri*+. 20 Men, li pa t manke lafwa nan pwomès Bondye a, se sa k fè li pa t gen dout. Okontrè, lafwa l te fè l vin pisan. Li te bay Bondye glwa, 21 e li te gen fèm konviksyon Bondye te ka fè sa l te pwomèt la+. 22 Konsa, “sa te fè Bondye konsidere l kòm yon moun ki jis+”.
23 Sepandan, se pa pou li menm sèlman yo te ekri pawòl ki di: “Sa te fè Bondye konsidere l” la+. 24 Men, yo te ekri l tou pou nou menm Bondye pral konsidere kòm moun ki jis, paske nou kwè nan li menm ki te resisite Jezi, Seyè nou an, pami mò yo+. 25 Bondye te bay li pou fot nou+, e Li te resisite l dekwa pou Li ka deklare nou jis+.
5 Kidonk, lefètke Bondye deklare nou jis paske nou gen lafwa+, annou rete nan lapè* ak Bondye grasa Jezi Kris, Seyè nou an+, 2 li menm ki te ban nou posiblite pou nou jwenn favè san parèy sa a nou ladan l kounye a, grasa lafwa nou+. Annou rejwi poutèt nou gen esperans n ap resevwa glwa nan men Bondye. 3 E se pa sa sèlman, annou rejwi* lè nou nan tribilasyon+, piske nou konnen tribilasyon bay andirans+, 4 e andirans fè yon moun vin nan yon kondisyon Bondye apwouve+, e kondisyon sa a bay esperans+, 5 e esperans sa a pa mennen nan desepsyon+, paske lanmou Bondye ranpli kè nou grasa lespri sen li ban nou an+.
6 An reyalite, Kris te mouri pou lèzòm pechè nan tan ki te fikse a, pandan nou te toujou fèb+. 7 Paske, li difisil pou yon moun bay vi l pou yon moun ki jis. Anfèt, petèt yon moun ka dispoze mouri pou yon bon moun. 8 Sepandan, men ki jan Bondye demontre lanmou li gen pou nou: Kris mouri pou nou pandan nou te pechè toujou+. 9 Donk, piske kounye a Bondye deklare nou jis grasa san Kris+, nou kapab pi sèten toujou n ap chape anba kòlè Bondye grasa Kris+. 10 Paske, si lè nou te ènmi Bondye, nou te vin rekonsilye avè l grasa lanmò Pitit li a+, alewè pou kounye a nou vin rekonsilye avè l! Nou mèt sèten n ap sove grasa lavi Pitit li a. 11 Nonsèlman sa, n ap rejwi anpil tou nan Bondye grasa Jezi Kris, Seyè nou an, li menm ki fè nou rekonsilye ak Bondye kounye a+.
12 Se sa k fè, menm jan akoz yon sèl moun peche antre nan monn nan+, e akoz peche lanmò antre, e konsa lanmò blayi sou tout moun paske yo tout te peche+... 13 Paske, peche te nan monn nan anvan Lalwa, men lè pa gen lwa, yo pa ka akize pèsonn kòmkwa li peche+. 14 Sepandan, soti depi Adan rive nan Moyiz, lanmò t ap domine antanke wa menm sou moun ki pa t peche menm jan Adan te peche a, li menm ki sanble ak sila a ki te gen pou vini an+.
15 Men, rezilta kado a pa menm ak rezilta fot la. Paske, si akoz fot yon sèl moun, anpil moun mouri, favè san parèy Bondye a ak kado li bay ansanm ak favè sa a vin ogmante plis toujou pou anpil moun grasa yon sèl moun: Jezi Kris+. 16 Anplis de sa, byenfè kado a bay la pa menm ak konsekans peche sèl moun sa a te fè a+. Paske, jijman pou yon sèl fot ki te fèt la se kondanasyon li pote+, men, kado Bondye bay pou pakèt fot ki fèt yo, se deklare l deklare moun jis+. 17 Paske, si akoz fot yon sèl moun, lanmò vin domine antanke wa akoz moun sa a+, alewè pou moun ki resevwa favè san parèy la ak kado ki fè konnen yo jis la ann abondans+! Yo pral viv e yo pral domine antanke wa+, grasa yon sèl moun: Jezi Kris+.
18 Se sa k fè, menm jan akoz yon sèl fot, rezilta sa bay pou tout kalite moun se te kondanasyon+, se konsa tou grasa yon sèl aksyon ki jis, rezilta sa bay pou tout kalite moun+ se deklare Bondye deklare yo jis pou yo gen lavi+. 19 Menm jan akoz dezobeyisans yon sèl moun anpil moun te vin pechè+, se konsa tou grasa obeyisans yon sèl moun anpil moun ap vin jis+. 20 Lalwa li menm te vin parèt dekwa pou fot la ka vin anpil+. Men, kote peche a te vin anpil, favè san parèy la te vin plis toujou. 21 Nan ki objektif? Se dekwa pou menm jan peche ansanm ak lanmò te domine antanke wa+, konsa tou, favè san parèy la ka domine antanke wa pa mwayen jistis, pou moun ka jwenn lavi ki pap janm fini an grasa Jezi Kris, Seyè nou an+.
6 Ki sa nou va di menm? Èske n ap kontinye fè peche pou favè san parèy la ka vin pi plis toujou? 2 Jamè! Etandone nou te mouri anrapò ak peche+, ki jan pou n ta fè kontinye viv ladan l toujou+? 3 Oswa, èske nou pa konnen nou tout ki te batize nan Kris Jezi+, nou te batize nan lanmò li+? 4 Donk, nou te antere ansanm avè l grasa batèm nou nan lanmò li+, dekwa pou, menm jan Kris te leve sot nan lanmò grasa pisans Papa a ki gen glwa, nou menm tou, nou ka vin gen yon lòt vi tounèf+. 5 Si nou ini avè l nan yon lanmò ki sanble avèk pa l la+, se sèten n ap ini avè l tou lè nou resisite menm jan avè l+. 6 Paske, nou konnen ansyen pèsonalite* nou te genyen an te kloure avèk li sou poto a+, dekwa pou kò nou ki gen peche vin pa ka fè anyen+ e dekwa pou nou pa kontinye esklav peche ankò+. 7 Paske, yon moun ki mouri peye* pou peche l.
8 Anplis de sa, si nou mouri avèk Kris, nou gen konfyans nou pral viv ansanm avè l tou. 9 Paske, nou konnen Kris pap mouri ankò+, piske kounye a li leve sot nan lanmò+, e lanmò pap domine sou li ankò. 10 Paske, lanmò li te sibi a, li te sibi l pou l ka retire peche yon fwa pou tout+. Men vi l ap viv la, l ap viv li pou Bondye. 11 Menm jan an, nou menm tou, konsidere tèt nou kòm moun ki mouri toutbon parapò ak peche, men k ap viv pou Bondye grasa Kris Jezi+.
12 Kidonk, pa kite peche kontinye domine antanke wa sou kò nou ki ka mouri+, pou l fè nou obeyi dezi kò nou genyen. 13 Ni nonplis, pa kontinye prezante kò nou* bay peche kòm zam k ap sèvi pou fè sa ki pa jis. Men, prezante nou bay Bondye antanke moun vivan ki sot pami mò yo, e prezante kò nou* tou bay Bondye kòm zam k ap sèvi pou fè sa ki jis+. 14 Paske, peche pa dwe domine sou nou, piske nou pa anba lalwa+, men nou anba favè san parèy la+.
15 Ki sa sa vle di? Èske n ap fè yon peche poutèt nou pa anba Lalwa, men nou anba favè san parèy la+? Jamè! 16 Èske nou pa konnen si nou kontinye prezante tèt nou bay yon moun kòm esklav pou nou obeyi l, nou se esklav moun sa a paske nou obeyi l+? Si se peche nou esklav+, se lanmò n ap jwenn+, men si se obeyisans nou esklav, n ap ka vin jis. 17 Men, mèsi Bondye dèske kounye a nou vin obeyi modèl ansèyman yo te konfye nou an ak tout kè nou, alòske nou te esklav peche. 18 Wi, piske nou libere anba peche+, nou vin esklav sa ki jis+. 19 Akoz feblès nou gen nan lachè, m ap sèvi ak mo moun ka konprann. Paske, menm jan nou te konn prezante kò nou kòm esklav bay ni konduit ki pa pwòp, ni sa lalwa kondane, pou nou fè sa lalwa kondane, konsa tou kounye a, prezante kò nou kòm esklav bay sa ki jis pou nou fè sa ki sen+. 20 Paske, lè nou te esklav peche, sa ki jis pa t mèt nou.
21 Ki fwi nou te konn bay lè sa a? Se yon seri bagay nou wont kounye a. Paske, alafen bagay sa yo pote lanmò+. 22 Men, kòm nou libere anba peche e nou vin esklav Bondye, fwi nou bay se yon lavi ki sen+, e alafen, n ap gen lavi ki pap janm fini an+. 23 Paske, sa yon moun jwenn pou peche l fè se lanmò+, men kado Bondye bay se lavi ki pap janm fini an+ grasa Kris Jezi, Seyè nou an+.
7 Frè m yo, ou kwè nou pa ta konnen se toutotan yon moun vivan Lalwa domine sou li? (Paske, se ak moun ki konn lalwa m ap pale.) 2 Pa egzanp, lalwa ini yon madan marye avèk mari l pandan mari a vivan. Men si mari l mouri, li libere anba lwa mari l+. 3 Se sa k fè, si li ta vin madanm yon lòt gason pandan mari l vivan, yo t ap di li fè adiltè+. Men si mari l mouri, li libere anba lwa mari l. Konsa, li pa fè adiltè si l vin madanm yon lòt gason+.
4 Kidonk, frè m yo, nou menm tou, nou mouri anrapò ak Lalwa, grasa kò Kris la, pou nou ka vin pwopriyete yon lòt moun+, wi, pwopriyete sila a ki te leve sot nan lanmò a+, dekwa pou nou ka pwodui fwi pou Bondye+. 5 Paske, lè nou t ap viv selon lachè, dezi ki mennen nan peche, dezi Lalwa te devwale yo, t ap travay nan kò nou* pou fè nou pwodui fwi ki mennen nan lanmò+. 6 Men kounye a, nou libere anba Lalwa+, paske nou mouri anrapò ak sa ki te kenbe nou byen di a, dekwa pou nou ka vin esklav yon lòt jan, selon lespri a+, men pou nou pa esklav jan nou te ye anvan an, selon lwa ki ekri a+.
7 Donk, ki sa pou nou di? Èske Lalwa se peche? Jamè! An reyalite, mwen pa t ap rive konnen sa peche ye si pa t gen Lalwa+. Pa egzanp, mwen pa t ap konnen sa tanta ye si Lalwa pa t di: “Nou pa dwe gen tanta+.” 8 Men, grasa kòmandman an, peche jwenn yon okazyon pou l pwodui tout kalite tanta nan mwen. Paske, lè pa t gen Lalwa, peche te mouri+. 9 Anfèt, lontan, lè pa t gen Lalwa, mwen te vivan. Men, lè vin gen kòmandman an, peche vin viv ankò, men mwen menm, mwen mouri+. 10 E kòmandman an, ki te dwe mennen nan lavi+, mwen twouve se nan lanmò li mennen. 11 Paske, grasa kòmandman an, peche vin jwenn yon okazyon pou l sedui m, e li touye m akoz kòmandman an. 12 Donk, Lalwa, bò kote pa l, sen. E kòmandman an sen, li jis e li bon+.
13 Alò, èske se sa ki bon an ki lakòz mwen mouri? Jamè! Men se peche ki lakòz mwen mouri, dekwa pou l ka parèt se peche k ap sèvi ak sa ki bon an pou l pwodui lanmò pou mwen+. Konsa, avèk kòmandman an, peche vin parèt pi pa bon toujou+. 14 Paske, dapre sa nou konnen, Lalwa soti nan Bondye, men mwen menm, mwen fèt nan lachè, yo vann mwen bay peche+. 15 Anfèt, mwen pa konprann sa m ap fè. Paske, sa m vle a, se pa li m pratike, men sa m rayi a, se li m fè. 16 Men, si sa m fè, se bagay mwen pa vle fè, sèke mwen dakò Lalwa se yon bon bagay. 17 Kounye a, se pa mwen menm ankò k ap aji, men se peche ki abite nan mwen an k ap aji+. 18 Anfèt, mwen konnen pa gen anyen ki bon ki abite nan mwen, sètadi nan chè m. Paske, mwen vle fè sa ki byen, men, mwen pa gen kapasite pou m fè l+. 19 Paske, byen mwen vle fè a mwen pa fè l, men mal mwen pa vle fè a se li m pratike. 20 Donk, si se sa m pa vle fè a mwen fè, se pa mwen menm ki fè l, men se peche ki abite nan mwen an ki fè l.
21 Donk, men lwa mwen jwenn nan ka pa m: Lè m vle fè sa ki dwat, se sa ki mal ki lakay mwen+. 22 Nan fon kè m, mwen vrèman jwenn plezi nan lwa Bondye a+, 23 men, nan kò mwen, mwen wè yon lòt lwa k ap fè lagè ak lwa ki nan lespri m nan+ e k ap mennen m kòm prizonye bay lalwa peche+ ki nan kò m nan*. 24 Ala mizè pou mwen! Kiyès ki pral delivre m anba kò sa a k ap mennen m nan lanmò a? 25 Mèsi Bondye grasa Jezi Kris, Seyè nou an! Konsa, nan lespri m, mwen se esklav lalwa Bondye, men nan chè m, mwen se esklav lalwa peche+.
8 Kidonk, pa gen kondanasyon pou moun ki ann inyon ak Kris Jezi. 2 Paske, lwa lespri sa a ki bay lavi ann inyon ak Kris Jezi a libere w+ anba lwa peche ak lanmò a. 3 Anfèt, sa Lalwa pa t kapab fè a+, etandone lachè te rann li fèb+, Bondye te fè l lè l te voye pwòp Pitit li a+ nan yon kò ki sanble ak kò peche a+, pou l ka fini nèt ak peche. E konsa, Li kondane peche ki nan lachè a, 4 dekwa pou nou menm k ap mache selon lespri, men ki pap mache selon lachè+, nou ka fè sa Lalwa mande yo ki jis+. 5 Paske, moun k ap mache selon lachè fikse panse yo sou bagay lachè+, men moun k ap mache selon lespri fikse panse yo sou bagay lespri+. 6 Anfèt, moun ki fikse panse yo sou lachè ap jwenn lanmò+, men moun ki fikse panse yo sou lespri ap jwenn lavi ak lapè+. 7 An reyalite, moun ki fikse panse yo sou lachè vin ènmi Bondye+, paske lachè pa soumèt anba lwa Bondye. Anfèt, li pa ka soumèt anba l. 8 Konsa, moun k ap mache selon lachè pa ka fè Bondye plezi.
9 Men nou menm, nou pap mache selon lachè, men n ap mache selon lespri+, si vrèman lespri Bondye abite nan nou. Men, si yon moun pa gen mantalite* Kris genyen an, moun sa a pa pou li. 10 Men, si Kris ann inyon avèk nou+, kò a mouri akoz peche, men lespri a se lavi paske yo deklare nou jis. 11 Kounye a, si lespri Sila a ki te leve Jezi pami mò yo abite nan nou, Sila a ki te leve Kris Jezi pami mò yo+ pral bay kò nou ki kapab mouri lavi tou+, grasa lespri l ki abite nan nou.
12 Se sa k fè, frè m yo, nou gen yon obligasyon devan nou, men se pa anvè lachè pou nou viv selon lachè+. 13 Paske, si n ap viv selon lachè, se sèten n ap mouri. Men, si move bagay kò a ap pratike yo+, nou fè yo mouri grasa lespri a, n ap viv+. 14 Paske, tout moun lespri Bondye ap gide se pitit Bondye yo ye toutbon+. 15 Paske, nou pa t resevwa yon lespri ki fè nou vin esklav e ki fè nou vin pè ankò, men nou resevwa yon lespri ki pèmèt Bondye adopte nou antanke pitit li, e se lespri sa a ki fè n ap di byen fò: “O Papa*, Papa+!” 16 Lespri a li menm ansanm ak lespri pa nou bay temwayaj+ nou se pitit Bondye+. 17 Donk, si nou se pitit, nou se eritye tou. Wi, nou se eritye Bondye, men n ap gen menm eritaj+ ak Kris, depi nou soufri avèk li+ pou nou ka jwenn glwa ansanm avèk li tou+.
18 Paske, mwen konsidere soufrans n ap andire kounye a pa reprezante anyen lè nou konpare yo ak glwa ki pral parèt aklè nan ka pa nou+. 19 Paske, kreyasyon an ap tann avèk anpil enpasyans pou pitit Bondye yo parèt aklè nan laglwa+. 20 Paske, yo te soumèt kreyasyon an anba vanite+. Se pa t kreyasyon an ki te vle sa, men se akoz Sila a ki te soumèt li a. Epi, men esperans li te tou bay: 21 Kreyasyon an li menm tou pral libere+ anba esklavaj yon kò k ap depafini e li pral gen libète pitit Bondye yo genyen an nan laglwa. 22 Paske, nou konnen tout kreyasyon an kontinye ap plenn ansanm e yo kontinye ap soufri ansanm jiska prezan. 23 Nonsèlman sa, men nou menm tou ki gen lespri a kòm yon avangou*, wi, n ap plenn nan nou menm+, pandan n ap tann avèk enpasyans pou Bondye adopte nou kòm pitit+, lè nou libere anba kò nou genyen an grasa ranson an. 24 Paske, nou te sove pandan nou gen esperans sa a. Men, lè w wè yon bagay ou te espere, ou pa espere l ankò, paske, lè yon moun wè yon bagay li te espere, èske li espere l toujou? 25 Men si nou espere+ sa nou pa wè+, nou kontinye tann li avèk enpasyans e avèk andirans+.
26 Se menm jan an, lespri a vin ede nou tou nan feblès nou+. Paske, men pwoblèm nan: Sa nou dwe mande nan priyè nou selon bezwen nou, nou pa konnen l, men lespri a li menm li sipliye pou nou anrapò ak soupi nou fè ki pa soti. 27 Men, Sila a ki egzamine kè yo+ konnen ki sa lespri a vle di, paske se ann akò ak volonte Bondye l ap sipliye pou moun ki sen yo.
28 Nou konnen Bondye fè tout travay li mache ansanm pou byen moun ki renmen l yo, moun li rele ann amoni ak objektif li+. 29 Paske, moun li te rekonèt an premye yo, li te deside davans tou pou yo reflete pòtre Pitit li a+, dekwa pou Pitit li a kapab premye pitit+ nan mitan yon pakèt frè+. 30 Anplis, moun li te chwazi davans yo+ se yo menm tou li rele+, e moun li rele yo se yo menm tou li deklare ki jis+. Finalman, moun li deklare ki jis yo se yo menm tou li fè jwenn glwa+.
31 Donk, ki sa nou gen pou n di sou bagay sa yo? Si Bondye pou nou, kiyès ki ka kanpe anfas nou+? 32 Piske li pa t menm epaye pwòp Pitit li a, men li te bay li pou nou tout+, èske li menm avèk Pitit li a pap byen kontan ban nou tout lòt bagay yo tou? 33 Kiyès ki ka akize moun Bondye chwazi yo+? Se Bondye li menm ki deklare yo jis+. 34 Kiyès moun ki ka kondane yo? Se Kris Jezi li menm ki te mouri, wi, mete sou sa, se li menm Bondye te leve a, se li menm ki adwat Bondye+ e se li menm tou k ap sipliye pou nou+.
35 Ki sa ki ka separe nou ak lanmou Kris la gen pou nou an+? Èske se tribilasyon, oswa detrès, oswa pèsekisyon, oswa grangou, oswa touni, oswa danje, oswa epe+? 36 Tankou sa ekri: “Poutèt ou menm, tout lajounen y ap touye nou, yo konsidere nou tankou mouton y ap mennen labatwa+.” 37 Okontrè, nan tout bagay sa yo, nou pot yon viktwa total+ grasa Sila a ki renmen nou an. 38 Paske, mwen gen konviksyon ni lanmò, ni lavi, ni zanj, ni gouvènman, ni bagay ki la kounye a, ni bagay ki gen pou vini, ni pisans+, 39 ni bagay ki wo, ni bagay ki ba, ni okenn lòt kreyasyon pap kapab separe nou ak lanmou Bondye ki nan Kris Jezi, Seyè nou an.
9 Se laverite m ap di anrapò ak Kris. Se pa manti m ap bay, piske men temwayaj konsyans mwen bay ansanm avè m ann akò ak lespri sen: 2 Nan kè m, mwen gen yon gwo tristès ak yon lapenn ki pa janm pase. 3 Paske, mwen ta pito separe ak Kris, kòmsi mwen se yon moun ki modi, nan enterè frè m yo, fanmi m yo nan lachè, 4 Izrayelit yo, yo menm Bondye te adopte antanke pitit li+, yo menm ki te jwenn glwa e ki te resevwa alyans yo+, yo menm yo te bay Lalwa+ ak privilèj pou yo fè yon sèvis sakre+, yo menm yo te fè pwomès yo+, 5 yo menm ki se desandans zansèt nou yo+. Se nan yo menm Kris soti nan lachè+. Louwanj pou toutan pou Bondye k ap domine sou tout bagay. Amèn.
6 Men, se pa kòmsi pawòl Bondye a te echwe. Paske, se pa tout moun ki desandan Izrayèl ki “Izrayèl” toutbonvre+. 7 Nitou, se pa paske yo se desandan* Abraram+ ki fè yo tout se pitit li. Men, tankou sa ekri: “Se nan Izarak desandans* mwen pwomèt ou a ap soti+.” 8 Sa vle di, pitit nan lachè yo pa pitit Bondye toutbonvre+, men se pitit ki fèt ann amoni ak pwomès la yo konsidere kòm desandans*+. 9 Paske, men pwomès Bondye te fè: “M ap retounen nan menm epòk sa a, e Sara ap gen yon pitit gason+.” 10 Se pa t lè sa a sèlman li te fè pwomès la, li te fè l tou lè Rebeka te vin ansent de pitit ansanm pou yon sèl gason, pou granpapa nou, Izarak+. 11 Alòske yo potko fèt, ni yo potko fè anyen ki bon oswa ki mal, yon fason pou chwa Bondye ap fè anrapò ak objektif li pa depann de sa moun fè, men pou l kontinye depann de Sila a k ap fè apèl la, 12 Bondye te di Rebeka: “Pi gran an ap vin esklav pi piti a+.” 13 Tankou sa ekri: “Mwen te renmen Jakòb, men mwen te rayi Ezaou+.”
14 Alò, ki sa pou n di menm? Èske Bondye gen enjistis lakay li? Jamè+! 15 Paske, men sa l di Moyiz: “M ap montre mwen gen pitye pou moun m ap montre mwen gen pitye pou li a, e m ap montre m gen konpasyon pou moun m ap montre mwen gen konpasyon pou li a+.” 16 Konsa, sa pa depann de sa yon moun vle oswa de efò l fè*, men sa depann de Bondye, li menm ki gen pitye+. 17 Paske, nan pasaj nan Ekriti a, men sa Bondye te di Farawon: “Men pou ki rezon mwen kite w la toujou: pou m sèvi avè w kòm egzanp pou m montre pisans mwen e pou yo ka fè konnen non m sou tout tè a+.” 18 Konsa, li gen pitye pou moun li vle, men li kite moun li vle fè tèt di+.
19 Kounye a ou pral di m: “Poukisa li kontinye ap fè moun repwòch? Dayè, ki moun ki ka opoze ak volonte l?” 20 Alò, kiyès ou ye menm pou w ap replike ak Bondye+? Èske bagay yo bay fòm nan di moun ki ba l fòm nan: “Poukisa se fason sa a ou fè m+?” 21 Ki sa? Èske atizan ki konn travay ak ajil la pa gen pouvwa sou ajil la+ pou l sèvi ak menm pat la pou l fè yon veso pou yon sèvis ki onorab e pou l fè yon lòt pou yon sèvis ki pa onorab? 22 Konsa, si Bondye, byenke li gen volonte pou l demontre kòlè l e pou l fè konnen pisans li, avèk anpil pasyans, li tolere moun ki tankou veso li gen pou l vide kòlè l sou yo, veso ki merite destriksyon, 23 e si l te fè sa pou l ka fè moun ki tankou veso li deside fè mizèrikòd yo konnen kokenn glwa li genyen+, moun li te prepare davans pou jwenn glwa yo, 24 sètadi, nou menm li te rele nonsèlman pami Juif yo men tou pami nasyon yo+, alò sa k gen nan sa? 25 Se tankou jan li di sa tou nan liv Oze a: “Moun ki pa pèp mwen+, m ap rele yo ‘pèp mwen’, e fi mwen pa t renmen an, m ap rele l ‘byenneme+’. 26 E nan zòn kote m te di moun yo: ‘Nou pa pèp mwen’, se la y ap rele yo ‘pitit Bondye vivan an+’.”
27 Anplis, men sa Ezayi di byen fò konsènan Izrayèl: “Menmsi pitit Izrayèl yo ta vin anpil tankou grenn sab bò lanmè, se yon rès sèlman k ap sove+. 28 Paske, Jewova* pral mande tout moun k ap viv sou tè a kont, l ap fè sa konplètman e san pèdi tan*+.” 29 Epitou, jan Ezayi te di sa alavans: “Si Jewova, Chèf lame yo, pa t kite yon desandans* pou nou, nou t ap vin tankou vil Sodòm e nou t ap sanble ak vil Gomò+.”
30 Ki sa pou n di menm? Ebyen, alòske moun ki nan nasyon yo pa t ap chèche vin jis+, yo vin jis paske yo gen lafwa+. 31 Men, Izrayelit yo, ki t ap chèche vin jis sou baz lalwa, pa t vin jis. 32 Pou ki rezon? Paske, se pa mwayen sa yo fè yo t ap chèche vin jis, se pa grasa lafwa. Yo bite sou “wòch ki fè moun bite a+”, 33 jan sa ekri a: “Gade! M ap poze yon wòch nan Siyon+ k ap fè moun bite, yon mas wòch k ap fè moun tonbe, men, yon moun ki mete lafwa nan li pap wont+.”
10 Frè m yo, an reyalite, sa m swete nan kè m e sa m mande Bondye pou yo nan siplikasyon m ap fè, se pou yo sove+. 2 Paske, men temwayaj m ap bay sou yo: Yo chofe pou yo sèvi Bondye+, men se pa ann amoni ak konesans egzak la. 3 Anfèt, kòm yo pa konnen sou ki baz Bondye konsidere yon moun jis+, men y ap chèche montre yo jis nan jan pa yo+, yo pa chèche konfòme yo ak prensip Bondye yo ki jis+. 4 Paske, Kris se finisman Lalwa+, dekwa pou tout moun ki demontre yo gen lafwa ka vin jis nan je Bondye+.
5 Paske, Moyiz te ekri konsènan moun ki jis selon Lalwa a. Men sa l te ekri: “Yon moun ki obeyi sa Lalwa mande ap viv grasa yo+.” 6 Sepandan, men sa Ekriti yo di sou nesesite pou yon moun gen lafwa pou l ka jis nan je Bondye: “Pinga w di nan kè w+: ‘Ki moun k ap monte nan syèl la+?’ sa vle di, pou l fè Kris desann, 7 oswa: ‘Ki moun k ap desann nan twou san fon an+?’ sa vle di, pou l fè Kris monte sot pami mò yo.” 8 Men, ki sa pawòl Bondye a di? “Pawòl la toupre nou, li nan bouch nou, li nan kè nou+”, sètadi, “pawòl” lafwa w fè w aksepte a, “pawòl” n ap preche a. 9 Paske, si w deklare ak bouch ou an piblik Jezi se Seyè a+, e si w gen lafwa nan kè w Bondye te leve l sot nan lanmò, w ap sove. 10 Paske, se nan kè a yon moun gen lafwa pou l ka vin jis nan je Bondye, men se avèk bouch la yon moun fè deklarasyon piblik+ pou l ka sove.
11 Paske, gen yon pasaj nan Ekriti yo ki di: “Pa gen moun ki mete lafwa yo nan li k ap wont+.” 12 Anfèt, pa gen distenksyon ant Juif ak Grèk*+. Se menm Seyè a ki sou tèt tout moun, ki bay tout moun ki met konfyans nan* li yo anpil benediksyon*. 13 Paske, “tout moun ki met konfyans yo nan non Jewova ap sove+”. 14 Men, ki jan y ap fè gen konfyans nan li si yo pa mete lafwa yo nan li? Ki jan y ap fè mete lafwa yo nan li si yo pa tande pale de li? Ki jan y ap fè tande pale de li si pa gen yon moun k ap preche? 15 Epi ki jan y ap fè al preche si se pa voye yo voye yo+? Tankou sa ekri: “Ala bèl pye moun k ap anonse bon nouvèl yo bèl+!”
16 Epoutan, se pa yo tout ki te obeyi bon nouvèl la. Paske, Ezayi di: “Jewova*, kiyès ki mete lafwa nan sa l tande nou di a*+?” 17 Konsa, yon moun gen lafwa apre l fin tande pawòl la+. E sa li tande a soti nan pawòl konsènan Kris la. 18 Men, m ap mande: Èske se tande yo pa t tande? Anfèt, “temwayaj li bay la gaye sou tout tè a, e mesaj li a rive jis nan dènye bout tè a+”. 19 Poutan, m ap mande: Èske se konnen Izrayèl pa t konnen+? Toudabò, Moyiz di: “M ap fè nou fè jalouzi poutèt moun ki pa fè pati nasyon Izrayèl la. M ap fè nou fè gwo kòlè poutèt yon nasyon ki sòt+.” 20 Ezayi, bò kote pa l, te di avèk anpil kran: “Moun ki pa t ap chèche m jwenn mwen+. Moun ki pa t ap mande pou mwen, mwen fè yo konnen m+.” 21 Men, li di konsènan Izrayèl: “Tout lajounen m ap lonje men m bay yon pèp ki dezobeyisan e ki gen tèt di+.”
11 Alò, m ap mande: Èske Bondye voye pèp li a jete+? Jamè! Paske, mwen menm tou, mwen se yon Izrayelit, mwen fè pati desandans* Abraram, mwen soti nan tribi Benjamen. 2 Bondye pa t voye pèp li a li te rekonèt an premye a jete+. Kòmsi, se konnen nou pa konnen sa pasaj nan Ekriti yo di konsènan Eli, lè l te pote Bondye plent pou Izrayèl la? 3 “Jewova*, yo touye pwofèt ou yo, yo ranvèse lotèl ou yo, se mwen menm sèl ki rete, e kounye a, y ap chèche retire lavi m*+.” 4 Epoutan, ki sa Bondye te reponn li? “Mwen gen 7 000 moun pou mwen ki pa t met ajenou devan Baal+.” 5 Se sa k fè, menm jan an, nan moman nou ye la a tou, vin gen yon rès moun+ Bondye chwazi selon favè san parèy la. 6 Kounye a, si se grasa favè san parèy la chwa a fèt+, se pa grasa sa moun fè ankò+. Si se te sa, favè san parèy la pa t ap favè san parèy ankò.
