BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • nwt 2 Korentyen 1:1-13:14
  • 2 Korentyen

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • 2 Korentyen
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
2 Korentyen

DEZYÈM LÈT PÒL TE EKRI KRETYEN NAN VIL KORENT YO

1 Mwen menm, Pòl, yon apot Kris Jezi grasa volonte Bondye, ansanm ak Timote+, frè nou an, m ap ekri kongregasyon Bondye ki nan vil Korent lan ansanm ak tout moun ki sen ki nan tout zòn Akayi yo+:

2 Mwen swete pou nou gen favè san parèy ak lapè ki soti nan Bondye, Papa nou an, ak nan Seyè a, Jezi Kris.

3 Louwanj pou Sila a ki Bondye Seyè nou an Jezi Kris+, e ki Papa li, Papa ki gen kè sansib la+, Bondye tout konsolasyon an+, 4 ki konsole*+ nou nan tout eprèv* nou yo, yon fason pou nou ka konsole moun+ ki nan tout kalite eprèv* grasa konsolasyon nou menm nou jwenn nan men Bondye+. 5 Paske, menm jan nou soufri anpil pou Kris+, se konsa tou nou jwenn anpil konsolasyon grasa Kris. 6 Donk, si nou jwenn eprèv*, se pou nou ka jwenn konsolasyon ak delivrans, e si nou jwenn konsolasyon, se pou nou menm nou ka jwenn yon konsolasyon k ap ede nou andire menm soufrans avèk nou tou. 7 Epi, espwa nou gen pou nou an rete fèm, piske nou konnen, menm jan nou pataje soufrans yo, se konsa tou nou pral pataje konsolasyon an+.

8 Paske, frè m yo, nou pa ta renmen nou pa okouran tribilasyon nou te sibi nan zòn Azi* a+. Sa te rèd pou nou anpil, jiskaske nou pa t ka sipòte ankò, e nou pa t gen espwa n ap soti vivan+. 9 Anfèt, nou te santi nou te resevwa santans lanmò. Sa te rive dekwa pou nou mete konfyans nou nan Bondye+, li menm ki fè moun mouri leve, men pou nou pa mete konfyans nou nan pwòp tèt nou. 10 Li te sove nou anba yon gwo danje ki te ka menm mennen nou nan lanmò, e l ap kontinye sove nou. Nou gen espwa l ap kontinye fè sa+. 11 Nou menm tou, nou ka pote èd pa nou lè nou sipliye Bondye pou nou+, dekwa pou anpil moun ka remèsye Bondye pou nou poutèt favè li fè nou, paske anpil nan nou te priye l*+.

12 Paske, men bagay ki fè nou fyè a: Konsyans nou klè lefètke nou konpòte nou yon fason ki sen e avèk yon senserite ki soti nan Bondye lè nou avèk moun nan monn nan, e sitou lè nou avèk nou. Nou pa konte sou sajès monn nan+, men nou konte sou favè san parèy Bondye a. 13 Paske vrèmanvre, tout sa n ap ekri nou yo, se bagay nou ka li* e nou ka konprann. Mwen espere n ap kontinye konprann bagay sa yo nèt*, 14 menm jan gen kèk nan nou ki deja konprann yo. Wi, kèk nan nou konprann nou se yon rezon pou fè nou fyè, se konsa nou menm tou n ap fè nou fyè nan jou Seyè nou an, Jezi.

15 Konsa, se avèk konfyans sa a mwen te gen entansyon vin jwenn nou anvan, pou nou te ka gen kè kontan yon dezyèm fwa*. 16 Mwen te gen entansyon vizite nou pandan m sou wout pou m al Masedwàn, pou m retounen vin wè nou lè m sot Masedwàn, epi pou nou voye m al Jide+. 17 Bon, lè m te gen entansyon sa a, èske m te pran sa alalejè? Oswa, èske m planifye sa m ap fè yo tankou lèzòm*, kòmkwa pou m ta fin di: “Wi, san mank”, epi apre, pou m ta di: “Non, jamè”? 18 Men, nou mèt fè Bondye konfyans sa nou di nou yo se laverite. Nou pap fin di nou: “Wi” epi apre sa pou n di nou: “Non”. 19 Paske, Pitit Bondye a, Jezi Kris, li menm mwen menm ak Silven* ak Timote+ te preche nou an, pa t “wi” e apre sa l tounen “non”. Men, nan ka pa l, “wi” se “wi”. 20 Paske, kèlkeswa kantite pwomès Bondye fè, yo vin tounen “wi” grasa li. Kidonk, se grasa li+ tou nou di: “Amèn” pou nou bay Bondye+ glwa. 21 Men, Sila a ki bay garanti nou menm avèk nou se pou Kris nou ye a, Sila a ki chwazi nou an, se Bondye+. 22 Epitou, li mete so l sou nou+, li mete lespri a+ nan kè nou kòm garanti pou sa ki gen pou vini an*.

23 Kounye a, mwen pran Bondye kòm temwen kont pwòp tèt mwen*: Se pou m ka menaje nou ki fè m poko vin Korent. 24 Sa pa vle di n ap domine sou lafwa nou+, men nou se konpayon travay nou pou nou ka gen lajwa, paske se lafwa nou ki fè nou kanpe.

2 Ebyen, mwen pran desizyon pou nou pa nan tristès lè m ap vin wè nou ankò. 2 Paske, si mwen fè nou tris, kiyès k ap fè kè m kontan si se pa moun mwen te fè tris yo? 3 Mwen te ekri bagay sa yo, dekwa pou lè m vini, mwen pa vin tris akoz moun ki ta dwe fè m rejwi yo, paske mwen sèten sa ki ban m lajwa a bay nou tout menm lajwa a. 4 Paske, mwen te boulvèse anpil e kè m te sere anpil lè m t ap ekri nou, e se ak anpil dlo nan je mwen te fè sa. Se pa t pou m te fè nou tris+, men se pou m te fè nou konnen jan mwen renmen nou anpil.

5 Kounye a, si yon moun te fè yon lòt moun tris+, se pa mwen li te fè tris, men se nou tout li te fè tris nan yon sèten pwen. Mwen di sa pou m pa montre m twò di. 6 Reprimann sa a pifò moun te bay la kont pou mesye sa a. 7 Okontrè, nou ta dwe dispoze padone l kounye a, e nou ta dwe konsole l+, dekwa pou gwo tristès pa fini avè l*+. 8 Se sa k fè, m ap ankouraje nou pou nou fè l santi nou renmen l+. 9 Men pou ki rezon tou mwen ekri nou: pou m ka wè si n ap montre nou obeyisan nan tout bagay. 10 Si nou padone yon moun pou yon bagay, mwen menm tou, mwen padone l. Anfèt, kèlkeswa sa mwen padone a (si mwen padone yon bagay), se poutèt nou menm, e Kris temwen sa. 11 Se yon fason pou nou pa bay Satan avantaj sou nou*+, paske nou konn entansyon l*+.

12 Lè m te rive Twowas+ pou m anonse bon nouvèl sou Kris la, e te gen yon pòt ki te ouvri pou mwen nan travay Seyè a, 13 lespri m pa t anpè poutèt mwen pa t jwenn Tit+, frè mwen an. Se sa k fè mwen te di frè yo orevwa e mwen te ale Masedwàn+.

14 Men, n ap di Bondye mèsi, li menm ki toujou mennen nou nan yon kòtèj laviktwa ansanm ak Kris, e ki sèvi ak nou pou l fè odè konesans li an gaye toupatou*. 15 Paske, pou Bondye, nou se yon bon sant, toutpandan n ap pwoklame Kris pami moun k ap sove yo e pami moun k ap peri yo. 16 Pou moun k ap peri yo, nou se yon odè* ki mennen nan lanmò+, e pou moun k ap sove yo, nou se yon bon sant ki mennen nan lavi. Kiyès ki kalifye pou yon sèvis konsa? 17 Nou kalifye pou sa, paske nou pap mache vann* pawòl Bondye a+ tankou anpil moun ap fè, men se avèk senserite n ap pale antanke moun Bondye voye, wi, nou fè sa devan Bondye, antanke disip Kris.

3 Èske n ap rekòmanse rekòmande tèt nou ankò? Oubyen, èske nou bezwen prezante nou lèt rekòmandasyon oswa nou bezwen lèt nan men nou, menm jan ak kèk moun? 2 Se nou menm ki lèt nou+, yon lèt ki ekri nan kè nou. Tout moun konnen l, e tout moun li l. 3 Paske nou montre nou se yon lèt Kris voye, yon lèt nou menm nou ekri antanke sèvitè l+. Nou pa ekri l ak lank, men nou ekri l ak lespri yon Bondye ki vivan. Nou pa ekri l sou wòch plat+, men nou ekri l sou chè, sou kè moun+.

4 Se grasa Kris nou gen yon asirans konsa devan Bondye. 5 Sa pa vle di nou kalifye tèt nou poukont nou, kòmkwa nou ta panse se nan nou menm sa soti. Men, si nou byen kalifye, se nan Bondye sa soti+. 6 Se li menm ki vrèman kalifye nou pou nou vin sèvitè pou yon nouvo alyans+. Sa pa fèt dapre yon lwa ki ekri+, men sa fèt dapre lespri a. Paske, Lwa ki ekri a kondane moun amò+, men lespri a bay lavi+.

7 Kounye a, si Lwa ki bay lanmò a yo te grave lèt pa lèt sou wòch yo+ te parèt nan laglwa, e sa te fè pitit Izrayèl yo pa t ka fikse je yo sou figi Moyiz akoz glwa figi l te genyen an+, yon glwa ki te gen pou l pase, 8 èske lespri a+ yo bay la pa ta dwe gen plis glwa toujou+? 9 Epi, si Lwa ki bay kondanasyon an+ te gen glwa+, alewè pou jistis yo bay la! Li gen plis glwa toujou+. 10 Anfèt, menm sa ki te gen glwa yon lè a, yo te retire glwa li te genyen an poutèt glwa ki plis pase pa l la+. 11 Paske, si sa ki te gen pou l pase a te parèt avèk glwa+, nou pa bezwen mande jan sa k rete a gen glwa+!

12 Piske se yon esperans konsa nou genyen+, nou alèz anpil pou n pale, 13 e nou pap fè tankou Moyiz ki te konn met yon vwal sou figi l+ pou desandan Izrayèl yo pa t wè finisman sa k te gen pou pase a. 14 Anfèt, lespri yo vin wouye+. Paske jis jodi a, lè y ap li ansyen alyans lan+, menm vwal la rete la, piske se Kris ki fè l disparèt+. 15 Anfèt, jis jodi a, kèlkeswa lè yo li sa Moyiz te ekri yo+, gen yon vwal ki kouvri kè yo+. 16 Men, lè yon moun tounen vin jwenn Jewova*, vwal la soti+. 17 Jewova* se Lespri a+. Kote lespri Jewova* ye, se la ki gen libète+. 18 E nou tout, pandan n ap reflete glwa Jewova* tankou glas ak figi nou dekouvri, nou vin transfòme nan menm imaj la, pou n vin gen plis glwa ofiramezi*, egzakteman jan Jewova*, Lespri a, fè sa*+.

4 Se poutèt sa, piske nou gen sèvis sa a pou n akonpli grasa mizèrikòd Bondye fè nou, nou pap abandone. 2 Men, nou abandone bagay k ap fèt an kachèt yo, bagay ki ta dwe fè moun wont yo. Nou pap aji avèk riz, ni nou pap tòde pawòl Bondye a+. Men, toutpandan n ap fè verite a vin klè, n ap rekòmande tèt nou bay tout moun* devan Bondye+. 3 Donk, si bon nouvèl n ap anonse a vwale vre, se pami moun k ap peri yo li vwale. 4 Pami yo menm, dye sistèm sa a*+ bouche lespri moun ki pa kwayan yo+, dekwa pou limyè bon nouvèl ki gen glwa a, bon nouvèl sou Kris la ki pòtre Bondye+, pa rive klere yo+. 5 Paske, nou pa pale de tèt nou lè n ap preche, men nou pale de Jezi Kris antanke Seyè, e nou deklare nou se esklav nou poutèt Jezi. 6 Paske, se Bondye ki te di: “Se pou limyè a klere nan fènwa+”, e li te klere kè nou pou l bay kè nou limyè+ ak konesans Bondye a ki gen glwa, grasa figi Kris.

7 Sepandan, nou gen trezò sa a+ nan veso ki fèt an tè*+, dekwa pou sa parèt klè nou te resevwa yon pisans ki depase yon pisans nòmal, wi, yon pisans ki soti nan Bondye, men ki pa soti nan nou menm+. 8 Nou nan eto tout jan, men nou pa kwense nan pwen pou nou pa ka bouje. Nou pa konn sa pou n fè, men nou pa fin sanzespwa nèt*+. 9 Yo pèsekite nou, men nou pa lage poukont nou+. Yo lage nou atè, men nou pa detwi+. 10 Nou toujou ap sibi menm tretman ak Jezi nan kò nou+, sa ki te ka lakòz lanmò nou, dekwa pou sa ka parèt klè n ap viv lavi Jezi tou nan kò nou. 11 Paske nou menm k ap viv, nou toujou ap fè fas ak lanmò+ poutèt Jezi, dekwa pou sa parèt klè n ap viv lavi Jezi tou nan kò nou ki ka mouri. 12 Konsa, lanmò ap travay nan nou menm, men lavi ap travay nan nou.

13 Men sa ki ekri nan pawòl la: “Mwen demontre m gen lafwa, se poutèt sa mwen pale+.” Ebyen, nou menm tou, nou demontre nou gen menm lafwa* sa a, e se poutèt sa n ap pale. 14 Nou konnen Sila a ki te leve Jezi a ap leve nou tou menm jan li te leve Jezi a, e l ap mennen nou ba li ansanm avèk nou+. 15 Paske, tout bagay sa yo se poutèt nou menm yo fèt, dekwa pou favè san parèy la, ki te vin anpil, ka vin pi plis toujou akoz gen plis moun k ap di Bondye mèsi pou ba l glwa+.

16 Kidonk, nou pap abandone. Okontrè, menmsi kò nou ap depafini, se sèten, moun nou ye pa anndan an ap vin pi fre de jou an jou. 17 Byenke tribilasyon an* la pou yon ti tan e li lejè, rezilta li ban nou, se yon glwa k ap ogmante* chak jou e ki la pou toutan+, 18 toutpandan n ap kite je nou fikse sou bagay moun pa wè, men nou pap kite l fikse sou bagay moun wè+. Paske, bagay moun wè yo la pou yon ti tan, men bagay moun pa wè yo la pou toutan.

5 Paske, nou konnen kay nou gen sou tè a, tant sa a, gen pou l demoli*+, e Bondye ap ban nou yon kay k ap la pou toutan nan syèl la+, yon kay ki pa fèt ak men moun. 2 Paske, nan kay sa a*, nou vrèman ap plenn, nou swaf resevwa kay nou an nan syèl la+, e l ap kouvri nou tankou yon rad 3 dekwa pou yo pa jwenn nou san anyen sou nou, etandone nou mete l sou nou vre. 4 Anfèt, nou menm ki nan tant sa a, n ap plenn, nou akable. Paske, se pa vle nou vle retire l, men se mete nou vle mete lòt la+, dekwa pou lavi ka fini ak sa ki ka mouri a+. 5 Ebyen, Sila a ki prepare nou pou bagay sa a se Bondye+, li menm ki ban nou lespri a kòm garanti sou sa ki gen pou vini an*+.

6 Se poutèt sa, nou toujou gen anpil kouraj e nou konnen, pandan nou abite nan kò sa a, nou lwen Seyè a+. 7 Sa k fè nou konn sa, se paske n ap mache selon lafwa, nou pap mache selon sa nou wè. 8 Men, nou gen anpil kouraj, e nou prefere kite kò sa a pou n al abite ak Seyè a+. 9 Se poutèt sa, kit nou abite avè l, kit nou lwen l, n ap fè tout efò nou tou pou nou fè l plezi. 10 Paske, nou tout dwe parèt devan tribinal Kris la, pou chak moun ka resevwa sa l merite pou bagay li te pratike pandan li nan kò lachè a, kit se sa k bon kit se sa k pa bon+.

11 Kidonk, piske nou konnen nou dwe gen lakrentif pou Seyè a, n ap kontinye konvenk moun. Men, Bondye konnen nou byen. Sepandan, mwen swete pou konsyans nou tou ede nou byen konnen kiyès nou ye. 12 Nou pap rekòmande tèt nou ban nou ankò, men n ap ban nou yon okazyon pou nou fyè anrapò ak nou, dekwa pou nou ka gen yon repons pou nou bay moun ki fyè pou aparans+, men ki pa fyè pou sa k nan kè a. 13 Paske, si nou te pèdi bonsans nou+, se te pou Bondye. Si nou gen tout bonsans nou, se pou nou menm. 14 Anfèt, lanmou Kris la genyen an oblije nou fè sa, paske men sa nou rive konprann: Yon sèl moun te mouri pou tout moun+. Kidonk, tout moun te mouri. 15 Li te mouri pou tout moun, yon fason pou moun k ap viv yo pa viv pou tèt yo ankò+, men pou yo viv pou sila a ki te mouri pou yo a e ki te leve a.

16 Se sa k fè, depi kounye a, nou pa konsidere pèsonn sou baz sa yo ye nan lachè+. Menmsi nou te konnen Kris nan lachè, se sèten kounye a nou pa konnen l konsa ankò+. 17 Se poutèt sa, si yon moun ann inyon ak Kris, li se yon nouvo kreyati+. Ansyen bagay yo disparèt, e se bagay tounèf ki vin egziste. 18 Men, tout bagay soti nan Bondye, li menm ki fè nou rekonsilye avè l grasa Kris+ e ki ban nou misyon pou nou fè moun vin rekonsilye avè l+. 19 Sa vle di, Bondye t ap fè yon monn rekonsilye avè l+ pa mwayen Kris, san li pa t konsidere fot yo+, e li te konfye nou mesaj k ap fè moun rekonsilye avè l la+.

20 Donk, nou se anbasadè+ k ap travay nan plas Kris+, kòmsi Bondye sèvi avèk nou pou l sipliye moun yo. Antanke reprezantan Kris, nou mande nou tanpri: “Vin rekonsilye ak Bondye.” 21 Sila a ki pa t fè peche a+, Bondye te fè l tounen yon sakrifis pou peche nou, dekwa pou nou vin jis nan je Bondye grasa li+.

6 Anplis, piske n ap travay ansanm ak Bondye+, nou sipliye nou pou nou pa fin aksepte favè san parèy Bondye a, epi apre sa pou nou rate objektif li+. 2 Paske, men sa l di: “Nan yon tan mwen apwouve, mwen te koute w, e nan jou delivrans lan, mwen te ede w+.” Gade! Kounye a se vrèman moman mwen apwouve a. Gade! Kounye a se jou delivrans lan.

3 Nan okenn fason, nou pap bay okenn okazyon pou moun bite, pou yo pa kritike sèvis nou an+. 4 Men nan tout domèn, nou rekòmande tèt nou kòm sèvitè Bondye+, grasa andirans nou nan anpil bagay, nan tribilasyon, nan detrès, nan difikilte+, 5 anba baton, nan prizon+, lè gen dezòd, nan travay di, nan pase nuit blanch e nan pase moman san manje+. 6 Nou montre nou se sèvitè Bondye nan mennen yon vi pwòp, nan aji ann amoni ak konesans, nan demontre pasyans+, nan demontre bonte+, nan kite lespri sen dirije lavi nou, nan demontre yon lanmou ki san ipokrizi+, 7 nan pale sa k verite, nan konte sou pisans Bondye+, lè nou demontre andirans tou grasa zam jistis+ nou gen nan men dwat nou* ak nan men goch nou*, 8 nan glwa ak nan dezonè, nan move repitasyon ak nan bon repitasyon. Yo konsidere nou tankou blofè alòske n ap di laverite. 9 Yo konsidere nou tankou enkoni, epoutan yo konnen nou. Yo konsidere nou tankou moun ki prèt pou mouri, epoutan gade, nou byen vivan+. Yo konsidere nou tankou moun ki jwenn pinisyon*, epoutan yo pa livre nou pou nou mouri+. 10 Yo konsidere nou tankou moun ki nan lapenn, men nou toujou ap rejwi. Yo konsidere nou tankou pòv, men nou fè anpil moun rich. Yo konsidere nou tankou moun ki pa posede anyen, epoutan nou posede tout bagay+.

11 Nou pale dirèk avèk nou, nou menm moun Korent. Kè nou ouvri byen gran. 12 Nou pa fèmen kè nou pou nou+, men se nou menm ki fèmen kè pa nou pou nou. 13 Se sa k fè, m ap pale kòmsi se ak pitit mwen, fè menm bagay la pou nou tou: Nou menm tou, ouvri kè nou+.

14 Pa mete tèt nou anba menm jouk ak moun ki pa kwayan+, piske jouk* sa a t ap miwomiba. Paske, ki relasyon ki genyen ant sa ki jis ak sa lalwa kondane+? Oubyen ki rapò ki genyen ant limyè ak fènwa+? 15 Anplis de sa, ki amoni ki genyen ant Kris ak Belyal*+? Oswa ki sa yon moun ki kwayan* gen pou l wè* ak yon moun ki pa kwayan+? 16 E ki antant ki genyen ant tanp Bondye a ak zidòl+? Paske, nou se tanp yon Bondye ki vivan+. Se tankou jan Bondye di l la: “M ap abite pami yo+ e m ap mache pami yo, m ap vin Bondye yo e y ap vin pèp mwen+.” 17 “‘Se poutèt sa, soti nan mitan yo, mete nou apa,’ se sa Jewova* di, ‘e sispann manyen bagay ki pa pwòp la+’”, “‘epi m ap akeyi nou+.’” 18 “‘M ap vin yon papa pou nou+, e n ap vin pitit gason m ak pitit fi m+.’ Se sa Jewova* di, li menm ki Toupisan an.”

7 Kidonk, byenneme, piske nou gen pwomès sa yo+, annou pirifye tèt nou anba tout sa ki ka sal kò a ak lespri a+, e n ap vin sen nèt nan lakrentif pou Bondye.

2 Ban nou yon ti plas nan kè nou+. Nou pa fè pèsonn mal, nou pa kòwonp pèsonn, nou pa eksplwate pèsonn+. 3 Mwen pa di sa pou m kondane nou. Paske, mwen te deja di nou nou nan kè nou kèlkeswa sa k rive. 4 Mwen alèz anpil pou m pale avèk nou. Mwen fè anpil lwanj pou nou. Mwen jwenn anpil konsolasyon, lajwa ap debòde nan kè m nan tout tray n ap pase yo+.

5 Anfèt, lè nou te rive Masedwàn+, nou* pa t jwenn soulajman. Okontrè, nou te kontinye jwenn traka nan tout sans: gen moun deyò ki te opoze ak nou e nou te enkyete pou kongregasyon yo. 6 Men, Bondye, ki konn konsole moun ki dekouraje+, te konsole nou grasa prezans Tit. 7 Men, se pa t prezans Tit sèlman ki te konsole nou. Lè li te rakonte nou jan li menm li te jwenn konsolasyon lè l wè gwo dezi ki lakay nou pou nou wè mwen, lè l wè gwo tristès nou genyen ak jan nou gen sousi* pou mwen, sa te konsole nou tou, e sa te vin fè m rejwi plis toujou.

8 Paske, menmsi lèt mwen an te fè nou tris+, mwen pa regrèt. Menmsi okòmansman mwen te regrèt (mwen wè lèt sa a te fè nou tris, byenke se te pou yon ti tan sèlman), 9 kounye a mwen rejwi, se pa paske nou te annik tris, men paske nou te tris jiskaske nou repanti. Paske, tristès nou an ann akò ak volonte Bondye, e konsa, anyen mal pa t rive nou akoz nou menm. 10 Paske, nou pa gen pou nou regrèt+ yon tristès ki ann akò ak volonte Bondye e ki fè nou repanti pou nou ka sove. Men, tristès monn nan bay lanmò. 11 Paske, lefètke nou te vin tris ann akò ak volonte Bondye, ala yon gwo anpresman nou te vin genyen pou nou montre nou pa koupab, ala yon endiyasyon, ala yon krent, ala yon gwo anvi, ala chofe sa te fè nou chofe, wi, gade ki jan nou te repare tò a+! Nou montre nou pwòp* tout jan nan zafè sa a. 12 Lè mwen te ekri nou an, mwen pa t fè sa ni pou moun ki te fè move zak la+, ni pou moun ki te viktim nan. Men, mwen te ekri nou dekwa pou anpresman nou te genyen nan mitan nou pou nou obeyi nou an te ka parèt klè devan Bondye. 13 Se sa ki te konsole nou.

Men, nonsèlman nou te jwenn konsolasyon, men tou, nou te rejwi plis toujou poutèt Tit te kontan, paske nou tout, nou te soulaje lespri l. 14 Paske, kèlkeswa lwanj mwen te fè pou nou devan l, mwen pa wont sa m te di a. Men, menm jan mwen te di nou verite sou tout bagay, se konsa tou mwen te gen rezon fè lwanj mwen te fè devan Tit la. 15 Epitou, lè l sonje obeyisans nou tout nou te demontre+, jan nou te resevwa l avèk krent ak anpil respè, afeksyon li gen pou nou an vin pi plis. 16 Mwen rejwi dèske mwen ka fè nou konfyans nan tout bagay*.

8 Kounye a, frè nou yo, nou vle fè nou konnen sa favè san parèy Bondye a reyalize nan kongregasyon Masedwàn+. 2 Pandan yo t ap pase tray anba yon gwo eprèv, yo te gen gwo kè kontan e yo te montre yo donan anpil*, malgre yo pòv anpil. 3 Paske, sa yo te fè a, yo te fè l selon posiblite reyèl yo+, wi, m ap sètifye sa, yo te fè plis pase sa yo te kapab+, 4 e se yo menm ankò ki t ap plede mande nou pou yo jwenn privilèj pou yo bay ak tout kè yo, pou yo ka patisipe nan èd y ap voye bay* moun ki sen yo+. 5 Yo pa t annik fè sa nou te espere a. Men toudabò, yo te ofri tèt yo bay ni Seyè a ni nou menm grasa volonte Bondye. 6 Sa te pouse nou ankouraje Tit+ pou l fin fè menm travay ranmase don nan men nou an, etandone se li ki te kòmanse l nan mitan nou. 7 Sepandan, menm jan nou gen tout bagay ann abondans lan, kit se lafwa, kit se kapasite pou nou pale, kit se konesans, kit se anpil dilijans, kit se lanmou nou gen pou nou an, nou swete pou nou bay don sa a ann abondans tou ak tout kè nou+.

8 Se pa pou m pase nou lòd ki fè m pale konsa, men se pou m fè nou konnen dilijans lòt moun yo genyen, e pou m ka teste si lanmou nou sensè. 9 Paske, nou konnen Seyè nou an, Jezi Kris, te fè nou yon favè ki san parèy: Alòske li te rich, li te vin pòv pou nou+, pou povrete l la ka fè nou vin rich.

10 M ap bay opinyon m sou sa+: Travay fin ranmase don an ap fèt nan enterè nou, piske sa gentan gen ennan depi nonsèlman nou te kòmanse l, men tou, depi nou te vle fè l. 11 Kidonk, kounye a, fini sa nou te kòmanse a tou, dekwa pou, menm jan nou te gen volonte pou nou fè l la, nou ka fini l selon mwayen nou. 12 Paske, si volonte a la anvan, Bondye ap aksepte l sitou selon sa yon moun genyen+, se pa selon sa yon moun pa genyen. 13 Paske, mwen pa ta renmen pou sa fasil pou lòt moun, epi pou l difisil pou nou. 14 Men, mwen ta renmen pou bagay yo vin egal, pou sa nou gen anplis la ka kouvri pou sa yo manke kounye a, dekwa pou sa yo gen anplis la ka vin kouvri tou pou sa nou manke a. Konsa, bagay yo ap ka vin egal. 15 Tankou sa ekri: “Moun ki te gen anpil la pa t gen twòp, e moun ki pa t gen anpil la pa t gen twò piti+.”

16 N ap di Bondye mèsi poutèt li mete menm devouman an nan kè Tit pou nou+, 17 paske, se vre li te dakò ak ankourajman l te jwenn nan, men, etandone l gen anpil devouman, se li menm ankò ki deside al jwenn nou. 18 Men, n ap voye yon frè ansanm avè l. Se pou frè sa a yo te fè lwanj anrapò ak bon nouvèl la, e lwanj sa a gaye nan tout kongregasyon yo. 19 E se pa sa sèlman, kongregasyon yo nome l tou pou l ka sèvi kòm konpayon vwayaj nou, toutpandan n ap jere don sa a nou fè ak tout kè nou an pou glwa Seyè a, e pou nou pwouve nou dispoze ede lòt moun. 20 Konsa, nou pap bay pèsonn okazyon pou yo jwenn anyen pou yo repwoche nou anrapò ak gwo ofrann sa a n ap jere a+. 21 Paske, n ap “veye pou bagay yo fèt yon fason ki dwat, nonsèlman nan je Jewova*, men tou nan je lèzòm+”.

22 Anplis de sa, n ap voye frè nou an avèk yo, li menm ki abitye bay prèv li gen dilijans nan anpil bagay. Men, l ap fè sa plis toujou kounye a, piske li fè nou anpil konfyans. 23 Antouka, si nou ta gen kèk dout sou Tit, konnen se konpayon m* li ye e l ap travay ansanm avè m nan enterè nou. E si nou ta gen kèk dout sou frè nou yo, konnen se kongregasyon yo ki voye yo*, e y ap bay Kris glwa. 24 Kidonk, montre yo nou renmen yo+, e fè kongregasyon yo wè rezon ki fè nou t ap fè lwanj pou nou.

9 Kounye a, konsènan èd* n ap voye bay moun ki sen yo+, li pa vrèman nesesè pou m ekri nou. 2 Se paske mwen konnen nou byen dispoze ki fè m te fè lwanj pou nou devan frè Masedwàn yo, lè m te di yo Akayi pare depi ennan, e jan nou te chofe a fè pifò nan yo vin chofe tou. 3 Men, m ap voye frè yo pou se pa pou granmesi nou te fè lwanj pou nou, men pou nou ka pare vre, jan m te di l la. 4 Paske, si sa ta rive frè Masedwàn yo ta vin avè m e yo ta jwenn nou pa pare toutbon, pou jan nou te konte sou nou, nou t ap wont, pou m pa di se nou menm ki t ap wont. 5 Kidonk, mwen panse li nesesè pou m ankouraje frè yo pou y al jwenn nou anvan m vini, e pou yo tou pare don nou te pwomèt n ap bay ak tout kè nou an, dekwa pou don ki pare a, se yon don nou bay ak tout kè nou, men se pa yon bagay yo fòse nou bay.

6 Men, konsènan sa m sot di a, moun ki simen tikras ap rekòlte tikras tou, e moun ki simen anpil ap rekòlte anpil tou+. 7 Se pou chak moun fè jan l te deside nan kè l la, san l pa regrèt, san yo pa fòse l+, paske Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan+.

8 Anplis de sa, Bondye kapab fè tout favè san parèy li a vin anpil pou nou, yon fason pou nou ka gen tout sa nou bezwen pou nou akonpli tout bon travay, pandan nou toujou gen ase nan tout bagay+. 9 (Tankou sa ekri: “Li montre l donan anpil, li bay moun ki pòv la. Aksyon jis li fè yo ap rete pou toutan+.” 10 Kounye a, Sila a ki bay moun k ap simen an semans ann abondans e ki bay moun pen pou yo manje ap ban nou semans pou nou simen e l ap ban nou l ann abondans, e l ap ogmante rezilta aksyon jis nou fè yo.) 11 Bondye beni nou nan tout sans, konsa nou vin ka montre nou donan tout jan, sa ki pouse moun di Bondye mèsi grasa nou. 12 Paske, lè n ap akonpli sèvis piblik sa a, se pa sèlman bay n ap bay moun ki sen yo+ tout sa yo bezwen, men tou sa vin bay anpil moun yon gwo rezon pou yo di Bondye mèsi. 13 Èd* sa a nou bay la montre ki kalite moun nou ye, e grasa èd sa a, yo bay Bondye glwa poutèt nou soumèt devan bon nouvèl konsènan Kris la, jan nou deklare sa aklè, e poutèt nou montre nou donan nan ofrann nou fè pou yo e pou tout moun+. 14 E nan siplikasyon y ap fè pou nou, yo demontre afeksyon yo gen pou nou, poutèt kokenn favè san parèy Bondye vide sou nou an.

15 N ap di Bondye mèsi pou kado l bay la, yon kado moun pa jwenn mo pou yo esplike l.

10 Kounye a, mwen menm Pòl, mwen menm ki pa sanble anyen lè m nan mitan nou+, alòske lè m pa la, mwen montre m fèm avèk nou+, m ap sipliye nou avèk dousè ak bonte Kris genyen an+. 2 Mwen espere, lè m ansanm avèk nou, mwen pap oblije pran kèk mezi ki fèm kont kèk moun ki konsidere nou kòmsi nou se moun k ap mache selon moun nou ye nan lachè a. 3 Paske, byenke n ap viv nan lachè, nou pap mennen yon gè selon moun nou ye nan lachè a. 4 Paske, zam nou sèvi pou n fè lagè yo pa gen rapò ak lachè+, men Bondye fè yo vin gen pisans+ pou yo ranvèse yon seri bagay ki byen anrasinen. 5 Paske, n ap ranvèse rezònman ak tout obstak ki kanpe kont konesans Bondye+, e n ap mete nenpòt ki lide sou kontwòl, pou nou fè l obeyi Kris. 6 E nou menm, nou pare pou nou pini tout dezobeyisans+, yonfwa nou menm nou fin montre nou obeyisan nèt.

7 N ap gade bagay yo sou aparans. Si yon moun gen konviksyon li se disip Kris, se pou l reflechi ankò sou sa m pral di la a: Menm jan li se disip Kris la, se sa nou ye tou. 8 Paske, menmsi mwen ta vante tèt mwen yon tikras twòp pou otorite Seyè a ban nou pou nou fòtifye nou, men pa pou kraze nou+, mwen pa t ap wont. 9 Paske, mwen pa ta renmen ban nou enpresyon m ap eseye fè nou pè avèk lèt mwen yo. 10 Paske, gen moun ki di: “Lèt li yo gen pwa e yo gen fòs, men lè l la an pèsòn, li pa enpresyone okenn moun e pawòl li yo san valè.” 11 Se pou moun ki di pawòl sa a pran sa m pral di la a an konsiderasyon: Sa nou di* nan lèt yo lè n pa la, se sa n ap fè tou* lè nou la+. 12 Paske, nou pa oze mete nou nan menm gwoup ak kèk moun k ap rekòmande tèt yo+, ni nou pa oze konpare tèt nou ak yo. Men, moun sa yo k ap mezire tèt yo dapre pwòp prensip pa yo e k ap konpare tèt yo ak pwòp tèt pa yo ankò, yo san konprann+.

13 Sepandan, nou pap vante tèt nou anrapò ak bagay ki pa nan limit tèritwa Bondye ban nou an*. Men, n ap fè sa anrapò ak bagay ki anndan limit tèritwa Bondye mezire ban nou an, limit li fè rive jis bò kote nou+. 14 An reyalite, se pa kite nou kite limit tèritwa nou pou n rive kote nou ye a, paske se nou menm an premye ki te rive jis lakay nou lè nou t ap anonse bon nouvèl sou Kris la+. 15 Non, nou pap vante tèt nou anrapò ak bagay ki pa nan limit tèritwa Bondye ban nou an, sètadi anrapò ak travay yon lòt moun fin redi fè. Men, nou gen espwa toutotan lafwa nou ap ogmante, travay nou fè yo ap ogmante anndan tèritwa nou an. Lè sa a, n ap vin gen plis travay pou nou fè. 16 Konsa, n ava anonse bon nouvèl la nan peyi ki pi lwen pase nou, dekwa pou nou pa vante tèt nou sou travay ki deja fèt nan tèritwa yon lòt moun. 17 “Moun k ap vante tèt li, se pou l vante tèt li nan Jewova*+.” 18 Paske, se pa moun ki rekòmande tèt li Jewova* apwouve+, men se moun Li rekòmande li apwouve+.

11 Mwen ta renmen nou tolere yon ti foli lakay mwen. Men, anfèt, se sa n ap fè. 2 Paske, m ap fè jalouzi pou nou, yon jalouzi ki ann akò ak volonte Bondye*. Paske, mwen te pwomèt pou m marye nou ak yon sèl mari, sètadi Kris, dekwa pou m ka prezante nou ba li kòm yon vyèj k ap mennen yon vi pwòp+. 3 Men, mwen pè pou yo pa kòwonp lespri nou yon fason oswa yon lòt, menm jan sèpan an te sedui Èv avèk riz la+ e pou nou pa pèdi senserite ak konduit pwòp nou dwe Kris la+. 4 Paske, an reyalite, si yon moun vin preche yon Jezi ki pa menm ak sa nou te preche a, oswa si yon moun vin enfliyanse nou ak yon lespri* ki pa menm ak lespri* nou te resevwa a, oubyen si yon moun pote yon bon nouvèl ki pa menm ak sa nou te aksepte a+, nou tolere moun sa a byen fasil. 5 Paske, dapre mwen menm, mwen pa pi ba pase gwo apot nou yo nan anyen+. 6 Men, menmsi mwen pa konn pale byen+, se sèten, se pa menm bagay nan domèn konesans. Vrèmanvre, nou demontre nou nou gen konesans tout jan, nan tout bagay.

7 Oubyen, èske se yon peche mwen te fè poutèt mwen te rabese m pou nou ka monte byen wo, e poutèt mwen te byen kontan anonse nou bon nouvèl Bondye a san sa pa koute nou anyen+? 8 Lè mwen te aksepte èd materyèl nan men lòt kongregasyon, se kòmsi mwen te piye* yo pou m te ka sèvi nou+. 9 Epoutan, lè mwen te vin nan nesesite pandan m te avèk nou, mwen pa t tounen yon fado pou pèsonn, paske frè ki te sot Masedwàn yo te ban m tout sa m te manke+. Wi, nan tout sans, mwen te bat pou m pa t vin yon fado pou nou, e m ap kenbe konsa+. 10 Menm jan li klè verite Kris la nan mwen, mwen fè sèman mwen pap sispann vante tèt mwen+ anrapò ak zòn Akayi a. 11 Pou ki rezon menm? Èske se paske m pa renmen nou? Bondye konnen m renmen nou.

12 Men, m ap toujou fè sa m ap fè a+. Konsa, moun ki vle jwenn yon pretèks pou yo vin egal avèk nou nan travay y ap vante tèt yo pou li a, mwen pap ba yo pretèks. 13 Paske, mesye sa yo se fo apot yo ye, se blofè k ap fè tèt yo pase pou apot Kris+. 14 E sa pa etonan, paske Satan li menm toujou ap fè tèt li pase pou zanj limyè+. 15 Donk, se pa yon bagay ki estrawòdinè si sèvitè l yo tou toujou ap fè tèt yo pase pou moun k ap travay pou ladwati. Men, y ap fini nan pye travay yo+.

16 M ap di sa ankò: Pinga pèsonn panse mwen pa gen bonsans. Antouka, si nou panse sa vrèman, tolere m menmsi m parèt pa gen bonsans, dekwa pou mwen menm tou, mwen ka fè yon ti vante tèt mwen. 17 Sa m ap di a, mwen pap di l pou m imite egzanp Seyè a, men m ap di l tankou yon moun ki pa gen bonsans, ki kwè nan tèt li e k ap vante tèt li. 18 Etandone anpil moun ap vante tèt yo sou baz lachè*, mwen menm tou mwen pral vante tèt mwen. 19 Antanke moun ki panse nou gen bonsans, mwen twouve nou tolere moun ki pa gen bonsans san pwoblèm. 20 Anfèt, nou tolere nenpòt moun ki fè nou tounen esklav, ki pran sa nou genyen, ki menm dechèpiye sa nou genyen, ki grandi l sou nou, ki frape nou nan figi.

21 Sa m di a se yon wont pou nou, paske nan je kèk moun, nou twò fèb pou nou nan pozisyon nou ye a.

Si lòt moun ap aji avèk fèmte nan yon bagay (m ap pale tankou yon moun ki pa gen bonsans), mwen menm tou m ap aji avèk fèmte. 22 Èske yo se Ebre? Mwen menm tou mwen se youn+. Èske yo se Izrayelit? Mwen menm tou mwen se youn. Èske yo se desandan* Abraram? Mwen menm tou+. 23 Èske yo se sèvitè Kris? M ap reponn tankou yon moun fou, mwen se sèvitè Kris plis pase yo: mwen travay plis pase yo+, mwen pran prizon pi souvan pase yo+, mwen pran kou depase limit, e mwen pase toupre lanmò plizyè fwa+. 24 An senk fwa, Juif yo ban m 40 kou mwens youn+. 25 An twa fwa, mwen pran kout baton+. Yon fwa, yo kalonnen m ak kout wòch+ pou yo te touye m. Batiman fè nofraj avè m twa fwa+, mwen pase yon jou ak yon nuit nan mitan lanmè. 26 Tout tan m ap vwayaje. Mwen fè fas ak danje nan rivyè, danje anba men bandi, danje nan mitan moun ki menm pèp avè m+, danje nan mitan nasyon yo+, danje nan vil+, danje nan dezè, danje nan lanmè, danje nan mitan fo frè. 27 Mwen travay di, mwen redi, mwen pase nuit blanch souvan+, mwen konn sa k rele grangou ak swaf+, byen souvan mwen konn pa gen manje+, fredi konn bat mwen, e mwen konn pa gen rad pou m mete*.

28 Mete sou sa, gen yon bagay k ap trakase m jou apre jou*, se enkyetid mwen genyen pou tout kongregasyon yo+. 29 Kiyès ki fèb pou m pa santi m fèb? Kiyès ki tonbe pou sa pa fè m mal anpil?

30 Si m dwe vante tèt mwen, m ap vante tèt mwen pou bagay ki montre jan mwen fèb. 31 Bondye Seyè Jezi a, wi, Papa li, Sila a ki merite pou yo ba l louwanj pou toutan an, konnen mwen pap bay manti. 32 Nan Damas, gouvènè ki souzòd wa Aretas la t ap siveye vil la pou l met men sou mwen. 33 Men, yo mete m nan yon pànye*, yo file m desann nan yon fenèt ki nan miray vil la+, epi mwen chape anba men l.

12 Mwen oblije ap vante tèt mwen. E byenke sa pa itil, mwen pral pale sou vizyon+ ak revelasyon Seyè a bay+. 2 Mwen konnen yon moun ki ann inyon ak Kris, ki te transpòte jis nan twazyèm syèl sa gen 14 an. Èske se te ak tout kò l? Èske se pa t ak tout kò l? Mwen pa konnen. Se Bondye ki konnen. 3 Wi, mwen konnen moun sa a. Èske se te ak tout kò l oswa se pa t ak tout kò l? Mwen pa konnen. Se Bondye ki konnen. 4 Li te transpòte nan paradi, e li te tande pawòl moun pa ka pale, pawòl moun pa gen dwa pale. 5 Se pou moun sa a mwen pral fè lwanj, men mwen pa pral fè lwanj pou tèt mwen, sof si se anrapò ak feblès mwen. 6 Paske, si mwen vle vante tèt mwen, mwen pap manke bonsans, paske se laverite m ap di. Men, mwen evite fè sa, dekwa pou pèsonn pa kwè mwen plis pase sa li wè mwen ye oswa sa li tande mwen di, 7 tou senpleman paske mwen resevwa kokenn revelasyon sa yo.

Pou m pa leve tèt mwen depase, yo ban mwen yon pikan nan chè m+, yon zanj Satan, pou frape m san rete*, yon fason pou m pa leve tèt mwen depase. 8 Pandan twa fwa, mwen sipliye Seyè a sou sa, yon fason pou l retire l pou mwen. 9 Men, li di m: “Favè san parèy mwen an ase pou ou, paske pisans mwen ap vin pafè pou ou lè w fèb+.” Kidonk, m ap byen kontan vante tèt mwen pito anrapò ak feblès mwen, pou pisans Kris la ka rete sou mwen tankou yon tant. 10 Se sa k fè mwen kontan anpil lè m fèb, lè y ap joure m, lè mwen nan detrès, lè y ap pèsekite m, lè m nan difikilte, poutèt Kris. Paske lè m fèb, se atò m gen pisans+.

11 Mwen vin pa gen bonsans. Se nou menm ki fè sa, paske nou te dwe pale an favè m. Paske, mwen pa pi ba pase gwo apot nou yo nan anyen, menmsi mwen pa anyen nan je nou+. 12 Vrèmanvre, tout andirans mwen te demontre+, ansanm ak siy ak mèvèy ak mirak*+ mwen te reyalize, tout bagay sa yo ban nou prèv mwen se yon apot. 13 Paske, nan ki sa nou vin gen mwens privilèj pase rès kongregasyon yo+? Genlè se paske m pa t vin yon chay pou nou. Nou mèt padone m pou fot sa a.

14 Gade! Sa fè twazyèm fwa mwen pare pou m vin lakay nou, e mwen pap vin yon chay pou nou. Paske, se pa byen nou ki enterese m+, men se nou menm. Paske, yo pa atann pou se pitit+ ki sere pou paran, men yo atann pou se paran ki sere pou pitit. 15 Bò kote pa m, m ap byen kontan bay tout bagay, e m ap byen kontan bay tèt mwen nèt pou nou*+. Si mwen renmen nou anpil konsa, èske nou menm nou dwe renmen m mwens? 16 Antouka, mwen pa t yon chay pou nou+. Men, nou di mwen te aji an “mètdam”, e mwen te sèvi ak “riz” pou m pran nou. 17 Èske m te sèvi ak youn nan moun mwen te voye kote nou yo pou m eksplwate nou? 18 Mwen te ankouraje Tit pou l al lakay nou, e mwen te voye frè a avèk li. Èske Tit te janm eksplwate nou+? Èske se pa menm fason nou panse? Èske nou pa mache nan menm chemen?

19 Èske nou panse se defann n ap defann tèt nou devan nou tout tan sa a? Se devan Bondye n ap pale ann inyon ak Kris. Men, byenneme, tout sa n ap fè yo se pou n ka fòtifye nou. 20 Paske, lè m rive, mwen pè pou, yon fason oswa yon lòt, mwen pa jwenn nou jan m ta vle l la, e pou mwen pa ta jan nou ta vle l la, men okontrè, pou ta gen hinghang, jalouzi, gwo kòlè, diskisyon, medizans, tripotay, ògèy ak dezòd nan mitan nou. 21 Petèt, lè m ap retounen ankò, Bondye m nan ap rabese m devan nou, e petèt, m ap vin nan lapenn akoz anpil nan moun ki te peche anvan sa, men ki pa repanti pou konduit ki pa pwòp ak imoralite seksyèl* ak konduit derespektan* yo t ap pratike.

13 Sa fè twazyèm fwa m ap vin lakay nou. “Tout bagay dwe regle sou baz temwayaj* de oswa twa temwen+.” 2 Mwen te di sa deja, e byenke mwen pa la kounye a, se kòmsi mwen la avèk nou yon dezyèm fwa. Epi, m ap tou avèti moun ki te peche anvan yo ansanm ak tout rès moun yo pou m fè yo konnen si jamè mwen vini ankò, mwen pap epaye yo, 3 etandone n ap chèche prèv ki montre Kris pale nan mwen toutbonvre, li menm ki pa montre li fèb nan fason li aji ak nou, men ki montre l pisan pami nou. 4 Wi, se vre yo te kloure l sou yon poto pou l mouri paske li te nan yon kondisyon ki fèb, men li vivan grasa pisans Bondye+. Se vre tou nou fèb menm jan l te fèb la, men nou pral viv ansanm avè l+ grasa pisans Bondye k ap aji nan nou+.

5 Kontinye verifye si nou nan lafwa, kontinye teste sa nou menm nou ye+. Oubyen, èske nou pa rekonèt Jezi Kris ann inyon avèk nou? Amwenske Bondye pa apwouve nou. 6 Mwen vrèman espere n ap rann nou kont yo pa dezapwouve nou.

7 Kounye a, n ap priye Bondye pou nou pa fè anyen ki mal. Se pa pou nou fè wè yo apwouve nou, men se pou nou ka fè sa ki bon, menmsi lòt moun pa apwouve nou. 8 Paske, nou pa ka fè anyen kont laverite, men se sèlman pou laverite n ap travay. 9 Vrèmanvre, nou rejwi menmsi nou fèb, depi nou menm nou pisan. E men pou ki bagay n ap priye: pou nou kite yo redrese nou. 10 Se poutèt sa, m ap ekri bagay sa yo pandan m pa la, dekwa pou lè m la, mwen pa oblije aji yon fason ki di, paske Seyè a pa ban m otorite+ pou m kraze nou, men pito pou m fòtifye nou.

11 Anfen, frè m yo, kontinye rejwi, kontinye kite yo redrese nou, kontinye kite yo konsole nou+, kontinye panse menm jan+, kontinye viv anpè+, e Bondye lanmou an, Bondye lapè a+, ap avèk nou. 12 Se pou youn salye lòt ak yon bo ki demontre lanmou. 13 Tout moun ki sen yo voye salye nou.

14 Nou swete pou favè san parèy Seyè Jezi Kris la ak lanmou Bondye ak lespri sen nou tout ansanm benefisye a avèk nou tout.

Oswa: “ki ankouraje”.

Oswa: “tribilasyon”.

Oswa: “tribilasyon”.

Oswa: “tribilasyon”.

La a, Azi fè referans ak yon zòn nan Anpi women an ki te anba pouvwa yon gouvènè.

Oswa: “paske te gen anpil figi ki t ap priye”.

Oswa: “se bagay nou deja byen konnen”.

Lit.: “konprann yo jiska lafen”.

Se kapab tou: “pou nou kapab benefisye de fwa”.

Lit.: “sa m ap fè yo selon lachè”.

Yo rele l Silas tou.

Oswa: “kòm vèsman (avalwa)”.

Oswa: “nanm mwen”.

Oswa: “pa anglouti l”.

Oswa: “Se yon fason pou Satan pa twonpe nou”.

Oswa: “nou konn plan l”.

Oswa: “pou l fè moun pran sant konesans lan toupatou”.

Oswa: “nou se yon sant”.

Oswa: “nou pap fè komès ak; nou pap fè benefis sou”.

Gade Apendis A5.

Gade Apendis A5.

Gade Apendis A5.

Gade Apendis A5.

Lit.: “pou n sot nan glwa al nan glwa”.

Gade Apendis A5.

Se kapab tou: “jan sa fèt grasa lespri Jewova”.

Lit.: “bay konsyans tout moun”.

Oswa: “dye tan sa a”. Gade “Sistèm” nan Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “nan po ki fèt ann ajil”.

Se kapab tou: “men yo pa kite nou sanzespwa”.

Lit.: “menm espri lafwa”.

Oswa: “Byenke eprèv yo”.

Lit.: “k ap vin pi lou”.

Oswa: “pou l pa la ankò”.

Oswa: “nan kote nou abite a”.

Oswa: “kòm vèsman (avalwa)”.

Petèt pou nou atake.

Petèt pou nou defann tèt nou.

Oswa: “jwenn disiplin”.

Oswa: “piske inyon”.

Li soti nan yon mo ebre ki vle di “pa itil anyen”. Se yon fason pou yo pale de Satan.

Oswa: “yon moun ki fidèl”.

Oswa: “ki rapò yon moun ki kwayan genyen”.

Gade Apendis A5.

Gade Apendis A5.

Lit.: “chè nou”.

Lit.: “gen zèl”.

Oswa: “Nou montre nou inosan”.

Oswa: “dèske mwen ka jwenn kouraj akoz nou menm”.

Oswa: “yo donan depase”.

Lit.: “nan sèvis pou”.

Gade Apendis A5.

Lit.: “se moun k ap patisipe avè m”.

Lit.: “konnen yo se apot kongregasyon yo”.

Lit.: “konsènan sèvis”.

Lit.: “Sèvis”.

Lit.: “Sa nou ye nan pawòl”.

Lit.: “se sa n ap ye tou nan aksyon”.

Oswa: “Bondye separe ban nou ak mezi”.

Gade Apendis A5.

Gade Apendis A5.

Lit.: “ak zèl pou Bondye”.

Oswa: “ak yon mantalite”.

Oswa: “ak fòs Bondye”.

Lit.: “te vòlè”.

Sa vle di selon lèzòm.

Lit.: “semans”.

Lit.: “mwen te touni”.

Oswa: “k ap met presyon sou mwen chak jou”.

Oswa: “yon pànye wozo”.

Oswa: “pou bat mwen”.

Lit.: “aksyon ki pisan”.

Oswa: “pou nanm nou”.

Mo grèk la se pòneya. Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “konduit ki montre yon moun pa konn wont”. Mo grèk la se aseljeya. Gade Lis mo yo esplike yo.

Lit.: “sou bouch”.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje