BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • nwt 1 Tesalonisyen 1:1-5:28
  • 1 Tesalonisyen

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • 1 Tesalonisyen
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
1 Tesalonisyen

PREMYE LÈT PÒL TE EKRI KRETYEN NAN VIL TESALONIK YO

1 Mwen menm, Pòl, ansanm ak Silven*+ ak Timote+, m ap ekri kongregasyon ki nan vil Tesalonik lan ki ann inyon ak Bondye, Papa a, ansanm ak Seyè a, Jezi Kris:

Mwen swete pou nou gen favè san parèy la ak lapè.

2 Nou toujou di Bondye mèsi lè nou sonje nou tout nan priyè nou yo+. 3 Paske, nou pa janm bliye travay nou akonpli grasa lafwa nou, travay di nou fè avèk amou, ak andirans nou genyen grasa esperans nou+ nan Jezi Kris, Seyè nou an, devan Bondye nou an ki Papa nou. 4 Paske, nou menm frè Bondye renmen yo, nou konnen Bondye chwazi nou, 5 paske bon nouvèl n ap preche a pa t rive lakay nou ak pawòl sèlman, men li te rive tou avèk pisans, avèk lespri sen e avèk fèm konviksyon, menm jan nou konnen ki kalite moun nou te vin tounen nan mitan nou pou byen nou. 6 Epi, nou vin imite nou+ e nou vin imite Seyè a+, paske nou aksepte pawòl la anba anpil tribilasyon+ avèk yon kè kontan nou genyen grasa lespri sen. 7 Konsa, nou vin yon egzanp pou tout kwayan nan Masedwàn ak nan Akayi yo.

8 Anfèt, grasa nou, moun tout kote nan Masedwàn ak nan Akayi tande pale pawòl Jewova* a e yo tande pale de lafwa nou gen nan Bondye+, e sa fè nou menm nou pa bezwen di anyen. 9 Paske yo menm, yo pa sispann rakonte fason nou te rankontre nou pou premye fwa ak fason nou te kite zidòl nou yo+ pou nou vin jwenn Bondye, pou nou travay kòm esklav pou yon Dye ki vivan e ki reyèl, 10 e pou nou tann Pitit li a sot nan syèl la+, li menm li te leve sot nan lanmò, anpalan de Jezi, sila a ki delivre nou anba kòlè k ap vini an+.

2 Nou menm frè nou yo, nou konnen byen vizite nou te vizite nou an pa t san rezilta+. 2 Paske, byenke anvan sa nou te soufri e yo te maltrete nou nan Filip+, kòm nou konnen, nou te mete kran* sou nou grasa Bondye nou an, pou nou fè nou konnen bon nouvèl Bondye a+ anba anpil opozisyon*. 3 Paske, konsèy nou ban nou an pa chita sou manti, se pa nan move entansyon nou ban nou l, ni se pa twonpe n ap chèche twonpe nou. 4 Men, piske Bondye apwouve nou pou l konfye nou bon nouvèl la, se pa pou nou fè lèzòm plezi nou pale, men nou pale pou nou fè Bondye plezi, li menm ki egzamine kè nou+.

5 An reyalite, nou konnen nou pa janm sèvi ak pawòl pou flate moun, ni nou pa chèche pretèks pou nou fè ava+. Bondye temwen! 6 Ni nonplis nou pa chèche glwa nan men lèzòm. Non, nou pa chèche sa ni nan men nou, ni nan men lòt moun, byenke, antanke apot Kris, nou te ka vin yon chay lou pou nou+. 7 Okontrè, nou te vin dou nan mitan nou, tankou lè yon manman ap chouchoute* pitit li ki nan tete. 8 Piske nou gen anpil afeksyon pou nou, nou te byen deside* pou nou ban nou nonsèlman bon nouvèl Bondye a, men tou pou nou bay lavi* nou pou nou ka ede nou+, paske nou te vin tèlman renmen nou+.

9 Frè nou yo, siman nou sonje jan nou te travay di, jan nou te redi. Nou te travay di lajounen kou lannuit, pou nou pa t vin yon chay lou pou nou+ lè nou t ap preche nou bon nouvèl Bondye a. 10 Nou temwen, e Bondye temwen tou, jan nou te montre nou fidèl, nou jis e nou san repwòch anvè nou menm ki kwayan. 11 Nou byen konnen nou te kontinye ban nou konsèy, nou te kontinye konsole nou e nou te kontinye ankouraje nou chak+, menm jan yon papa+ fè pou pitit li, 12 pou nou ka kontinye mache yon fason ki diy devan Bondye+, li menm ki rele nou pou nou patisipe nan Wayòm li+ ak nan glwa li+.

13 Wi, se sa k fè, nou menm tou, se toutan n ap remèsye Bondye+, paske, lè nou te resevwa pawòl Bondye nou te fè nou tande a, se pa kòm pawòl lèzòm nou te aksepte l, men, nou te aksepte l pou sa li ye vrèman, kòm pawòl Bondye k ap travay tou nan nou menm ki kwayan. 14 Paske, nou menm frè nou yo, nou vin tounen moun k ap imite kongregasyon Bondye ki nan Jide yo, ki ann inyon avèk Kris Jezi, paske, sa nou te sibi anba men moun menm peyi avèk nou yo+, se sa yo menm tou y ap sibi anba men Juif yo 15 ki te menm touye Seyè Jezi+, e ki te touye pwofèt yo, e ki te pèsekite nou+. Anplis, yo pa fè Bondye plezi, men yo kont enterè tout moun, 16 paske n ap pale ak moun ki nan nasyon yo pou yo ka sove+, e yo menm, y ap chèche anpeche nou fè sa. Konsa, yo kontinye plen bòl peche yo ra bouch. Men alafen, kòlè Bondye rive sou yo+.

17 Men, frè nou yo, lè nou te separe ak nou pou yon ti tan an (se kò nou ki te separe ak nou, se pa t kè nou), nou te fè tout sa n kapab pou nou rankontre nou, paske nou te anvi wè nou anpil*. 18 Se pou rezon sa a nou te vle vin lakay nou, wi, mwen menm Pòl, mwen pa t eseye vini yon fwa sèlman, men mwen te eseye vini de fwa, men Satan te bare wout nou. 19 Ki sa ki esperans nou? Ki sa ki jwa nou? Ki sa ki kouwòn ki ban nou anpil kè kontan devan Jezi, Seyè nou an, nan moman prezans li an? An reyalite, èske se pa nou menm+? 20 Wi, se nou menm ki glwa nou, se nou menm ki jwa nou.

3 Se poutèt sa, lè nou pa t ka sipòte sa ankò, nou te wè li pi bon pou nou rete Atèn poukont nou+, 2 e nou te voye Timote+, frè nou an, yon sèvitè Bondye* k ap preche bon nouvèl sou Kris la, pou l ka fè nou vin djanm* e pou l ka konsole nou pou lafwa nou vin pi anfòm, 3 dekwa pou tribilasyon sa yo pa brannen* pèsonn. Paske, nou konnen nou pa ka evite bagay sa yo*+. 4 Lè nou te avèk nou, nou te konn di nou davans nou t ap gen pou nou sibi tribilasyon, e se sa k rive, jan nou konn sa+. 5 Se poutèt sa, lè m pa t ka sipòte sa ankò, mwen te voye pran nouvèl sou fidelite nou+, paske, ou pa janm konnen, Tantatè a+ ta ka tante nou yon fason oswa yon lòt, e travay nou te fè yo te ka pou granmesi.

6 Men, Timote fèk rive kounye a sot lakay nou+, e li ban nou bon nouvèl konsènan fidelite nou ak lanmou nou. Li fè nou konnen kè nou toujou kontan lè nou sonje nou e nou anvi wè nou anpil, menm jan nou menm tou nou anvi wè nou. 7 Se poutèt sa, frè nou yo, nan tout soufrans* nou ak nan tout tribilasyon nou, nou jwenn konsolasyon grasa nou e grasa fidelite nou demontre+. 8 Paske, n ap repran fòs* si nou kenbe fèm nan Seyè a. 9 Anfèt, nou pa konn ki jan pou n di Bondye mèsi pou nou menm pou gwo kè kontan nou fè n genyen devan Bondye nou an! 10 Nou sipliye Bondye ak tout kè nou, lajounen kou lannuit, pou nou ka wè nou an pèsòn* e pou nou ka ajoute sa k manke nan lafwa nou+.

11 Kounye a, nou swete pou Bondye nou an ki Papa nou, ansanm ak Jezi, Seyè nou an, ouvri yon chemen pou nou pou n ka vin jwenn nou. 12 Mete sou sa, nou swete pou Seyè a fè lanmou nou ogmante, wi, pou l fè nou vin gen anpil lanmou youn pou lòt+ e pou nou gen lanmou pou tout moun, menm jan nou menm nou gen lanmou pou nou an. 13 Nou swete pou l fòtifye kè nou, pou l fè nou san repwòch e pou l fè nou vin sen devan Bondye nou an+ ki Papa nou, pandan prezans Jezi, Seyè nou an+, avèk tout sen li yo.

4 Anfen, frè nou yo, menm jan nou te resevwa enstriksyon nan men nou sou fason pou nou mache pou nou ka fè Bondye plezi+, e vrèmanvre se konsa n ap mache, nou mande nou e nou ankouraje nou, nan non Seyè Jezi, pou nou kontinye fè sa plis toujou, 2 paske nou konnen ki enstriksyon* nou te ban nou nan non Seyè Jezi.

3 Paske, volonte Bondye se pou nou vin sen+ e se pou nou evite imoralite seksyèl*+. 4 Chak moun pami nou dwe konnen ki jan pou l gen kontwòl sou pwòp kò l*+ nan sentete+ ak nan onè, 5 san l pa gen dezi seksyèl san kontwòl+, menm jan ak nasyon sa yo ki pa konn Bondye+. 6 Pèsonn pa dwe depase limit li e li pa dwe fè frè l ditò nan kesyon sa a, paske Jewova* bay pinisyon pou tout bagay sa yo, jan nou te deja di nou sa e jan nou te byen avèti nou tou. 7 Paske, Bondye pa t rele nou pou l tolere nou nan salte, men li te rele nou pou nou sen+. 8 Kidonk, moun ki meprize ansèyman sa a, se pa lòm li meprize, men li meprize Bondye+, ki ban nou lespri sen l+.

9 Sepandan, anrapò ak lanmou pou frè yo+, nou pa bezwen nou ekri nou sou sa, paske Bondye anseye nou pou youn renmen lòt+. 10 Anfèt, se sa nou deja ap fè pou tout frè yo nan tout Masedwàn. Men, nou ankouraje nou, frè nou yo, pou nou kontinye fè sa plis toujou. 11 Se pou nou fè tout sa n kapab pou nou viv anpè+, pou nou okipe pwòp zafè nou+ e pou nou travay ak men nou+, jan nou te ban nou enstriksyon pou nou fè a, 12 dekwa pou nou ka mache yon fason ki kòrèk nan je moun ki deyò yo+ e pou nou pa manke anyen.

13 Mete sou sa, frè nou yo, nou pa vle pou nou rete san n pa konn anyen* sou moun k ap dòmi nan lanmò yo+, dekwa pou nou pa nan lapenn menm jan ak lòt moun yo ki pa gen esperans+. 14 Paske, si nou kwè Jezi te mouri e li leve+, konsa tou, nou mèt kwè Bondye ap leve moun k ap dòmi nan lanmò yo pa mwayen Jezi, e l ap mennen yo avèk li+. 15 Paske, men sa n ap di nou ann amoni ak pawòl Jewova*: Nou menm ki vivan k ap viv pandan prezans Seyè a, nou pap janm pran devan moun k ap dòmi nan lanmò yo. 16 Paske, Seyè a li menm ap desann sot nan syèl la ak yon vwa k ap bay lòd, ak yon vwa akanj+, ak twonpèt Bondye, e moun ki mouri ann inyon ak Kris yo ap resisite an premye+. 17 Ansuit, nou menm ki vivan k ap viv toujou, nou pral anlve ansanm avèk yo nan nyaj yo+ pou n rankontre Seyè a+ anlè a, e konsa n ap toujou ak Seyè a+. 18 Kidonk, kontinye konsole nou youn lòt ak pawòl sa yo.

5 Kounye a frè nou yo, kanta pou tan ak epòk bagay sa yo gen pou rive, nou pa bezwen yo ekri nou anyen sou sa. 2 Paske nou menm, nou konn sa byen: jou Jewova* a+ ap vini egzakteman tankou yon vòlè ki vin vòlè lannuit+. 3 Lè yo va di: “Lapè! Sekirite!”, lè sa a, yon destriksyon ap tonbe sou yo sanzatann, nan menm moman an+, menm jan doulè tranche pran yon fi ansent, e pap gen mwayen pou yo chape. 4 Men nou menm, frè nou yo, nou pa nan fènwa, pou jou sa a ta vin sou nou sanzatann tankou lè jou bare vòlè, 5 paske nou tout nou se pitit limyè e nou se pitit lajounen+. Nou pa moun ni lannuit ni fènwa+.

6 Se poutèt sa, ann pa kite dòmi pran nou menm jan ak lòt moun yo+, men annou rete je klè+ e annou rete nan bonsans nou+. 7 Paske, moun k ap dòmi, se lannuit yo dòmi, e moun k ap bwè pou yo sou, se lannuit yo bwè+. 8 Men, kanta pou nou ki moun lajounen, annou rete nan bonsans nou, e annou mete lafwa ak lanmou sou nou kòm pwotèj pwatrin, e kòm kas+, annou mete esperans delivrans lan. 9 Paske, Bondye pa t chwazi nou pou nou sibi kòlè l, men li te chwazi nou pou nou jwenn delivrans+ grasa Jezi Kris, Seyè nou an. 10 Se li ki te mouri pou nou+, dekwa pou nou ka viv ansanm avèk li, kit je nou klè, kit n ap dòmi*+. 11 Kidonk, se pou youn kontinye ankouraje* lòt e se pou youn kontinye fòtifye lòt+, menm jan nou deja ap fè sa.

12 Kounye a, frè nou yo, nou mande nou pou nou montre respè pou moun k ap travay di pami nou, moun k ap dirije nou nan Seyè a e k ap ban nou avètisman. 13 Se pou nou renmen yo anpil e se pou nou gen anpil konsiderasyon pou yo pou travay y ap fè a+. Se pou nou anpè youn ak lòt+. 14 Yon lòt bò, men ki ankourajman n ap ban nou, frè nou yo: avèti moun ki endisipline yo+, pale yon fason pou nou konsole moun ki tris yo*, soutni moun ki fèb yo, pran pasyans ak tout moun+. 15 Veye pou pèsonn pa rann mal pou mal+, men toujou chèche fè sa ki bon youn pou lòt e pou tout moun+.

16 Se pou nou toujou ap rejwi+. 17 Priye toutan+. 18 Di mèsi pou tout bagay+. Se sa Bondye vle nou fè, nou menm k ap suiv Kris Jezi. 19 Pa etenn dife lespri a+. 20 Pa meprize pwofesi yo+. 21 Verifye tout bagay+, sa ki bon an, kenbe l fèm. 22 Evite tout kalite mechanste+.

23 Mwen swete pou Bondye lapè a li menm fè nou vin sen nèt. Frè nou yo, mwen swete pou lespri nou, nanm* nou ak kò nou, ki san defo nan tout domèn, rete san repwòch pandan prezans Jezi Kris, Seyè nou an+. 24 Sila a ki rele nou an fidèl, e se sèten l ap fè sa.

25 Frè nou yo, kontinye priye pou nou+.

26 Salye tout frè yo ak yon bo ki demontre lanmou.

27 M ap ban nou responsablite nan non Seyè a pou nou fè li lèt sa a pou tout frè yo+.

28 Mwen swete pou favè san parèy Jezi Kris, Seyè nou an, ansanm avèk nou.

Yo rele l Silas tou.

Gade Apendis A5.

Oswa: “mete kouraj”.

Se kapab tou: “nan mitan anpil konba”.

Oswa: “ancheri”.

Lit.: “byen kontan”.

Oswa: “nanm”.

Lit.: “wè figi nou”.

Se kapab tou: “yon konpayon travay Bondye”.

Oswa: “pou l ka fòtifye nou”.

Lit.: “balanse”.

Oswa: “nou konnen yo chwazi nou pou sa”.

Lit.: “tout nesesite”.

Lit.: “n ap vivan”.

Lit.: “pou nou ka wè figi nou”.

Oswa: “ki lòd”.

Mo grèk la se pòneya. Gade Lis mo yo esplike yo.

Lit.: “pwòp veso l”.

Gade Apendis A5.

Oswa: “san n pa gen enfòmasyon”.

Gade Apendis A5.

Gade Apendis A5.

Oswa: “n ap dòmi nan lanmò”.

Oswa: “kontinye konsole”.

Oswa: “moun ki dekouraje yo”. Lit.: “moun ki gen ti nanm yo”.

Oswa: “lavi”. Gade Lis mo yo esplike yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje