BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • g25 no 1 p. 10-11
  • Kontante w ak sa w genyen

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kontante w ak sa w genyen
  • Reveye n! — 2025
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • REZON KI FÈ SA ENPÒTAN
  • SA W KA FÈ
  • Èske w “aprann sekrè ki genyen” lè yon moun kontante l ak sa l genyen?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Konsèy saj pou n gen kè kontan ak satisfaksyon
    Reveye n! — 2021
  • Pwoblèm lajan ak dèt — Èske Bib la ka ede nou?
    Repons Bib la bay
  • “Di mèsi pou tout bagay”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
Gade plis
Reveye n! — 2025
g25 no 1 p. 10-11

FÈ FAS AK LAVI CHÈ A K AP VALE TEREN

Kontante w ak sa w genyen

Moun ki kontante yo ak sa yo genyen satisfè ak lavi yo. Tank sitiyasyon yo ap chanje, yo fè efò pou yo viv selon mwayen yo.

REZON KI FÈ SA ENPÒTAN

Jessica Koehler, yon sikològ, te remake moun ki kontante yo ak sa yo genyen gen tandans rete pi pozitif nan lavi a. Epi, li remake yo mwens jalou sò moun. Se sa k fè, nou pa sezi wè, an jeneral, moun ki kontante yo ak sa yo genyen pi kontan e yo gen mwens strès. An reyalite, kèk nan moun ki gen plis kè kontan yo pa gen anpil lajan. Konsa tou, moun ki bay bagay lajan pa ka achte yo plis valè gen plis kè kontan. Pa egzanp, yo gen kè kontan moun jwenn lè yo pase tan ak fanmi yo ak zanmi yo.

“Si nou gen manje ak rad, n ap kontante nou ak bagay sa yo.” — 1 Timote 6:8.

SA W KA FÈ

Evite fè konparezon. Si w konpare fason senp w ap viv ak fason moun ki rich ap viv, ou ka santi w pa satisfè ak lavi w e w ka menm vin jalou sò moun. Mete sou sa, sa nou wè a gendwa se pa sa ki reyalite a. Gen moun ki gen anpil byen, epoutan yo ka chaje dèt. Men sa Nicole k ap viv nan peyi Senegal di: “Mwen pa bezwen anpil bagay pou m gen kè kontan. Depi m kontante m ak sa m genyen, mwen ka kontan menmsi lòt moun gen plis pase m.”

Eseye sa: Evite reklam oswa sa moun poste sou rezo sosyal ki mete aksan sou richès lòt moun ak lavi estravagan y ap mennen.

“Menm lè yon moun ap viv nan abondans, lavi l pa depann de bagay li posede yo.” — Lik 12:15.


Gen rekonesans. Moun ki gen rekonesans kontante yo byen fasil, e yo gen mwens tandans santi yo bezwen, oswa merite plis bagay. Men sa Roberton, ki soti Ayiti, di: “Mwen pran tan pou m reflechi sou bon bagay lòt moun fè pou mwen ak fanmi m. Apre sa, mwen di moun sa yo mèsi. Epitou, mwen montre pitit gason m nan ki gen uit an pou l di mèsi pou tout sa l resevwa.”

Eseye sa: Chak jou, ekri yon bagay ou gen rekonesans pou li. Ou ka gen rekonesans paske w gen yon bon sante, yon fanmi pwòch, bon zanmi, oswa menm pou yon bèl kouche solèy.

“Yon moun ki gen kè kontan toujou ap fete.” — Pwovèb 15:15.

Pafwa, li difisil pou n kontante nou ak sa nou genyen. Men, sa vo lapèn pou n fè sa! Lè nou chwazi kontante nou ak sa nou genyen, nou chwazi kè kontan tou, yon lòt kalite lajan pa ka achte.

“Fanmi nou te aprann kontante l ak sa l genyen, sa ki te yon gwo benediksyon pou nou. Kòm rezilta, nou pa okipe jan n te konn okipe anvan sa, nou gen plis tan youn pou lòt, epi nou byen pwofite sa nou genyen.”— Erik, Etazini.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje