LÈT PÒL TE EKRI KRETYEN EBRE YO
1 Nan tan lontan, Bondye te sèvi ak pwofèt yo pou l pale ak zansèt nou yo yon pakèt fwa, e li te fè sa divès fason+. 2 Kounye a, nan fen jou sa yo, li sèvi ak Pitit li a+ li mete eritye tout bagay pou l pale ak nou+, e se avè l li te sèvi pou l fè sistèm yo*+. 3 Pitit sa a se reflè glwa Bondye+, li se pòtre egzak sa Bondye ye a menm+, e li soutni tout bagay ak pawòl li ki pisan. E, apre li fin pirifye nou anba peche+, li chita adwat Majeste a anwo nan syèl la+. 4 Konsa, li vin siperyè zanj yo+, e sa fè li resevwa* yon non ki pi bon lontan pase non pa yo+.
5 Pa egzanp, kiyès nan zanj yo Bondye janm di: “Ou se pitit gason m. Jodi a, mwen vin papa w+”? Oubyen ankò: “M ap vin papa l, e l ap vin pitit gason m+”? 6 Men, lè l voye premye Pitit li a+ yon lòt fwa ankò nan monn nan*, li di: “Se pou tout zanj Bondye yo pwostène devan l.”
7 Epitou, konsènan zanj yo, li di: “Li sèvi ak zanj yo antanke fòs ki pisan*, li fè sèvitè* li yo+ tounen yon flanm dife+.” 8 Men, konsènan Pitit la, li di: “Bondye se twòn ou+ pou tout tan gen tan, e baton Wayòm ou an se yon baton ladwati*. 9 Ou renmen sa ki jis e w rayi sa lalwa kondane. Se poutèt sa, Bondye, Bondye w la, chwazi w+, li vide luil sou tèt ou e li ba w plis kè kontan pase konpayon w yo+.” 10 Epi li di: “O Seyè, ou te poze fondasyon tè a depi okòmansman, e syèl la se travay ou fè ak men w. 11 Yo menm, y ap peri, men ou menm, w ap ret la nètale. Menm jan ak yon rad, yo tout ap vin ize, 12 e w ap vlope yo tankou yon manto. W ap chanje yo tankou rad. Men ou menm, ou rete menm jan an, e lavi w pap janm fini+.”
13 Men, kiyès nan zanj yo li janm di: “Chita adwat mwen jiskaske mwen mete ènmi w yo anba pye w tankou yon ti ban+”? 14 Èske yo tout se pa espri ki la pou yon sèvis sakre*+? Èske Bondye pa voye yo pou yo sèvi moun ki pral jwenn* delivrans yo?
2 Se poutèt sa, nou fèt pou nou bay sa nou te tande yo plis atansyon pase sa nou abitye bay+, yon fason pou anyen pa janm pote nou ale+. 2 Paske, si pawòl zanj te transmèt yo+ se te pawòl ki sèten, e si se ann amoni ak sa ki jis yo te bay pinisyon pou tout vyolasyon lalwa ak tout dezobeyisans+, 3 kòman n ap fè chape, si nou neglije yon kokenn delivrans konsa+? Paske, se Seyè nou an ki te kòmanse anonse l+ e moun ki te tande Seyè a te pale nou de sa, 4 e anmenmtan, Bondye te sèvi ak siy ansanm ak mèvèy ak divès kalite mirak*+ e avèk lespri sen li distribye selon volonte l pou l ajoute temwayaj pa l+.
5 Paske, se pa devan zanj li fè tè k ap vini an soumèt+, sètadi tè n ap pale de li a. 6 Okontrè, men sa yon temwen te ekri yon lè: “Ki sa lòm ye pou w ap sonje l? Ki sa pitit lòm ye pou w ap pran swen l+? 7 Ou fè l vin yon tikras pi ba pase zanj yo. Ou ba l glwa ak onè kòm kouwòn, e ou etabli l sou bagay ou fè ak men w. 8 Ou fè tout bagay soumèt anba pye l+.” Piske Bondye fè tout bagay soumèt devan l+, pa ret anyen li pa fè soumèt devan l+. Sepandan, kounye a nou poko wè tout bagay soumèt devan l+. 9 Men, nou wè Jezi, ki te desann yon tikras pi ba pase zanj yo+, resevwa kouwòn glwa ak onè kounye a poutèt li te soufri jis li mouri+, yon fason pou l te ka goute lanmò pou tout moun grasa favè san parèy Bondye a+.
10 Tout bagay egziste pou glwa Bondye, e se grasa li tout bagay egziste. Se sa k fè, lè li t ap fè anpil pitit li jwenn glwa+, li te toutafè nòmal pou l fè moun ki se Gid prensipal ki pèmèt yo jwenn delivrans lan+ vin pafè nan soufrans+. 11 Paske, ni moun k ap fè moun vin sen an+, ni moun yo fè vin sen yo, yo tout soti nan menm Papa a+, e se pou rezon sa a li pa wont rele yo frè+, 12 lè l di: “M ap fè frè m yo konn non w. M ap chante louwanj pou ou nan mitan kongregasyon an+.” 13 Men sa l di ankò: “M ap mete konfyans mwen nan li+.” Epi l di ankò: “Gade! Mwen ansanm ak timoun yo, timoun Jewova* ban mwen yo+.”
14 Se sa k fè, piske “timoun” yo gen san ak chè, li menm tou, li te vin gen san ak chè+, dekwa pou, grasa lanmò li, li ka detwi sila a ki gen mwayen pou l lakòz lanmò a+, anpalan de Dyab la+, 15 e pou l ka libere tout moun ki te nan esklavaj pandan tout vi yo poutèt yo te pè lanmò+. 16 Paske an reyalite, se pa zanj l ap ede, men se desandans* Abraram nan+. 17 Konsa, li te oblije vin tankou “frè” l yo nan tout domèn+, pou l ka vin yon gran prèt ki gen mizèrikòd e ki fidèl nan sèvis Bondye, yon fason pou l bay yon sakrifis pou peche pèp la+, yon sakrifis ki rekonsilye yo ak Bondye*+. 18 Piske li menm li te soufri lè l te anba eprèv+, li anmezi pou l pote moun ki anba eprèv yo sekou+.
3 Se sa k fè, frè m yo, nou menm ki sen, nou menm yo te rele* pou n al nan syèl la+, reflechi seryezman sou sila a Bondye te voye a*, gran prèt nou deklare nou konnen an: Jezi+. 2 Li te fidèl anvè Sila a ki te voye l e ki te mete l gran prèt la+, menm jan Moyiz te fidèl tou nan tout kay Bondye a+. 3 Paske, li* merite plis glwa+ pase Moyiz, etandone yon moun ki bati yon kay gen plis onè pase kay la. 4 Natirèlman, chak kay gen yon moun ki fè l, men, moun ki fè tout bagay se Bondye. 5 Moyiz te fidèl antanke sèvitè nan tout kay Bondye a, e sèvis li a se te yon temwayaj pou bagay yo t apral di annapre yo, 6 men, Kris te fidèl antanke yon pitit+ ki alatèt kay Bondye a. Nou se kay Bondye a+ si vrèmanvre nou kontinye pale avèk kran* e si nou kenbe esperans ki fè nou fyè a byen fèm jiska lafen.
7 Se poutèt sa, tankou sa ekri anba enfliyans lespri sen*+: “Jodi a, si nou koute vwa Bondye, 8 pa fè tèt di, tankou lè zansèt nou yo te fè m fè gwo kòlè a, tankou jou yo te pase m anba eprèv nan dezè a+, 9 lè yo te pase m anba eprèv la e lè yo te teste m nan, byenke yo te wè sa m te fè pandan 40 an+. 10 Se poutèt sa, mwen te vin gen degoutans pou jenerasyon sa a e mwen te di: ‘Yo toujou ap suiv move lide yo gen nan kè yo, e yo pa rive konnen chemen m yo.’ 11 Se sa k fè, mwen te an kòlè, e mwen te fè sèman: ‘Yo pap antre nan repo m nan+.’”
12 Fè atansyon, frè m yo, yon fason pou okenn nan nou pa vin gen yon kè ki mechan, yon kè ki manke lafwa, poutèt li kite Bondye vivan an+. 13 Men, se pou youn kontinye ankouraje lòt chak jou, toutotan nou ka rele chak jou “Jodi a+”, dekwa pou pouvwa peche genyen pou l twonpe moun pa fè okenn nan nou ap fè tèt di. 14 Paske, an reyalite, n ap vin patisipe nan sa Kris patisipe yo, si sèlman nou kenbe konfyans nou te genyen okòmansman an fèm, jiska lafen+. 15 E men sa ki te di: “Jodi a, si nou koute vwa Bondye, pa fè tèt di, tankou lè zansèt nou yo te fè m fè gwo kòlè a+.”
16 Ki moun sa yo ki te tande, epoutan ki te fè Bondye fè gwo kòlè a? Èske se pa tout moun ki te sot nan peyi Ejip ansanm ak Moyiz yo+? 17 Anplis de sa, ki moun ki te bay Bondye degoutans pandan 40 an+? Èske se pa moun ki te peche yo, moun kadav yo te rete nan dezè a+? 18 Epitou, lè Bondye te fè sèman yo pa t ap antre nan repo l la, ak kiyès li t ap pale? Èske se pa t ak moun ki te dezobeyi yo? 19 Kidonk, nou wè yo pa t ka antre nan repo l la akoz yo pa t gen lafwa+.
4 Donk, piske pwomès pou moun antre nan repo l la toujou la, annou pran prekosyon* pou okenn nan nou pa parèt rate l+. 2 Paske, yo te anonse nou bon nouvèl la tou, menm jan yo te anonse yo li+. Men, pawòl yo te tande a pa t itil yo anyen, paske yo pa t gen lafwa jan moun ki te obeyi yo te gen lafwa a. 3 Anfèt, nou menm ki demontre lafwa, nou antre nan repo a toutbon. Se konsènan repo sa a li te di: “Se sa k fè, mwen te an kòlè, e mwen te fè sèman: ‘Yo pap antre nan repo m nan+’”, byenke travay li yo te fini depi lè monn nan te fonde*+. 4 Paske, men sa li di nan yon pasaj nan Ekriti yo konsènan setyèm jou a: “Bondye te pran repo setyèm jou a nan tout travay li t ap fè yo+.” 5 E men sa pasaj sa a di ankò: “Yo pap antre nan repo m nan+.”
6 Kidonk, etandone gen kèk moun ki poko antre nan repo a, e etandone moun yo te anonse bon nouvèl la an premye yo pa t antre ladan l paske yo te dezobeyi+, 7 yon bon bout tan apre, li fikse yon jou ankò lè li di nan sòm David la: “Jodi a”, jan sa te parèt deja nan lèt la: “Jodi a, si nou koute vwa Bondye, pa fè tèt di+.” 8 Paske, si Jozye+ te mennen yo yon kote pou yo repoze, Bondye pa t ap bezwen pale de yon lòt jou apre sa. 9 Donk, rete yon repo ki tankou yon saba pou pèp Bondye a+. 10 Paske, moun ki antre nan repo Bondye a pran repo nan travay pa l tou, menm jan Bondye pran repo nan travay li+.
11 Kidonk, ann fè tout sa nou kapab pou nou antre nan repo sa a, dekwa pou yon moun pa tonbe poutèt l al suiv menm egzanp dezobeyisans lan+. 12 Paske, pawòl Bondye a vivan e li pisan+, li pi file pase yon epe ki file de bò+, epi li pèse fon jis li separe nanm* nan ak lespri* a, jwenti yo ak mwèl yo, e li kapab rive wè panse ak entansyon ki nan kè yon moun. 13 E pa gen anyen nan kreyasyon an ki kache devan je Bondye+, men, tout bagay ekspoze aklè, san anyen pa kouvri yo, devan je Sila a nou gen kont pou nou rann nan+.
14 Kidonk, piske se yon gran prèt konsa nou genyen ki al nan syèl la, anpalan de Jezi, Pitit Bondye a+, annou kontinye fè konnen lafwa nou gen nan li+. 15 Paske, nou pa gen yon gran prèt ki pa ka konprann feblès nou+, men nou gen yon gran prèt ki te pase anba eprèv nan tout domèn, menm jan avèk nou, men ki san peche+. 16 Kidonk, annou pwoche bò kote twòn favè san parèy la e annou alèz pou n priye Bondye+ pou nou ka resevwa mizèrikòd e pou nou ka jwenn favè san parèy la k ap ede nou nan bon moman.
5 Paske, chak gran prèt yo pran pami lèzòm, yo mete l pou l fè sèvis Bondye an favè lèzòm+, pou l ka fè ofrann e pou l ka fè sakrifis pou peche+. 2 Li kapab aji avèk konpasyon* ak moun ki pa konnen ansanm ak moun ki fè erè*, etandone li menm tou li gen* pwòp feblès pa l. 3 Akoz feblès sa yo, li oblije fè ofrann pou peche pa l, menm jan l fè ofrann pou peche pèp la+.
4 Yon moun pa ka bay tèt li onè sa a, men li resevwa l sèlman lè Bondye rele l, menm jan l te fè sa pou Arawon+. 5 Se konsa tou, se pa Kris ki te bay tèt li glwa+ lè l te vin gran prèt, men li te resevwa glwa nan men Sila a ki te di l: “Ou se pitit gason m. Jodi a, mwen vin papa w+.” 6 Men sa li te di yon lòt kote: “Ou se prèt pou toutan, menm jan ak Mèlkisedèk+.”
7 Pandan Kris t ap viv sou tè a*, se avèk gwo rèl ak dlo nan je li te fè siplikasyon ansanm ak demann+ nan pye Sila a ki te ka sove l anba lanmò a. E Bondye te tande l, paske li te gen lakrentif pou Li. 8 Aktout li te yon pitit Li, li te aprann obeyisans nan bagay li te sibi yo+. 9 E lè l fin konplè nèt+, li vin pèmèt tout moun ki obeyi l jwenn delivrans pou toutan+, 10 paske Bondye te rele l pou l vin gran prèt, menm jan ak Mèlkisedèk+.
11 Nou gen anpil bagay pou nou di konsènan li menm, e li difisil pou nou esplike yo, paske nou vin mal pou nou konprann*. 12 Alòske kounye a* se anseyan nou ta dwe ye, yon lòt fwa ankò nou bezwen pou yon moun anseye nou bagay de baz+ ki gen nan deklarasyon sakre Bondye yo, depi nan kòmansman, e nou vin retounen bezwen lèt ankò, olye nou bezwen gwo manje. 13 Paske, tout moun ki rete nan bwè lèt pa konn pawòl ki ann amoni ak sa ki jis, paske yo se timoun piti+. 14 Men, gwo manje se pou moun ki gen matirite, pou moun ki rive fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal paske yo antrene kapasite yo genyen pou yo konprann nan* afòs yo sèvi avè l.
6 Kidonk, piske kounye a nou kite doktrin de baz+ nou te aprann sou Kris yo dèyè, ann fè efò pou nou vin gen matirite+, san nou pa retounen poze baz ankò, tankou: repantans pou zèv ki san valè ak lafwa nan Bondye, 2 ansèyman sou batèm ak poze men sou moun+, rezirèksyon mò+ ak jijman etènèl. 3 E se sa n ap fè, si Bondye pèmèt sa.
4 Paske, kanta pou moun ki te deja fin jwenn limyè+, ki te goute kado ki sot nan syèl la, ki te vin resevwa lespri sen 5 e ki te goute bèl pawòl Bondye a ak bagay pisan ki gen rapò ak sistèm k ap vini an*, 6 men ki vin tonbe+, li enposib pou yo fè yo retounen repanti. Paske, moun sa yo, yo menm, yo kloure Pitit Bondye a sou poto a ankò, e yo ekspoze l kòm yon wont piblik+. 7 Paske, tè a resevwa yon benediksyon nan men Bondye lè li bwè dlo lapli ki tonbe sou li souvan e apre sa li fè plant pouse k ap itil moun ki travay li a. 8 Men, si tè sa a se pikan ak chadwon l bay, y ap abandone l, yo sanlè modi l, e alafen y ap boule l.
9 Men, frè byenneme m yo, menmsi se konsa n ap pale, nou sèten, nan ka pa nou, gen pi bon bagay k ap tann nou, bagay k ap mennen nan delivrans. 10 Paske, Bondye pa enjis pou l ta bliye travay nou fè ak lanmou nou demontre pou non l+ lè nou ede* moun ki sen yo e nou kontinye ap ede yo. 11 Men, nou ta renmen pou nou chak demontre menm devouman an, yon fason pou nou ka gen yon asirans total nan esperans lan+ jiska lafen+. 12 Konsa, nou pap vin parese+, men n ap imite moun ki eritye pwomès yo grasa lafwa ak pasyans yo te genyen.
13 Paske, lè Bondye te fè Abraram pwomès la, li te fè sèman sou tèt li, piske pa gen pèsonn ki pi gran pase l pou l ta fè sèman devan l+, 14 lè l te di: “San mank m ap beni w e san mank m ap fè desandan w yo vin anpil+.” 15 Konsa, se apre Abraram te fin demontre li gen pasyans, li te jwenn pwomès sa a. 16 Paske, moun fè sèman devan yon moun ki pi gran pase yo, e sèman yo fè a met fen nan tout diskisyon, piske li se yon garanti legal pou yo+. 17 Se konsa, lè Bondye te deside bay moun ki t apral benefisye* pwomès la+ plis prèv toujou konsènan objektif* li ki pa ka chanje, li te bay garanti sou sa lè li te fè yon sèman, 18 dekwa pou, grasa de bagay sa yo ki pa ka chanje, bagay li enposib pou Bondye bay manti ladan yo+, nou menm ki kouri al nan refij la, nou ka resevwa yon gwo ankourajman pou nou kenbe esperans yo met devan nou an fèm. 19 Esperans sa a nou genyen an+ tankou yon lank batiman pou nanm nou*, li sèten e anmenmtan li solid, e li travèse rido a+, 20 kote Jezi antre an premye pou l ouvri chemen an pou nou+, li menm ki vin gran prèt pou toutan, menm jan ak Mèlkisedèk+.
7 Mèlkisedèk sa a, se te wa Salèm, se te prèt Bondye, Sila a ki nan pi gwo pozisyon an. Li t al rankontre Abraram lè Abraram te sot touye wa yo, e li te beni l+. 2 E Abraram te ba l yon dizyèm nan tout sa l genyen. Toudabò, non Mèlkisedèk la, lè yo tradui l, li vle di: “Wa jistis”. E li se wa Salèm tou, sa vle di: “Wa lapè”. 3 Piske li pa gen papa, li pa gen manman, li pa gen zansèt, moun pa konn ki lè l fèt ni ki lè l mouri*, e yo te fè l vin tankou Pitit Bondye a, li rete prèt pou toutan+.
4 Èske nou wè jan mesye sa a te gran, mesye sa a Abraram, papa zansèt nou yo, te bay yon dizyèm nan pi bon bagay li te pran nan batay la+? 5 Se vre, dapre Lalwa, mesye ki soti nan pitit Levi yo+, ki okipe fonksyon prèt yo, resevwa lòd pou yo ranmase dizyèm yo nan men pèp la+, sa vle di nan men frè yo, menmsi moun sa yo se desandan* Abraram. 6 Men, mesye sa a ki pa soti nan fanmi Levi te resevwa yon dizyèm nan men Abraram, e li te beni Abraram, li menm ki te resevwa pwomès yo+. 7 E pa gen diskisyon nan sa, se moun ki pi gran an ki beni moun ki pi piti a. 8 E nan premye ka a, se moun ki gen pou yo mouri ki resevwa dizyèm yo bay yo, men nan lòt ka a, se yon moun Ekriti yo sètifye k ap viv ki resevwa yo+. 9 Konsa tou yo te ka di: Lè Abraram te peye dizyèm nan, menm Levi k ap resevwa dizyèm yo te peye dizyèm tou, 10 paske li te nan ren gran granpapa l toujou lè Mèlkisedèk t al rankontre l la+.
11 Donk, si moun t ap rive jwenn pèfeksyon grasa travay prèt ki soti nan fanmi Levi yo+ ap fè a (paske travay yo a fè pati Lalwa yo te bay pèp la), ki nesesite ki t ap gen ankò pou yon lòt prèt ta vini, yon prèt yo di ki menm jan ak Mèlkisedèk+, men yo pa di ki menm jan ak Arawon? 12 Piske travay prèt yo te konn fè a ap chanje, li vin nesesè pou Lwa a chanje tou+. 13 Paske, moun yo di bagay sa yo de li a soti nan yon lòt tribi, yon tribi ki pa gen pèsonn k ap fè sèvis sou lotèl la+. 14 Dayè, se bagay tout moun konnen, Seyè nou an te soti nan Jida+, epoutan Moyiz pa t pale de prèt ki t ap soti nan tribi sa a.
15 E sa vin pi klè toujou lè yon lòt prèt+ menm jan ak Mèlkisedèk vini+. 16 Li pa vin prèt dapre kòmandman ki gen rapò ak yon desandan nan lachè, men li vin prèt dapre pouvwa yon lavi ki pa ka detwi+. 17 Paske, men temwayaj yo bay: “Ou se prèt pou toutan, menm jan ak Mèlkisedèk+.”
18 Konsa, kòmandman ki te la anvan an vin anile akoz feblès li genyen e poutèt li pa efikas+. 19 Paske, Lalwa pa fè anyen vin pafè+. Men, sa ki fè bagay yo pafè, se yon pi bèl espwa ki vin genyen+, sa ki pèmèt nou pwoche bò kot Bondye+. 20 Epitou, menm jan sa pa t fèt san yon sèman 21 (paske an reyalite, gen moun ki vin prèt san pa gen sèman ki fèt, men moun sa a vin prèt grasa sèman Sila a te fè konsènan moun sa a, lè l te di: “Jewova* fè sèman e li pap chanje lide*: ‘Ou se prèt pou toutan+’”), 22 konsa, Jezi vin tounen yon garanti* pou yon pi bon alyans+. 23 Anplis de sa, anpil moun te oblije vin prèt youn apre lòt+, paske lanmò te anpeche yo kontinye sèvi antanke prèt. 24 Men, kòm l ap kontinye viv pou toutan+, li gen fonksyon prèt li a san l pa gen okenn moun pou ranplase l. 25 Se sa k fè tou, moun ki pwoche bò kot Bondye grasa li, li kapab sove yo totalman, paske l ap toujou vivan pou l sipliye pou yo+.
26 Anfèt, se yon gran prèt konsa nou te bezwen, yon gran prèt ki fidèl, ki inosan, ki san tach+, ki pa tankou pechè yo e ki pi wo pase syèl la+. 27 Li pa bezwen ofri sakrifis chak jou+ menm jan gran prèt sa yo fè pou pwòp peche pa yo toudabò, e ansuit pou peche pèp la+, paske li te fè sa yon fwa pou tout, lè l te bay tèt li kòm sakrifis la+. 28 Paske, Lalwa mete moun ki gen feblès kòm gran prèt+, men, pawòl ki mache ak sèman an+, pawòl ki vini apre Lalwa a mete Pitit Bondye a gran prèt, li menm ki pafè+ pou toutan.
8 Kounye a, men sa ki pi enpòtan nan sa n ap di la a: Se yon gran prèt konsa nou genyen+, e li chita adwat twòn Majeste a nan syèl la+. 2 Li se yon sèvitè* k ap sèvi nan Kote ki pi sen an nan vrè tant lan+, tant se pa lòm ki bati l la, men se Jewova* ki bati l. 3 Paske, chak gran prèt la pou fè ofrann ak sakrifis. Se poutèt sa, li te nesesè pou li menm tou, li gen yon bagay pou l ofri+. 4 Si l te sou tè a, li pa t ap prèt+, piske sou tè a deja gen yon seri prèt k ap fè ofrann, jan Lalwa mande sa. 5 Sèvis sakre prèt sa yo ap bay la se kopi egzak bagay ki nan syèl la+, e se lonbray+ bagay sa yo, jan kòmandman Bondye te bay Moyiz lè Moyiz t apral konstwi tant lan montre sa. Paske, men sa Bondye te di: “Veye pou w fè tout bagay dapre modèl yo te montre w nan mòn nan+.” 6 Men kounye a, Jezi jwenn yon sèvis* pou l akonpli ki pi bon lontan, konsa, li vin medyatè+ yon alyans ki pi bon tou+, yon alyans ki etabli legalman sou pwomès ki pi bon+.
7 Si premye alyans lan pa t gen fay, pa t ap bezwen gen yon dezyèm+. 8 Se fay Bondye jwenn nan pèp la ki fè l di: “‘Gade! Gen jou k ap vini’, se sa Jewova* di, ‘kote m ap fè yon nouvo alyans ak moun Izrayèl yo ansanm ak moun Jida yo. 9 Alyans sa a pap menm jan ak alyans mwen te fè ak zansèt yo lè mwen te pran men yo e mwen te fè yo soti nan peyi Ejip la+, paske yo pa t ret fidèl ak alyans mwen an, sa ki te fè m sispann pran swen yo.’ Se sa Jewova* di.”
10 “‘Paske, men alyans m ap fè avèk moun Izrayèl yo apre jou sa yo: M ap mete lwa m yo nan lespri yo e m ap ekri yo nan kè yo+. Wi, m ap vin Bondye yo e yo menm y ap vin pèp mwen+.’ Se sa Jewova* di.
11 “‘Lè sa a, pap gen moun k ap anseye sitwayen parèy li ankò, e yon frè pap anseye yon frè l ankò, pou l di l: “Aprann konnen Jewova*.” Paske, yo tout ap konnen m, timoun kou granmoun. 12 Paske, m ap fè yo mizèrikòd pou bagay mal yo fè, e mwen pap sonje peche yo ankò+.’”
13 Lè l di “yon nouvo alyans” lan, li fè ansyen an pase mòd+. Kounye a, sa ki pase mòd la e ki vyeyi a prèske disparèt+.
9 Ansyen alyans lan, bò kote pa l, te gen yon seri bagay Lalwa egzije sou sèvis sakre a, e li te gen yon kote ki sakre+ sou tè a ki te sèvi pou adorasyon. 2 An reyalite, yo te fè yon premye pyès nan tant lan, e ladan l te gen pòtlanp lan+, e te gen tab la ak pen yo konn prezante devan Bondye yo+. Yo rele pyès sa a Kote ki sen an+. 3 Men, dèyè dezyèm rido a+, te gen lòt pyès ki nan tant lan yo rele Kote ki pi sen an+. 4 Pyès sa a te gen yon ansanswa annò+ ladan l ansanm ak lach alyans lan+ ki te kouvri nèt ak lò+, e anndan Lach la, te gen ja annò a ki te gen lamàn nan+ ak baton Arawon ki te boujonnen an+, ak wòch plat+ ki te gen alyans lan. 5 Sou tèt Lach la, te gen cheriben yo ki gen glwa, e lonbray yo te kouvri kouvèti* Lach la+. Men, kounye a, se pa moman pou nou pale sou bagay sa yo an detay.
6 Apre yo te fin konstwi bagay sa yo nan fason sa a, se toutan prèt yo te konn antre nan premye pyès tant lan pou yo akonpli travay ki gen nan sèvis sakre a+. 7 Men, se sèl gran prèt la ki antre nan dezyèm pyès la yon fwa pa ane+. Li toujou antre ak san+, e li prezante san sa a ni pou tèt li+, ni pou peche pèp la fè+ san yo pa konnen. 8 Konsa, selon sa lespri sen fè nou wè, chemen ki mennen nan Kote ki pi sen an* pa t parèt aklè pandan premye tant lan te anplas+. 9 Tant sa a se yon senbòl ki gen rapò ak tan ki fikse a, tan nou ye kounye la a+, e yo kontinye ofri Bondye ni kado ni sakrifis ann amoni ak dispozisyon sa a+. Sepandan, bagay sa yo pa ka bay moun k ap fè sèvis sakre a yon konsyans ki klè+. 10 Yo gen rapò sèlman ak manje, ak bwason ak divès batèm*+. Se bagay Lalwa te egzije ki konsène kò a+, e moun te oblije suiv yo jiskaske tan ki fikse pou yo mete bagay yo annòd la rive.
11 Sepandan, lè Kris te vini antanke gran prèt ki te fè yon seri bon bagay rive, li te antre nan tant ki gen plis valè e ki pi pafè a, tant ki pa fèt ak men an, sa vle di ki pa soti nan kreyasyon sa a. 12 Li pa t antre nan Kote ki pi sen an ak san kabrit, ni ak san jenn towo bèf, men se ak pwòp san pa l+ li te antre, yon fwa pou tout, e li te jwenn yon delivrans* pou nou pou toutan+. 13 Paske, si san kabrit ak san towo bèf+ ansanm ak sann jenn gazèl bèf yo konn voye sou moun ki pa t pwòp ka fè yo vin sen pou pirifye chè yo+, 14 nou pa bezwen mande ki jan san Kris la+, Kris ki te ofri tèt li san tach bay Bondye grasa yon espri ki etènèl, ap netwaye konsyans nou pou li retire zèv ki san valè yo+, yon fason pou nou ka bay Bondye vivan an yon sèvis sakre+!
15 Se poutèt sa, li se medyatè yon nouvo alyans+, dekwa pou moun ki resevwa apèl yo ka resevwa pwomès pou yo jwenn yon eritaj etènèl+. Tout sa vin posib paske li te mouri pou yo te ka jwenn liberasyon yo, grasa ranson an+, anba fot ki te fèt sou ansyen alyans lan. 16 Paske, depi gen alyans ak Bondye, se pou yo bay prèv moun ki fè alyans lan mouri. 17 Paske, se lè gen lanmò*, alyans lan vin gen valè, etandone li pap gen valè toutotan moun ki fè alyans lan vivan. 18 Se poutèt sa, ansyen alyans lan tou pa t ap gen valè* si pa t gen san ki te koule. 19 Paske, lè Moyiz te di tout pèp la chak kòmandman, jan yo ye nan Lalwa a, li te pran san jenn towo bèf ansanm ak san kabrit ak dlo ak lenn wouj vif ansanm ak izòp*, e li te wouze liv la* ansanm ak tout pèp la, 20 epi li di: “Sa a se san alyans Bondye ban nou lòd pou nou respekte a+.” 21 Menm jan an tou, li wouze tant lan ansanm ak tout veso ki la pou sèvis sakre a* ak san an+. 22 Wi, selon Lalwa, san pirifye prèske tout bagay, e si pa gen san ki koule+, pa ka gen padon+.
23 Kidonk, li te nesesè pou kopi egzak+ bagay ki nan syèl la te pirifye grasa sakrifis bèt yo+. Men, pou bagay ki nan syèl la pirifye, sa mande sakrifis ki pi bon lontan. 24 Paske, Kris pa t antre nan yon kote ki sen ki fèt ak men+, ki se kopi sa ki vrè a+. Men, se nan syèl la menm li te antre+ pou l parèt kounye a pou nou devan* Bondye+. 25 Li pa t fè sa pou l te ka ofri tèt li yon pakèt fwa, jan gran prèt la fè sa lè l antre nan Kote ki pi sen an chak ane+ ansanm ak san ki pa san pa l. 26 Si se te sa, li t ap oblije soufri yon pakèt fwa depi monn nan te fonde*. Men kounye a, li parèt yon fwa pou tout nan fen sistèm yo* pou l elimine peche grasa pwòp tèt pa l li bay kòm sakrifis+. 27 E piske se yon sèl fwa moun fèt pou yo mouri, epi apre sa y ap resevwa yon jijman, 28 konsa tou, Kris te ofri tèt li yon sèl fwa pou l pote peche anpil moun+. E dezyèm fwa l ap parèt la, sa pap gen anyen pou wè ak peche, e se moun ki chofe ap tann li vin delivre yo k ap wè l+.
10 Piske Lalwa se sèlman lonbray+ bon bagay ki gen pou vini yo+, men se pa bagay yo vre, li* pap janm ka fè moun k ap pwoche bò kote Bondye yo vin pafè ak menm sakrifis yo kontinye ap ofri chak ane yo+. 2 Si l te ka fè sa, èske moun pa t ap sispann ofri sakrifis? Paske, yonfwa moun k ap bay sakrifis yo* ta pirifye, yo pa t ap santi yo koupab ankò pou peche yo. 3 Okontrè, sakrifis sa yo fè yo sonje peche yo ane apre ane+, 4 paske li pa posib pou san towo bèf ak san kabrit retire peche.
5 Se poutèt sa, lè Kris vini nan monn nan, li di: “‘Se pa sakrifis ak ofrann ou te vle, men ou te prepare yon kò pou mwen. 6 Ou pa t pran plezi nan sakrifis yo boule nèt ak nan sakrifis pou peche+.’ 7 Apre sa, mwen di: ‘Gade! Mwen vini (se sa ki ekri nan woulo a* konsènan mwen) pou m fè volonte w, o Bondye+.’” 8 Toudabò, li di: “Ou pa t vle ni sakrifis, ni ofrann, ni sakrifis yo boule nèt, ni sakrifis pou peche, e ou pa t pran plezi nan sakrifis sa yo”, yon seri sakrifis yo bay selon Lalwa, 9 apre sa, li di: “Gade! Mwen vini pou m fè volonte w+.” Konsa, li elimine premye yo pou l ka tabli dezyèm nan. 10 Nou vin sen grasa “volonte” sa a+, paske Jezi Kris te bay kò l kòm ofrann yon fwa pou tout+.
11 Epitou, chak prèt al nan travay yo chak jou pou yo bay yon sèvis sakre*+ e pou yo fè menm sakrifis yo plizyè fwa+, piske sakrifis sa yo pap janm ka fin retire peche+. 12 Men, moun sa a te ofri yon sèl sakrifis pou peche, ki valab pou toutan, e li chita adwat Bondye+. 13 Depi lè sa a, l ap tann jiskaske Bondye mete ènmi l yo tankou yon ti ban anba pye l+. 14 Paske, moun l ap fè vin sen yo, se avèk yon sèl ofrann li bay kòm sakrifis l ap fè yo vin pafè+ pou toutan. 15 Anplis de sa, lespri sen ban nou temwayaj tou lè li di: 16 “‘Men alyans m ap fè avèk yo apre jou sa yo: M ap mete lwa m yo nan kè yo e m ap ekri yo nan lespri yo+.’ Se sa Jewova* di.” 17 Ansuit, li di: “Mwen pap sonje peche yo ak move aksyon yo fè yo ankò+.” 18 E lè bagay sa yo jwenn padon, pa bezwen gen ofrann pou peche ankò.
19 Kidonk, frè nou yo, piske nou gen yon konfyans total nan wout ki mennen nan Kote ki pi sen an+ grasa san Jezi, 20 wout li ouvri* pou nou tankou yon wout ki tounèf e ki mennen nan lavi ki pap janm fini an, wout ki pase nan rido a+, sètadi nan chè li, 21 e piske nou gen yon gran prèt ki alatèt kay Bondye a+, 22 annou pwoche bò kote Bondye ak tout kè nou e avèk yon lafwa total, piske nou pirifye* kè nou ak move konsyans nou te genyen an+, e nou lave kò nou ak yon dlo ki pwòp+. 23 Annou kenbe fèm nan pwoklame esperans nou genyen an, san nou pa brannen+, paske sila a ki fè pwomès la fidèl. 24 Epi annou voye je youn sou lòt*, pou youn pouse lòt gen lanmou, pou youn pouse lòt fè bèl aksyon+, 25 san nou pa abandone reyinyon nou+, jan se abitid kèk moun, men annou youn ankouraje lòt+, e se pou n fè sa plis toujou, vin jwenn nou wè se pwoche jou a ap pwoche+.
26 Paske, si nou fè espre n ap pratike peche apre nou fin resevwa konesans egzak sou verite a+, pa rete okenn sakrifis ankò pou peche nou yo+, 27 men, gen yon jijman terib k ap tann nou, e gen yon endiyasyon ki tankou yon dife ki pral kankannen moun ki opoze yo+. 28 Si lè yon moun dezobeyi Lalwa Moyiz la, depi de moun oswa twa moun temwaye kont li, y ap touye l san pitye+, 29 nou pa bezwen mande ki pinisyon sevè yon moun merite poutèt li pase Pitit Bondye a anba pye, poutèt li konsidere san alyans+ ki te fè l vin sen an kòm yon bagay ki òdinè e poutèt li derespekte lespri Bondye ki bay favè san parèy la+! 30 Paske, nou konnen Sila a ki te di: “Vanjans se pou mwen. Se mwen k ap fè yo peye pou sa yo fè.” Epi li te di ankò: “Jewova* ap jije pèp li a+.” 31 Se yon bagay terib pou yon moun tonbe anba men Bondye vivan an.
32 Sepandan, se pou nou toujou sonje jou ki pase yo paske, apre nou te fin jwenn limyè+, nou te mennen yon gwo konba malgre nou te soufri anpil. 33 Pafwa, yo te dezonore nou an piblik* e yo te lage nou nan tribilasyon, e pafwa nou te konn soufri ak* moun ki te nan sitiyasyon sa yo. 34 Paske, nou te demontre nou gen kè sansib pou frè ki nan prizon yo, e se ak kè kontan nou te aksepte yo piye sa nou te genyen+, paske nou konnen gen yon bagay nou menm nou posede ki pi bon e k ap la pou toutan+.
35 Kidonk, se pou n kontinye pale avèk kran*, piske sa ka fè nou jwenn yon gwo rekonpans+. 36 Paske, nou bezwen gen andirans+, yon fason pou lè nou fin fè volonte Bondye, nou ka resevwa sa l te pwomèt la. 37 Paske, nan “yon tikras tan+” ankò, “sila a k ap vini an pral rive e li pap pran tan+”. 38 “Men, moun ki jis la ap kontinye viv grasa lafwa li genyen+”, e “si l fè bak, mwen* pap pran plezi nan li+”. 39 Dayè, nou pa moun k ap fè bak pou nou detwi+, men nou se moun ki gen lafwa pou nou ka pa pèdi lavi nou*.
11 Lafwa se tann yon moun ap tann sa li espere a avèk asirans+, se prèv klè* li genyen sou yon seri bagay reyèl li pa wè. 2 Se paske moun nan tan lontan yo* te gen lafwa ki fè yo te resevwa temwayaj ki pèmèt yo konnen yo fè Bondye plezi.
3 Grasa lafwa nou genyen, nou vin konprann se pawòl Bondye ki mete sistèm yo* anplas. Konsa, bagay nou wè yo soti nan bagay ki pa vizib.
4 Grasa lafwa Abèl te genyen, li te bay Bondye yon sakrifis ki gen plis valè pase pa Kayen an+, e grasa lafwa li te genyen an, yo te ba l temwayaj pou fè l konnen li se yon moun ki jis+, paske Bondye te aksepte* ofrann li te fè yo. E grasa lafwa li te genyen an, byenke l mouri, li kontinye ap pale+.
5 Grasa lafwa Enòk te genyen+, Bondye te transfere l+ pou l pa t wè lanmò, e yo pa t jwenn li okenn kote, paske Bondye te transfere l. Men, anvan Bondye te transfere l, li te resevwa temwayaj pou fè l konnen li fè Bondye plezi. 6 Dayè, san lafwa, li enposib pou yon moun fè Bondye plezi, paske yon moun k ap pwoche kot Bondye dwe kwè li egziste e li dwe kwè li tounen Sila a ki rekonpanse moun k ap chèche l toutbonvre+.
7 Grasa lafwa Noye te genyen+, apre Bondye te fin avèti l konsènan bagay moun potko wè+, li te demontre li gen krent pou Bondye, e li te konstwi yon lach+ pou l sove moun lakay li. E grasa lafwa li te genyen an, li te kondane monn nan+, e li te vin jwenn jistis moun benefisye grasa lafwa.
8 Grasa lafwa Abraram te genyen+, li te obeyi lè Bondye te rele l, e li te deplase pou l al yon kote li t ap gen pou l resevwa kòm eritaj. Li te deplase, byenke l pa t konn kote l prale a+. 9 Grasa lafwa li te genyen an, li te viv kòm etranje sou tè Bondye te pwomèt la, tankou se nan yon peyi etranje li te ye+, e li te viv anba tant+ avèk Izarak ak Jakòb, yo menm ki te vin resevwa menm pwomès avè l+. 10 Paske, li t ap tann vil ki gen vrè fondasyon an, yon vil se Bondye ki fè plan l e se li ki bati l+.
11 Grasa lafwa Sara te genyen tou, li te resevwa pisans pou l te vin ansent yon pitit* aktout li te gentan pase laj pou l fè pitit+, piske li te konsidere Sila a ki fè pwomès la fidèl. 12 Se pou rezon sa a, apati yon sèl moun, ki te tou fin granmoun*+, gen pitit ki vin fèt+, e yo tèlman anpil, yo tankou zetwal nan syèl la, e yo tankou sab bò lanmè, moun pa t ka konte yo+.
13 Tout moun sa yo te kontinye gen lafwa jiskaske yo mouri, kwak yo pa t resevwa sa Bondye te pwomèt yo+. Men, yo te wè yo delwen+, sa te fè yo kontan, e yo te deklare aklè yo se etranje e yo se moun ki depasaj nan peyi a. 14 Paske, moun ki di bagay sa yo montre aklè yo vrèman ap chèche yon kote ki t ap vin pa yo. 15 Epoutan, si yo te toujou ap sonje kote yo te soti a+, yo t ap jwenn posiblite pou yo retounen. 16 Men kounye a, y ap chèche jwenn yon pi bon kote, sètadi yon kote ki pou syèl la. Se poutèt sa Bondye pa wont yo, li pa wont lè yo rele l antanke Bondye yo+, paske li prepare yon vil pou yo+.
17 Grasa lafwa Abraram te genyen, se kòmsi li te bay Izarak kòm sakrifis lè Bondye te teste l la+ (mesye sa a, ki te byen kontan resevwa pwomès yo, te eseye bay sèl pitit gason l lan kòm sakrifis+), 18 alòske yo te gentan di l: “Se nan Izarak ‘desandans*’ mwen pwomèt ou a ap soti+.” 19 Men, li te kwè Bondye te ka menm leve l sot nan lanmò. E se la pitit li a te soti lè l te resevwa l la, e gen yon siy nan sa+.
20 Grasa lafwa Izarak te genyen tou, li te beni Jakòb+ ak Ezaou+ anrapò ak bagay ki ta gen pou vini.
21 Grasa lafwa Jakòb te genyen, li te beni chak pitit gason Jozèf yo+ lè l t apral mouri+, e li te adore Bondye pandan li te apiye sou tèt baton l+.
22 Grasa lafwa Jozèf te genyen, lè l te rive nan fen lavi l, li te pale de pitit Izrayèl yo ki t ap gen pou yo kite peyi Ejip, e li te bay enstriksyon sou sa pou yo fè ak zosman l*+.
23 Grasa lafwa paran Moyiz yo te genyen, yo te sere l pandan twa mwa lè l te fin fèt+, paske yo te wè tibebe a te bèl+, e paske yo pa t pè lòd wa a te bay la+. 24 Grasa lafwa Moyiz te genyen, li te refize yo rele l pitit gason pitit fi Farawon an+ lè l te vin gran+. 25 Li te pito yo maltrete l ansanm ak pèp Bondye a, olye pou l te pran plezi pou yon ti tan nan peche, 26 paske li te konsidere dezonè l te jwenn antanke sila a Bondye chwazi a* kòm yon richès ki pi gran pase trezò peyi Ejip yo, piske li te kite je l fikse sou rekonpans li t apral jwenn nan. 27 Grasa lafwa l te genyen, li te kite peyi Ejip+, san li pa t pè kòlè wa a+, paske li te rete tennfas, kòmsi li te wè Sila a ki envizib la+. 28 Grasa lafwa l te genyen, li te selebre fèt Pak la, e li te pase san sou chanbrann pòt yo, dekwa pou sila a ki t ap fè destriksyon an pa t touye* premye pitit Izrayelit yo+.
29 Grasa lafwa Izrayelit yo te genyen, yo te travèse Lanmè Wouj tankou se sou tè sèk+, men, lè Ejipsyen yo te eseye pase, lanmè a te anglouti yo+.
30 Grasa lafwa Izrayelit yo te genyen, miray Jeriko yo te tonbe apre yo te fin mache toutotou miray sa yo pandan sèt jou+. 31 Grasa lafwa pwostitye ki te rele Rahab la te genyen, li pa t peri avèk moun ki te dezobeyi yo, paske li te byen akeyi espyon yo+.
32 Ki sa m ta di ankò? Paske, mwen pa t ap gen tan si m ta vle pale konsènan Jedeyon+, Barak+, Samson+, Jefte+, David+ ansanm ak Samyèl+ ak lòt pwofèt yo. 33 Grasa lafwa yo te genyen, yo te rive pot laviktwa sou yon seri wayòm+, yo te soutni sa ki jis, yo te resevwa pwomès+, yo te fèmen bouch lyon+, 34 yo te bloke fòs dife+, yo te chape anba kout epe+, yo menm ki te fèb, yo te vin pisan+, yo te vin vanyan nan lagè+, yo te fè lame ki te vin atake yo kouri+. 35 Gen medam ki te gen moun pa yo ki mouri e ki resisite+. Men, gen lòt moun yo te matirize, paske yo pa t aksepte bay yon ranson kèlkonk pou yo jwenn liberasyon, yon fason pou yo ka benefisye yon pi bon rezirèksyon. 36 Wi, gen lòt menm ki te jwenn eprèv pa yo: yo te pase yo nan rizib, yo te ba yo kout fwèt. E yo te menm fè yo plis pase sa toujou: yo te mete yo nan chenn+ e yo te mete yo nan prizon+. 37 Yo te kalonnen yo ak kout wòch+, yo te pase yo anba eprèv, yo te siye yo an de, yo te touye yo ak epe+. Genyen ki te konn ap mache abiye ak po mouton ak po kabrit+, alòske yo te nan nesesite, yo te nan tribilasyon+, e yo te konn sibi move tretman+. 38 E monn nan pa t merite gen moun sa yo ladan l. Yo te monte desann nan dezè, sou tèt mòn, yo t al viv nan gwòt+ ak nan twou.
39 Epoutan, tout moun sa yo pa t jwenn sa Bondye te pwomèt yo a, byenke yo te resevwa bon temwayaj grasa lafwa yo 40 dekwa pou yo pa vin pafè san nou, etandone Bondye te prevwa yon pi bon bagay pou nou+.
12 Kidonk, piske nou gen yon gwo nyaj temwen ki antoure nou konsa, nou menm tou, annou voye tout pwa lou jete ansanm ak peche k ap jennen nou fasil la+. Epi annou kouri nan kous nou gen pou nou kouri a avèk andirans+, 2 toutpandan n ap fikse je nou sou Jezi, li menm ki se Gid prensipal k ap dirije lafwa nou e ki se Sila a k ap fè lafwa nou vin pafè+. Poutèt kè kontan ki te rezève pou li a, li andire anba lanmò sou yon poto soufrans*, li meprize lawont, epi li chita adwat twòn Bondye a+. 3 Wi, reflechi seryezman sou moun sa a ki te andire jan de pawòl sa yo pechè yo t ap di kont li+, pawòl ki kont pwòp enterè yo, pou nou pa fatige e pou nou pa abandone*+.
4 Pandan n ap lite kont peche sa a, nou poko janm reziste jis nan pwen pou san nou koule. 5 Epitou, konsèy Bondye ban nou antanke pitit li a, nou bliye l nèt. Men sa l di: “Pitit mwen, pinga w meprize disiplin Jewova* ba w, epi pa lage sa lè l korije w, 6 paske Jewova* disipline moun li renmen. Anfèt, li kale* tout moun li akeyi kòm pitit li+.”
7 Nou bezwen andirans, paske sa fè pati disiplin* n ap resevwa a. Bondye aji avèk nou antanke pitit li+. Paske, ki pitit ki pa jwenn disiplin nan men papa l+? 8 Men, si nou pa jwenn disiplin nou tout resevwa a, an reyalite, nou pa pitit lejitim, nou pa bonjan pitit. 9 Anplis de sa, moun ki papa nou yo* te konn disipline nou, e nou te konn respekte yo. Èske nou pa ta dwe dispoze soumèt nou plis toujou devan Papa nou ki fè nou grasa lespri li a, pou nou ka viv+? 10 Paske, yo menm, yo te konn disipline nou pou yon ti tan, selon sa ki te parèt bon nan je yo, men li menm, li fè sa pou byen nou, pou nou ka vin sen menm jan li menm li sen+. 11 Se vre, pa gen okenn disiplin ki sanble bay kè kontan menm kote a. Sanble li bay lapenn pito. Sepandan, pi devan, moun li fòme yo pral mennen yon vi dwat nan lapè.
12 Kidonk, se pou nou fòtifye men ki pandye yo ak jenou ki febli yo+, 13 epi kontinye fè chemen yo dwat pou pye nou+, pou pye k ap bwete a pa dejwente, men pito pou l ka geri. 14 Chèche viv anpè ak tout moun+. Rete sen+, paske si yon moun pa sen, li pap wè Seyè a. 15 Pran anpil prekosyon pou pèsonn pa pèdi favè san parèy Bondye fè a, pou okenn rasin anpwazonnen pa pouse pou l lakòz latwoublay e pou l pa kontamine anpil moun+. 16 E veye pou pa gen moun nan mitan nou k ap fè imoralite seksyèl*, ni moun ki pa apresye bagay sakre, tankou Ezaou, ki te boukante dwa li te genyen kòm premye pitit la pou yon plat manje+. 17 Paske, nou konnen menm lè li te vle jwenn* benediksyon an annapre, yo te rejte l. E malgre se ak dlo nan je+ li te chèche fè yo chanje desizyon an*, li pa t reyisi*.
18 Paske, nou pa t pwoche bò kot yon mòn moun ka touche+, yon mòn ki te pran dife+, ni bò kot yon nyaj nwa, yon fènwa pwès, yon tanpèt+, 19 yon kout twonpèt+ ansanm ak yon vwa k ap pale+, yon vwa, lè pèp la te tande l, yo te sipliye Moyiz pou vwa sa a pa t di yo yon mo anplis+. 20 Paske, yo pa t ka sipòte lòd li te ba yo a lè l te di: “E menmsi se yon bèt ki touche mòn nan, yo dwe touye l ak kout wòch+.” 21 Epitou, espektak sa a te tèlman terib, Moyiz te di: “Mwen pè e m ap tranble+.” 22 Men, nou pwoche bò kot yon Mòn Siyon+ ak yon vil ki pou Bondye vivan an, Jerizalèm ki nan syèl la+, bò kot plizyè dizèn milye zanj 23 ki reyini nan asanble jeneral+, bò kot kongregasyon premye pitit Bondye yo ki enskri nan syèl la, bò kot Bondye, ki se Jij tout moun+, bò kot moun ki jis yo ki resevwa lespri sen+, moun li fè vin pafè yo+, 24 e nou pwoche bò kot Jezi, medyatè+ yon nouvo alyans+, e bò kot san li wouze nou avè l la, yon san ki pale pi byen pase san Abèl+.
25 Veye pou nou pa refize koute* sila a k ap pale a. Paske, si moun ki te refize koute sila a ki t ap bay avètisman sakre* sou tè a pa t chape, alewè pou nou si nou vire do bay sila a k ap pale detan l nan syèl la+. 26 Nan moman sa a, vwa l te fè tè a souke+, men kounye a, li fè yon pwomès, kote li di: “Yon lòt fwa ankò, nonsèlman m ap souke tè a, men m ap souke syèl la tou+.” 27 Ekspresyon “yon lòt fwa ankò” a vle di l ap elimine bagay li te souke yo, yon seri bagay se pa li ki te fè yo, dekwa pou bagay li pa t souke yo ka rete. 28 Se poutèt sa, piske nou gen pou nou resevwa yon Wayòm yo pa ka brannen, annou kontinye gen favè san parèy la k ap pèmèt nou bay Bondye yon sèvis sakre ki fè l plezi, avèk lakrentif nou gen pou li e avèk respè. 29 Paske, Bondye nou an se yon dife tou, yon dife ki ka lakòz destriksyon+.
13 Se pou nou kontinye gen lanmou pou frè yo+. 2 Pa bliye montre nou akeyan*+, paske grasa kalite sa a, gen moun ki te resevwa zanj lakay yo san yo pa t konnen+. 3 Sonje moun ki nan prizon yo*+, tankou nou te nan prizon ansanm avèk yo+, e sonje moun y ap maltrete yo, etandone nou menm tou nou nan kò lachè a*. 4 Se pou tout moun onore maryaj, e se pou kabann maryaj la san salte+, paske Bondye pral jije ni moun k ap fè imoralite seksyèl*, ni moun k ap fè adiltè+. 5 Se pou fason n ap viv pa gen lanmou pou lajan ladan l+. Kontante nou ak sa nou genyen+. Paske, li di: “Mwen pap janm kite w e mwen pap janm abandone w+.” 6 Konsa, n ap kapab gen anpil kouraj e n ap kapab di: “Se Jewova* ki èd mwen, mwen pap pè. Ki sa lòm ka fè m+?”
7 Sonje moun k ap dirije nou yo+, moun ki fè nou konnen pawòl Bondye a, e pandan n ap egzamine rezilta konduit yo, imite lafwa yo+.
8 Jezi Kris se menm moun nan, ni yè, ni jodi a, ni pou toutan.
9 Pa kite divès kalite ansèyman etranj pote nou ale. Paske, li pi bon lè se favè san parèy la ki fè kè a fèm, olye pou se manje*, bagay ki pa pwofitab pou moun ki met lide yo sou li+.
10 Lotèl nou genyen an, moun k ap fè sèvis sakre nan tant lan pa gen otorite pou yo manje sa k sou li yo+. 11 Paske, gran prèt la te konn al nan Kote ki pi sen an ak san bèt pou l ofri pou peche, men kò bèt sa yo, yo te konn boule yo pa deyò kan an+. 12 Se poutèt sa, Jezi tou te soufri pa deyò pòtay vil la+ yon fason pou l te ka pirifye pèp la ak pwòp san l+. 13 Ebyen, ann soti al jwenn li pa deyò kan an, ann pote dezonè l te pote a+, 14 paske, nou pa gen yon vil k ap dire isit la, men n ap tann vil ki gen pou vini an ak tout kè nou+. 15 Pa mwayen li, annou toujou bay Bondye louwanj kòm sakrifis+, sa vle di, annou fè deklarasyon piblik pou non l+ ak pawòl k ap sot nan bouch nou+. 16 Anplis de sa, pa bliye fè byen, e pa bliye pataje sa nou genyen ak lòt moun+, paske se nan sakrifis sa yo Bondye pran plezi+.
17 Obeyi moun k ap dirije nou yo+, e soumèt devan yo+, paske yo toujou ap veye sou nou* antanke moun ki gen kont pou yo rann+, dekwa pou yo fè sa ak kè kontan, pou yo pa fè l nan plenyen, paske sa t ava mal pou nou.
18 Kontinye priye pou nou, paske nou gen konviksyon konsyans nou klè*, piske nou vle konpòte nou yon fason ki dwat nan tout bagay+. 19 Men, mwen ankouraje nou plis toujou pou nou priye dekwa pou m ka retounen vin jwenn nou anvan lontan.
20 Mwen swete pou Bondye lapè a, li menm ki te resisite Jezi, Seyè nou an, gran bèje+ mouton yo, ki te pote san yon alyans k ap la pou toutan bay Bondye, 21 fè nou jwenn tout bon bagay pou nou fè volonte l. Mwen swete pou l akonpli sa ki bon nan je l nan nou menm, grasa Jezi Kris. Glwa pou li pou tout tan gen tan. Amèn.
22 Kounye a, frè m yo, m ap mande nou pou nou koute pawòl ankourajan sa a avèk pasyans, paske se yon lèt tou kout mwen ekri nou. 23 Mwen ta renmen fè nou konnen yo lage Timote, frè nou an. Si l pa pran tan pou l vini, m ap vin wè nou ansanm avè l.
24 Salye tout moun k ap dirije nou yo pou mwen ansanm ak tout lòt moun ki sen yo. Moun ki ann Itali yo+ voye salye nou.
25 Mwen swete pou favè san parèy la avèk nou tout.
Oswa: “pou l fè tan yo”. Gade Lis mo yo esplike yo.
Lit.: “eritye”.
Lit.: “yon lòt fwa ankò sou latè ki abite”.
Lit.: “antanke espri”.
Lit.: “li fè sèvitè piblik”.
Oswa: “yon baton jistis”.
Oswa: “pou yon sèvis piblik”.
Lit.: “eritye”.
Lit.: “ak divès kalite aksyon ki pisan”.
Gade Apendis A5.
Lit.: “semans”.
Oswa: “pou l bay yon sakrifis pou padon peche”.
Oswa: “te envite”.
Oswa: “reflechi seryezman sou apot la”.
Anpalan de Jezi.
Oswa: “si nou kontinye santi nou alèz pou n pale”.
Lit.: “tankou lespri sen di”.
Lit.: “annou gen laperèz”.
Ekspresyon sa a gen rapò ak pitit Adan ak Èv yo.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “avèk jantiyès; avèk moderasyon”.
Oswa: “ak moun ki deregle”.
Oswa: “li soumèt anba”.
Lit.: “te nan jou lachè li yo”.
Oswa: “nou vin tande di”.
Lit.: “Lè nou konsidere tan an”.
Oswa: “kapasite yo genyen pou yo gen bon jijman an”.
Oswa: “ak tan k ap vini an”. Gade Lis mo yo esplike yo.
Lit.: “nou sèvi”.
Lit.: “t apral eritye”.
Oswa: “konsènan konsèy”.
Oswa: “tankou yon lank batiman pou vi nou”.
Lit.: “moun pa konn kòmansman jou l yo, ni fen lavi l”.
Lit.: “moun sa yo sot nan ren”.
Gade Apendis A5.
Oswa: “li pap regrèt”.
Oswa: “vin tounen sila a yo bay kòm garanti”.
Oswa: “yon sèvitè piblik”.
Gade Apendis A5.
Oswa: “yon sèvis piblik”.
Gade Apendis A5.
Gade Apendis A5.
Gade Apendis A5.
Gade Apendis A5.
Mo grèk yo mete “kouvèti” pou li a ka fè referans tou ak yon ofrann moun konn fè pou kouvri peche, yon fason pou yo ka gen favè Bondye.
Sa sanble fè referans ak yon kote sakre ki nan syèl la.
Sa gen rapò ak moun ki lave kò yo e sa gen rapò ak bagay yo lave, jan Lalwa Moyiz la te mande sa.
Lit.: “yon ranson”.
Se kapab lanmò yon moun oswa lanmò yon bèt.
Lit.: “pa t ap inogire”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “wouze woulo a”.
Oswa: “pou sèvis piblik la”.
Lit.: “devan fas”.
Ekspresyon sa a gen rapò ak pitit Adan ak Èv yo.
Oswa: “nan fen tan yo”. Gade Lis mo yo esplike yo.
Se kapab tou: “lèzòm”.
Lit.: “moun k ap fè sèvis sakre yo”.
Lit.: “nan woulo liv la”.
Oswa: “yon sèvis piblik”.
Gade Apendis A5.
Lit.: “wout li inogire”.
Lit.: “nou wouze”, sètadi nou wouze avèk san Jezi.
Oswa: “annou gen sousi youn pou lòt”.
Gade Apendis A5.
Lit.: “yo te ekspoze nou tankou se nan yon teyat”.
Oswa: “nou te konn kanpe bò kote”.
Lit.: “kontinye alèz pou n pale”.
Oswa: “nanm mwen”.
Oswa: “pèdi nanm nou”.
Oswa: “se bonjan prèv”.
Oswa: “Se paske zansèt nou yo”.
Oswa: “ki mete tan yo”. Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “Bondye te bay temwayaj pou l te montre li rekonèt”.
Lit.: “yon semans”.
Lit.: “ki te mouri”.
Lit.: “semans”.
Oswa: “sou antèman l”.
Lit.: “antanke Kris”.
Lit.: “pa t manyen”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “pou nanm nou pa dekouraje”.
Gade Apendis A5.
Gade Apendis A5.
Oswa: “li pini”.
Oswa: “sa fè pati fòmasyon”.
Lit.: “papa nou gen nan lachè yo”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Lit.: “li te vle eritye”.
Anpalan de desizyon papa l te pran an.
Lit.: “li pa t jwenn plas pou sa”.
Oswa: “pou nou pa chèche eskiz devan; pou nou pa meprize”.
Se kapab tou: “koute moun ki t ap bay avètisman Bondye”.
Oswa: “montre nou janti ak etranje yo”.
Lit.: “Sonje moun yo mare yo; Sonje moun ki nan chenn yo”.
Se kapab tou: “sonje moun y ap maltrete yo kòmsi nou t ap soufri avèk yo”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Gade Apendis A5.
Anpalan de règ sou manje.
Oswa: “veye sou nanm nou”.
Lit.: “konsyans nou bon”.