7 Alò, ki sa nou va di? Sa Izrayèl ap chèche ak tout kè l la li pa t jwenn li, men se moun Bondye chwazi yo ki te jwenn li+. Lòt moun yo te vin ensansib+. 8 Tankou sa ekri: “Bondye fè yon gwo dòmi pran moun sa yo+, li ba yo je ki pa wè e li ba yo zòrèy ki pa tande, jis jounen jodi a+.” 9 David tou te di: “Se pou tab yo a vin tounen yon pyèj, yon pèlen pou yo, yon obstak ki fè moun bite, e se pou l tounen yon pinisyon pou yo. 10 Se pou je yo vin bouche dekwa pou yo pa wè, e se pou w toujou fè yo rete do ba+.”
11 Se sa k fè m ap mande: Èske yo te bite jis yo te tonbe nèt? Jamè! Men, fo pa yo te fè a vin bay delivrans pou moun ki nan nasyon yo, pou fè yo fè jalouzi+. 12 Bon, si fo pa yo te fè a vle di richès pou monn nan, e si diminye yo diminye a vle di richès pou moun ki nan nasyon yo+, alewè pou kantite total yo ye a, sa pral vle di plis richès pou yo toujou!
13 Kounye a, nou menm moun ki nan nasyon yo, se avèk nou m ap pale. Piske mwen se apot nasyon yo+, mwen bay sèvis m ap bay Bondye a anpil valè+, 14 pou m wè si, yon fason oswa yon lòt, mwen ka fè pwòp pèp mwen an* fè jalouzi e si m ka sove kèk ladan yo. 15 Paske, si rejte yo rejte yo a+, sa fè moun nan monn nan rekonsilye ak Bondye, ki jan sa va ye lè y ap aksepte yo? Èske se pa pral kòmsi yo sot nan lanmò pou y al nan lavi? 16 Anplis, si pati yo pran nan pat la pou yo ofri kòm premye fwi a sen, tout pat la sen tou. E si rasin nan sen, branch yo sen tou.
17 Men, si gen kèk branch yo rache, e ou menm, malgre ou se yon pye oliv mawon, yo grefe w pami yo e ou vin patisipe nan bon bagay ki sot nan rasin pye oliv la, 18 pinga w meprize branch yo rache yo. Men, si w meprize yo+, sonje se pa ou ki pote rasin nan, se rasin nan ki pote w. 19 Alò, ou pral di: “Yo te rache branch pou yo te ka grefe m+.” 20 Se vre! Se paske yo pa t gen lafwa ki fè yo te rache yo+, men ou menm, ou kanpe grasa lafwa w+. Sispann gen gwo lide, okontrè ou dwe gen lakrentif. 21 Paske, si Bondye pa t epaye branch natirèl yo, li pap epaye w nonplis. 22 Donk, gade jan Bondye bon+ e gade jan li sevè tou. Li sevè ak moun ki tonbe yo+, men li bon avèk ou, depi w rete nan bonte l. Si se pa sa, ou menm tou, y ap rache w. 23 Yo menm tou, si yo pa rete nan pa gen lafwa yo a, y ap grefe yo+, paske Bondye kapab grefe yo ankò. 24 Paske, si yo te rache w sou pye oliv mawon an pou y al grefe w sou pye oliv yo plante nan jaden an, alòske se pa yon bagay ki natirèl, alewè pou branch ki sot nan li yo, y ap grefe yo ankò sou pwòp pye oliv pa yo a!
25 Paske, frè m yo, gen yon sekrè sakre+ mwen pa ta renmen nou pa konnen, yon fason pou nou pa vin saj nan pwòp je pa nou: Gen yon pati nan pèp Izrayèl la ki vin ensansib jiskaske kantite total moun ki nan nasyon yo antre, 26 e konsa, tout Izrayèl+ ap sove. Tankou sa ekri: “Sovè a ap soti nan Siyon+, e l ap retire bagay ki dezonore Bondye k ap fèt lakay Jakòb yo. 27 E se alyans sa a m ap fè avèk yo+, lè m ap voye peche yo jete+.” 28 Se vre, anrapò ak bon nouvèl la, yo se ènmi Bondye nan avantaj nou, men anrapò ak chwa Bondye fè a, yo se byenneme l poutèt pwomès li te fè zansèt yo+. 29 Paske, kado Bondye bay ak apèl li fè se pa bagay l ap regrèt. 30 Paske, menm jan gen yon lè nou te konn dezobeyi Bondye+, men kounye a, yo fè nou mizèrikòd+ akoz dezobeyisans yo+, 31 konsa tou kounye a, yo dezobeyi Bondye, sa ki fè nou jwenn mizèrikòd la, yon fason pou kounye a, yo ka fè yo mizèrikòd tou. 32 Paske, Bondye te fè tout moun ansanm vin esklav dezobeyisans+, dekwa pou l ka fè tout moun mizèrikòd+.
33 Ala anpil richès ak sajès ak konesans Bondye genyen yo anpil! Ala sa enposib pou moun dekouvri jijman l yo e pou yo rive jwenn tras chemen l yo! 34 Paske, “kiyès ki rive konnen sa k nan lespri Jewova*, oubyen ki moun ki sèvi l konseye+?” 35 Oswa, “ki moun ki ba li yon bagay an premye, pou l oblije ap remèt li sa+?” 36 Paske, tout bagay soti nan li, yo egziste grasa li e yo la pou li. Glwa pou li pou toutan. Amèn.
12 Se sa k fè, frè m yo, m ap sipliye nou, grasa konpasyon Bondye, pou nou prezante kò+ nou kòm yon sakrifis ki vivan, ki sen+, ki fè Bondye plezi. Konsa, n ap ba li yon sèvis sakre avèk kapasite nou genyen pou nou rezone+. 2 E sispann konfòme nou ak sistèm sa a*, men transfòme tèt nou, lè nou bay lespri nou yon lòt direksyon+, dekwa pou nou ka verifye pèsonèlman+ nan lavi nou sa ki volonte Bondye, yon volonte ki bon, ki agreyab e ki pafè.
3 Paske, grasa favè san parèy Bondye fè m nan, m ap di chak moun ki la pami nou pou l pa panse de tèt li plis pase sa l dwe panse+, men pou l panse yon fason pou l vin gen bonsans, e chak moun ap fè sa selon mezi lafwa Bondye ba li a+. 4 Paske, menm jan kò nou gen plizyè pati+, men tout pati yo pa jwe menm wòl, 5 se konsa tou, nou menm, byenke nou anpil, nou se yon sèl kò ann inyon avèk Kris, men nou chak nou se manm ki ini youn ak lòt+. 6 Etandone, selon favè san parèy Bondye fè nou an, nou pa gen menm don+, si se pwofetize n ap pwofetize, annou pwofetize selon mezi lafwa Bondye ban nou an; 7 si se yon sèvis n ap fè, annou kontinye nan sèvis sa a; si se anseye yon moun ap anseye, se pou l kontinye ladan l+; 8 si se ankourajman yon moun ap bay, se pou l kontinye fè sa+; si se bay l ap bay, se pou l fè sa ak tout kè l+; si se dirije l ap dirije*, se pou l fè sa avèk dilijans*+; si se mizèrikòd l ap fè, se pou l fè sa ak kè kontan+.
9 Se pou lanmou nou pa gen ipokrizi ladan l+. Gen degoutans pou sa ki mal+, rete atache ak sa ki byen. 10 Se pou lanmou nou gen pou frè nou yo makònen ak gwo afeksyon nou gen youn pou lòt. Pran devan nan onore youn lòt+. 11 Se pou nou travay di*, pa fè parès*+. Se pou lespri a chofe nou+. Travay tankou esklav pou Jewova*+. 12 Rejwi nan esperans lan. Andire anba tribilasyon+. Pèsevere nan lapriyè+. 13 Pataje ak moun ki sen yo selon bezwen yo+. Pran abitid akeyi moun+. 14 Kontinye mande Bondye pou l beni moun k ap pèsekite nou yo+. Mande benediksyon, pa mande malediksyon+. 15 Rejwi ak moun k ap rejwi. Kriye ak moun k ap kriye. 16 Konsidere lòt moun menm jan nou konsidere tèt nou. Pa kite ògèy plen tèt nou, men kite imilite dirije nou+. Pinga nou vin saj nan pwòp je pa nou+.
17 Pa rann pèsonn mal pou mal+. Chèche fè sa ki byen nan je tout moun. 18 Si posib, depi sa depann de nou, se pou nou anpè ak tout moun+. 19 Pa vanje tèt nou, byenneme, men kite kòlè Bondye aji+, paske men sa ki ekri: “‘Vanjans se pou mwen. Se mwen k ap fè yo peye pou sa yo fè.’ Se sa Jewova* di+.” 20 Men, “si ènmi w grangou, ba l manje, si l swaf, ba l yon bagay pou l bwè. Paske lè w fè sa, se anpile w ap anpile chabon ki byen limen sou tèt li*+”. 21 Pa kite sa ki mal pot laviktwa sou ou, men kontinye pot laviktwa sou sa ki mal lè w fè sa ki byen+.
13 Se pou tout moun* soumèt devan otorite yo+, paske pa gen otorite san pèmisyon Bondye+. Otorite ki egziste yo, se Bondye ki etabli yo nan pozisyon yo ye a youn parapò ak lòt+. 2 Se sa k fè, moun ki opoze ak otorite opoze ak dispozisyon Bondye pran. Moun ki opoze ak dispozisyon sa a ap rale kondanasyon sou tèt yo. 3 Paske, moun k ap fè bon aksyon pa pè moun k ap gouvène yo, se moun k ap fè move aksyon ki pè yo+. Èske w ta renmen pa pè otorite? Kontinye aji byen+, e w ap jwenn lwanj nan men yo, 4 paske se sèvis Bondye y ap fè pou byen w. Men, si w ap fè sa ki mal, ou mèt pè, paske se pa pou granmesi yo pot epe. Anfèt, se sèvis Bondye y ap fè, yo la kòm moun k ap vanje, k ap lage kòlè Bondye* sou moun k ap pratike sa ki mal.
5 Kidonk, li nesesè pou nou soumèt, nonsèlman akoz kòlè sa a, men tou akoz konsyans nou+. 6 Se poutèt sa tou nou peye enpo, paske se sèvis Bondye y ap fè, e yo toujou la ap fè sèvis sa a. 7 Se pou nou bay tout moun sa nou dwe ba yo: yon moun ki egzije enpo, ba li enpo; yon moun ki egzije taks, ba li taks+; yon moun ki egzije krent, gen krent pou li+; yon moun ki egzije onè, ba li onè+.
8 Pinga nou dwe pèsonn anyen, sof lanmou nou dwe genyen youn pou lòt+. Paske, yon moun ki renmen pwochen l obeyi Lalwa kòrèkteman+. 9 Paske, Lalwa di: “Nou pa dwe fè adiltè+, nou pa dwe asasinen moun+, nou pa dwe vòlè+, nou pa dwe gen tanta+”, e li gen lòt kòmandman ankò. Men, pawòl sa a ki di: “Nou dwe renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou” an rezime tout sa ki nan Lalwa+. 10 Yon moun ki gen lanmou pa fè pwochen l mal+. Donk, yon moun ki gen lanmou obeyi Lalwa kòrèkteman+.
11 Se pou nou aji konsa paske nou rekonèt epòk la, nou konnen li deja lè pou nou leve nan dòmi+, piske kounye a, delivrans nou pi pre pase lè nou te vin kwayan an. 12 Nou fon nan nuit lan, li prèt pou l jou. Kidonk, annou retire zèv fènwa yo sou nou+, epi annou mete zam limyè yo sou nou+. 13 Annou mache yon fason ki kòrèk+, tankou se gran jounen. Nou pa dwe ni nan banbòch, ni fè eksè nan bwè bwason, ni nan relasyon seksyèl imoral, ni nan konduit derespektan*+, ni nan goumen, ni nan jalouzi+. 14 Men, se pou nou abiye nou ak Seyè a, Jezi Kris+, e pinga nou fè pwojè pou nou satisfè dezi lachè+.
14 Se pou nou akeyi moun lafwa l fèb la+, men, pa jije moun sou bagay chak moun kapab gen opinyon pa yo sou li*. 2 Gen moun lafwa l pèmèt li manje tout bagay, men moun lafwa l fèb la se legim sèlman li manje. 3 Se pou moun ki manje tout bagay la pa meprize moun ki pa manje tout bagay la, e se pou moun ki pa manje tout bagay la pa jije moun ki manje tout bagay la+, paske Bondye aksepte moun sa a. 4 Kiyès ou ye pou w ap jije moun k ap travay lakay yon lòt moun+? Se mèt li ki pou deside si pou l ret kanpe oswa si pou l tonbe+. Wi, l ap ret kanpe, paske Jewova* ka fè l ret kanpe.
5 Gen moun ki konsidere yon jou pi enpòtan pase yon lòt jou+, gen lòt moun ki konsidere tout jou se menm+. Se pou chak moun ret ak konviksyon pa yo. 6 Moun ki obsève jou a, li obsève l pou Jewova*. Moun ki manje a, li manje pou Jewova*, paske li di Bondye mèsi+, e moun ki pa manje a, li pa manje pou Jewova*, epoutan li di Bondye mèsi+. 7 Anfèt, pa gen youn nan nou k ap viv pou tèt li sèlman+, e pèsonn pa mouri pou tèt li sèlman. 8 Paske, si n ap viv, n ap viv pou Jewova*+, e si nou mouri, nou mouri pou Jewova*. Se sa k fè, kit n ap viv, kit nou mouri, se byen Jewova* nou ye+. 9 Paske, men pou ki sa Kris te mouri e li vin gen lavi ankò: pou l ka vin Seyè ni moun ki mouri ni moun ki vivan+.
10 Men, poukisa w ap jije frè w+? Oswa poukisa w ap meprize frè w? Anfèt, nou tout nou gen pou n parèt devan tribinal Bondye a+. 11 Paske, men sa ki ekri: “‘Menm jan li klè mwen vivan+, mwen fè sèman se konsa tou tout jenou ap pliye devan m e tout moun ap rekonèt aklè se mwen ki Bondye+.’ Se sa Jewova* di.” 12 Kidonk, nou chak pral rann Bondye kont pou tèt nou+.
13 Se sa k fè, annou sispann jije youn lòt+, men pito, se pou nou pran desizyon pou nou pa met yon obstak devan yon frè ki ka fè l bite oswa yon bagay ki ka lakòz li fè yon fo pa+. 14 Mwen konnen e mwen gen konviksyon nan Seyè Jezi, pa gen anyen ki pa pwòp vre+. Se sèlman lè yon moun konsidere yon bagay pa pwòp, li pa pwòp pou li. 15 Paske, si w fè frè w lapenn poutèt yon manje, ou pap mache nan lanmou ankò+. Pinga w lakòz moun sa a Kris te mouri pou li a pèdi* akoz manje w ap manje+. 16 Se sa k fè, pa kite byen nou fè a tounen mal. 17 Paske, Wayòm Bondye a se pa yon kesyon manje ak bwè+, men li gen rapò ak sa ki jis, ak lapè ak lajwa, grasa lespri sen. 18 Anfèt, nan sans sa a, moun k ap sèvi Kris kòm esklav la fè Bondye plezi, e lèzòm respekte l.
19 Kidonk, annou kontinye chèche bagay k ap fè nou viv anpè+ ak bagay k ap fòtifye youn lòt+. 20 Sispann kraze travay Bondye pou yon senp kesyon manje+. Se vre, tout bagay pwòp, men se yon move bagay lè yon moun ap manje e sa lakòz moun bite+. 21 Li pi bon pou w pa manje vyann oswa pou w pa bwè diven oubyen pou w pa fè anyen ki kapab fè frè w bite+. 22 Lafwa w genyen an, kenbe l pou tèt ou devan Bondye. Byennere moun ki pa kondane tèt li ak sa li twouve ki bon. 23 Men, si l gen dout epi li manje, li deja kondane, paske li pa manje ak lafwa. Wi, tout sa ki pa fèt ak lafwa se peche.
15 Men, nou menm ki djanm, nou dwe ede moun ki pa djanm yo pote feblès yo+, e se pa tèt nou pou nou fè plezi+. 2 Se pou nou chak fè pwochen nou plezi pou byen l, pou nou ankouraje l+. 3 Paske, menm Kris la pa t fè tèt li plezi+. Men, tankou sa ekri: “Jouman moun ki t ap joure w yo tonbe sou mwen+.” 4 Paske, tout bagay ki te ekri nan tan lontan, yo te ekri yo pou enstriksyon nou+, yon fason pou nou ka gen esperans+ grasa andirans nou+ e grasa konsolasyon nou jwenn nan Ekriti yo. 5 Kounye a, mwen swete pou Bondye ki bay andirans ak konsolasyon an pèmèt nou tout gen menm mantalite Kris Jezi te genyen an, 6 yon fason pou nou ka ini+ vwa* nou nan tèt ansanm pou nou bay Bondye glwa, li menm ki Bondye e ki Papa Seyè nou an, Jezi Kris.
7 Se sa k fè, se pou youn akeyi lòt+, menm jan Kris te akeyi nou tou+ pou glwa Bondye. 8 Paske, men sa m ap di nou: Kris te vin yon sèvitè pou moun ki sikonsi yo+, dekwa pou l te ka bay prèv Bondye toujou di laverite, pou l te ka bay asirans sou pwomès Bondye te fè zansèt moun sa yo+, 9 e dekwa pou nasyon yo ka bay Bondye glwa pou mizèrikòd li+. Tankou sa ekri: “Se pou rezon sa a mwen pral ba w louwanj piblikman nan mitan nasyon yo, e mwen pral chante louwanj pou non w+.” 10 Anplis, li di: “Nou menm nasyon yo, se pou nou rejwi avèk pèp li a+.” 11 Gen yon lòt pasaj ki di: “Nou menm nasyon yo, se pou nou tout fè louwanj pou Jewova*, e se pou tout pèp fè louwanj pou li+.” 12 Nan yon lòt pasaj, Ezayi di: “Rasin Jese a pral parèt+, li menm ki pral vini pou l dirije nasyon yo+. E nasyon yo pral mete espwa yo nan li+.” 13 Mwen swete pou Bondye ki bay esperans lan ranpli nou ak yon jwa ak yon lapè total poutèt nou kwè nan li, dekwa pou nou ka gen esperans ann abondans avèk pisans lespri sen an+.
14 Konviksyon mwen genyen, frè m yo, sèke nou menm tou nou chaje ak bonte, nou chaje ak tout konesans e nou kapab konseye* youn lòt. 15 Men, mwen ekri nou pi klè toujou sou kèk pwen, yon fason pou m fè nou sonje pwen sa yo ankò, poutèt favè san parèy Bondye fè m 16 pou m vin yon sèvitè* Kris Jezi pou nasyon yo+. Mwen se yon sèvitè k ap fè travay anonse moun yo bon nouvèl Bondye a+, ki se yon travay sakre, dekwa pou nasyon sa yo ka vin yon ofrann ki fè Bondye plezi, pandan lespri sen ap fè l vin sen.
17 Se sa k fè, mwen gen rezon pou m rejwi nan Kris Jezi lè se anrapò ak sèvis Bondye. 18 Paske, mwen pap oze di yon bagay eksepte sa Kris sèvi avè m pou l reyalize yo pou nasyon yo ka obeyi. Li reyalize yo grasa pawòl mwen ak aksyon mwen, 19 avèk pisans ki gen nan siy ak nan mèvèy yo+, avèk pisans lespri Bondye. Se sa k fè, depi Jerizalèm rive jis Iliri, mwen preche bon nouvèl konsènan Kris la afon+. 20 Wi, nan sans sa a, mwen te fikse objektif pou m pa anonse bon nouvèl la kote non Kris te deja site, dekwa pou m pa bati sou fondasyon yon lòt moun. 21 Men, tankou sa ekri: “Moun ki potko tande anyen sou li yo pral wè, e moun ki pa t tande pale de li yo pral konprann+.”
22 Se poutèt sa tou, plizyè fwa, mwen te gen anpechman pou m vin lakay nou. 23 Men, kounye a pa gen tèritwa mwen poko preche nan zòn sa yo, e sa fè plizyè* ane depi mwen anvi vin lakay nou. 24 Donk, lè mwen pral ann Espay, mwen swete m ap wè nou e n ap fè yon bout nan wout la avè m, apre m fin pase yon ti tan avèk nou. 25 Men kounye a, mwen pral Jerizalèm pou m ede* moun ki sen yo+. 26 Paske, sila yo ki nan Masedwàn ak nan Akayi yo te kontan fè yon don pou yo pataje sa yo genyen ak moun ki sen e ki pòv nan Jerizalèm yo+. 27 Se vre, yo te kontan fè sa, men se yon dèt yo te gen pou yo. Paske, si nasyon yo te patisipe nan bagay ki soti nan Bondye moun ki sen yo genyen, yo gen obligasyon tou pou yo sèvi moun ki sen sa yo avèk bagay materyèl yo genyen yo+. 28 Kidonk, lè m fin fè travay sa a, epi mwen fin remèt yo don an* nan men, mwen pral ann Espay e m ap pase wè nou pandan m sou wout. 29 Anplis de sa, mwen konnen lè m ap vin kote nou, m ap vini ak anpil benediksyon ki soti nan Kris.
30 Kounye a, frè m yo, grasa lafwa nou gen nan Jezi Kris, Seyè nou an, e grasa lanmou ki soti nan lespri a, m ap ankouraje nou pou nou kontinye priye Bondye pou mwen menm jan mwen menm m ap fè sa+, 31 dekwa pou m ka delivre+ anba moun ki pa kwayan nan Jide yo, e pou èd m ap pote Jerizalèm nan ka fè moun ki sen yo plezi+. 32 Konsa, si se volonte Bondye, m ap vin lakay nou avèk kè kontan e youn ap ankouraje lòt. 33 Mwen swete pou Bondye ki bay lapè a ansanm avèk nou tout+. Amèn.
16 M ap prezante nou* Febe, sè nou an, k ap sèvi nan kongregasyon ki Sankre a+, 2 dekwa pou nou ka resevwa l ann inyon ak Seyè a, jan moun ki sen yo dwe resevwa moun, e dekwa pou nou ka ba l kèlkeswa èd li ta bezwen+, paske li menm tou li defann anpil frè, san wete mwen menm.
3 Salye Priska ak Akila pou mwen+, yo se konpayon travay mwen nan Kris Jezi. 4 Yo te riske vi yo pou mwen*+. M ap di yo mèsi, men se pa mwen menm sèlman, se tout kongregasyon ki nan nasyon yo k ap di yo mèsi tou. 5 Salye kongregasyon ki lakay yo a pou mwen tou+. Salye Epenèt, byenneme m nan, li menm ki se premye fwi Azi* bay pou Kris. 6 Salye Mari, li menm ki te travay di pou nou. 7 Salye Andwonikis ak Jinyas pou mwen. Yo se fanmi m+ e yo te prizonye ansanm avè m. Mesye sa yo gen bon repitasyon nan je apot yo, e yo ann inyon ak Kris depi pi lontan pase m.
8 Salye Anpliyatis pou mwen, byenneme m nan nan Seyè a. 9 Salye Iben, konpayon travay nou nan Kris, ak Stakis, byenneme m nan. 10 Salye Apelès, li menm ki fidèl nan Kris. Salye moun lakay Aristobil yo. 11 Salye Ewodyon, fanmi m nan, pou mwen. Salye moun lakay Nasis yo ki ann inyon ak Seyè a. 12 Salye Trifèn ak Trifoz pou mwen, yo se de medam k ap travay di nan sèvis Seyè a. Salye Pèsis, byenneme nou an, paske se yon dam ki travay di nan sèvis Seyè a. 13 Salye Rifis, yon bonjan sèvitè nan Seyè a. Salye manman l, ki se yon manman pou mwen tou. 14 Salye Asenkrit, Flegon, Èmès, Patwobas, Èmas, ak lòt frè ki ansanm avèk yo. 15 Salye Filològ ak Jili, Nere ak sè l la, ak Olimpas, ak tout moun ki sen ki avèk yo. 16 Se pou youn salye lòt ak yon bo ki demontre lanmou. Tout kongregasyon Kris yo voye salye nou.
17 Kounye a, m ap ankouraje nou, frè m yo, pou nou veye moun k ap simen divizyon yo, moun k ap fè moun pèdi lafwa*, sa ki kontrè ak ansèyman nou te aprann nan, epi evite moun sa yo+. 18 Paske, jan de moun sa yo se esklav yo ye. Yo pa esklav Kris, Seyè nou an, men yo se esklav move dezi yo genyen*. E y ap sèvi ak pawòl dous ak pawòl flatri pou yo sedui kè moun ki inosan yo. 19 Tout moun vin konnen nou kòm moun ki obeyisan, e konsa, nou fè kè m kontan. Men, mwen vle pou nou gen sajès, dekwa pou nou toujou chèche fè sa ki byen e pou nou inosan anrapò ak sa ki mal+. 20 Bondye ki bay lapè a pral kraze Satan+ anba pye nou talè konsa. Mwen swete pou favè san parèy Jezi, Seyè nou an, ansanm avèk nou.
21 Timote, konpayon travay mwen an, voye salye nou. Lisiyis, Jazon ak Sosipatè, yo menm ki se fanmi m, voye salye nou tou+.
22 Mwen menm, Tètiyis, k ap ekri lèt sa a, mwen salye nou ann inyon ak Seyè a.
23 Gayis+, ki resevwa m e ki resevwa tout kongregasyon an lakay li, voye salye nou. Eras, trezorye* vil la, ansanm ak Kwatis, frè l la, voye salye nou tou. 24 *——
25 Kounye a, glwa pou Sila a ki kapab fè nou vin djanm ann akò ak bon nouvèl m ap anonse a e ann akò ak travay predikasyon ki gen rapò ak Jezi Kris la, selon revelasyon sekrè sakre a+ ki te rete kache pandan anpil anpil tan. 26 Grasa bagay pwofèt yo te ekri e ann amoni ak kòmandman Bondye ki la pou toutan an bay, sekrè sa a vin parèt klè pou tout nasyon yo e yo vin konnen l, dekwa pou yo ka demontre lafwa yo e pou yo ka obeyi l. 27 Wi, glwa pou Bondye, li menm sèl ki saj+, glwa pou li pou toutan grasa Jezi Kris. Amèn.
Lit.: “semans”.
Sanble sa fè referans ak tout moun ki pa Juif e ki pale grèk.
Oswa: “yo resevwa sa yo merite”
Oswa: “yo pa t wè li enpòtan pou yo chèche gen konesans egzak sou Bondye”.
Oswa: “sou tout nanm”.
Nan vèsè sa a ak nan vèsè ki vin apre a, “Grèk” fè referans ak moun ki pa Juif.
Lit.: “ant”.
Oswa: “yo enstwi w aloral”.
Sanble sa fè referans ak tout moun ki pa Juif e ki pale grèk.
Lit.: “chè”.
Gade Apendis A5.
Oswa: “padone”.
Gade Apendis A5.
Oswa: “garanti”.
Lit.: “semans li”.
Lit.: “semans li an”.
Se kapab tou: “ki pale de bagay ki pa egziste kòmsi yo egziste”.
Lit.: “semans ou”.
Oswa: “ki pa t ka fè pitit”.
Se kapab tou: “nou anpè”.
Se kapab tou: “nou rejwi”.
Lit.: “ansyen moun”.
Oswa: “libere; jwenn padon”.
Lit.: “manm nou”.
Lit.: “manm nou”.
Lit.: “manm nou”.
Lit.: “manm mwen”.
Lit.: “espri”.
Lit.: “Abba”. Se yon mo ki soti nan lang ebre oswa nan lang arameyen timoun te konn itilize lè y ap pale ak papa yo pou montre afeksyon ak respè yo gen pou yo.
Lit.: “premye fwi”.
Lit.: “semans”.
Lit.: “semans”.
Lit.: “semans”.
Lit.: “sa pa depann ni de moun ki vle a ni de moun ki kouri a”.
Gade Apendis A5.
Oswa: “e l ap fè sa byen vit”.
Lit.: “semans”.
Sanble sa fè referans ak tout moun ki pa Juif e ki pale grèk.
Lit.: “ki rele”.
Oswa.: “ki donan ak tout moun ki met konfyans nan li yo”.
Gade Apendis A5.
Oswa: “nan rapò nou bay la”.
Lit.: “semans”.
Gade Apendis A5.
Oswa: “retire nanm mwen”.
Lit.: “pwòp chè mwen”.
Gade Apendis A5.
Oswa: “ak tan sa a”. Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “si se latèt li pran”.
Oswa: “avèk serye”.
Oswa: “Se pou nou dilijan; Se pou nou zele”.
Oswa: “pa trennen nan travay nou”.
Gade Apendis A5.
Gade Apendis A5.
Sa vle di kalme moun nan, epi fè l pa aji di ankò, menm jan ak yon metal yo mete nan fou epi li fonn.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “k ap rale pinisyon”.
Oswa: “konduit ki montre yon moun pa konn wont”. Se fòm pliryèl mo grèk aseljeya yo itilize la a. Gade Lis mo yo esplike yo.
Se kapab tou: “sou kesyon moun kapab ap poze tèt yo”.
Gade Apendis A5.
Gade Apendis A5.
Gade Apendis A5.
Gade Apendis A5.
Gade Apendis A5.
Gade Apendis A5.
Gade Apendis A5.
Gade Apendis A5.
Oswa: “detwi”.
Lit.: “bouch”.
Gade Apendis A5.
Oswa: “enstwi”.
Lit.: “sèvitè piblik”.
Se kapab tou: “kèk”.
Lit.: “sèvi”.
Lit.: “fwi a”.
Oswa: “Mwen rekòmande nou”.
Oswa: “pou nanm mwen”.
La a, Azi fè referans ak yon zòn nan Anpi women an ki te anba pouvwa yon gouvènè.
Lit.: “moun k ap fè moun bite”.
Oswa: “yo se esklav vant yo”.
Oswa: “administratè”.
Yo pa jwenn vèsè sa a nan kèk ansyen maniskri. Sa montre li pa fè pati Ekriti Bondye enspire yo. Gade Apendis A3.