BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • g25 no 1 p. 14-15
  • Se pou w gen espwa

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Se pou w gen espwa
  • Reveye n! — 2025
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • REZON KI FÈ SA ENPÒTAN
  • SA W KA FÈ
  • KI SA WAYÒM BONDYE A YE, E KI SA L PRAL FÈ?
  • Bib la bay espwa
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Bib la bay espwa
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Premye leson pou w etidye Labib
  • Bonjan espwa pou lavni
    Kèk lòt sijè
  • Rezon pou n gen espwa an 2023 — Ki sa Bib la di?
    Kèk lòt sijè
Gade plis
Reveye n! — 2025
g25 no 1 p. 14-15

FÈ FAS AK LAVI CHÈ A K AP VALE TEREN

Se pou w gen espwa

Èske pri bagay yo ap ogmante nan peyi w alòske salè w pa ogmante? Èske w ap mande ki jan w ap rive pran swen tèt ou ak fanmi w? Si se ka pa w, ou ka ap enkyete w pou lavni. Epoutan, menm nan sitiyasyon difisil sa yo, li vrèman enpòtan pou w gen espwa.

REZON KI FÈ SA ENPÒTAN

Moun k ap viv ak espwa pa jis espere bon bagay ap rive yo. Espwa pouse yo fè tout sa yo kapab pou yo amelyore sitiyasyon yo. Pa egzanp, selon etid yo fè, moun ki gen espwa yo...

  • gen tandans gen plis andirans

  • pi fasil pou adapte yo

  • pran pi bon desizyon, sa gen ladan l viv yon fason k ap pèmèt yo amelyore sante yo

SA W KA FÈ

Premyèman, gade ki jan Bib la ka ede w jodi a. Bib la gen bonjan konsèy ki ka ede w fè fas ak lavi chè a k ap vale teren. Konsèy sa yo ak lòt bagay ankò ka pèmèt ou gen plis kontwòl sou lavi w, e fè w santi w pare pou w jere pwoblèm ou ka jwenn alavni yo.

“Entèlijans ou pap kite anyen rive ou, konesans ou pral yon pwoteksyon pou ou.” — Pwovèb 2:​11, Bib la.


Dezyèmman, gade ki sa Bib la di konsènan lavni. Lè w wè tout sajès ki gen nan konsèy nou jwenn nan Bib la, w ap anvi aprann plis sou sa Bib la di sou lavni. Pa egzanp, nonsèlman w ap aprann Bondye vle pou w gen “yon avni ak yon espwa”, men tou, w ap aprann li ban nou yon baz solid pou n kwè nan espwa sa a (Jeremi 29:11). Baz sa a se Wayòm Bondye a.

KI SA WAYÒM BONDYE A YE, E KI SA L PRAL FÈ?

Wayòm Bondye a se yon gouvènman ki pral dirije tout tè a (Dànyèl 2:44; Matye 6:10). Pandan l ap dirije detan l nan syèl la, l ap elimine soufrans ak povrete, e l ap fè gen lapè ak abondans, jan vèsè ki annapre yo montre sa.

“W ap gen kè kontan e zafè w ap mache byen.” — Sòm 128:2.

“Yo [moun ki anba dominasyon Wayòm nan] pap kraze kò yo travay pou granmesi.” — Ezayi 65:23.

“Tè a gen pou l chaje ak manje angren.” — Sòm 72:16.

Plizyè milyon moun kwè nan pwomès sa yo paske yo gen konviksyon Bondye “pa ka bay manti”. (Tit 1:2.) Sa w panse si w pran yon ti tan pou w egzamine Bib la? Espwa li bay la ka ba w fòs pou w andire anba pwoblèm yo, e l ap ba w konviksyon pral gen yon pi bèl avni.

“Espwa mwen genyen ki baze sou Bib la fè m wè pwoblèm ki gen nan monn nan pap la pou toutan. Lè m reflechi sou sa, sa ban m fòs pou m fè fas ak pwoblèm ekonomik yo k ap vin pi mal.” — Ramaz, Jòji.

APRANN PLIS

Èske w ka fè sa Bib la di konsènan lavni yo konfyans toutbon? Gade videyo ki annapre yo sou jw.org: Ki jan nou ka sèten sa ki nan Bib la se laverite? ak Ki sa Wayòm Bondye a ye?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje