BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • g19 no 2 p. 6-7
  • Aprann pitit ou gen imilite

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Aprann pitit ou gen imilite
  • Reveye n! — 2019
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • KI SA IMILITE YE?
  • SA K FÈ IMILITE ENPÒTAN?
  • FASON W KA ANSEYE PITIT OU POU L GEN IMILITE
  • Annou kiltive vrè imilite a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
  • Jewova bay moun k ap sèvi l avèk imilite yo anpil valè
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
  • Aprann pitit ou gen imilite
    Reveye n! — 2017
  • Pa panse de tèt nou plis pase sa nou dwe panse
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
Gade plis
Reveye n! — 2019
g19 no 2 p. 6-7
Yon tigason k ap jete yon sachè fatra nan poubèl

LESON 2

Aprann pitit ou gen imilite

KI SA IMILITE YE?

Yon moun ki gen imilite oswa ki met tèt li byen ba gen respè pou lòt moun. Li pa pran tèt li pou yon pakèt afè e li pa atann pou yo trete l yon fason espesyal. Okontrè, moun ki gen imilite a montre l vrèman enterese nan lòt moun e li dispoze aprann nan men yo.

Pafwa, gen moun ki konn panse yon moun ki gen imilite se yon moun ki fèb, men se pa vre. Paske imilite se yon fòs ki ede moun admèt erè yo fè epi rekonèt yo pa ka fè tout bagay.

SA K FÈ IMILITE ENPÒTAN?

  • Imilite fè moun gen bon relasyon ak lòt moun. Gen yon liv ki di: “An jeneral, li pi fasil pou moun ki gen imilite yo fè zanmi.” (Epidemi mantalite Nasis la) (anglè). Menm liv sa a di tou “li pi fasil pou moun sa yo pale ak lòt moun epi gen bon relasyon avèk yo”.

  • Imilite ap gen bon efè sou avni pitit ou. Lè pitit ou aprann gen imilite, sa ap ede l ni kounye a ni alavni, pa egzanp, lè l ap gen pou l chèche yon travay. Men sa doktè Leonard Sax, yon sikològ, di: “Lè yon jèn ap pase entèvyou pou yon travay, si l twò kwè nan tèt li e li pa rann li kont gen bagay li pa ka fè, li pap fè bon enpresyon sou moun k ap pase l entèvyou a. Men, jèn ki montre l enterese toutbon nan sa ki enpòtan pou moun k ap pase l entèvyou a gen plis chans jwenn travay la.a”

FASON W KA ANSEYE PITIT OU POU L GEN IMILITE

Ede l pou l pa bay tèt li twòp enpòtans.

PRENSIP BIBLIK: “Si yon moun panse li se yon bagay alòske li pa anyen, se pwòp tèt li l ap twonpe.” — Galat 6:3.

  • Pa di l pawòl ki pa gen rapò ak reyalite lavi a. Pawòl tankou “Ou kapab reyalize tout rèv ou” ak “Ou ka vin nenpòt sa w vle” ka parèt ankourajan, men souvan, se pa konsa reyalite a ye nan lavi a. Pitit ou gen plis chans reyisi si l fikse yon seri objektif ki rezonab e li travay di pou l atenn yo.

  • Felisite l pou yon seri bagay byen presi li fè. Paran, lè w annik di pitit ou li ekselan, sa pa ede l gen imilite. Ou bezwen felisite l pou bagay byen presi li fè.

  • Kontwole kantite tan l pase sou rezo sosyal. Souvan, sou rezo sosyal yo, moun renmen di jan yo fò epi fè etalaj bèl bagay yo reyalize. Sa depaman nèt ak imilite.

  • Aprann li mande padon san pèdi tan. Lè pitit ou fè yon bagay ki mal, ede l wè sa epi admèt sa.

Aprann li gen rekonesans.

PRENSIP BIBLIK: “Montre nou gen rekonesans.” — Kolosyen 3:15.

  • Rekonesans pou kreyasyon an. Timoun yo bezwen aprann apresye tout bagay ki gen nan kreyasyon an epi konprann jis nan ki pwen nou bezwen anpil nan bagay sa yo pou n viv. Nou bezwen lè pou n respire, dlo pou n bwè ak manje pou n manje. Sèvi ak egzanp sa yo pou w ede pitit ou aprann gen rekonesans ak admirasyon pou tout bèl bagay Kreyatè a fè yo.

  • Apresyasyon pou sa moun fè. Toujou fè pitit ou sonje chak moun gen plis kapasite pase l nan yon domèn oswa yon lòt, donk, li pa bezwen anvye lòt moun. Okontrè, li kapab aprann nan men yo.

  • Aprann li demontre rekonesans. Aprann pitit ou di mèsi. Nonsèlman li bezwen di sa, men tou, li bezwen montre l gen rekonesans pi plis toujou nan aksyon l. Lè yon timoun gen rekonesans, se yon bon fason li montre l gen imilite.

Montre l vrèman enpòtan pou l ede lòt moun.

PRENSIP BIBLIK: “Avèk imilite, konsidere lòt moun yo siperyè nou lè nou pa chèche enterè pa nou sèlman, men lè nou chèche enterè pa lòt moun tou.” — Filipyen 2:3, 4.

  • Ba l fè travay nan kay la. Lè w pa vle pitit ou fè travay nan kay la, li kapab vin santi li twò enpòtan pou l fè travay sa yo. Timoun nan ta dwe fè sa l gen pou l fè nan fanmi an anvan, e apre sa li kapab jwe. Ede l konprann lè l fè travay nan kay la, sa bon pou lòt moun. Montre l tou jan yo apresye sa l fè pou yo ak jan yo respekte l pou sa.

  • Montre l jan sa enpòtan pou l ede lòt moun. Lè w aprann pitit ou enpòtans sa genyen pou l ede lòt moun, se pi bon fason pou l vin yon moun ki responsab. Donk, ede l wè ki moun ki bezwen èd. Pale avè l sou sa l ka fè pou l ede yo. E pandan l ap fè sa, felisite l epi ede l tou.

a Sitasyon sa a soti nan yon liv ki gen tit: The Collapse of Parenting (Paran yo echwe nan responsablite yo).

Yon tigason k ap jete yon sachè fatra nan poubèl

FÒME L DEPI KOUNYE A

Lè yon timoun aprann fè travay nan kay, gen anpil chans pou l byen kolabore ak lòt moun lè l vin granmoun.

Anseye l grasa egzanp ou

  • Èske m ede pitit mwen konprann pafwa m bezwen èd nan men lòt moun tou?

  • Èske lè m ap pale de lòt moun, mwen pale de bon bagay yo gen lakay yo ak jan m apresye yo, oubyen mwen rabese yo?

  • Èske pitit mwen wè sa gen anpil enpòtans pou mwen pou m sèvi lòt moun?

Men sa kèk paran di:

“Pitit fi nou an te konn pale nou de yon kondisip li ki pa janti ak lòt moun e lòt elèv yo pa renmen l. M te konn fè l reflechi sou sa tifi sa a te ka ap pase lakay li. Epitou, se pa tout moun ki nan yon bon fanmi. Sa te ede pitit fi nou an wè li pa pi bon pase lòt moun. Petèt se nan pi bon sitiyasyon li ye.” — Karen.

“Nou konn ankouraje pitit fi nou yo pou yo pran plezi nan sa y ap aprann lekòl epi pou yo fè tout sa yo kapab, san yo pa chèche konpare tèt yo ak lòt elèv yo. Nou te vle yo konnen nou menm tou nou pap konpare yo ak lòt moun.” — Marianna.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje