BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ssb kantik 99
  • Jèn ! Imite lafwa yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jèn ! Imite lafwa yo
  • Ann chante louwanj pou Jewova
  • Sou menm sijè a
  • Li “te kontinye jwenn favè Jewova”
    Annou imite lafwa yo
  • Samyèl te kontinye fè sa ki byen
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Samyèl te kontinye fè sa ki dwat
    Anseye pitit ou
  • Jewova pale ak Samyèl
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
Gade plis
Ann chante louwanj pou Jewova
Ssb kantik 99

Kantik 99 (221)

Jèn ! Imite lafwa yo

(Ebre 6:12)

1. Ti Samyèl t al Chilo apèn li sevre

Pou l sèvi nan tanp lan, se la l te leve.

Li te vin tounen pwofèt ann Izrayèl,

Li te onore non Ya, li te fidèl.

Pitit Gran prèt Eli yo t ap aji mal.

Ou kwè yo ta fè Samyèl vin imoral ?

Non, li te entèg, li te konn obeyi.

Li pa t ap janm vire do bay Bondye li.

2. Timote tou, trè jèn, te fè bèl pwogrè,

Li te yon bon ansyen, yon bon sèvitè.

Li te mete sa yo montre l an pratik.

Li te toujou fidèl, li pa t janm kritik.

Frè yo te wè li gen bon repitasyon,

Yo te rekòmande li san diskisyon.

Li te gen privilèj vwayaje ak Pòl.

Nan sèvis misyonè l te jwe yon gwo wòl.

3. Jèn sè, sonje tifi izrayelit la,

Ki te gen bonjan lafwa nan Jewova.

Malgre l te kaptif, lafwa l pa t janm brannen.

Zèl li pou Bondye te fè moun aji byen.

L al kot madan Naamàn, li di l aklè :

‘ Yon pwofèt Jewova ka fè l vin refè. ’

Gwo chèf lame siryen an te obeyi.

Aksyon jèn ti sèvant s’a te bay bon fwi.

4. Jèn frè ak jèn sè, nou bay nou tout konsèy :

Imite egzanp sa yo ki san parèy.

Nou gen yon gwo konfyans, nan tan lafen an,

Jewova chwazi moun k ap fè kè l kontan.

Kidonk, nou tout jèn, vini potekole

Met ansanm ak tout vrè sèvitè Bondye.

Annou klewonnen avètisman li yo,

Lè lafen rive, rekonpans nou ap gwo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje