LÈT PÒL TE EKRI KRETYEN NAN VIL KOLÒS YO
1 Mwen menm, Pòl, yon apot Kris Jezi grasa volonte Bondye, ak Timote+, frè nou an, 2 m ap ekri moun ki sen yo ak frè ki fidèl ann inyon ak Kris nan Kolòs yo:
Mwen swete pou nou gen favè san parèy ak lapè ki soti nan Bondye, Papa nou an.
3 Nou toujou di Bondye, Papa Jezi Kris, Seyè nou an, mèsi lè n ap priye pou nou, 4 piske nou tande pale de lafwa nou nan Kris Jezi ak lanmou nou genyen pou tout moun ki sen yo, 5 poutèt esperans ki rezève pou nou nan syèl la+. Esperans sa a, nou te tande pale de li anvan, lè yo te preche nou verite a, sètadi bon nouvèl la 6 ki te rive jwenn nou. Menm jan l ap pote fwi e l ap grandi nan lemonnantye+, se konsa tou sa ap fèt lakay nou, depi jou nou te tande pale de favè san parèy Bondye a, jou nou te rive konnen l egzakteman, jan l ye vre a. 7 Se sa nou te aprann nan men Epafras+, esklav menm jan avèk nou, byenneme nou, ki la nan plas nou antanke yon sèvitè Kris ki fidèl. 8 Se li menm tou ki te fè nou konnen lanmou nou vin genyen grasa lespri Bondye*.
9 Se poutèt sa tou, depi jou nou te tande pale de sa, nou pa janm sispann priye pou nou+ e nou pa janm sispann mande Bondye pou l ranpli nou ak konesans egzak+ sou volonte l, nan tout sajès ak nan tout konpreyansyon lespri Bondye bay+. 10 Konsa, n ap mache yon fason ki diy devan Jewova*, yon fason pou nou fè l plezi nèt. Anmenmtan, n ap kontinye pote fwi nan tout bon travay n ap fè, e n ap kontinye grandi nan konesans egzak sou Bondye+. 11 Mwen swete pou nou vin pisan e pou nou gen tout fòs nou bezwen grasa pisans li genyen ki gen glwa+, yon fason pou nou andire nèt e pou nou pran pasyans ak kè kontan, 12 toutpandan n ap di Papa a mèsi, li menm ki kalifye nou pou nou patisipe nan eritaj moun ki sen yo genyen an+, yo menm ki nan limyè.
13 Li delivre nou anba pouvwa fènwa a+ epi li transfere nou nan wayòm Pitit Gason l li renmen an, 14 e grasa Pitit sa a, nou jwenn liberasyon nou grasa ranson an, wi, nou jwenn padon pou peche nou+. 15 Li se pòtre Bondye envizib la+, se li ki fèt an premye nan tout kreyasyon an+. 16 Paske, se avè l Bondye te sèvi pou l kreye tout lòt bagay, ni nan syèl la ni sou tè a, bagay ki vizib ak bagay ki envizib+, kit se twòn, otorite, gouvènman oswa pouvwa. Bondye te itilize l pou l kreye tout lòt bagay yo+, e se pou li li te kreye yo. 17 Epitou, li la anvan tout lòt bagay yo+, e se avè l Bondye te sèvi pou l kreye tout lòt bagay yo. 18 Li se tèt kò a, anpalan de kongregasyon an+. Li se kòmansman an, li se premye pitit ki sot nan lanmò+, pou l ka vin premye nan tout bagay, 19 paske Bondye te pran plezi pou l fè tout bagay nèt abite nan li+, 20 e li sèvi avè l pou l rekonsilye tout lòt bagay yo+ avèk li menm, kit se bagay ki sou tè a, kit se bagay ki nan syèl la, lè l fè lapè grasa san+ Kris ki te koule sou poto soufrans* lan.
21 Wi, nou menm yon lè ki te lwen Bondye e ki te ènmi l paske lespri nou te fikse sou zèv ki pa bon, 22 kounye a, li rekonsilye nou avèk li grasa kò sila a ki te mouri a, dekwa pou l prezante nou sen e san defo devan Bondye, e pou nou pa bay bò pou okenn akizasyon+. 23 Nòmalman, sa ap fèt akondisyon nou pèsevere nan lafwa+, nou byen chita sou fondasyon an+, nou rete fèm+, san nou pa devye kite esperans ki gen rapò ak bon nouvèl sa a nou te tande a, bon nouvèl yo preche tout kote* anba syèl la+. Mwen menm Pòl, mwen vin yon sèvitè pou m preche bon nouvèl sa a+.
24 Kounye a, mwen rejwi dèske m ap soufri pou nou+, e mwen santi mwen poko fin soufri nan chè mwen pou Kris an favè kò li+, anpalan de kongregasyon an+. 25 Mwen vin yon sèvitè pou kongregasyon sa a, selon responsablite+ Bondye ban mwen nan enterè nou, pou m preche pawòl li a nèt, 26 sekrè sakre a ki te kache+ depi nan sistèm ki pase yo*+ e depi nan jenerasyon ki pase yo. Men kounye a, li parèt klè pou moun pa l yo ki sen+, 27 yo menm Bondye te vle fè konnen richès ak glwa ki gen nan sekrè sakre sa a pami nasyon yo+. Sekrè sakre a se Kris ki ann inyon avèk nou, sa vle di nou espere jwenn glwa ansanm avè l+. 28 Se li menm n ap anonse, se konsènan li menm n ap avèti tout moun e n ap anseye tout moun avèk tout sajès, pou nou ka prezante tout moun bay Bondye antanke disip Kris ki gen matirite+. 29 Wi, se pou sa m ap travay di e m ap lite grasa pisans li k ap aji avèk anpil fòs nan mwen+.
2 Se sa k fè mwen vle nou konprann ki kalite gwo konba m ap mennen pou nou, pou moun Lawodise yo+ e pou tout moun ki pa wè m an pèsòn yo*, 2 yon fason pou kè yo ka konsole+, pou yo ka byen ini ansanm nan lanmou+, dekwa pou yo ka gen yon richès total, sa vle di yon konpreyansyon ki klè e ki sèten, dekwa pou yo rive gen yon konesans egzak sou sekrè sakre Bondye a, anpalan de Kris+. 3 Se nan li tout trezò sajès ak konesans byen sere+. 4 Mwen di sa pou pèsonn pa twonpe nou ak rezònman y ap fè pou yo konvenk nou. 5 Menmsi mwen pa bò kote nou, mwen avèk nou nan lespri m, e mwen kontan wè jan nou gen lòd+, jan lafwa nou fèm nan Kris+.
6 Se sa k fè, piske nou te aksepte Kris Jezi, Seyè a, se pou nou kontinye mache ann inyon avèk li, 7 pou nou anrasinen nan li, pou nou bati nan li+, pou nou vin fèm nan lafwa+, jan yo te anseye nou an, e se pou nou pa sispann di Bondye mèsi+.
8 Veye pou pèsonn pa pran nou nan pyèj* ak filozofi ak twonpri ki san valè+ ki chita sou tradisyon lèzòm, sou bagay monn nan baze sou yo, e ki pa baze sou Kris. 9 Paske, se nan li tout kalite Bondye genyen yo parèt aklè*+. 10 Kidonk, nou vin gen tout bagay nèt grasa li, li menm ki chèf tout gouvènman ak tout otorite+. 11 Nan relasyon nou gen avè l, nou te sikonsi tou. Men, sikonsizyon sa a pa t fèt ak men. Se yon sikonsizyon ki retire kò peche a+, se sikonsizyon pa Kris la+. 12 Paske, nou te antere avè l nan batèm li+, e grasa relasyon nou gen avè l, yo te resisite nou tou ansanm avè l+, grasa lafwa nou genyen nan sa Bondye akonpli ak pisans li, li menm ki leve l sot nan lanmò+.
13 Mete sou sa, byenke nou te mouri nan fot nou yo ak nan eta nou te ye nan kò nou ki pa t sikonsi, Bondye ban nou lavi ansanm avèk li+. Avèk bonte, Li padone tout fot nou yo+, 14 Li efase dokiman ki ekri alamen an+, dokiman se dekrè ki te ladan l+ e ki te opoze ak nou an+, e Li retire l lè Li kloure l sou poto soufrans*+ lan. 15 Li dezabiye gouvènman yo ak otorite yo, li ekspoze yo an piblik kòm pèdan, li mennen yo nan yon kòtèj laviktwa+ pa mwayen poto soufrans lan*.
16 Kidonk, pinga pèsonn jije nou pou sa n ap manje ak sa n ap bwè+, ni pou yon fèt, ni pou kesyon obsève nouvèl lin+ oswa yon saba+. 17 Bagay sa yo se lonbray bagay ki gen pou vini yo+, men reyalite a se nan Kris li ye+. 18 Pa kite pèsonn ki pran plezi nan yon fo imilite ak nan adorasyon zanj pran rekonpans lan+ nan men nou. Moun sa yo “ensiste sou*” vizyon yo fè, yo gonfle ak ògèy san rezon valab paske yo reflechi tankou lèzòm pechè, 19 e yo pa rete atache ak tèt la+, anpalan de sila a ki pèmèt tout kò a jwenn sa l bezwen pou l byen ini ansanm pa mwayen jwenti ak ligaman li genyen, e ki fè l grandi grasa Bondye+.
20 Si nou mouri ansanm ak Kris anrapò ak bagay monn nan baze sou yo, poukisa n ap viv kòmsi nou toujou fè pati monn nan+? Poukisa n ap soumèt tèt nou ankò anba dekrè ki di+: 21 “Pa pran, pa goute, pa manyen”, 22 sa ki gen rapò ak yon seri bagay k ap fini lè yo sèvi avèk yo, selon kòmandman ak ansèyman lèzòm+? 23 Byenke bagay sa yo parèt gen sajès ladan yo, paske moun yo oblije tèt yo fè yon fòm adorasyon, yo gen yon fo imilite, e yo maltrete kò yo+, an reyalite, bagay sa yo pa itil anyen pou konbat dezi lachè.
3 Sepandan, si nou resisite avèk Kris+, kontinye chèche bagay ki anwo yo, kote Kris chita adwat Bondye a+. 2 Kontinye fikse lespri nou sou bagay ki anwo yo+, pa fikse lespri nou sou bagay ki sou tè a+. 3 Paske nou te mouri, e lavi nou nan men Kris paske se sa Bondye vle. 4 Lè Kris va parèt, li menm ki lavi nou+, lè sa a, nou menm tou, n ap parèt avèk li nan laglwa+.
5 Se poutèt sa, fè manm kò nou+ ki sou tè a mouri anrapò ak imoralite seksyèl*, salte, dezi seksyèl san kontwòl+, anvi pou nou fè sa ki mal, e anrapò ak tanta, ki se idolatri. 6 Se akoz bagay sa yo kòlè Bondye ap vini. 7 Se konsa tou nou te konn aji* anvan nou te chanje lavi nou*+. 8 Men kounye a, kanta pou kòlè, raj, mechanste+, jouman+, voye tout bagay sa yo jete lwen nou nèt, e mo sal+ pa dwe soti nan bouch nou. 9 Pinga youn bay lòt manti+. Retire ansyen pèsonalite a*+ sou nou ansanm ak abitid li yo, 10 e abiye nou ak nouvo pèsonalite a+, li menm k ap renouvle grasa konesans egzak la selon pòtre Sila a ki te kreye l la+. 11 Nan ka sa a, pa gen ni Grèk ni Juif, ni moun ki sikonsi ni moun ki pa sikonsi, ni etranje ni Sit*, ni esklav ni moun ki lib. Men, Kris se tout bagay e li nan nou tout+.
12 Se sa k fè, antanke moun Bondye chwazi+, moun ki sen, moun yo renmen, se pou nou abiye nou ak yon afeksyon e ak yon tandrès ki sot nan yon kè ki sansib+, e se pou nou abiye nou ak bonte, imilite+, dousè+ ak pasyans+. 13 Menmsi yon moun gen dekwa pou l plenyen kont yon lòt+, se pou youn kontinye sipòte lòt e se pou youn kontinye padone lòt ak tout kè l+. Menm jan Jewova* padone nou ak tout kè l, nou menm tou, nou dwe fè menm jan an+. 14 Men, anplis tout bagay sa yo, abiye nou ak lanmou+, paske li se yon chenn ki ini moun yon fason ki san fay+.
15 Epitou, kite lapè Kris la dirije* kè nou+, paske anfèt, yo te rele nou nan lapè sa a nan yon sèl kò. Epi, montre nou gen rekonesans. 16 Kite pawòl Kris la abite nan nou nèt ak tout sajès. Se pou youn kontinye anseye lòt e se pou youn kontinye ankouraje lòt ak sòm+, ak louwanj pou Bondye, ak chante espirityèl nou chante avèk rekonesans*, se pou nou chante ak tout kè nou pou Jewova*+. 17 Kèlkeswa sa n ap fè, kit se nan pawòl nou, kit se nan aksyon nou, fè tout bagay nan non Seyè Jezi, e remèsye Bondye, Papa a, pa mwayen li+.
18 Nou menm madanm, se pou nou soumèt devan mari nou+, jan sa dwe fèt nan Seyè a. 19 Nou menm mari, se pou nou kontinye renmen madanm nou+, epi pa eksite sou yo*+. 20 Nou menm timoun, se pou nou obeyi paran nou nan tout bagay+, paske sa fè Seyè a plezi anpil. 21 Nou menm papa, pa tingting timoun nou yo+ pou fè yo fache*, dekwa pou yo pa dekouraje. 22 Nou menm esklav, se pou nou obeyi moun ki mèt nou yo*+ nan tout bagay. Nou pap fè sa lè y ap gade nou sèlman, kòmkwa se moun n ap fè plezi*, men n ap fè sa avèk yon kè ki sensè, avèk lakrentif pou Jewova*. 23 Kèlkeswa sa n ap fè, fè l ak tout nanm* nou, tankou se pou Jewova*+, e non pa pou lèzòm, 24 paske nou konnen se nan men Jewova* n ap resevwa eritaj la kòm rekonpans+. Travay antanke esklav pou Mèt la, anpalan de Kris. 25 Se sèten, yon moun k ap fè mal ap rekòlte mal li fè a+, e pa gen patipri+.
4 Nou menm mèt, kontinye aji avèk esklav nou yon fason ki jis e ki kòrèk, piske nou konnen nou menm tou nou gen yon Mèt nan syèl la+.
2 Pèsevere nan lapriyè+ e rete veyatif ladan l, epi di Bondye mèsi+. 3 Anmenmtan, priye pou nou tou+, pou Bondye ka ouvri yon pòt pou pawòl la, pou nou ka pale sekrè sakre a ki gen rapò ak Kris, sekrè sakre ki fè mwen nan chenn nan+, 4 yon fason pou m di l klè jan m dwe di l la.
5 Kontinye mache avèk sajès parapò ak moun ki deyò yo, epi byen sèvi ak tan nou*+. 6 Se pou pawòl nou toujou bèl, se pou l sizonnen ak sèl+, yon fason pou nou konnen jan nou dwe reponn chak moun+.
7 Tichik+, frè byenneme mwen an, yon sèvitè fidèl e yon esklav menm jan avèk mwen nan Seyè a, ap ban nou tout nouvèl sou mwen. 8 Mwen voye l ban nou pou nou ka konnen kòman nou ye, e pou li ka konsole kè nou. 9 L ap vin ansanm ak Onezim+, frè byenneme mwen an, li menm ki fidèl, ki soti lakay nou. Y ap fè nou konnen tout sa k ap pase isit la.
10 Aristak+, ki prizonye ansanm avè m, voye salye nou. Mak+, kouzen Banabas la, voye salye nou tou. (Se konsènan li menm nou te jwenn enstriksyon pou nou byen akeyi l+ si l vin jwenn nou.) 11 E Jezi, ki rele Jistis, voye salye nou tou. Moun sa yo fè pati moun ki sikonsi yo. Se yo menm sèl ki konpayon travay mwen pou Wayòm Bondye a, e yo vin tounen yon gwo rekonfò pou mwen*. 12 Epafras+, yon esklav Kris Jezi, ki soti lakay nou, voye salye nou. Li toujou ap lite pou nou nan priyè li, yon fason pou nou ka rete djanm antanke moun ki gen matirite e pou nou gen yon fèm konviksyon nan tout sa ki gen rapò ak volonte Bondye. 13 Paske, mwen bay temwayaj li te fè anpil efò ni pou nou, ni pou moun ki Lawodise yo, ni pou moun ki Yerapolis yo.
14 Lik+, doktè byenneme a, ansanm ak Demas voye salye nou+. 15 Salye frè Lawodise yo pou mwen, ansanm ak Nimfa ak kongregasyon ki lakay li a+. 16 E lè yo fin li lèt sa a lakay nou, fè yon jan pou yo li l tou+ nan kongregasyon ki nan vil Lawodise a, e pou nou li pa Lawodise a tou. 17 Epitou, di Achip+ pou l veye pou l byen fè sèvis li te aksepte antanke disip Seyè a.
18 Men salitasyon pa m, mwen menm Pòl, mwen ekri ak pwòp men m+. Toujou sonje chenn mwen yo+. Mwen swete pou favè san parèy la avèk nou.
Lit.: “nou vin genyen nan lespri”.
Gade Apendis A5.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Lit.: “nan tout kreyasyon”.
Oswa: “nan tan ki pase yo”. Gade Lis mo yo esplike yo.
Lit.: “pa t wè figi mwen nan lachè”.
Oswa: “pa pote nou ale tankou jibye”.
Lit.: “tout kalite Bondye genyen yo abite sou fòm kò”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Se kapab tou: “pa mwayen li”.
Se yon ekspresyon ki soti nan seremoni payen yo te konn fè lè y ap inisye moun.
Mo grèk la se pòneya. Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “nou te konn mache”.
Oswa: “lè nou t ap viv fason sa a”.
Lit.: “ansyen moun nan”.
Mo “Sit” la kapab vle di moun ki te pi sovaj ki te egziste.
Gade Apendis A5.
Oswa: “kontwole”.
Oswa: “nou chante byen”.
Gade Apendis A5.
Oswa: “epi pinga nou di avè yo”.
Oswa: “pou pwovoke yo”.
Lit.: “mèt nou nan lachè yo”.
Lit.: “Nou pap fè sa pou fè wè, tankou moun k ap fè moun plezi”.
Gade Apendis A5.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Gade Apendis A5.
Gade Apendis A5.
Lit.: “epi achte tan ki fikse a”.
Oswa: “yon èd ki ban m fòs”.